Eske Konstitisyon an se Nanm Sosyete a?

0
976
Konstitisyon se avni yon peyi, lè dirijan peyi sa a pa yon machann peyi tankou Jovenel Moise

Wi, Konstitisyon an se òganizasyon ak fonksyonman kò sosyal la. Menm jan ak 7 fevriye, 29 mas se yonn nan dat ki gen anpil nannan nan lavi Pèp Ayisyen an. Se pa sèlman yon senp anivèsè. Li piplis pase yon senp kontra sosyal. Konstitisyon an se nanm sosyete a, nannan kò sosyal la. Chwazi mete yon pati politik kanpe nan menm dat ak Konstitisyon an vle di anpil anpil anpil bagay. Sosyete a pa sèlman wè n nan dimansyon konstitisyonalis men li wè n tou nan yon dimansyon sosyetal. 

Men kòman n konprann nan katchouboumbe politik sa a n tonbe la a, anpil nan lidè n yo plis ap sèvi ak eslogan mouvman mas pèp la pou yo regle zafè pa yo. Anpil nan Lidè politik/pati politik dwategòch woule m debò sa yo plis ap defann enterè endividyèl yo olye yo sèvi enterè Kolektif la. Pa bliye n ap fonksyone nan yon sistèm reprezantatif, olye yo ta sèvi Pèp la kòm bonjan koulwa pou ede yo fè revandikasyon yo rive nan zòrèy otorite ki la pou sa, epi defann fonksyonman nòmal kò sosyal la nan fòse yo bay rezilta Pèp la ap chache a depi dikdantan an. 

Men nou gade nou wè Pati sa yo, lidè sa yo plis  sèvi kòm zouti politik nan men tout kalib gouvènman peze souse yo. Yo tounen mouche ki te rele Pyè nan Bib la. Nan moman difisil, li te pito di l pa rekonèt kanmarad li a pou l te sove tèt li. Yo tounen Jida ki te trayi rèv li te kwè ladan l lan pou yon pay monnen. Kwè n si n vle avan kòk la chante 3 fwa Pèp la ap demaske yo. Pa janm gen limyè san pa gen fè nwa avan. 

Lè w di ou se demokrat w ap chante eslogan Mas Pèp la « Fòk Sistèm Peze Souse » sa a chanje. Fòk, anmenmtan, ou pap ede lòt lidè peze souse yo vin chanje nannan eslogan Mas yo nan fè koral ak lidè dwategòch ki pwofite rantre nòt pa yo, refren pa yo kòmkwa pou fè n konprann kondisyon lavi Mas yo ap chanje ak yon lòt Konstitisyon tou nèf. Yon lòt rejim ak yon lòt sistèm politik. 

Si n byen gade nan mitan Mas Pèp la, eslogan sa a sonnen aklè. Li vle di: Fòk Move Kondisyon Lavi yo chanje.

La a, si w di ou se demokrat epi w patisipe nan koral sa a, di m sa w vle, se chanje ou ede zòt chanje nannan batay Mas Pèp la. « Fòk Sistèm Peze Souse » a chanje se mak fabrik mouvman Mas yo. Si n byen gade nan mitan Mas Pèp la, eslogan sa a sonnen aklè. Li vle di: Fòk Move Kondisyon Lavi yo chanje. Li pa janm te vle di yon lòt Konstitisyon. Epi tou, Konstitisyon an di l aklè, lè n gen nesesite pou sa, kòman n dwe fè pou n adapte l nan jan sosyete a ap grandi. 

Nan Konstitisyon tou nèf sa a, nou wè anpil nan lidè/pati politik nou yo, petèt, san yo pa rann yo kont, ap fè pwomosyon pou li a, men sa l di nan Atik 139: « Aucune action ne peut être engagée contre le Chef de l’État pour des actes liés à ses fonctions et accomplis en qualité de Président de la République, même après la fin son mandat » 

Atik 167: « Aucune action ne peut être engagée contre un ministre ou un secrétaire d’État pour des actes liés à ses fonctions et accomplis en qualité de ministre ou de secrétaire d’État, même après la fin de sa fonction » 

Atik 107:  « Aucune action ne peut être engagée contre un député pour des actes liées à ses fonctions et accomplis en qualité de parlementaire, même après la fin son mandat » Èske n tande koze? Sa yo se kèk men gen plizyè lòt atik nan konstitisyon tou nèf sa a w ap fè pwomosyon pou li a ki bay anpil kè kase konsa.

Li te klè wi, nan  plizyè manifestasyon ki te fèt yo, sitwayen ak sitwayèn yo te di aklè, “fòk sistèm peze souse sa a chanje” men yo pa janm di fok gen yon lòt konstitisyon tou nèf. Pou pèsonn pat tounen lanvè sa yo te vle di. Yo te toujou eksplike l, chak fwa yo jwenn fè entèvansyon nan mikro laprès. 

Eske lè y ap chante eslogan sa “fòk sistèm peze souse a chanje” men, pou yo, li pat janm gen menm nannan?

Pou n pa di nou pa t konprann, men kòman yo toujou konn eksplike sa: 

1-“Chanje sistèm” vle di pou yo, fòk gen yon fren nan pil ak pakèt dezòd k ap fèt anndan sitèm nan, pou yo rive jwenn bon lopital, pou yo menm, pitit yo, manman ak papa yo chache swen lasante, lekòl pou yo menm ak pitit yo, travay pou yo jwenn tchotcho pou regle zafè yo ak zafè pitit yo. Sekirite pou yo mennen aktivite yo san kè sote….yo pat janm mande chanje Konstitisyon.

2- Yo menm konn ale pi lwen nan rezònman yo, yo konn di: «kòm prezidan Jovenel se gadyen sistèm peze souse a, kote pil ak pakèt dezòd ap vale teren anndan sistèm nan, sa ki lakòz  peyi a tonbe aladriv epi tou lòk avni yo, enben kòm prezidan/gadyen sistèm sa a, fòk li menm tou lage pye l » Kidonk, revandikasyon sitwayen ak sitwayèn yo te klè. 

Men, kòman n konprann, anpil nan lidè politik yo ap chante, repete chak jou, menm eslogan sa “fòk sistèm peze souse sa a chanje”. Alòs, olye yo te alimante, kanalize revandikasyon sa yo, anpil nan yo, te pito chwazi al negosye pou fòme gouvènman, yo menm, yo bay pote non« konsansis, sali piblik, kowabitasyon, lajmanlaj, elatriye …. » sou pretèks pou yo pa ret deyò. Adje wi dan… 

Hmmm… eske lidè sa yo pat janm konprann eslogan sa? Eske lè y ap chante eslogan sa “fòk sistèm peze souse a chanje” men, pou yo, li pat janm gen menm nannan? Eske Li pat janm charye, pou yo, menm revandikasyon ak mas pèp la? Ant parantèz, pandan n ap fè ti koze sa a. Nou konn sa k pi bèl nan tout koze a, menm prezidan Jovenel konn chante eslogan sa a: “fòk sistèm peze souse sa chanje” alòs li menm se gadyen sistèm peze souse a. Hmmm… nou tande koze…

Mezanmi, an n fè piplis jefò, pou n pa kite yo fware sèvo n fasil fasil konsa.

Si n kwè n ka fè koral ak lòt yo enben se woule y ap woule n nan farin. Sak farin nan se nou menm menm ankò ki pote l ba yo. 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here