Kiyès Antwàn nan Gonmye te ye ?

0
2005
Eske se konsa Antwàn nan Gonmye te ye ?

Sa m wè pou ou, Antwàn nan Gonmye pa wè l 
Pwovèb Ayisyen 

Antwàn nan Gonmye se te yon Divinò Ayisyen ki te tèlman wè lwen yo te ba l pote non Nostradamous Ayisyen. Antwàn Pentwo se konsa gwo kokennchenn Divinò sa a te rele. Li te abite nan plenn Gonmye ki chita kò l nan 4yèm Seksyon Komin Wozo ki nan awondisman Koray nan Depatman Grandans. Si w wè yo rele zòn nan nan Gonmye se paske l te gen anpil pye bwa ki fè bonjan gonm. Tout moun ki te gen manman yo ak papa yo ki konn al bat kat kay Antwàn rekonèt li te yon gwo Divinò devan letènèl pou m pa di pi fò pase letènèl. 

Sitwayen sa a ki pat yon ti Divinò konsa konsa, li te gen yon don espesyal pou l wè anpil bagay ki gen pou rive. E tout sa l te konn di yo te toujou rive vre. Sa k pi bèl la tout moun nan Wozo te konn temwaye sa tou. Antwàn te konn anonse sa k pral pase nan depatman Sid ak Grandans. E li te konn wè tou pou anpil moun ki konn vin pase paj nan oufò l. Sa w tande a depi se moun ki te gen lentansyon vin wè l, li te gen tan konn tout sa k ap pase lakay ou.  

Gen anpil moun tankou sila a yo ki nan politik, militè, pè, pastè, fidèl ou sivil blanch ki nan aktivite konmès te konn pran wout oufò l pou vin konsilte l li konn voye tou, yon moun sou bèt pou al rankontre moun nan wout pou mennen l nan badji l la. M pa bezwen di n, si moun sa  yo konn sezi wè kijan Antwàn te gen tan konnen yo gen pou vin kote l. Depi w tande sa a, moun nan pa menm bezwen di yon grenn mo Divinò a sèlman fèmen je l epi li tonbe pale ba li menm jan l t ap resite batistè l ba l. 

Se sa k fè tou gen anpil moun ki di li gen don telepati. Dòktè Leon rakonte anpil koze Jean Jozèf ak Etzè Vilè te di l sou Antwàn nan Gonmye. Divinò a te gen kapasite pou l gen tan konnen ki kantite moun k ap vin lakay li. E li prepare manje epi mete kouvè pou yo tout san manke youn. 

Ki sa Antwàn konn fè ?

Yon jou Antwàn rete nan badji l li rale zorèy yon jennonm byen lwen men ki t ap fè tèt rèd ki pat vle vin chache remèd pou yon moun lakay li ki malad. Gen yon lè menm, Matmwazèl Ejeni Vilè ki te yon pwofesè mennen elèv li yo nan piknik bò rivyè a. Antwàn ki wè yo pe pase kouri di  “ Hmmmm m wè yon male ki pandye sou tèt youn nan ti moun sa a yo”. Yon ti tan apre gen youn nan timoun yo ki disparèt kou pappadap vre. Apre yo vin jwenn li bo rivyè a ak tèt li kraze miyèt moso nan mitan 2 chalan. 

Moun lan potko met pwent pye l nan peristil la Divinò a esplike l ki rezon ki mennen l lakay li.

Yon lòt jou menm, gen yon direktè yon izin ki te pèdi yon revolvè l tèlman chache l chache l te pèdi lespwa li ka jwenn li yon jou. Gen yon toutè ki konseye l al wè Antwàn nan Gonmye. Misye pa fè tèt di l ale vre. Lè misye rive Divinò a esplike misye ki sal vin fè a, e l detaye revolvè a nèt ba l de fil an egwi. Apre l di misye al nan gade nan yon panyen rad sal tèl kote lakay li l ap jwenn revolvè a. Lè direktè a retounen lakay li l jwenn zam nan ekzakteman kote Divinò a te di l la. 

Yon jou te gen yon nonm ki te disparèt nan Jeremi tankou yon kout zèklè lapli mwa novanm. Yo chache l tout kote yo pat jam rive jwenn li. Jiskaske youn nan fanmi l yo di kite l al kot Antwàn nan Gonmye. Moun lan potko met pwent pye l nan peristil la Divinò a esplike l ki rezon ki mennen l lakay li. Epi li di l ki kote pou l ale l ap jwenn yon chen k ap mennen l kote l ap jwenn kadav fanmi l lan. 

Sa a pi enteresan ankò. Yon jou 2 moun deside al kay Divinò a ansanm, misye depèsyade fòk youn nan yo deplase tout swit kite Peristil li a. Lè lòt la mande pouki Antwàn di l misye pap viv lontan pase sa, e l pa ta renmen pou misye mouri nan djèvò l la. Tout moun sezi wè nonm nan pa menm gen tan rive devan papòt lakay li, li mouri tèt nwè. Matmwazèl Vilè rakonte detan Antwàn ap sot nan kabinè papa l ki te avoka misye kwaze ak li ki di l li gen yon gwo tach nan do l men se pa grav. 

li mete yon bann lajan nan pye goch chosèt li. Kou l rive nan badji a Divinò a mande l pouki l bijo mete lajan anba pla pye l gòch li a.

Lè Antwàn fin ale moun yo gade yo wè yon gwo tach nan do ti manzè pèsonn pat janm wè anvan. Se pa moun nan Sid ak moun nan Grandans sèlman ki te konnen ki sa Antwàn nan Gonmye peze. Se tout peyi a ki te konnen nonm sa a pat yon Divinò konsa konsa. E se te nan tout peyi a tout moun te konn tande pale sou misye. Depi m piti papa manman m Oras Pya te toujou rakonte m istwa sa a. 

Yon jou yon pè blan ki te tande pale sou Antwàn nan Gonmye te deside al teste l pou l ka wè ki sa l gen nan fon dyakout kouzen Zaka l. Anvan pè a deplase li mete yon bann lajan nan pye goch chosèt li. Kou l rive nan badji a Divinò a mande l pouki l bijo mete lajan anba pla pye l gòch li a. Depi lè sa a pè a gen tan wè ki kote l ye. 

Wòchma Konstan, yon moun Kanperen ki abitye al achte bèf nan mache Disis pou al vann nan mache Jeremi. Men kòm li toujou pase devan djèvo Divinò n nan li toujou bay misye respe l jiskaske yo vin devlope yon zanmitay si w konn de bn matchopwèl. Yo jou mèkredi Wòchma ap pase ak 3 bèf li t apral vann epi Antwàn te devan an misye kanpe pou l fè yon ti bat bouch avè l. Misye nèk gade bèf yo li di l Wòchma gen youn nan bèf yo ki pa bo bèf. Machann bèf la byen sezi men l pa kwè se vre. 

Antwàn nèk rantre nan djèvò a li soti ak yon fwèt kach li kale premye bèf ki tounen yon moun apre l kale 2 lot bèf yo ki toujou rete bèf. Apre Divinò a di Wòchma kòm se pou vann ou te achte l m ap fè l retounen bèf. Li pase moun nan 3 kout fwèt kach ankò, menm kote a li retounen transfòme an bèf ankò. Iv Franswa Janbatis yon bon matchòpwèl mwen rakonte m lè lantèman Antwàn detan moun yo ap pote kò a nan simityè yo santi sèkèy la lejè anpil. 

Lè yo louvri l yo wè se yon esen myèl ki vole al poze sou yon gwo pye mango ki te akote rivyè Wozo a. Esen myèl sa a rete sou pye bwa a pandan lontan lontan e tout moun ki konn pase toujou wè l jiskaske siklòn Azèl pase l lage pye mango sa a atè nan rivyè tout longè. M pa kwè n bezwen m di n ki kote tout myèl yo fè. Kòm si nou menm nou ta myèl yon siklòn ta lage pye bwa n te sou li a nan dlo kòm si n t ap rete ? Antouka sa m wè pou myèl sa a yo, si yo te rete Antwàn nan Gonmye pa t ap wè l.

J. Fatal Pya ak Mari Michèl Dimanch

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here