Entèvyou ak Direktè Jeneral Lapolis Ayiti, Godson Orélus (3 nan 3)

(Twazyèm pati)

0
3662
Godson Orélus: "Anvan menm mwen aji nan tèl domèn, kisa lalwa di? Mwen la pou m pwoteje vi ak byen".

(Premye pati) (Dezyèm pati)

N ap kontinye semèn sa a ak mizopwen direktè jeneral Godson Orélus te bay Ayiti Libète 16 septanm 2012, kote li te reponn kèk akizasyon yon lòt ansyen responsab lapolis te fè kont li nan yon atik nou te pibliye 5 septanm 2012.

Kim Ives, Ayiti Libète: Direktè jeneral Orélus, èske politik zewo tolerans kont move grenn nan lapolis retwo-ativ? Nan atik sou lapolis Ayiti Libète te pibliye 15 out sa a, nou t ap pale de plizyè lòt egzanp kote jistis pa janm fèt lè polisye mele nan yon krim sou direktè jeneral Mario Andresol. Pa egzanp, lòm dafè Richardson Croicy, ki te kidnape Okap-Ayisyen  le 22 me 2012 epi asasine, yon jij denstriksyon, atik la di, « a émis plus de 15 mandats d’arrêt contre 7 policiers quel croyait impliquée dans l’enlèvement et assassinats », men komisè Carl Henry Boucher, direktè de lapolis depatman Nò ta refize degzekite « les mandats du juge, d’arrêté les policiers, il a même facilité qu’ils échappèrent à la justice en quittant le pays pou Providentiales via la République Dominicaine ». Alò, jounal la te gade tou ka chèf lapolis nan Gonayiv. Ernst Dorfeuille, ki te enplike nan kidnapin ak lamò madam Monique Pierre, 29 novanm 2008, donk Dorfeuille lage. Eske ou okouran ka sa yo? Eske politik zèwo tolerans, èske li rétwo-activ nan ka sa yo?

 Godson Orélus: Ban m ba ou yonn pa yonn. Nan ka Ernst Dorfeuille, aprè 12 janvye 2010, prizon te vin kraze, donk miyse te vin retounen nan prizon kòrèkteman. Misye pat sove, li te retounen nan prizon. Donk lajistis, kabinè denstriksyon, dosye misye a te trete. Yo te bay misye yon òdonans « de non-lieu », savledi, pou moun ki pat konnen, misye pa deyò, nou pa lage l, sa se yon òdonans « de non-lieu », jij denstriksyon ki t ap trete dosye sa a bay anfavè misye, òdonans lan sòti. Misye vin libere sou lòd jij denstriksyon.

Misye jwenn yon libète ki nòmal pa yon jij denstriksyon, donk ki bay òdonans li a sou dosye a. Sa a nou pa kapab menm antre ladan l, menm lajistis nan kad dosye a li t ap mennen ankèt li. Donk li blanchi l kòrèkteman.

Mwen m ap fè yon polisye respekte dwa moun, men moun yo fòk yo respekte lalwa, se sa k rele eta de dwa.

Nan ka lòt dosye, dosye Kap Ayisyen, ka sa toujou nan kabine denstriksyon, donk nou paka pale twop detay sou li paske lenstriksyon se sekrèt. Genyen yon ansanm « de donnés » jij la dispoze. Lap mennen ankèt li toujou. E map enfòme w tou ke lenspeksyon jeneral lapolis nasyonal ap mennen ankèt sou dosye sa a tou. Enspeksyon jeneral genyen anpil moun li konvoke, lap mennen ankèt administrativ lapolis sou dosye sa a. Alò mwen tou enfòme w de sa.

Nap tann pou wè ki sa kabine denstriksyon pral fè soti. Genyen de manda vre ki te emet. Men mwen pa vle fè komantè paske genyen yon jij denstriksyon sou dosye a. Nap tann òdonans li genyen pou bay e nap tann rezilta enspektè jeneral la.

Ayite Libete:  Resaman, genyen plizyè arestasyon ak represyon ki sanble politik. Nan mwa jen, genyen David Oxygène ak Charles Dukens, de militan MOLEGHAF, ki te arete devan Minis Zafe Sosyal pandan yo tap manifeste. Yo nan prizon toujou, men otorite yo pa janm chaje yo ak okenn krim. Apre siklòn Isaac pase, genyen 9 moun Kanapevè lapolis te arete lè yo tap manifeste pou plis èd. Semenn sa a menm, genyen manif PEVEP ki te fèt devan pale a, lapolis te kraze li ak gaz lakrimojen lè yo tap manifeste pezibleman. Eske ou okouran ka sa yo e kisa wap fè?

Godson Orélus : Bon, nan premye ka yo ou site, mwen poko te kòmandan anchèf lapolis la, mwen pa konnen. Men kòmandman pa m nan, mwen menm mwen kanpe dèyè prensip, mwen kanpe dèyè lalwa. Menm jan y ap mande pou lapolis respekte lalwa, respekte dwa moun, men moun nan tou lalwa ba yo yon limit. Konstitisyon an pèmèt pou tout moun gen dwa manifeste. Konstitisyon an bay kòman pou manifeste. Ou pa kapab gen yon peyi pou w aksepte moun vini devan palè jan li ye pou vin fè manifestasyon! Menm ou menm tou, ou t ap mande si w gen yon peyi la a, sa pa fèt. Donk, nòmalman lalwa di pou fè yon manifestasyon, fòk ou enfòme lapolis ke l ap fèt. Ou genyen yon ansanm de dispozisyon ki pran pou ke ou akonpanye manifestasyon sa a. Premyèman, se pou pwoteje moun ki ladan l. Dezyèman, se pou evite gen enfiltrasyon ladan l, pou moun ki ta gen lòt koz ke yo ta regle, pou yo pa vin kraze vit machin moun, kraze byen moun sou pretèks ke yo nan manifestasyon.

Vwala ou te ka byen gen bòn volonte pou w fè yon manifestasyon pasifik. Donk la a, lè se sanzatan, yon kòmandan nan yon zòn epi li tande gen manifestasyon devan palè nasyonal, li inakseptab, otomatikman mwen menm map kraze l, paske lalwa ban m yon pwovizyon legal pou m kraze l, paske manifestasyon an ilegal. Pa gen yon kesyon politik nan sa a, non. Se kesyon de lòd. Lasekirite piblik.

Lè nou di n ap fè eta de dwa, eta de dwa pa vle di moun fè sa yo vle, non. W ap respèkte lalwa, lapolis ap respekte dwa w, ou menm w ap respekte lalwa tou. Otomatikman pou yon nèg chwazi pral devan palè nasyonal, ou pral vin kanpe… Non! Nou pap aksepte!

Mwen menm, kòm kòmandan anchèf mwen pap aksepte l nan men yon moun, pandan m chèf lapolis la. Mwen m ap fè yon polisye respekte dwa moun, men moun yo fòk yo respekte lalwa, se sa k rele eta de dwa.  Moun yo pa avèti, yo debake devan palè a, se yon kesyon de sekirite piblik. Donk pa gen kesyon politik la a, n ap kraze l. Lapolis gen dwa pou l kraze l, li gen pou l arete moun ki fè li. Epi tou se “dans tous les pays du monde.”

Donk la a, li gen yon fason pou l fèt. Yon manifestasyon, Kim, lalwa di, konstitisyon an di: w ap ekri lapolis, w ap enfòme l lè w ap fè yon manifestasyon. Otomatikman ou ekri lapolis, li menm li gen pou devwa pou l ba w sekirite, pou l sekirize manifestasyon an. Lè sa a, se pa kraze l n ap kraze l, non.  N ap vin sekirize l, n ap anpeche yon lòt moun vin fè dezòd ladan l pou kraze l.

Ayiti Libète : Alò, manifestasyon sa a ki te fèt la, se paske, dapre ou, yo pa t enfòme lapolis? [Lidè PEVEP yo te di Ayiti Libète yo te enfòme la polis, se pa premyè manif yo te fè. – HL]

Godson Orélus : Wi, li spontane, e li fèt nan yon zòn bò Palè Nasyonal. Otomatikman, gen kesyon sekirite piblik. Se Pale Nasyonal, fòk ou respekte l. Se pa sèlman bò Palè Nasyonal, se kèlkeswa kote a, wi. Depi w ap okipe vwa piblik la, fòk lapolis konnen. Otomatikman lapolis pa konnen, nenpòt vakabon gen dwa vini atake w sou kont li, oubyen tou, yo gen dwa vin ladan l tou, yo gen ajannda pa yo : fouye moun, kase machin, pran bous, pran telefòn. Se yon anachi, se yon dezòd, e se yon peyi n ap dirije.

Mwen menm, mwen di w sa. Mwen se yon moun de prensip. Mwen rive nan tèt lapolis la, mwen pa t konnen, se yon sipriz mwen pran. Prezidan an fè m yon sipriz  e li pa t zanmi m. Mwen pa t lekòl ansanm ave l, mwen pa t kamarad li, mwen pa t zanmi l. Se à l’œuvre li wè m, se pase m, etan done ke gen yon lwa ki di kòman pou yo chwazi yon chèf polis, eresman mwen te ala bòn plas.

Donk se sa. Mwen konnen kisa lalwa di. Anvan menm mwen aji nan tèl domèn, kisa lalwa di. Mwen la pou m pwoteje vi ak byen, donk m ap fè l, epi lè m ap fè l la, m ap fè l byen tou. wi. Men pwoblem nan: nan entèvansyon yo, se ekse pou pa fe. Fòk lapolis la aji avèk fòs nesesè, la fòs pou pèmèt ke ou netralize sa ki anfas ou a. Donk tout ekse, se la ke vin gen derapaj, vin genyen vyolasyon dwa moun. Donk fòk ou fè l “dans les limites de force” ki anfas ou a.

Donk yon manifestasyon ki ilegal, pwen bà, kèlkeswa manifestasyon k ap fèt la, lapolis pa t okouran, yo gen misyon pou kraze l pou pwoteje byen moun.

Ayiti Libète : Men òganizatè sa yo te kon fe plizyè manif, yo konn toujou enfòme lapolis, men, dapre w, pou manif sa a, yo pa t enfòme Lapolis?

Godson Orélus : Ebyen se sa menm ki fè l kraze, se paske se yon manifestasyon spontane. Li pa t ekri kòmandan depatmantal la, li pa t okouran avan. Se yonn nan rezon, paske si yo te enfòme Lapolis, li ta pral akonpanye l epi li t ap delimite l tou. Donk se yon manifestasyon spontane, epi yo pa t ap janm retwouve yo bò palè konsa tou. Ou pa kapab twouve w bò palè a, ou menm gen yon mezi de sekirite ki pran pou pwoteje l, donk ou oblije kraze l. Donk, mwen panse sa a se lalwa k ap aplike, se pa derapaj.

Men pandan m di w sa, n ap fè l « dans les limites de la loi ». Li pa pral fèt pran moun san rezistans, ou pran moun ba l baton, non. L ap fèt jan lalwa mande pou l fèt la. E fòs de lòd yo e lapolis genyen pou l mete lòd piblik, donk l ap reprime tout moun ki pa respekte lòd piblik, men avèk fòs pwopòsyonèl. Fòs pwopòsyonèl! Se sa lalwa admet. Si nèg la rale yon baton, si li voye yon wòch, si li rale yon zàm, lalwa bay lapolis mwayen pou l aji, men avèk fòs pwopòsyonèl.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here