Bonjan sekirite nan Miragwàn

0
1256
Vil Miragwàn: lapolis poze lapat sou anviwon 56 moun nan depatman Nip lan, pami yo yon evade prizon ki sòti nan prizon sivil Kwadèboukè a.

Lapolis poze lapat sou anviwon 56 moun nan depatman Nip lan, pami yo yon evade prizon ki sòti nan prizon sivil Kwadèboukè a.

Madi 2 mas 2021 an, Lapolis prezante yon bilan operasyon yo mennen pou mwa fevriye a sou 11 komin ki nan depatman Nip lan. 56 ka te anrejistre pami yo 18 manda te egzekite ak 38 ka flagrandeli.  Selon eksplikasyon pòtpawòl polis Nip la, Wisnel Décembre, li fè konnen: Lapolis nan depatman Nip rive mete men nan kòlèt Saindonèl Emanès ki se yon evade prizon nan prizon sivil Kwadèboukè jou lendi premye mas 2021 an. 

Ajan Idmo a ki prezante bay laprès Milfranc Stanley alyas “Tisèk” yo repwòche l kòm moun kite patisipe nan touye polisye Jocelyn CHARLES jou kite 22 novanm 2018 la  nan zòn Savann wès Chalon premye seksyon komin Miragwàn.  Pou fini pòt pawòl polis Nip lan, Wisnel Décembre ankouraje popilasyon la pou yo ede yo kontinye kwape bandi pou depatman Nip lan ka jwenn bonjan sekirite.

Bissainthe Anneseau

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here