Komemorasyon 35yèm jounen nasyonal mouvman fanm ayisyen yo

0
1061
Trantsenkyèm Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyen yo

Samdi 3 avril ki sot pase a, se te jounen nasyonal mouvman fanm ayisyen yo. Se nan lane 1986 apre depa diktati divalyeris la fanm yo te chwazi jounen 3 avril la pou yo mobilize, revandike dwa fanm yo nan peyi a. 

Nan okazyon Jounen Nasyonal Mouvman fanm Ayisyen yo ane sa a, plizyè òganizasyon fanm tankou Nègès Mawon, Fanm Angaje, Fanm Deside Jakmèl pou site a yo Selman te òganize yon kokenn manifestasyon, kote  plizyè santèn fanm te mache nan lari Pòtoprens, kont rejim PHTK ki sou pouvwa a.

Se nan Kafou Rezistans rasableman an te fèt, epi foul manifestan yo te mache pase Nazon, Bwa Vèna, desann Channmas, jouk yo rive sou plas konstitisyon 1987 la, se la yo ta pral bout manifestasyon an yon fason pou yo egzije karebare respè konstitisyon 1987.

Fanm yo te denonse dirijan PNH yo epi tou pwofite mande jistis ak liberasyon sendikalis PNH la Abelson Gros-nègre

Kòm se te sezon rara, se yon gwoup rara fanm djanm ki te anime manifestasyon an kote yo t ap chante, voye diferan eslogan pimanbouk anba kèk kout vaksin, marye ak bèl kout bagèt kont pouvwa a. Yo te mande respekte dwa fanm yo genyen pou yo viv kòmsadwa nan peyi a. Anndan manif sa a, yon ekip fanm te mache ak kèk revandikasyon ansolidarite ak sendika lapolis la SPNH 17. Kote yo t ap mande liberasyon yon  sendikalis manm SPNH la Abelson Gros-Nègre,  gouvènman antipopilè Moise-Jouthe la flanke nan prizon.

Fanm yo mande depa Jovenel Moise

Fanm yo te pran pozisyon klè kont referandòm gouvènman vle òganize pou l kapab chanje konstitisyon 1987 la. Yo di Aba diktati! Aba ensekirite! Aba referandòm!  Aba koripsyon!

Fanm yo ki t ap anime manifestasyon an

Se te yon manif kote ou te jwenn tout kalte fanm, fanm pwogresis kou fanm reyaksyonè, ansyen Gnbis yo te prezan. Yon melimelo kòmkwa tout fanm gen menm revandikasyon, gen menm enterè nan lit pou chanjman kondisyon lavi mas defavorize yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here