Maladi chabon menase Zile Lagonav. Li ka touye moun si li pa trete !

0
256
Maladi chabon an kapab atake w nan je'w

Malchabon se yon maladi ki tonbe sou zannimo ki manje fèy, tankou bèf, lè yo enfekte ak yon bakteri ki rele bacillis anthracis. Moun ka trape maladi sa a si yo an kontak ak yon bèt ki genyen l, e yo ka pase l bay lòt moun tou.

Depi fen mwa avril ki sot pase a, abitan zile Lagonav yo konstate yon seri plak nwa k ap leve sou po plizyè moun. Se yon maladi yo rele chabon oswa malchabon ki anvayi moun yo. Rosenie Colin, k ap viv nan lokalite Dan Griyen, genyen pitit li ki gen sèlman 6 lane ki gen maladi a nan je l. « Anpil moun gen malchabon an nan zòn nan, men se pitit pa m nan ki pi mal. Mwen rete konsa m wè je pitit la ap anfle. Mwen te panse se foumi ki te mòde l men aprè mwen vin wè bò figi l kòmanse ap gwo. M ap gade toujou, gen yon bagay nwa ki vin parèt nan je a, epi lòt je a a komanse pran. ». Se konsa dam nan te esplike kòman maladi a touche pitit li a nan kòmansman mwa jen an.

Pou kounya Rosenie Colin al nan sant sante ak pitit fi li la ki gen randevou pou fè operasyon nan je a nan jou k ap vini yo.

Daprè kazèk Renil Content ki li menm nan lokalite Tipalmis, se pa premye fwa maladi chabon an parèt sou zile Lagonav la. Se yon maladi ki ka disparèt epi li reparèt nan yon lòt peryòd, selon sa li esplike. Content fè konnen pou kounya se nan kèk zòn rekile ak santvil Lagonav la tankou Dangriyen ak Nanbalèn yo lokalize moun ki trape maladi sa a.

Kisa maladi sa a ye menm ?

Malchabon se yon maladi ki tonbe sou zannimo ki manje fèy yo, tankou bèf. Yo pran maladi sa a lè yo enfekte ak yon bakteri ki rele bacillis anthracis. Moun ka trape maladi sa a si yo an kontak ak yon bèt ki genyen l. 

Daprè epidemiyolojis Jean Hugues Henrys, chabon an se yon maladi ki egziste nan peyi a depi plizyè ane. Se youn nan maladi ki sou siveyans nan peyi a toujou dapre doktè a. Men ou pa wè l toutan. Nan yon peryòd ou ka wè gen yon kantite moun nan yon zòn byen detèmine ki genyen l, yo rele sa a yon flanbe, selon doktè a. 

Tankou, si yon moun manje yon vyann ki te enfekte ak bakteri ki bay maladi a, li ka devlope malchabon an nan entesten l. 

Gen plizyè fason moun ka pran maladi chabon an. Youn nan fason yo, se lè yon moun manyen yon bèt ki enfekte ak bakteri a. Lè sa a maladi a prezante deyò kò moun nan, tout moun ka wè l. Men malchabon an ka touche yon moun san li pa parèt sou po l. Tankou, si yon moun manje yon vyann ki te enfekte ak bakteri ki bay maladi a, li ka devlope malchabon an nan entesten l. Se sa yo rele malchabon enstestinal.

Konsa tou genyen malchabon pilmonè. Lè sa a se poumon moun nan ki malad, lè l rale oswa respire mikwòb sa a. Yo pale tou de malchabon oftalmik lè se je moun nan ki touche, tankou pitit Rosenie Colin an. 

Yon atik ki soti an fevriye 2018 nan Bulletin de la société de pathologie exotique  fè konnen jis nan ane 1986, se nan zòn Nò ak Sid peyi a nou te jwenn ka chabon yo. Men maladi a te vin gaye nan tout peyi a. Nan ane 2000 yo, gen yon bann betay ki te mouri ak maladi sa a ki te gen gwo konsekans sou ekonomi peyizan yo.

Nan dat janvye 2012 pou rive janvye 2013, gen yon sant ki pran swen je Okay ki te resevwa 6 ka chabon oftalmik. Nan ane 2014, te gen plizyè ka malchabon nan Tigwav. An 2019 otorite lasante nan depatman Grandans te siyale kèk ka chabon nan Jeremi.

Li ka gaye nan tout peyi a

Doktè Jean Hugues Henrys fè konnen maladi chabon an ka trete rapid si nou pran bonè. Se yon maladi ki ka touye moun tou si l pa trete. Pou ka kote malchabon an atake je moun yo, yo ka vin avèg si yo pa al wè doktè bonè. Men se pa sa sèlman. Epidemiyolojis la fè konnen maladi chabon an pa sèlman enfetyez men li kontajyez tou. « Si prizanchaj pa fèt nan zòn ki genyen l lan, maladi a ka gaye nan tout peyi a. »

Imaj sa a montre w maladi chabon an nan pla men yon moun

Daprè Rosena Dupuy ki se yon ajan kominitè nan lokalite Dangriyen, gen plizyè demach otorite yo deja kòmanse pou akonpanye moun ki gen maladi chabon an. « Nou gen yon sant sante pou  resevwa moun sa yo. Pou kounya nou gen 26 moun nan sant lan ak maladi a », dapre ajan an ki kontinye pou l di gen anpil lòt ka ki pa resanse. Se poutèt sa a yo mache al rankontre moun yo nan tout rejyon an. Se pou sa doktè a deklare depi gen flanbe nan yon zòn, otorite rejyonal yo alète sa a pou yon entèvansyon rapid kapab fèt.

Men mezi sa yo, selon kazèk la, pa t ka kenbe paske bèt yo koute peyizan yo anpil. Menm lè yo pa konnen ki sa ki lakoz yo mouri, peyizan yo oblije vann vyann nan pou tire depans yo te fè nan zannimo yo.  Kòm se pa premye fwa maladi a te parèt sou zile Lagonav la, kazèk  Renil Content esplike te gen kèk mezi yo te pran pou fè faskare ak maladi a: « Nou te entèdi moun yo vann bèt ki mouri yo si yo pa konn kisa ki lakoz yo mouri. Prensip la se te tou antere bèt la lè l mouri.»

Poukisa se sou zile a kounya ?

Moun k ap viv sou zile Lagonav la espliske aprè sezon sechrès, yo toujou remake anpil fòm maladi ki tonbe sou bèt ak moun yo. Nan sans sa a yo panse se ta lapli ki pa janm tonbe ki ta lakoz maladi chabon an. Sou bò pa li, epidemiyolojis Jean Hugues Henrys esplike depi gen moun nan yon zòn ki gen maladi sa a, sa vle di nan yon moman te gen mikwòb bacillis anthracis la nan zòn nan. 

«Depi ou ap drese pwoblèm lasante, li enpòtan pou touche 3 eleman sa yo», doktè a k ap pale.

Selon epidemiyolojis la, apwòch sa chita sou baz kote bèt yo, anviwònman an  ak moun yo dwe benefisye menm pwoteksyon pou evite gen twòp maladi k ap pwopaje. «Depi ou ap drese pwoblèm lasante, li enpòtan pou touche 3 eleman sa yo», doktè a k ap pale.Doktè a fè konnen anviwònman se yon faktè deteminan nan zafè lasante. Tout modifikasyon majè ki genyen ladan l ka favorize devlòpman yon seri maladi. Daprè doktè a, moun k ap reflechi sou koze lasante nan monn nan vini ak yon apwòch ki rele « one health ».

Jean Hugues Henrys ankouraje popilasyon sou zile Lagonav la pa fè kè kase paske chabon se yon maladi ki ka trete «Nou dwe jis chache wè doktè atan. Epi suiv lòt moun ki nan anviwonman nou pou si gen lòt ka k ap parèt pou n gentan trete yo.» 

Daprè syantifik ki ekri nan bulletin de la société de pathologie exotique ki te soti nan dat fevriye 2018 la, gen lòt mezi ki nesesè tankou : vaksinen bèt yo, mete kontwòl nan labatwa yo epi konsyantize peyizan k ap fè elvaj yo sou danje ki genyen lè y ap manyen vyann ki kontamine.

Travay sa yo pa koute gwo lajan selon otè yo, se volonte politik ak mobilizasyon aktè nan sektè lasante yo ki ka rive bay solisyon ak maladi tankou chabon, ki ka geri, men k ap detwi popilasyon an.

 

Laura Louis

Ayibopost

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY