Dwa fanm se dwa tout moun tou !

0
1299
Men Reginald Boulos yon boujwa, kandida laprezidans k ap eksplwate travayè, pou jounen 8 mas 2021 an, l al nan Sonapi pou pase nan betiz malerèz travayè k ap bourike pou po patat.

Ka Madan Brino Fanm pote gason sou do
Pawòl chante Ayisyen

Dat 8 mas la trennen yon bann konfizyon dèyè l gratis ti cheri. Gen kèk makòn abolotcho degize an moundebyen ki fè konprann, jou sa a se jou fèt fanm tout kote sou latè. Epoutan menm si se ta vre se menm yo menm nan ki fè tout sa yo kapab pou anpeche fanm fete vre. Menm abolotcho pwofesyonèl sa a yo pran pòz yo pat konnen si 8 mas se Nasyonzini ki te deklare l jou Dwa tout Fanm sou tout latè. Ki dwa atò ? Dwa se rans !!!

N pa konseye moun ki gen tèt yo sou zèpòl yo kwè nan krèy pawòl van sa a yo ki soti nan vapè kleren Senmichèl abolotcho a kostim san konsyans sa a yo pe deplòtonnen sou channmas pou kraponnen moun. Si n te konn vrè istwa jou 8 mas sa a se kriye n ta kriye olye n ta fete. Detan Leta mare sosis li ak oligachi reyaksyonè soudevlope pou yo prita fanm 24/24 pandan 365 jou epi yo chita sou dodin ipokrizi makiye ak penti manti pou yo pran pòz ap fete jou dwa fanm.  Fanm yo piga n pran nan istwa tonton Bouki ak monkonpè l Malis sa a yo. 

Istwa 8 mas la

Pou sa k te pran pòz yo pat konnen, enben men vrè istwa dat la. 8 mas la se jou fèt vre men se pito jou pou fanm pete kabouya pou fè sistèm pezesouse a respekte dwa yo. Chak 8 mas la se jou pou tout fanm kou tout gason te mande anraje pou foure 10 dwèt yo disèt longè nan 2 grenn je sistèm kapitalis la pou di yo bouke. Yo bouke bourike pou yon monnen epis. Yo bouke fè kado fòs kouray yo nan izin oligachi soutretans san konsyans yo pou yon salè pwatrinè. 

Chak 8 mas la se jou pou tout fanm kou tout gason te mande anraje pou foure 10 dwèt yo disèt longè nan 2 grenn je sistèm kapitalis la pou di yo bouke.

8 mas se jou pou tout ti machann revandèz leve kanpe di yo bouke ak kout ponya pou fè mago grandon fè tiyon detan yo pa ka manje yon pen ak pitit yo. Jan kanmarad Dominique Saint Eloi di l la, ouvriye ak ouvriyèz ap travay pou patwon san konsyans plede milyadè detan yo menm yo plede pwatrinè. 8 mas se jou Fanm yo te mete senti yo nan ren yo pouse kòn nan fwon yo leve kanpe pou mande patwon yo sispann souse tout san yo pou granmesi. 

8 mas 1857 se jou patwon kriminèl sasinen 129 fanm ki t ap fè grèv pou yo te ka jwenn yon salè ki te ka pèmèt yo viv tamkou moun. Se jis nan lane 1910 yo te kreye jounen entènasyonal dwa fanm nan memwa 129 fanm ouvriyèz sa a yo patwon malfèktè yo te sasinen tankou poul. Gen lòt istwa ki fè konnen nan koumansman 20yèm syèk la fanm nan tout peyi leve kanpe pou defann dwa yo tèt pout tèt devan de grenn je patwon tèt di. 

Anplis de sa genyen tou ki te reklame dwa pou yo vote menm jan ak tout gason, dwa pou yo travay nan bon kondisyon epi tou dwa pou yo egal ego ak tout gason ki pote kanson. Revandikasyon sa a yo te gaye nan yon bann peyi an Ewòp ak nan peyi loksidan an yo nan koumansman 20yèm syèk la. Se depi 1910 yo te mande pou kreye Jounen entènasyonal fanm nan. Se nan lokazyon yon konferans Entènasyonal Fanm Sosyalis Clara Zetkin te mande sa e se te nan yon lide revolisyonè.

Se pa konsa konsa yo te tonbe dakò sou dat sa a. Se jis an 1917 nan lokazyon grèv ouvriyèz nan Senpetèsbou nan peyi Risi jou 8 mas la tou kole la kou karapat anba vant manman chen. Se jis apati lane 1945, 8 mas la tou tounen yon tradisyon toupatou sou latè. Men ak gwo mouvman fanm nan lane 70, Nasyonzini mare senti l resi reziyen l jis nan lane 1977 epi an frans an 1982. 

8 mas se jou pou tout fanm desann nan lari tou patou sou latè pou yo kontinye reklame dwa yo epi fè yon vire gade pou yo wè ki kote yo soti pou rive la a. Jounen jodia reyalite yo montre Fanm yo fèk kare kare batay pou fè respekte dwa yo. Toutotan gason konprann se yo ki pou anlè nan tout bagay fanm yo fèk kare batay. Men toujou sonje 8 mas se jou pou Fanm tout kote leve kanpe pou reklame dwa yo. Se pa jou pou yo ret kouche sou dodin manfouben yo ret tann gason pote flè choublak vin depoze nan pye yo detan yo pa menm ka peye lekòl pou pitit yo epi bay o manje kòmsadwa. 

Dwa Fanm se dwa tout moun

Pou kanmarad Harry Meneus li menm men kouman l wè koze 8 mas la. Fanm preske toupatou sou latè rasanble pou yo kontinye reflechi sou kalte batay y ap mennen pou yo delòk dwa yo genyen. Gen anpil moun ki di 8 mas la pa yon jounen fèt pou fanm, se pito yon jounen espesyal, kote fanm yo, prèske toupatou chwazi pou yo kontinye reflechi ansanm sou kokenn batay y ap mennen pou delòk tout kalib dwa yo genyen. Nan jounen sa a, yo fè anpil bat bouch. Se yon jounen espesyal pou yo evalye fo pa ak pwogrè, kalib gany yo fè nan kalte batay y ap mennen an.

Nan yon lit tankou lit fanm yo, ki pa janm fasil ditou ditou, kote anpil nan nou menm gason yo, kwè se nou ki dwe domine, se nou ki dwe toujou la. Se nou ki dwe toujou anlè nan tout bagay. Nan kalib batay sa a yo, anverite anverite chak fwa fanm yo ta genyen yon manch nan lit la, m kwè yo gen bon jan rezon pou yo ta pete chanpay, koule bweson pandan y ap kontinye kanpe dèyè barikad yo pou yo rive delòk tout lòt kalte dwa yo genyen tankou tout moun, nan lespwa yon chanjman total kapital nan benefis tout sosyete a alawonnbadè. Paske dwa fanm se dwa moun (gason ak fanm alawonnbadè fè yonn). Vire l tounen l, pa gen sosyete san fanm. 

Kole  zepòl ak yo pou n gen pi plis jarèt pou n kontinye goumen.

Menm gason yo, pa bliye jan nou fenk di l la, Dwa Fanm se dwa tout moun. Enben, se dwa nou menm tou. Kole  zepòl ak yo pou n gen pi plis jarèt pou n kontinye goumen. Konsa, ansanm n ka anpeche sitiyasyon boulatcha sa a vale teren sou chemen lavi nou, lavi pitit nou ak fanmi nou. Dwa pifò nan nou pilonnen anba pye. Nan jan otorite n yo ap mennen machin Leta a lakòz peyi n nan tonbe anboulatcha, tout enstitisyon n yo fin faya nèt. Menm timoun nou yo ap mande kot Leta a? 

Sa k pi grav la, nan Konpòtman manfouben yo, otorite n yo pa sèlman pilonnen dwa pifò moun nan sosyete a, men yo lòk avni jenn fi ak jenn gason nou yo. E lè n byen gade, yo lòk tou avni peyi n nan. Mezanmi ann sispann di se Pèp la ki lòk peyi a lè n leve kanpe pou n delòk dwa nou genyen. Viv batay fanm yo! Viv batay fanm ak gason yo! Men nan men pou n delòk dwa tout moun. Dwa Fanm se dwa tout moun!!!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here