Lè Jounal Ayiti Libète Vle Fè Gang Kriminèl G9 an Fanmi PHTK Yo Pase Pou Revolisyonè

Lagoch Ayisyèn Dwe Pran Pozisyon

0
95
Daprè Reyneld Sanon, "diskou Babekyou yo pa janm gen okenn pozisyonman ki ta sanble yon diskou lagoch."

(Men repons André Charlier)

Mwen salye bon travay Haiti Libète abitye fè nan difize yon seri tèks enteresan sou mouvman goch yo nan mond lan ki pa sikile nan peyi d Ayiti. Men tou, m ap raple, se pwogresis Ayisyen, se lagoch Ayisyèn ki achte jounal Ayiti Libète k ap distribye nan peyi a. Non, nou pa ka ankouraje kalite lide danjere sa a, Ayiti Libète ap gaye nan peyi a, k ap fè moun kwè Djimi Cherizye (alyas Babekyou) chèf gang G9 la se yon revolisyonè. Non, Ayiti Libète “gang yo se pa yon mouvman revolisyonè. Gang yo se yon seri gwoup kriminèl, k ap masakre popilasyon an, nan sèvis gouvènman PHTK”.

Daprè yon rapò RNDDH, se gang Krache Dife ki nan federasyon G9 an fanmi, ki fè masak Dèlma 32 ak Kriswa a, madi 29 nan aswè pou leve mèkredi 30 jwen 2021 an, kote li touye anviwon 20 moun. Men, nou kapab remonte depi nan 2 masak Lasalin, plizyè masak Bèlè, masak Kafoufèy, masak Tokyo, masak Site Solèy, masak Ponwouj, masak Matisan. Se plizyè santèn moun gang yo ansasinen nan tout masak sa yo. Nou ta renmen Jounal Ayiti Libète di nou, konbyen otorite ki sou pouvwa ki mouri nan masak sa yo? Konbyen boujwa gang kriminèl yo janm touye depi yo egziste?

Diskou Babekyou yo pa janm gen okenn pozisyonman ki ta sanble yon diskou lagoch. Li toujou defann pouvwa Jovnèl Moyiz la epi gwo kritik li se toujou kont advèsè pouvwa a. Diskou sa a ta kòrèk si li pa te mete tout opozan yo nan menm panye; si li te fè diferans ant politisyen tradisyonèl, tchoul enperyalis yo ak militan pwogresis ak revolisyonè k ap batay pou kwape Jovnèl pandan l ap kreye yon fòs pou dechouke sistèm peze souse a. Li te di “fòk gen nèg nwè ki ka enpòte machin nisan tou”. Sa pa sanble menm a yon anbriyon analiz de klas. Atak li yo se kont Pierre Espérance ak kont Boulos. Atansyon, mwen p ap defann Boulòs ki te patisipe nan mete Jovnèl Moyiz sou pouvwa a, ki fè pati klas dominant kowonpi, retwograd, ki patisipe nan kraze peyi a. Mwen pa konprann ki jan yon maksis ap defann nwaris nan plas lit ant klas yo. Lè m te li atik Andre Chalye, ansyen manm Annavan, yon pati Maksis Leninis, ekri nan jounal Ayiti Libète, nimewo ki te parèt 14‑20 avril 2021 an, m te panse se yon erè analiz sou reyalite peyi a, nan moman an. Mwen vin li yon dezyèm atik ki te parèt 12‑18 me 2021, kote jounal la kanpe Djimi Cherizye an gwo plan. Epi, li fè yon pledwaye pou chèf gang lan. Nan nimewo sa a, Lemèm Latulipe kritike yon rapò RNDDH te fè sou yon masak gang G9 an fanmi te reyalize Bèlè soti 4 rive 8 novanm 2019. Paske rapò a pa t pale sou moun ki te mouri nan kan Babekyou. Jounalis la note, RNDDH site non Djimi Cherizye 49 fwa nan rapò a. Ou ta di :jounalis la t ap mande yon swadizan objektivite nan rapò a, nan yon lojik ekilibris.

Nan nimewo Ayiti Libète pibliye 30 jwen, 6 jiyè 2021 an, gen yon atik ki gen tit an anglè (In Haiti, an Armed “Revolutionary Force” is Announced). Sa vle di an kreyòl, (an Ayiti gen yon “lame revolisyonè” ki anonse). Ki donk, pwopagann Ayiti Libète ap fè pou gang kriminèl yo, pran yon dimansyon entènasyonal.

Nan yon entèvyou Kim Ives bay jounal Jacobin vandredi 30 jiyè 2021 an, jounal la mande l (Quelle est la relation d’Henry avec le mouvement potentiellement révolutionnaire en Haïti?) Kim Ives reponn konsa : mwen pale nan telefòn ak Djimi Cherizye, lidè (Les Forces révolutionnaires de la famille G9 et alliés), li di m, li pa gen okenn rapò ak Ariel Henry. Djimi Cherizye di m, li pa menm konnen ki moun ki Ariel Henry a.

Lè m wè jounal Ayiti Libète pibliye plizyè atik, kote li toujou prezante gang yo kòm gwoup revolisyonè, m vin konprann demach la antre nan liy jounal la. Nan sans sa a, m kwè lagoch Ayisyèn gen yon responsablite istorik, pou pote limyè nan fènwa Ayiti Libète vle blayi sou sa k ap pase nan peyi a ak fenomèn gang yo. Se yon devwa lagoch Ayisyèn genyen pou leve kalite konfizyon sa a Ayiti Libète lage nan gwo kriz politik ak ideyolojik ki genyen nan peyi a.

Ayiti Libète di (travay gang yo ap fè nan peyi a jounen jodi a, se konsa mouvman revolisyonè yo toujou kòmanse an Ayiti. Tout moun ki pa konprann sa, al reli listwa nou). Mwen di Ayiti Libète non, mankemelanj sa a p ap pase. N ap pran 2 sèl egzanp:

  1. Esklav yo te goumen kont kolon. Sa vle di, yo te gen yon klas dominant ki t ap eksplwate yo, ki t ap oprime yo. Ansyen esklav yo te òganize yo, epi yo te mennen yon lit pou liberasyon kont kolon yo. Yo pote laviktwa nan lit pou liberasyon nasyonal la, ki pèmèt ansyen esklav yo kreye yon nasyon ki rele * Ayiti +. Se premye fwa, se yon sèl fwa evènman sa a fèt nan tout listwa limanite.
  1. Lame kako a, te gen lame okipasyon ameriken anfas li. Lame kako a goumen kont lame okipan an, malerezman yo pèdi lagè a. Alòske, jounen jodi a, se pouvwa PHTK a ki mete federasyon gang G9 an fanmi an. Li klè pwisans Gang G9 yo sòti nan alyans yo fè ak pouvwa a, ki ba yo zam, minisyon, lajan, itilizasyon materyèl Polis Nasyonal la, enpinite total. Se ansanm ak otorite PHTK yo, gang yo mete kidnapig lan kòm youn nan pi gwo antrepriz ekonomik kriminèl nan peyi a. Se gang yo ki fè anviwon 12 masak nan katye popilè yo. Kote yo touye plizyè milye moun, yo boule plizyè santèn kay ak tout byen moun yo te posede. Jounen jodi a, gen plizyè milye fanmi k ap viv nan abri pwovizwa, ki pa kapab retounen nan katye yo. Jou yo pral ka retounen nan katye yo, plizyè santèn moun ladan yo p ap jwenn kay pou yo rete. Prensipal objektif masak gang yo fè nan katye popilè yo, se anpeche moun nan katye popilè yo mobilize kont pouvwa PHTK a. Ki kote w soti ak kalite revolisyonè sa yo, Ayiti Libète?

Ayiti Libète di nou, ki kote w janm wè revolisyonè ap touye moun ki nan mas popilè yo? Kidnape yo, sa ki lakoz yo vann tout byen yo te genyen pou peye bandi, alòske yo vin pi pòv. Men, sa k pi grav la, moun sa yo vin gen gwo pwoblèm sikolojik, yo malad pou tout rès vi yo, tèlman yo twomatize.

Nan sa m aprann nan listwa, revolisyonè yo toujou ap defann klas moun ki viktim eksplwatasyon, eksklizyon ak represyon sistèm kapitalis la. Prensipal advèsè revolisyonè yo, se moun ki sou pouvwa yo, se klas dominant yo ak enperyalis entènasyonal la. Alòske, an Ayiti aktè sa yo se prensipal alye gang G9 an fanmi. Nan manifestasyon yo te fè jedi 1e jiyè 2021 an, kote yo t ap mande pou Jovnèl Moyiz ale, se te yon teyat mal prepare. Lè yo bay tèt yo non (Les Forces révolutionnaires de la famille G9 et alliés) mannèv sa a sanble ak yon divèsyon pou kreye konfizyon epi lage yon vèni diskredi sou diskou lagoch an Ayti. Sa raple nou sa ki te fèt ak Guy Philippe nan moman batay kont Aristide. Pa bliye tou, FRAPH (Front Révolutionnaire Armé pour le Progrès d Haiti) te gen mo revolisyonè a nan non li tou. Alòske, se te yon gwoup kriminèl paramilitè ekstrèm dwat.

Li klè Gang G9 yo sòti nan yon fòmil privatizasyon represyon ak vyolans klas dominant yo ap ekzèse. Gen anpil modèl mouvman sa a depi sòti nan eskadwon lanmò Amerik Santral la nan moman nou te rele “guerre de basse intensité” rive nan gwoup paramilitè yo mete kanpe nan peyi Kolonbi pou fè fas a FARC ak ELN. Jodi a gen 300 000 sòlda ak polisye nan peyi Kolonbi epi gen 200.000 manm gang ame k ap feraye. Se te youn nan priyorite MINUSTAH mete nan katye popilè yo pou elimine yo kòm aktè politik sou sèn lan. Represyon/masak marye ak kontwòl ak ONG tankou : Viva Rio. Etazini idantifye bidonvil yo kòm pi gwo menas pou enterè estratejik enperyalis la.

Ayiti Libète di nou: ki kote w janm wè gwoup revolisyonè ak gwo zam nan men yo, ap manifeste gwo lajounen? Epi pouvwa ak anbasad ameriken ap voye flè pou yo. Èske nou pèdi yon fèy nan tèt nou? Oubyen nou gen yon misyon pou simen konfizyon nan lit pèp Ayisyen ap mennen pou dechouke sistèm kapitalis la ak pou soti anba rejim delenkan, kowonpi ak kriminèl, PHTK ak alye li yo?

Mwen menm, se sèlman nan teritwa libere ak nan triyonf revolisyon, mwen konn wè revolisyonè ap manifeste gwo lajounen ak zam nan men yo. Mwen konnen gen moun nan Ayiti Libète ki soti nan yon sektè politik ki toujou fè analiz kòrèk sou mouvman kominis entènasyonal la. Men tou, ki toujou gen yon analiz ki pa kòrèk sou reyalite politik ak ideyolojik peyi dAyiti a. Ki donk, lè Ayiti Libète prezante gang kriminèl an Ayiti yo, kòm gwoup revolisyonè, sa antre nan yon liy ideyolojik ak politik jounal la ap swiv. Mwen menm kòm maksis Leninis, kòm kominis, mwen denonse deriv sa a, Ayiti Libète vle trennen mouvman popilè Ayisyen an. Mwen pran pozisyon sa a, pou laverite ak pou listwa.

Pòtoprens 10 dawout 2021

Reyneld Sanon se edikatè popilè, Tel :(509)38361713, E‑mail :sanonr1953@gmail.com

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY