Dalanchika Malbranche alyas Nègès Da mouri !

0
1234
Nègès DA

Dalanchika Malbranche, non atis li Nègès Da te gen 8 lane sèlman, 29 janvye k ap vini an ta pral fè l 9van. Da te gentan fè anpil moun apresye talan li sou rezo sosyal yo. Se chante li te konn chante yo, ak tèks angaje l yo, timoun sa a te parèt nan je tout moun ki te konn ap swiv videyo paj Thòy’Art yo kòm yon potansyèl vedèt, yon espwa pou kilti peyi a. Se yon timoun ki te kapab fonksyone nan anpil domèn epi ede anpil lòt timoun parèy li devlope kapasite atistik yo genyen tou.

Dimanch 23 janvye a, yon nouvèl pral tonbe Nègès Da kite lavi a aprè yon maladi, ki maladi atò li te genyen, maladi tout timoun men sa depan nan ki peyi l ap viv.  Yon peyi ki pa gen lopital, malere malerez pap travay ak ki sa pou yo achte medikaman lè pitit yo malad.

Yon peyi kote y ap kidnape doktè, men se pa nenpòt doktè non, doktè kiben ki vin potekole ak pèp ayisyen, pou ba li yon ti kras lasante.

Se pa maladi lafyèv ki touye timoun lan, dayè lafyèv pa yon maladi, se yon sentòm li ye. Se Leta peyi l, Leta an Ayiti ki touye Da. Se yon Leta kriminèl, yon Leta sanfwanilwa.

Aba Leta sa a, Viv yon Leta popilè, yon Leta k ap prezan tout tan pou l defann enterè mas pòv yo, mas travayè, travayèz yo.

Se pa kriye pou n kriye pou Nègès Da. Se kanpe pou defann li, anpeche pou lòt timoun pa mouri nan menm kondisyon yo. Nègès Da ta kontan anpil si l ta wè tout moun ki te renmen l yo ta angaje yo nan yon konba pou chanje Leta sa a toutbonvre.

Ayiti Libète voye kondoleyans li bay fanmi Nègès Da, ak tout manm gwoup Thoy’Art la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here