Yon nouvo Konsèy nan tèt Akademi Kreyòl la !

0
5819
Men sèt manm yo ki konpoze nouvo konsèy la

Akademi kreyòl la ap make lepa. Se konsa Dimanch, 16 Desanm 2018 la, nan okazyon katriyèm reyinyon jeneral, òdinè ki te fèt jou samdi 15, dimanch 16 ak Lendi 17 desanm 2018 la, nan vil Mibalè ki chita nan Plato santral yon komite 7 manm te fòme pou jere Akademi Kreyòl ayisyen an (AKA). Nouvo konsèy sa a pral ranplase sa ki te sou direksyon pastè Jean Pauris Jean Baptiste.

Moun ki nan nouvo konsèy la, se Pierre-André Pierre akademisyen (Prezidan), Michael Frantz Grandoit (vis-prezidan), Guy Gérald Ménard (Sekretè Jeneral), Marie Jocelyne Trouillot (konseye), Rosilia François (konseye), Michel Ange Hyppolite (konseye) ak Emmanuel Michel Bazile (konseye).

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here