Entèvyou ak Direktè Jeneral Lapolis Ayiti : Godson Orélus (1 nan 3)

0
1026
Godson Orélus: "Lè m te Okay, mwen te vin antre nan kabinè direktè jeneral la Leon Charles alepòk."

Jou 5 septanm 2012, Ayiti Libète te pibliye yon atik ki te gen pou tit: « Godson Orélus: Pion de Lambert, Latortue et Sophia ». Kèk jou apre, jounal la te resevwa yon apèl Orélus ki te vle fè yon mizopwen epi reponn kèk nan akizasyon ki te fèt nan atik la sou li. Jodia 16 septanm 2012, n ap bay Godson Orélus opòtinite pou l bay son klòch pa l. Se Kim Ives ki te reyalize entèvyou sa a.

Ayiti Libète: Direktè jeneral Godson Orélus, nou remèsye ou pou ti entèvyou w ap bay nou jodi a. Pou kòmanse, nou ta renmen ba ou yon opòtinite pou reponn a kèk akizasyon ki te fèt kont ou yon ansyen ofsyel de la Polis ki te paret nan Ayiti Liberté nan edisyon 5 septanm. Pou komanse, li te di ou te, et je cite, “pourchasser, neutraliser et terroriser tous les militants Lavalas, tous les partisans d’Aristide” lè w te chef Polis pou depatman sid la apre koudeta 2004 la. Li te pale spesi- fkman d’arestasyon de Nazaire Olson, yon kouzin d’Aristid. Dezyèmman, li te di ou te gen pou misyon, et je cite, “d’assurer la livraison sans problème de la drogue en provenance de l’Amérique du Sud” epi “les gens de la DEA ont demandé au gouvernement de La- tortue de vous transferer “ paske yo te kwe ou, et je cite, “ne contribuait pas a combattre le trafic de drogue dans le département du Sud”. Apre yo te transfere w nan Latibonit, kote sous polisyè sa a te di ou te vini “l’homme de main
du sénateur Youri Latortue ainsi que de la famille Saint-Rémy.” Alors, eske w ka reponn akizasyon sa yo?

Godson Orélus: Mèsi Kim pou opòtinite sa a ou bam mwen pou m reponn. Vrèman mwen te byen etone, paske vrèman nan peyi Ayiti se yon peyi, pafwa lè yon nèg ap fè efò, epi ou chèche yon liy disiplin pou bay tèt ou, sa pa evite gen kèk pozisyon ou okipe, gen kèk moun ki anvye w e ki vrèman eseye detwi repitasyon ou. Mwen pa pral etènize m sou reponn moun, sepandan, sèlman mwen ka pale w sou mwen.

Mwen menm Godson Orelus, mwen rantre nan lapolis kòm komisè polis, lè mwen antre nan lapolis mwen te gentan kòmanse anseye nan Inivèsite, onivo Syans-kontab administrasyon nan INAGHEI. Otomatikman mwen te fini, mwen te kòmanse fè kèk travo pratik nan 2 inivèsite. Mwen te asistan pwofesè e mwen t ap travay fè estaj « dans des bureaux de comptabilités », avan m te vin travay nan antrepriz Brandt yo kòm kontab senior.

Answit mwen te vin anseye nan Inivèsite UNICA… avanke m te vin antre nan Lapolis la. Se pa vwa konkou, yo tap « recruter des universitaires  », paske lapolis la te fòme an 1996, yo te bezwen kad e donk yo te fe yon konkou… Si m rapele byen, nan konkou sa a, mwen te patisipe te genyen pliske yon milye patisipan, se te 17 yo te pran, e mwen te pami 17 yo.
Donk se pat yon kado yo te fè m, ni se pat yon privilèj, yo te ban mwen, mwen te pase ak fòs mwen, mwen te antre nan lapolis. Se konsa, e premye zam mwen, mwen te fè l nan enspeksyon jeneral. Mwen fè anviwon 4tran ap travay nan enspeksyon jeneral, tanto kòm responsab ankèt fnansyè, tanto kòm responsab ankèt administrativ. Alò « dans les sections rurales de la police », alepòk, se Mèt Sherline Joseph ki te enspektè jeneral anchèf, donk se moun ki ka pale w sou mwen tou.

Tout kote mwen te pase, mwen toujou fè « des distinctions ». Se la m te jwenn posibilite pou m te apwofondi konesans mwen nan ankèt, non sèlman mwen jwenn posibilite pou m te ale Monreyal.

Aprè 4tran sa yo, mwen vin okipe premye pòs mwen Okap- Ayisyen, se te an 2001, mwen te ale kòm komisè minisipal, mwen te pase yon lane Okap. Mwen soti Okap, mwen transfere Jakmèl, mwen pase anviwon 8 mwa Jakmel. Te gen yon gwo pwoblèm Miragwàn alepòk, sou prezidan Aristide, nan elikoptè yo te pran m Jakmèl pou al enstale m nan Miragwàn…

Nan tout konte sa yo, mwen te toujou genyen yon apwoch ki te ede m rezoud yon seri kriz. E nou pat rezoud yo ak lafòs, nou te rezoud yo ak tèt nou.

Aprèsa mwen te transfere nan Sid, mwen te pase kèlke jou. Fo m di w mwen fè Sid la 2 fwa. Mwen te vin fè pati komisyon dezameman epi m te bay yon bon travay nan nivo dezameman nan Miragwàn.

Donk aprè 2004, mwen te vin transfere Okay. Se la a mwen vin tande bagay sa yo ap pale. Lè m ale Okay pa t gen lapolis, lapolis te demobilize. Sete nan Fevriye 2004. Donk se mwen menm ki te rekanpe lapolis Okay. E ou met al ankete Okay, pa gen yon patizan oubyen moun ki te Lavalas ki ka di mwen tap pèsikite yo. Jamè pat genyen bagay konsa. Mwen t ap fè travay mwen ak tout pwofesyonalis Okay. Jamè mwen pa t janm enplike nan keksyon fasilite dwòg, okontrè! Pandan pasaj mwen, te genyen “des interventions” mwen te fè ki te eseye bare trafk dwòg, mete lapè nan keksyon Ile à Vache kote te gen trafk dwòg, kote mwen te arete moun pou zam, Jamayiken, etsetera.

Okontrè, jiska prezan, se yon zòn ki toujou bay pwoblèm nan kesyon dwòg, paske mwayen entèvansyon yo limite. Pou fè entèvansyon, se zile pou travèse, se nan bato pou ou ka entèveni. Men mwen te fè kèk entèvansyon ki te pèmet mwen te limite trafk dwòg pandan peryòd la.

Jamè mwen pa t janm transfere Gonayiv pandan m te Okay. Se fo! Lè m te Okay, mwen te vin antre nan kabinè direktè jeneral la Leon Charles alepòk. Mwen te pase yon tan nan kabinè sa a, epi nan menm kabinè sa a, mwen twouve mwen responsab direksyon devlopman estrateji lapolis, ki se Komisariya Oplan, ki tap fè plan devlopman lapolis alepòk. Donk te genyen anpil komisè ki te anba responsabilite m, e mwen te nan devlopman estratejik sa a jiska 2006 mwen te vin transfere Gonayiv.

Se la mwen te pase 5 kan. Si w vle, al verifye kòm jounalis, alepòk nan Gonayiv te genyen yon sitiyasyon ki te grav, te genyen anpil ensekirite Gonayiv, kote Raboto t ap goumen ak Jumilye , te genyen pwoblèm alepòk ant MINUSTAH ak Senatè Youri Latortue… Mwenmenm mwen te nan mitan.

Kesyone nenpòt kimoun, wap wè Godson se yon moun ki te toujou gàde yon liy dwat, ki toujou rete net, ki toujou travay avèk pwofesyonalis.

Se pandan map travay Gonayiv, apre te gen inondasyon alepòk, se la Michel Martelly te wè m pou premye fwa. Li te vin bay popilasyon an èd, nan distribisyon manje, etsetera, apre inondasyon nan 2008.

Li te rankontre m nan bato mwen, inifòm mwen nan dlo, mwen tap pote moun, li te wè kijan popilasyon Gonayiv te renmen nou paske mwen te retabli sekirite nan Latibonit e nan Gonayiv. Se lè sa li te di se premye fwa li wè yon ko- mandan kap fè yon travay konsa.

Se la li te genyen yon remak li te fè sou mwen. Mwen pa konnen si petèt se sa ki fè jodia mwen vin nan pozisyon mwen ye a. Mwen sot Gonayiv, Mario Andresol te tranfere m Jakmel, paske te gen difkilte pou eleksyon nan zon sa a, epi mwen vin monte DCPJ. Se pandan mwen te DCPJ, mwen te komisè divizyonè, mwen direktè lapolis jidisyè, selon lalwa lapolis chwazi yon direktè jeneral, e mwen te petèt pami moun ki byen plase yo, epi mwen vin ranplase direktè jeneral la.

Noumenm nou pa genyen yon pasaj pou politik. Nou toujou fè djòb nou avèk pwofesyonalis. Nan tout  zòn nou te pase, ou met ankete ni onivo lapolis, ni onivo popilasyon, ni onivo politisyen, y ap di w mwen te toujou yon nèg ki te kenbe yon  liy dwat, mwen toujou kenbe netra-lite m, tout pwofesyonalis mwen.

Aswiv

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY