Jounen Nasyonal Timoun…Lari

0
2040
Timoun k ap viv nan lari Pòtoprens

Rès ak finisman

 

Nan lokazyon Jounen Nasyonal ti Moun yo, Asosiyasyon Ti Moun Lari (ATIL) kontinye rale fèy zòrèy Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Lasosyete Manmanfouben pou yo ka resi tande vwa yo. Nan yon lèt disèt longè yon voye tout yon lanmè dlo sa l sou Leta sansal sa a ki pa janm menm di yon grenn kwik devan move kondisyon salte ak kalamite kategori sosyal sa a ap pase nan lari a.

Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben nou panse n ta tann rido blakawout fènwa blayi kò l sou figi latè pou n benyen ak bann diskou depaman san nannan pa menm nannan tonbe bèf nan mache bò dlo Maryani. Depi w tande chwal lannwit debake an channgo sou tèt pye mapou nan Souvnans tout chat vin menm koulè. Paske depi lannwit debake tout kote sou figi Ayiti, tout chat vin monte sou tèt Bèlè pou vin bwè dènye gout lèt pèp la.

Se nan vè dechèpiyè nan chalimo san karaktè 4.2 milya Petwo glise desann glòt nan ti gòjèt yo. Men kou grenn je sòlèy parèt toutouni sou fontenn douvanjou pou klere figi tout rakwen, tout chat melanje nan yon bouyonmimi reprann bon jan koulè chat kat pat yo. Se lè sa a makòn dechèpiyè san karaktè 4.2 milya Petwo byen kalibre nan tout fon pòch tou won san fon yo pe resevvwa ochan depaman ak tout lonè malonnèt nan mitan malabou lakòripsyon katedral.

Detan sa a menm plizyè santèn Timoun Lari pe resevwa anpil palavire kondanasyon san rezon nan men bawon lenjistis poutèt yo te pran yon moso katon ki pat pou yo pou sèvi yo dra nan dòmi sou matla twotwa. Pouki se nan mitan koridò blakawout linyorans nou kite sèvo ti moun yo fin konsonmen. Se bon blan san lacharite pè akrèk pou kòb, mè san mannyè akrèk pou mago, frè afre pou pou milyon, pastè raketè dechepiyè fin dechèpiye pòch manman ak papa ki gen pitit lekòl.

Nan pledman resite sòm madichon tèt anba nou pran pòz gen pwoblèm ak barikad nan lari yo. Epoutan mamè nanm Lisifè kite tout ti Moun Lari wè anba lè yo chita mal pou kage sou dodin malonnèt pou monte pri lekòl 17 wòtè. E, se pi gwo barikad mechanste n met kanpe devan sèvo ti Moun Lari pou yo pa janm konn li ak ekri. Double, triple pri lekòl chak lane se pi gwo baryè malveyanste pè malfèktè mè san pidè frè atoufè pastè reketè ak direktè atoufè.

Linyorans se pi move zam malfèktè pwofesyonèl sa a yo sèvi pou kole sèvo ti Moun Lari pou yo pa janm fè yon pa tikita ni yon pa Nago a gogo. Non non non pa janm fè gwo èrè al konprann ti Moun Lari yo ta sot nan kout estènay loray tankou kout zèklè toudenkou. Ti Moun sa a yo, menm lè siyati yo se Lari vre men sa pa vle di yo se pitit kout zèklè ak loray ki chape nan serenad lapli mwa novanm yo ye.

Ti Moun Lari yo menm jan ak tout lòt ti Moun, se rezilta bon jan konminezon antant ant reyon sòlèy apre midi ak ti farinay lapli ki t ap mayimoulen kò yo sou tèt mòn Lasèl. An palan de sèl, wòl ti moun yo se mete bon jan sèl nan manje tout Sosyete a. Ti Moun Lari yo menm jan ak ti Moun nan kay yo se bon jan rèkòt kafe fon zantray lakay. Sa vle di Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben pran pòz yo konnen sa.

Yo konnen trè byen ti Moun Lari yo gen menm bezwen ak ti moun nan kay yo tou. Lasosyete pa dwe pran kostim Pouryanis li ni Karako Manmanfouben l pou l kite yo pandye sou latouray lamizè 24/24, 7/7, 365/365. Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben pa dwe bliye yo pa dwe wouze tout boujon sa a yo ak bon jan sewòm lanmou ak konpreyansyon.

Men pa kite yo pase flonn traka ak ribanbèl tray nan grandi arebò rigòl mizè anvan move van lanmò bwote yo pou jete yo nan twou egou jete bliye pa janm ranmase alevwa pou ta sonje yon jou. Pou m pa di yon sèl grenn jou menm ki pa menm fin jou nèt. Direktè lekòl yo kite ti Moun Lari yo pran tan yo pou pale ak nou nou jounen jodi a. Èske n pa konnen lè n monte pri lekòl wotè tèn mòn lesyèl san konsyans konsa se yon gwo barikad kanpe lwen pa pwoche nou mete pou yo.

Lè konsa, se pi gwo mechanste nou fè manman ak papa ki pa gen gwo mwayen. Nou pran pòz nou pa konnen pri lèkòl 17 wotè se pi gwo barikad 17 wòtè tou nou monte sou wout ledikasyon pou ti Moun Lari yo pa janm gen chans rive nan kalfou Lakonesans ak lasyans. Madan Lasosyete Manmanfouben pa di n w pa konnen Lakonesans se pi gwo angrè ki pou fè yon peyi kouri tout boulin nan gran chimen Pwogrè pou l ka ateri nan kalfou Devlopman.

Direktèz ak Direktè san memwa, san konsyans, san manman, san papa a yo, ki sa n fè ak Lwa Bastyen Leta te pibliye nan lane 2017 la. Eske n dechire l voye jete menm jan pè mè pastè frè dechire Ezayi 58 vèsè 7 ak raj dechire l boule l epi voye sann lal jete nan lanmè ? Pa vin pran pòz nou pa konnen si Lwa Bastyen an mete yon piga pou direktè ak direktèz san konsyans malveyan pat kontinye file pri lekòl pike monte san fren jis li depase tèt mòn lesyèl san wont san santiman kite yo dèyè nèt.

Mouche Leta Pouryanis tande non. Lè w kite negosyan konsyans ekspire jis li fin pouri amize yo monte pri manje tout wòtè sa a ki sa w vle pou ti Moun yo manje ? Èskè n dakò pou ti Moun yo se gou grangou ki toujou pe fè lago kache kachkach Liben sere konpè Liben nan fon bouch yo jis rive nan lizyè lalwèt tout jounen ? Madan Lasosyete menm pa vin pran pòz Manmanfouben pou w ta bliye sa.

Se w ki manman tout ti Moun nèt alawonn badè pou rive jis nan debadè a. Men, pouki n kite yon pati ki rele ti Moun Lari manje soufrans pou tout vi yo pou jis malè katchapika lanmò pase l koupe souf yo sèk kou ke pen ? Epi Inisèf pa menm mete yon tik al lasi lawont nan youn nan grenn je l san wont li yo. Li pa menm mete yon aksantegi lawont nan je l pou l kanpe nan boul figi ti Moun Lari yo.

Pou l gade yo nan 2 grenn je pou l di yo tout ti Moun se ti Moun ! Gade non Inisèf si se pat pou respè lasosyete, m t ap di w plplis pase sa mal kasayòl la te di manman  bèf plenn nan ! Men, pito m plenn ! Hmmmmm!

Manti wi, Inisèf manti kou chen san wont san santian . Paske l pa wont trete ti Moun Lari yo pi  mal pase chen bout ke. Inisèf m pap menm pèdi tan n eskise n si n resi fache poutèt nou di n se manti. Koze tout ti mounse ti Moun nan se se pa pi gwo manti. Men se youn nan pi gwo manti yo. E mai sa a pap janm ka vre. Paske Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben kite yon bann ti Moun Lari pase tou vi yo pe viv nan Lari 24/24.

Epi pou w di tout ti Moun se ti Moun. Nou mèt fache si n vle. Manti paske se pa vre. E manti pap janm vre. Paske chat verite pa janm al lachas ak chen manti. Alòs koze kredi ki di tout ti Moun se ti Moun nan na manti kou chen. An n pran koze maladi yo menm. Èske n konnen maladi gen piplis konsyans pase ni Leta Pouryanis ak tout Madanm li Lasosyete Manmanfouben ? Sida pase l wè ti Moun Lari yo nan Lari a konsyans li repwoche l.

Li pran pòz li pa wè yo pou l ka pa menm okipe yo. Sida di l pap vin mete twòkèt apse sou tèt maklouklou pou chay la pa twò lou. Bon an n di Sida ta poze lapat sou sante ti Moun Lari yo ! Èske Leta Pouryanis sa a ki deja gen Sida nan tout konsyans li t ap ret yon yo zing konsyans pou l ta vin jere sant n detan li menm tou malad ? Bon men yon lòt malè pandye ankò se Kolera Minista. Azipopo sa a sot jis nan peyi Nepal li pa ateri Ayiti.

Menm okipe l pa okipe n paske li wè Kolera Lenkonsyans gen tan fini ak ti kras konsyans ni Leta Pouryanis ni Lasosyete Manmanfouben. Kowona èd imanitè pote boure sou nou an bourik tou hanni soti jis Bèljik ak yon bèl jip chaje ak ribanbèl pichon madichon pèsekisyon. Gen move lang kabrit ki gen tan fete paske yo ban n madichon pou piplis pase 150.000 ti moun lari kadav chak jou depi anvan bajou kase kòd.

Pou sa Leta Pouryanis fè n pase Madanm li Lasosyete Manfouben pa janm di yon grenn otan. Pou jan Lasosyete Manmanfouben meprize n, matirize n maltrete n, inyore n Leta Pouryanis pa wè l pa tande l pa pran lòd`e santi an.  Epi pandan yon grenn jou nan ane a yo pran pòz mèdam yo pou fè de grenn je yo byen chèch pou di n… Tout ti Moun se ti Moun. Ti moun Lari yo ladan l tou ? Si yo ladann tou sa k esplike yo pase tout vi yo nan lari toutouni ?

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here