Komemorasyon masak 12 mas 90 sou peyizan Pyat yo

0
1691

Bay kou bliye, pote mak sonje jounen 12 Mas 2021 fè egzakteman 31 lane depi yon latriye grandon tankou Olivier Nadal, Gardy Demeza nan konplisite ak pouvwa defakto Prosper Avril la te sasinen yon bann peyizan nan lokalite Pyat, komin Senmak ki chita nan depatman Latibonit. 

Selon òganizasyon tèt kole ti peyizan ayisyen, masak sou ti peyizan Pyat yo te rive fèt paske peyizan yo te leve kanpe enpeche grandon monte sou tè gran paran yo te mouri kite pou yo anviwon plis pase 80 lane. Peyizan yo te mande konkou lajistis malerezman sete byen konte mal kalkile paske grandon yo te gentan achte dirijan ki kontwole aparèy jistis la sou gouvènman defakto Prosper Avril la. 

Òganizasyon tèt kole ti peyizan ayisyen nan yon gwo manifestasyon nan dat sa ki ta pral bout devan tribinal Monri a pou kontinye mande jistis ak reparasyon sou masak ti peyizan Pyat yo. Yon fwa ankò ki kache nan tiwa lajistis ki mare nan pye tab grandon Olivier Nadal, Gardy Demeza ak tout alkolik li yo.

Nan dat 12 Mas 1990 anba konplisite leta ayisyen ki te gen nan tèt li  prezidan defakto Prosper Avril ak enperyalis meriken bay grandon Olivier Nadal, Gardy Demeza lòd pou sasinen tout ti peyizan Pyat yo nan moman sa ki te sou komin Senmak depatman Latibonit peyi Ayiti. 

Bilan masak sa a te fè anviwon 11 peyizan te pèdi lavi yo, 30 lòt te blese byengrav epi plis pase 375 peyizan nan Komin Monri te boule selon temwayaj òganizasyon tèt kole ti peyizan ayisyen. 

Selon temwayaj òganizasyon tèt kole ti peyizan ayisyen nan dat 11 novanm 2000 sou gouvènman René Preval lajistis te rive mete anba kòd ansyen prezidan defakto Prosper Avril ki te òganize masak sa sou peyizan Pyat yo ak lòt prezime asasen ki te enplike nan masak la tankou: Messelon Jacques, Yves Providans, Innocent Pierre Charles malerezman aprè anlèvman ansyen prezidan Aristide sou pouvwa nan lane 2004 tout ansasen nou sot site la te chape kite prizon an.

31 lane aprè,  gouvènman sou gouvènman pase pa janm gen anyen ki fèt reyèlman nan objektif pou ti peyizan yo jwenn jistis ak reparasyon. Olivier Nadal ak Gardy Demeza ti prensipal moun ki te òganize masak sila ap mache libelibè san jwenn arestasyon pou jije pou krim san parèy sa yo te fè sou ti peyizan Pyat yo. Okontrè olye pou fanmi peyizan Pyat yo jwenn jistis ak reparasyon sou plis pase 11 ti peyizan ki pèdi lavi yo, plis pase 30 lòt ki disparèt ak plis 375 kay ki boule jiskaprezan se pèsekisyon yap kontinye jwenn anba men grandon ak gwoup neg ki gen gwo zam pou mete rès ti peyizan Pyat deyò sou tè yo.

Pwojè distribisyon gwo zam nan katye popilè yo ak milye peyizan yo nan rantre nan yon pèspektiv politik neyoliberal, pou fè peyizan kouri kite tè san travay epi ouvè vant peyi bay gran miltinasyonal yo pou fè pwodui agwo endistriyèl, fè rantre yon seri pwodui zagribay chaje maladi pou bay popilasyon an manje ak pou fè eksplatasyon min metalik, yon lòt kote peyi Ayiti nan grangou vant popilasyon an sou kont pisans etranje yo.

Se nan menm dinamik sa a nan mwa Fevriye 2021 prezidan defakto Jovenel Moise sot rekonpanse fanmi Apaid 8.600 kawotè nan anviwon 4 komin byen rich nan peyi a ak 18 milyon dola meriken.

Komemorasyon 31 lane masak peyizan Pyat yo

Devan sitiyasyon malouk sa kap devlope nan peyi a, nan okazyon 31 nyèm komemorasyon masak sou ti peyizan yo, tèt kole ti peyizan ayisyen ap reyafime pozisyon l pou li kontinye potekole ak tout ti peyizan Pyat yo ap mennen. Pou fòse lajistis mete kòd Olivier Nadal,  Gardy Demeza ak tout lòt konplis nan masak 12 mas 1990 sou ti peyizan Pyat yo. Tèt kole ti peyizan ayisyen fè konnen lap pote kole ak tout peyizan ki nan 4 kwen peyi a nan kad batay yap mennen sou kesyon jistis sosyal kidonk fòk peyizan jwenn bonjan tè pou yo travay, dlo pou wouze jaden, bank agrikòl pou jwenn akonpayman ekonomik pou yo travay.

Tèt kole ti peyizan ayisyen rekòmande nan kontèks politik difisil n ap viv  jounenjodia a, ansanm òganizasyon pwogresis yo dwe kontinye goumen ak tout fòs yo pou rive tabli yon gouvènman tranzisyon ki dwe koupe fache ak modèl pratik politik tradisyonèl ki chita sou esklizyon sosyal antipèp. Lè sa lajistis ap vrèman endepandan pou arete petwovòlò yo ak tout asasen yo tankou Olivier Nadal, Gardy Demeza ak tout akolit li yo. 

Elysée-Luckner Vil

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here