Pa kite malpwopte pran tèt nou

Repons pou yon edikatè ki bezwen edike

0
895
Reyneld Sanon di se Babekyou ki te fè masak Delmas 32.

Mwen sot li deklarasyon Reyneld Sanon an. Premye bagay mwen wè, otè a rele m “ansyen maksis-leninis.”

Mwen pa gen tan pou m chita joure ak pèsonn moun. Men fòk mwen di se pa ayè maten mwen ap defann Pèp Ayisyen, e se pa ayè maten mwen nan kan revolisyonè a.

Sou kesyon Maksis la, mwen pase 3 lane nan vi m (1968-1971) nan Inivèsite franse ap li Karl Marx, Friedrich Engels, V.I. Oulianov (Lenin), Lev Davidovitch Bronstein (Trotski) elatriye. Mwen chita li tout Le Capital la, ansanm ak de pwofesè ki te pase vi yo ap etidye Marx ak lòt maksis yo. Nan pwen okenn “edikatè popilè” k ap vin ban m leson maksis, ni k ap vin konprann pou yo wete konviksyon maksis mwen nan tèt mwen epi nan kè mwen.

Nan lavi mwen, mwen wè anpil nèg vire, anpil nèg vann tèt yo, anpil nèg lage sa pou y al pran gwo djòb ki gen gwo tit epi ki peye anpil lajan. Mwen menm, mwen pa janm nan gwo plas, gwo dyòb, gwo lajan, mwen te nan gouvènman Aristid ak Preval paske m te kwè yo te vle chanje bagay yo nan Peyi m, men menm jan m te antre a, konsa mwen soti, san 5 kòb. Epi 2 drapo m yo, drapo wouj revolisyon an ansanm ak drapo ble kou lanmè, wouj kou dife tibout se kote lonbrit mwen tere a, mwen toujou kenbe yo, e pou yo rache yo nan men mwen, touye pou yo touye m.

Se ti medam ak ti mesye ak zam nan men yo ki kapab chanje lavi a an Ayiti, si yo pran konsyans menm jan Babekyou sanble li pran konsyans la.

Mouche Sanon di se Babekyou ki te fè masak Delmas 32. Se pa sa mwen te tande nan jounen apre masak la te fèt la : sa mwen te tande : se te de polisye ki te fè kolè apre youn nan kolèg yo te mouri, ki te pran lari epi tonbe tire. Se apre sa sèlman RNDDH vin lage reskonsabilite masak la sou do G9 Anfanmi e Alye. Men kisa RNDDH la limenm li ye ? Se yon pati politik ki kache dèyè yon vitrin Dwa Imen. E chef RNDDH la, tikrik-tikrak li Washington, DC, nan Kongrè, al pot rapò bay Tonton Sam, oubyen mande menm gouvènman ki kondane Pèp Ayisyen pou li grangou Avi a bay Ayiti yon chans. Alòs ki kalite Dwa Imen RNDDH ap defann ? Droits Humains Pèp Ayisyen, oubyen Droits Inhumains Tonton Sam ak Gwo Zouzoun k ap depafini peyi nou a ? Epi kouman fè yon “revolisyonè” kou Mouche Sanon se RNDDH l ap fè konfyans sou sa k ap pase nan peyi nou ?

Mouche Sanon di Ayiti Libète pa konn fè Analiz de Klas. Bon limenm, analiz deklas pa li a, mwen bo chèche li, mwen pa ka wè li. Analiz deklas Sanon an, se di sèlman pèsonn moun pa revolisyonè, se limenm sèl ki gen verite a nan men li. Men kisa l ap fè ak Verite Revele sa a, pèsonn poko wè, pèsonn pa konnen. Se li ki gen tout konesans lan nan kòtòf li, tout lòt moun se iyoran. An natandan, Kreten, Vòlò ak Ansasen opouvwa, epi Divalye Papa w a foure pye w pi fon !!!

Ki vle di alatèt yo pa rele Divalye ankò, men se menm kout baton an toujou, an Septanm 2021.

Mwen menm, mwen pa Teyorisyen, mwen pa Lidè, men mwen gen je ak zorèy. E pase mwen chita ap repete yon pakèt fraz vid, mwen eseye reflechi sou sa m wè ak sa m tande. Se pou sa mwen kapab di kèk bagay sou sitiyasyon nan peyi nou a. Na rele yo Analiz deKlas si nou vle. Mwen menm, mwen pa renmen bay two gwo non, paske gwo non gen move abitid touye ti chen.

Ayiti anba dominasyon peyi Etazini ansanm ak yon oligachi ki chita nan peyi nou men ki gen kòd lonbrit li mare ak gwo kapital monopolis ameriken paske yo fè biznis ansanm. Se paske kapitalis meriken ak kapitalis “Ayisyen” nan biznis ansanm, ap fè lajan ansanm, gouvènman federal ameriken pa vle anyen chanje an Ayiti, menm si rejim piyajè ki la a kondane Pèp Ayisyen nan malsite, mizè, epi grangou avi.

Paske yo gen anpil lajan, kapitalis ameriken ak “Ayisyen” achte klas entemedyè yo, kidonk klas ki nan mitan yo, ti boujwazi, entelektyel, politisyen, elatriye. Ki fè klas entemedyè sa yo vin Alye, Sousou, Tyoul, rejim chen anraje k ap toupizi Pèp malere nou an.

Kimoun ki gen zam an Ayiti, epi ki konn sèvi avèk yo ? Jenn fanm ak jenn gason bann yo, sa nou rele bandi yo.

Mèt sou li, yo pran nanm yon pati nan Pèp la nan pouse yon relijyon-pèpè ak pwopagann “relijye” ansanm ak bay lajan, bay manje, bay pitit Pèp la bous pou yo al wete nanm yo aletranje, fe yo tounen Ameriken, epi fe yo tounen an Ayiti kom “pastè” k ap pouse vye lide kowonpi sou-kilti Etazini sou nou. E kanta pou sa yo rele ONG ak oganizasyon “entènasyonal” yo, se menm travay la yo fè. Se menm jan an tou genyen gwo “istoryen” ki chita nan Inivèsite kap pouse manti sou Istwa Peyi nou, nou kapab pran yon egzanp: nan fè nou kwè Zansèt nou yo te konsakre peyi nou a Satan, pou yo kapab wete nanm nou piplis ankè. E gen anpil nan nou ki pa kapab wè se yomenm menm ki Satan ki vle disparèt Nanchon nou an.

Nou pa genyen pwoletarya endistriyèl ki ta kapab pote revolisyon nou an. Peyizan nou yo fin pèdi tè yo, yo vin gonfle nan gran vil nou yo. Nan pran lajan mal, politisyen nou yo fin vann nanm yo bay Bondye Ameriken a, kidonk Dola Vèt la. Tout move abitid Blan yo fin anvayi peyi nou an.

Tout refòm nou eseye fè nan Peyi a echwe. E apre chak refòm echwe, se masak sou masak ki fèt sou Pèp nou an, pou piyajè tout plim tout plimaj anpeche li leve kanpe.

Kiyès ki kapab chanje lavi a nan peyi nou jan bagay yo ye la ? Epi kijan sa kapab chanje ?

Repete “yon sèl solisyon, revolisyon” pa itil nou anyen. Revolisyon pa sot anlè tankou La Manne du Ciel. Revolisyon, se moun ki fè sa.

Moun ak zam nan men yo, paske lènmi an, lè nou mande chanjman, se zam li mete sou nou.

Kimoun ki gen zam an Ayiti, epi ki konn sèvi avèk yo ? Jenn fanm ak jenn gason bann yo, sa nou rele bandi yo. Yo pa genyen tè, yo pa genyen travay, yo pa genyen avni, yo pa wè ni devan, ni dèyè. Zam la se tout yo, se pou sa yo kenbe li. Yo fè ezaksyon, yo fè krim, se vre. Men…

Men ki pi gwo krim ki genyen pase lage tout yon pèp tankou ti kabrit, san kay, san manje, san travay, san lekòl, san sistèm santé, lè yo malad, san asirans lè yo granmoun, san anyen menm, SAN LAVI ?

Lè yon jenn gason osnon yon jenn fanm rale yon manch long sou yon “boujwa” nou wè se krim, men nou pa janm wè ki kalite krim boujwa yo fè, depi sou bizawèl li, ki lage l nan rale zam sou moun nan lari pou li resi jwenn kichoy ?

Nou rele l “kadejakè”. Se pa metye tout boujwa ekzije yon fanm pase entèvyou sou do, janm louvri, anvan yo resi ba li yon ti travay pou li omwens manje ? Sa a, si se pa kadejak li ye, se sanmande, jan yo di nan peyi m, kidonk memman parèyman. Kadejakè veste-kravate a, si te genyen Jistis, fòk yo ta pann yo anba menm pye mango ak kadejakè ak zam la, pou tout lòt gason kapab konprann kadejak se krim, kelkeswa jan ou fè l, an moun debyen oubyen an vakabon.

Repete “yon sèl solisyon, revolisyon” pa itil nou anyen.

Jenn fanm nan Pèp la ki vann tèt yo pou yo manje, nou rele yo move non, pa vre ? Lage nenpòt milatrès laboujwazi nan lari san travay san anyen, san lespwa pou li janm jwenn kichoy, pou nou wè  kisa l ap fè. Na rele l “bouzen” pa vre ? Mwen menm, depi m kapab, m ap fè l kado yon manch long pou li vin koresponn avè nou, pase se noumenm menm ki mete l nan sa li ye : wòl yon boujwazi ki gen nen nan figi li se mete travay nan peyi li. Se pa al konstwi chato pandan fatra ap monte disèt otè devan pòt magazen li.

Lè yon rejim kriminèl kondane Pèp fè krim, si se dèyè Pèp nou voye Toya, boujwa ki peye nou pou nou di sa. Egal si yon jou Pèp pann nou, se pa mwen menm k ap met dlo nan je m pou nou. Sa nou t ap cheche a, se limenm menm nou jwenn.

Sa mwen di, se ti medam ak ti mesye ak zam nan men yo ki kapab chanje lavi a an Ayiti, si yo pran konsyans menm jan Babekyou sanble li pran konsyans la. Paske youn, yo pa genyen anyen pou yo pèdi; epi de, paske se yo sèl moun nan Pèp la ki gen zam nan men yo; epi twa, paske tout Listwa peyi nou montre nou anyen pap janm chanje lakay, si se pa vyolans nou fè sou Oligachi a ansanm ak tout Tyoul li yo pou yo sispann anpeche pèp la viv.

Yon maksis ki pa konprann sa, wa vin esplike m nan ki liv Karl Marx te janm di : tout maksis sipoze enbesil.

Dimanch 5 Septanm 2021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here