Jakmèl : Fanm Deside leve kanpe!

0
1049

Jedi  ki te 11 mas 2021 an nan vil Jakmèl, apre yon apèl plizyè òganizasyon dwamoun tankou Fanm Deside te leve kanpe pran lari pou mande jistis ak reparasyon pou 23 fanm ak 2 jènfi ki nan prizon sivil prensipal vil depatman Sidès la.

Se pou move tretman prizonye sa yo te sibi, jou dimanch 7 ak lendi 8 mas 2021 an, nan men senk ofisye lapolis . Direksyon depatmantal Ministè sou kondisyon fanm nan Sid ak Dwa Fanm yo (Mcfdf) nan yon konferans pou laprès, mèkredi 10 mas 2021, nan Jakmèl denonse tout abi fanm yo ap sibi nan prizon an.

Kowòdonatè Fanm Deside a Marie Ange Noël te fè konnen «Prizonye yo te mete figi fas atè nan lakou prizon an, pandan ofisye yo ap bat yo ak baton, frappe yo nan diferan pati nan kò yo. Kèk nan prizonye yo te gen emoraji pou kantite kout baton yo te resevwa nan zòn senti yo »

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here