Yon rapò sou pwojè Mateli-Lamòt nan zile Ilavach

Me 2013-me 2018, pwojè Mateli-Lamòt nan zile Ilavach

0
5213
Sant sante kay Madan Bernard, pi gwo sant sou zile, gen yon lòt men li preske pa kapab fonksyone akoz pwoblèm ekipman.

Me 2013-me 2018, pwojè Mateli-Lamòt nan zile Ilavach, 5 lane aprè depi yon arete rete yon pikan kwenna nan gòj pouvwa Tèt Kale a ak alye li yo, sou do lajan PetroCaribe a.

Nan dat 12 Jen pou rive 13 Jen 2018, Kolektif solidarite kont megapwojè (KOSKOMEP) nan tèt kole ak Konbit peyizan Ilavach (KOPI) reyalize yon aktivite ki rele “pòt ouvè” pou enfome laprès ak popilasyon lòt kote nan peyi a tankou lòtbò dlo, sou yon ansanm reyalizasyon pouvwa Mateli/ Lamòt te vle mete kanpe sou zile a.

Depi nan lane 2013, kote gouvènman an te pran desizyon sòti yon arete pou deklare zile Ilavach la pou itilite piblik. Anndan dokiman sa a te gen plizyè pwojè ki ekri ladan l ki pou te reyalize tankou: konstriksyon ayewopò entènasyonal, konstriksyon wout, konstriksyon yon sitèn dlo pou alimante plizyè zòn nan zile a, ranfòsman agrikilti ak pèch, konstriksyon plizyè chanm otèl.

Sitèn dlo sa ki te dwe alimante plizyè zòn sou zile a, malerezman li pa menm sifi pou bay popilasyon an nan lokalite li ye a dlo.

Yo te rive avèk anpil fòs represyon degèpi popilasyon an sou abitasyon yo kote yo te rete, sou jaden yo te genyen, nan menm lane a otorite lokal, ONG ak Leta santral voye plizye kò nan lapolis avèk gwo zam lou pou kòmanse yon seri represyon ak arestasyon sou popilasyon an nan lokalite a, paske yo t ap mobilize pou defann dwa yo, paske yo kraze kay yo, jaden yo emenm rive detwi prèske tout pyebwa ki te genyen nan zòn lan.

Yon peyizan ki rete nan lokalite Twou milye ki gen 85 lane konya, te fè konnen: nan dat 4 oktob 2014, majistra Fritz César debake ak 2 agwonòm sou youn nan pwopriyete li gen nan zòn lan, kote li fè manje pou l okipe fanmi l depi plis pase 50 lane. Majistra Fritz César di l, leta ap pran propriyete sa pou yo mete yon lak sou li, san yo pa menm chita pale avè l sou sa, se nan kontèks sa, yo te arete l, bat li, ak tout madanm li ak pitit li, paske li menm ak fanmil te di: tan pou yo pran propriyete yo genyen konsa pito yo pase traktè a sou yo tou vivan.

Yon plas ki te nan pwojè pou te reyalize nan lokalite yo rele KAY KÒK la, pa janm fini jiskaprezan.

Kèk tan apre, otorite yo debake ak materyèl yo koumanse fè kèk aktivite pou montre y ap travay. Lè peyizan yo vin konnen sa k ap fèt la pa gen anyen pou wè ak devlopman otorite yo ap pale a ; yo di : se pa zafè pa yo k ap regle, se konsa yo vin lanse yon mouvman mobilizasyon pou mande plis esplikasyon sou kesyon pwojè a. Peyizan yo estime se nan zile a yo rete, lavi yo makonnen ak zile a, si gen yon pwojè k ap deplòtonen nan zile a, yo dwe okouran epi patisipe nan sa k ap fèt la.  Nan sans sa a, otorite yo dwe ba yo bonjan esplikasyon. Men, olye otorite yo te chita pale ak peyizan yo pou bay esplikasyon sou pwojè k ap deplòtonnen yo, pran chimen represyon ak arestasyon.

Projè lokalite

Lokalite

Kantite  projè

Madame Bernard 3
Lahatte 2
Trou milieu 1
Kay kok 4
Verne 1
Grande plainer 1
Balai raz 1
Toute L’ile 10
 
TOTAL 23

Akote tout sa, gen 17 fim ki te jwenn kontra san apèldòf, pou travay sou zile a. Nan tablo sa a, w ap jwenn non ak kantite sèvis fim sa yo te dwe bay sou zile a.

Projet par maître d’oeuvre 

Maître d’oeuvre

Kantite  projè

SODADE 4
WASTEK. S.A 1
Infinity construction 1
CHRAD 2
Petits frères et petites soeures de l’ incarnation (PFI/PSI) 1
Quality couriers international S.E.A 1
La compagnie appenheim architecture design (CAD) 1
administration communale de l’ Ile – a -vache 1
Fondation verte 1
PANEXUS 1
SDECO S.A 1
MARNDR/SEPV 2
PV engeneering et services 1
G.K Import-Export 1
TRUXTON S.A 2
GRADES 1
INFP 1

TOTAL                                                        23

Jounen jodia 5 lane apre depi pwojè sa nan zile a anyen pa janm regle se gwo lajan k ap depanse sou do pwojè a tandiske anyen pa janm regle sou zile a. Eta zile a toujou rete menmjan, kondisyon lavi moun yo pa janm amelyore.  Pou kesyon “port madame Bernard” se kèk poto fè ki kanpe epi anyen ankò, pou kesyon sitèn dlo ki te gen pou alimante anpil kote nan zile a, li pa menm sifi pou alimante ti lokalite kote li ye a ki rele Bwa bouton. Menm pou kesyon ayewopò entènasyonal la se tèt chaje anyen pa janm regle jiskaprezan.  Yo vini yo kraze tout jaden peyizan yo, detwi preske tout pyebwa ki te gen nan zòn lan. Epi Konpayi yo pran materyèl li yo, li vire do l li ale.

Lak la nan lokalite peyizan 85 lane a

Tout gwo lajan sa yo gaspiye, peyizan nan  zile a pa gen yon bon lekòl pou voye pitit yo, pou kesyon sante a menm, pa gen yon bon sant sante pou peyizan yo ale ak  pitit yo, lè yo bezwen yon ti moso laswenyaj, se 2 sant sante pou tout zile a ki gen anviwon 19.700 moun. Sant sante kay Madame Bernard kreye depi lane 1986, li pa menm byen ekipe pou bay sèvis ak popilasyon an, pa gen menm yon lopital pou tout popilasyon an nan zile a malgre gwo lajan kap depanse pasi pala, si yon fanm ansent ta rive nan moman pou l akouche, se yon grenn doktè ki sou zile a ki regle kesyon matènite a. Si li pa la fanm ansent lan pral oblije pran chemen lanmè a wè pa wè pou l rive Okay menm si lanmè ta rive monte, nan ka kontrè se mouri l ap mouri ak tout pitit la.

Fas ak tout sitiyasyon sa yo, popilasyon Ilavach ap mande prese prese:

  • Enfòme yo sou tout pwojè gouvènman an vle reyalize sou zile a
  • Rantre arete 10 me 2013 la ki se yon pwojè lanmò sou do popilasyon ki nan zila a
  • Pou leta ayisyen dedomaje tout moun ki viktim nan kad pwojè Mateli ak Lamòt yo t ap fè depi nan lane 2013.

Popilasyon an fè yon apèl solidarite ak kominote nasyonal tankou: sektè dwa moun nan, legliz, laprès, tout fòs viv nasyon, fas ak yon ansanm pwojè ki pa respekte lavi moun nan zile a.

Elysée Luckner Vil

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here