Dat 11 septanm 2017 la, yon dat ki chaje ak anpil doulè!

0
1123
Doktè Salvador Allende Onè Respè pou yon gran patriyòt. Pèp chilyen an pap janm bliye Allende.

«yo tiye dè zinosan
ryen ke pou yo vèse san
[nèg yo jwenn yon lasenal]
men di mwen si se legal»
chante eleksyon 1957 (ak yon ti modifikasyon)

Dat makawon 11 septanm sa a raple nou twa gwo evènman politik ki ta fèt pou rete grave ajamè nan memwa nou, ayisyen, tankou nan memwa tout pèp k ao goumen pou jistis . Premye a, se dife ansasen granrak militè ak brasa wouj yo te mete nan legliz Sen Jan Bosko an nan Pòtoprens, an 1988, apre yo te fin touye, blese anpil kretyen vivan. Dezyèm nan se ansasinay Antoine Izméry, yon patriyòt pwogresis ak konviksyon politik djanm. Twazyèm nan se koudeta sanglan kont prezidan Salvador Allende nan peyi Chili avèk alatèt li yon malpouwont kriminèl, yon tchoul Wachinntonn yo bay pou jal Pinochet.

Jou ki te 11 septanm 1988 la, te pral yon dat trajik nan istwa pèp ayisyen an k ap lite pour l jwenn wout libète l, wout jistis toutbonvre, wout lavi miyò. Yon dat trajik, paske jou sa a, ansasen ak brasa wouj yo, ansasen bate pwonnen ak gwo zam fannfwa, pral antre nan legliz Sen Jan Bosko, pandan Pè Jean Bertrand Aristide t ap selebre lanmès. Se jal Henry Namphy ak kolonèl William Regala ki te voye yo. Se ansyen kolonèl, defen Franck Romain, majistra nan epòk la, ki te alatèt yo.

“Brassards rouges” Franck Romain, Namphy ak Regala yo mete dife nan legliz Sen jan Bosko a.

San yon ti kal respè pou legliz Bondye a, malfektè ansasen granrak yo ouvri zam ak raj sou yon dal fidèl andedan legliz la. Yo jwenn mwayen plonje yon bayonnèt nan vant yon fanm ansent gwovant. Lè yo fin tire kont yo, lò yo fin touye moun, blese moun, yo limen dife nan legliz la. Malgre gwo laperèz ak kouri ki te gaye nan legliz la, Ayisyen bòn volonte te jwenn mwayen retire dam ansent lan nan legliz la pou mennen l lopital. Se te kòm yon mirak, Manman an sove, ti bebe a sove. Manman l ba l non Esperancia, kidonk espwa lavi, espwa chanjman, espwa yon jou pou richès peyi a pataje egalego, nasyonalnasyono.

Poutan, anndan legliz la pat gen okenn reyinyon politik, non. Se te fanm, ak gason, ak ti moun ki te vin koute pè a k ap pale pawòl delivrans lan. Anfas yo te gen yon ekip makout chen anraje, yon ekip brasa wouj sanginè, ki t ap mache simaye laterè, sa yo rele «terrorisme d’Etat» a. Anfas vyolans eskadwon lanmò yo, se te yon pè patizan Teyoloji Liberasyon a ki t ap akonpaye ti pèp malere bidonvil Lasalin la. Li te vin aprann yo pawòl delivrans bib la, yon pawòl ki te sous enspirasyon pèp Bondye a pou denonse esplwatè yo, pou reziste anba sistèm pezesouse a. Kidonk 2 vizyon mond lan toutafè opoze.

Pou anivèsè masak lanmò sa a ki rache kè nou tout pwogresis, nou bese byen ba devan memwa fidèl Sen Jan Bosko sa yo ki mouri, men ki pa mouri anven, paske san yo ap awoze pyebwa lavi a, pyebwa lespwa pèp ayisyen an ki toujou ap batay, jan l kapab pou l jwenn yon lòt kalite lavi, yon bonjan demen miyò.

Anpil Onè Respè pou mati Sen Jan Bosko yo !

11 septanm 1993, 4 lane apre masak Sen Jan Bosko a, yon gwo mapou nan forè rezistans pèp ayisyen an fasa diktati militè-makout la, Antoine Izméry, tonbe devan legliz Sakre Kè Tijo, anba bal ansasen granrak ki t ap frape nan non «laboratwa» a. Nou konnen gen militan konsekan ki kwè nan kòz la ki te santi te gen danje. Yo te mande Izméry pou l pa prezante nan legliz la kote yo t ap komemore 11 septanm 1988 Sen Jan Bosko a. Paske militè ak moun rich klas dominant yo ki te fè koudeta 30 sektanm 1991 lan te rayi Izméry menm si li te nan boujwazi a menm jan avè yo. Nan tèt yo, Izméry te «trayi» klas li a pou l ale defann klas pòv yo, klas mas esplwate yo ke limenm t ap defann ak anpil konviksyon.

Onè Respè ak anpil laglwa pou Antoine Izméry ki tonbe pou yon bon kòz! Pa gen okenn jan nou ka bliye vanyan gason sa, mati sa a.

Men Izméry se te yon pwogresis totalkapital ki te kwè nan moun ki anba tab la depi ansasinay Desalin lan, ki te kwè yo gen plas yo tou arebò tab nasyon an, egalego, nasyonal nasyono. Li pa t ap kite ansasen yo entimide l, menm si li t ap riske pwòp vi pa l. Nan lespri Izméry, nan konsyans Izméry, prezante tèt li nan legliz Sakre Kè a pou onore memwa pèp Sen Jan Bosko a, ti pèp anbatab yo ki viktim de yon sistèm akayik, retwograd, egoyis, se te yon devwa pou li, pou nou tout Ayisyen, yon devoir de mémoire.

Onè Respè ak anpil laglwa pou Antoine Izméry ki tonbe pou yon bon kòz! Pa gen okenn jan nou ka bliye vanyan gason sa, mati sa a.

11 septembre 1973 makònen ak memwa tout pèp latinoameriken yo, men sitou ak memwa pèp chilyen an. Se dat kote fòs lanmò yo fè ladènyè sou yon kokennchenn patriyòt pwogresis ki te gen gwo konviksyon sosyalis, yon kozman ki te deranje zòt anpil. Patriyòt sa a se Doktè Salvador Allende.

Salavdor Allende fèt nan yon fanmi boujwa libpansè. Li vin diplome doktè. E se nan pratik medikal li nan katye popilè yo li pral dekouvri koulè lamizè nan bidonvil yo, mizè ke nan peyi lakay nou rele «mizè klowòks». Se sa ki pral mennen l nan militans politik. Li vin depite, senatè epi prezidan nan mwa septanm 1970.

Monte li monte sou pouvwa a, Allende pral mete an aplikasyon yon pwogram sosyalis : nasyonalizasyon kèk endistri tankou kuiv, san konpansasyon; refòm sistèm sante a, refòm sistèm edikatif la, lèt gratis pou timoun, yon tantativ refòm agrè, sispann ranbouse dèt peyi a dwe gwo reken lajan entènasyonl yo, elatriye. Yon bann chanjman ki pral nève laboujwazi peyi Chili akTonton Sam.

  1. Allende retabli relasyon diplomatik ak Kiba. Gwo zotobre lajan nan peyi a mete ak gwo zouzoun klèje katolik la, ansanm ak administrasyon prezidan meriken Nixon lan pou yo fè rejim Allende a fè bèkatè. CIA bay chofè gwo kamyon transpò yo voum lajan pou yo fè grèv. Kifè nèg yo pap travay epi CIA ap peye yo. Transpò machandiz, transpò manje paralize. CIA peye gwoup vakabon, bay sanmanman zam pou yo simaye laterè.
2 avion lame chilyèn nan bonbade Palè La Moneda kote prezidan Allende te ye a. Allende mouri lèzam alamen.

Dezòd pi rèd an 1973: moun ki pa konprann se manipile «laboratwa» a ap manipile yo, ti grangou ki san diyite, boujwa malpouwont, moun ki pa jwenn manje akòz de grè isit grèv lòbò, yo tout pran lari. Enflasyon an tounen yon enflasyon chwal, pri manje monte wotè sa, boujwa yo ap sentre bas gouvènman an, lame a an zing de kontraryete. Jeneral Pratts kòmandan an chèf lame a  ki te militè ki te soutni Allende nètalkole a, bay demisyon l. Allende twouve ranplase l pa jeneral Pinochet ki t ap konplote anba anba san Allende pa t janm sispèk li, e ki te mare sosis li ak gwo boujwa yo, monsenyè yo, anbasadè yo, sitou anbasadè meriken an.

Nan maten 11 septanm 1973, lame ak tout Pinochet alatèt li deklare l sèpan. Yo mande Allende pou l kite peyi a. Allende pa aksepte. Avèk yon ponyen moun ki te fidèl a li, li di l ap reziste. Men fòs yo pat egal. Allende konnen li pral mouri. Li jwenn mwayen bay pèp ki te toujou avèl la yon dènye mesaj kote li di yo :«listwa se pèp ki fè l. Se posib yo kraze nou, men lavni a se pou pèp li ye, se pou travayè li ye». Allende mouri an brav nan palè a, mitrayèz alamen, yon mitrayèz Fidel Castro te fè l kado.

Onè Respè pou yon gran patriyòt. Pèp chilyen an pap janm bliye Allende.

Onè respè ak anpil laglwa pou pèp inosan ki mouri nan legliz Sen Jan Bosko, pou Antoine Izméry, pou Salvador Allende. Se kouraj yo k ap ede n reziste, ede n kenbe lit la. Yo kòm pa janm mouri paske yo nan memwa nou tout tan. Yo mouri pou nou, men n ap viv pou yo, pou onore memwa yo.

5 septanm 2017

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY