Arete epi depòte Ozetazini

0
910
Joseph L. Mathieu ak Peterson Benjamin

Pòtpawòl  Polis Nasyonal la Garry Desrosiers konfime genyen de endividi ki te jwenn arestasyon yo vandredi dènye nan peyi a. Youn se Joseph L. Mathieu ki se yon ameriken dorijin ayisyen ak yon sèten Peterson Benjamin alyas Pèpèt, li se “nimewo 3 nan yon gang k ap fonksyone nan Vilajdedye.

Se toulède ajan Administrasyon Ranfòsman Dwòg (DEA) ak Biwo Envestigasyon Federal (FBI), te vin chache nan men lapolis Ayiti pou aksyon malonèt. Sanble Joseph L. Mathieu te enplike nan kesyon dwòg epi Piterson  limenm lapolis te arete l nan zòn  Sàt poutèt li te patisipe nan yon douzèn ka kidnaping ki te gen ladann tou de sitwayen Meriken.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here