Enpòtans pou anseye Mizik ?

0
1136
Twoup Lina Maton Blanchè

Mizik se yon alyansay ritm ak son
Definisyon Mizik

21 jen k sot pase la a  se te 40yèm jounen modyal mizik ki koyenside ak fèt Mizik sou tout latè. Se te lokazyon pou n te salye memwa yon Gwo Manman Penmba Fanm nan Mizik Fòlklorik nan peyi nou ki se Madan Lina Maton Blanchè. Madan Blanchè te fèt an 3 janvye 1903 te travèse kite nou depi mas 1994. Nan menm lojik sa a, nou salye memwa Mayestwo Frits Jolikè ki travèse kite n tou depi mwa jiyè 2018.

Pi pre nou la a sa fè 2 lane sèlman, gen yon gwo Pwofesè Mizik, Tanbouyè, Gitaris Aranjè, Chantè ki travèse tou ki rele Jan Wilfrid Lavo ki te gen non Atis li ki se Tido. Tido te deside travèse nan mwa me 2020 an. Menmsi yo te rele Tido men l te yon gwo grenn do pou m pa di tout 7 nòt la nèt. Alòs nou ankouraje Tido ki te mari Sò Àn  kontinye jwe tanbou detan sò Àn pe chante sou tout nòt kè kontan an yo sou ritm libète.

Èske anseye Mizik se enpòtan

Nan lokazyon 40yèm anivèsè fèt mizik la, Teyat Nasyonal te prezante yon konferans sou tèm sa a. Enpòtans pou anseye mizik. Wi anseye Mizik se yon bagay ki enpòtan anpil paske li itil anpil nan fòmasyon tout moun sitou ti Moun yo. Anseye Mizik enpòtan anpil anpil nan Devlopman Entèlektyèl, Fizik, Sikolojik, Sosyal, Afektif ti Moun nan. Kou Mizik nan lekòl yo enpòtan anpil nan nivo devlopman konpetans ak konesans nan Mizik gras ak Eksperyans ak Kreyasyon ak Pèfòmans.

Mizik ak Chante ka jwe yon wòl enpòtan nan nivo fòmason Gwoup Klas. Li pèmèt tout elèv ap yo fè yon menm eksperyans detan y ap chante yon menm chante a. Chante ansanm pèmèt tout moun sitou ti Moun yo pran plezi yo ansanm epi an menm tan detan yo tout fè youn detan yo bliye tout rivalite ki gen nan sosyete a  ou nan Lekòl yo ansanm. Nan limewo 75 mwa oktòb 2017, revi Entènasyonal Edikasyon ki rele Sèv ki edite an Frans enterese anpil nan relasyon ki ekziste ant Mizik ak Edikasyon.

Ki efè Mizik genyen sou aprantisaj ?

Emanyèl Bigan se Pwofesè Sikoloji Konyitif nan Inivèsite Bougòy epi l se chèchè nan Enstiti Inivèsitè an Frans. Se li ki kòdone limewo revi sa n ap pale la a. Li site rezilta rechèch li yo nan domèn newosyans kote l te fè anpil etid sou aprantissaj mizik. Li dekri tout efè Mizik genyen sou sèvo ti Moun yo pou demontre tout bon jan efè l genyen sou devlopman yo. Men sa l di « Mizik aktive tout pwosesis nan sèvo ti Moun yo depi yo tou piti ».

Jan Wilfrid Lavo alyas Tido

Pi devan l di atelye sou Mizik yo pi estimile Timoun yo pase yon seyans òtofoni. Seyans òtofoni yo se pou trete ti Moun ki gen twoub pou yo aprann. Seyans Mizik fasilite ti Moun yo pou yo aprann pale. Yo menm fasilite ti Moun yo aprann li tou. An pran ekzanp yo gwo chantè angaje Ayisyen ki te begeye. Men kou w tande l pran chante koze begeye a vole gage lontan sa.

Mizik : Zouti Kominikasyon

Gen anpil mou ki pa janm rann yo kont si Mizik se yon bon jan Zouti Kominikasyon. Chak jou moun ap sèvi ak Mizik pou yo pale pou yo kominike ak konbyen milya moun kèlkeswa kilti yo. Men gen anpil moun ki pa janm rive konprann si Mizik se yon Gwo Gwo Zouti Kominikasyon. Enben selon sa pwofesè Sikoloji Konyitiv la, li menm ki jwe kontrebas li di tout ti Moun ki nan sitiyasyon echèk akizisyon langaj, yo ka jwenn tretman gras a mizik ki gen anpil efè pozitif sou memwa ak devlopman ti Moun.

Anplis Zouti Kominikasyon Mizik se sitou se yon gwo kokenn Zouti Sosyalization l ye tou. « Pratik mizik bay kapasite pou ti Moun nan nan bon jan relasyon ak lòt ti Moun parèy li yo. Senkronizasyon ritmik devlope tout kapasiyte ki pou pèmèt ti Moun yo aprann. « Anplis li kreye yon koyezyon sosyal ». Se sa Emanyèl Bigan te di. Atelye sou Mizik pèmèt tout ti Moun kominike pi fasilman antre yo. Se sa syantifik la kontinye pou l te di.

Malerezman pa gen anpil lekòl ki gen misyon pou fòme moun pou al anseyey Mizik.

E, kominikasyon an se pi gwo zouti ki pèmè konstwi sa n rele viv ansanm nan mitan nou tout bezwen pou sosyete n nan ka mache pi byen. Revi ki rele Sèv nou te pale de li talè a pwopoze pou n obsève plizyè eksperyans ki montre tout pouvwa mizik nans 7 peyi tankou : Enn, Trinidad ak Tobago, Senegal, Dànmak, Frans, Afrik Disid ak Venezyela. Aprantisaj Sitwayènte, Zouti Kominikasyon ak, Anje Sosyalizasyon. « Kilti yo pa menm nan youn nan tout peyi sa a yo. Men se menm rezilta a yo bay. Kèlkeswa peyi a pouvwa Mizik la Inivèsèl ». Se sa Emanyèl Bigan te di.

Mizik : Zouti Sosyalizasyon ak Sitwayente

Atelye Mizik sou aprantisaj yon enstriman tankou Tenbal yo konn òganize nan peyi Trinidad Tobago. Nan peyi Trinidad Tobago, aprann jwe Tenbal se tankou yo gwo Zouti Sosyalizasyon ak Entegrasyon Sosyal ak Sitwayènte. Nan atelye sa a yo tout ti Moun yo aprann jwe sou yon menm rit. « Sa k pi enpòtan an fòk tout moun yo fè anpil atansyon pou yo jwe menm mizik la san youn pa voye move son nan òkès la, ni pou pesonn pa depaman ak lòt enstriman an yo detan y ap jwe menm rit la. Anpils fòk an menm tan youn ap koute enstriman lòt mizisyen ki bò kote l la pou yo ka jwen sou menm tempo a pou youn pa kouri ale kite lòt la ».

« Yon Mizisyen nan yon gwoup vin pi sosyab paske l konnen l dwe mete l odyapazon ak tout lòt yo ». Mizik la jwe yon gwo wòl lakay ti Moun yo. Gen moun ki konsidere mizik kòm baz kominote a. Mizik se youn nan pi gwo medikaman pou anpeche moun fè maladi Alzaymè. Anplis aspè syantifik li mizik devlope epi ranfòse disiplin entèlektyèl. Anplis de sa li fè pomosyon kilti jeneral lakay tout moun.

Nan klas yo kou Mizik la mete yon bout nan presyon lòt kou yo fè sou Timoun yo». Se sa Enrik Ri ki se pwofesè etid ibèn ak Kilti Modèn nan Inivèsite Kopennhag nan peyi Dànmak di. Selon Ennrik mizik se sewòm kore kilti Jeneral elèv yo epi pèmèt kreye yon Kominote Mizik ki soude ansanm. Mizik fè w vin koul san w papran bòz. Gen anpil fwa yon moun konn fache men depi l tande yon Mizik li vin Rilaks. Se sa k fè yo di Mizik fè moun vin dous.

Anpil fwa yon gason pe file yon fanm depi l konnen l pral vin lakay li se bon ti mizik dous li mete. Sa vle di Mizik la fè pati de zouti Kominikasyon moun yo bezwen pou fè mesaj a pase pi byen. Mizik devlope Memwa w anpil. Paske pou w kanpe sou yon sèn pou w chante 15, 20 chante detan w ap jwe gita pou w sonje tout akò yo, tout ritm yo,  tout pawòl yo tout tonalite yo, fòk memwa w djanm anpil anpil.

Anpil sikològ, anpil sosyològ rekonèt Mizik ride moun anpil anpil nan plizyè nivo. Sitou sikolojik ak sosyolojik, entèlektyèl ak konesans kiltirèl. Lè w anseye Mizik nan lekòl li bay pwofesè a lokazyon pou l devlope konesans kiltirèl tout elèv yo.

Kouman sa ye lakay nou ?

Malerezman pa gen anpil lekòl ki gen misyon pou fòme moun pou al anseyey Mizik. Enas se yon Lekòl Siperyè Leta te kreye nan lane 1983 e ki tedwe  gen kòm misyon pou fòme pwofesè pou yo menm y al fòme lòt pwofesè. Men Enas, elas, elas. Gen Lekòl Sent Trinite ki te konn fòme anpil mizisyen. Se yon mè ki rele Àn Mari ki te premye mete kou Mizik nan lekòl Sent Trinite nan lane 1956.

Gen kèk grenn lekòl tou ki te konn peye pwofesè pou fè kou sòlfèj ak chan pou elèv yo nan klas. Gen anpil lekòl kongreganis yo ak lekòl potestan an yo ki konn panse li nesesè pou yo mete kou mizik nan kourikoulom lekòl la. Charite byen òdone dwe koumanse pa noumenm. Nan konsa se youn nan wòl Enas ak Teyat Nasyonal pou l mete anpil kou Mizik pou jenn gason ak jenn fanm nan tout peyi a.

Men Ministè Levasyon Nasyonal ta dwe ekzije pou tout lekòl yo mete kou Mizik nan Kourikouloum yo. Men pou sa fèt fòk gen pwofesè ki fòme pou sa. Pou fòmasyon pwofesè nan domèn anseyman Mizik ak chante se responsabilite Enas ak Teyat Nasyonal. Piga n pran pòz nou pa konn sa. Mizik fè menm koulèv leve danse depi nan tèt pou rive jis nan pwent ke l. Gen anpil fanmi tou ki peye pwofesè pou vin bay pitit yo kou mizik lakay yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here