Entèvyou ak Direktè Jeneral Lapolis Ayiti, Godson Orélus (2 nan 3)

(Dezyèm pati)

0
3266
Godson Orélus: "Anmenmtan nou di n ap ranfòse lapolis, men fò n ranfòse lajistis tou".

(Premye pati)

N ap kontinye semèn sa a ak mizopwen direktè jeneral Godson Orélus te bay Ayiti Libète 16 septanm 2012, kote li te reponn kèk akizasyon ki te fèt sou li nan yon atik nou te pibliye 5 septanm 2012.

Kim Ives, Ayiti Libète: Jiska prezan, genyen plizye polisye ki patisipe nan gang kidnapè yo. Nan yon atik nan Ayiti Libète 15 out pase a, nou te site ka Emane Jean-Louis, propriyetè lantrepriz “Sourire Rent-a-Car”, yon rezo de polisye te kidnape l. Famiy li te oblije peye kidnapè yo $800.000. Apre yo te libere l, Emane te depoze yon plent kont PNH pou patisipasyon kèk polisye, li te menm site non yo. Anyen pa janm fèt. 14 septanm 2012 la, menm rezo polisye sa yo kidnape yon sèten Georges Wilner. Kidnapè yo mande $500,000. Famiy ka ranmase selman $100,000. Kidnapè yo di li pa ase. Eske w okouran pwoblem sa yo e kisa wap fè pou rezoud sitiyasyon sa a setadi fini ak rezo kidnapè anndan lapolis la?

Godson Orélus: Nou genyen zewo tolerans. Men m ap di w tou, byen souvan, sa yo bay ou kòm enfòmasyon, se pa sa li ye vre.

Malerezman mwen pa ka ba w twòp detay nan mikwo ouvè. Sa se yon seri dosye ki fè objè yon gwo envestigasyon, men gen kèk eleman mwen ka di w kanmenm. Sa m ka di w se genyen fo polisye. Se yon taktik yo itilize pou fè konnen yo se poli- sye, men se pa polisye vre.

Men kanmenm, lè n ap mennen yon envestigasyon, kapab genyen kèk konplisite nan lapolis. Donk nou konn rankontre sa, men lè nou jwenn ka sa yo, se zèwo tolerans paske nan lapolis la, nou pa pèmèt sa. W ap wè rezilta a.

Gen yon pwogram k ap fèt anndan lapolis la kote n ap kontinye netwaye move grenn yo, paske pa gen fanmi ki pa gen move grenn. Men mwen garanti w n ap fini yon jou retire tout move grenn yo, paske fò nou bay popilasyon an vrèman kò lapolis l ap chache a, polis pa l la, polis pou l fè konfyans lan. Donk, fòk nou ogmante konfyans sa a.

Men kesyon polisye nan kidnapin, n ap genyen zewo tolerans, zèwo tolerans, zèwo tolerans! Nou pap tolere yo. Depi se nèg ki nan lapolis ki nan aktivite sa yo, n ap mete yo anba kòd menm jan ak bandi yo, yo pral menm kote avèk yo.

Gen yon pwogram k ap fèt anndan lapolis la kote n ap kontinye netwaye move grenn yo.

Men fòk mwen di w, jan dosye a te parèt la, li pran fòm polisye, men se pat dosye polisye, se yon dosye ki mennen ak yon seri moun ki fè tèt yo pase pou polisye. Men – ou pa two lwen – anndan l gen konplisite noumenm nan kad ankèt nou, nou rive detèmine. Se lè sa a nou gen ankèt nou mennen sou yo, pou n rive fè limyè sou li, e lè m fè limyè sou nèg sa yo, y ap anba kòd menm kote ak bandi yo. Ou mèt fè nou konfyans nan sa.

Ayiti Libète: Eske depi ou nan DCPJ, osnon depi ou pran pòs direktè jeneral, ou jwenn kèk polisye ki enplike nan kidnapin?

Godson Orélus: Plizyè, plizyè, plizyè malerezman. Nou arete yo, yo nan prizon. Fò m di w tou, lè nou jwenn yo, nou arete yo, nou mete yo nan prizon. E tout lòt polisye ki onèt, ki entèg, ki respekte tèt yo, yo kontan tou, paske yo pa aksepte sa. Yo kontan lè nou jwenn yon lòt nèg yo arete yo mete l anba kòd, yo voye l al jwenn bandi parèy l yo. Polisye yo kontan paske mesye sa yo pa gen lòt bagay y ap fè, se tèni, sal imaj lapolis la, diminye konfyans popilasyon an fè polisye yo, pèmèt lit kont kriminalite a vin pi difisil pou mennen. Si popilasyon an pa fè w konfyans, kwè m si w vle Kim, ou pap jwenn enfòmasyon, paske ou konnen bandi sa yo, se nan mitan popilasyon y ap viv, kote tout moun.

Fòk popilasyon an fè nou yon minimòm konfyans pou l denonse moun yo. Men fò m di w tou, yo konn konfwonte avèk kèk pwoblèm tou pafwa. Anmenmtan nou di n ap ranfòse lapolis, men fò n ranfòse lajistis tou, paske genyen youn nan pwoblèm, moun yo toujou di yo pral lage kriminèl yo, etsetera. Lè yo denonse yo, non sèlman yo pè pou yo pa tonbe sou yon move polisye, pou se pa yon polisye ki fè pati menm rejyon yo epi yo konn pè tou pou si lajistis al lage moun sa a pou l pa retounen kont yo.

Travay sa yo se yon travay ki pou fèt 2 kote, pandan n ap netwaye lapolis la pou nou pa wont, men fòk lajistis fè pati pa l tou. Ou konnen lajistis la limenm se lwa ki gide l, kèkfwa genyen feblès nan lwa tou. Donk mwen panse lapolis sipoze mete tèt li ankonsè avèk lajistis, mete tèt ansanm ak pakè yo pou nou travay ansanm…

Fò nou gen jij kredib tou pou fè pwosè ki kredib, pou bay nou rezilta, pou gen plis sekirite nan peyi a. Sa pral mennen biznismann nan peyi a, ki pral pèmèt moun ki pa ka jwenn travay, jwenn travay.

Mwenmenm, Kim, mwen fè yon long pakou nan lapolis, 15 zan karyè. Mwen rantre an 1996 kòm komisè polis, mwen fè prèske tout peyi a. Mwen pase nan nivo administrasyon, tanto mwen polisye ankèt, tanto mwen responsab direksyon estrateji, mwen te direktè depatmantal plizyè depatman. Monchè, mwen genyen ase eksperyans, mwen konnen polisye yo byen, mwen konn tout trik, mwen konn vi polisye yo, mwen konn doulè yo, mwen konn fristrasyon yo, mwen konn tout pwoblèm yo.

Sèlman fòk nou mete lòd nan lapolis la, paske se sa nou bezwen kounye a. Mete lòd, retire move grenn yo, donk pou n kapab ogmante konfyans bò kote popilasyon an, konsa w ap wè popilasyon an limenm, li pap pè lè l wè yon polisye yon kote, epi li pap pè pou l denonse yon bandi tou, paske tout bandi yo se nan mitan popilasyon an y ap viv. Se pa yon kote apa, se nan mitan nou yo ye.

Depi genyen yon ti minimòm konfyans pou yo denonse yo, epi pwoblèm yo pap two konplike non, Kim. Pwoblèm lapolis, se entelijans ki fè l, se enfòmasyon. Se pa fòs sèlman ou bezwen pou kontrekare fòs bandi yo. Anmemtan, entelijans enpòtan.

Aswiv

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here