23 fevriye 2022: Ochan pou Kaptenn Metewo

0
1037
Renan Janlwi alyas Kaptenn Meteo

Kaptenn ooo kote w ye ?
Kaptenn oo ou pa wè n anbake
Lapli ap tonbe lanmè move
Lonje n lanmen pou n pa neye
Chante Patrik Nòzeyis

 

Mèkredi 23 fevriye 2022 an se te yon gwo jou pou kaptenn Metewo. Se te nan sal Orizon nan Lotèl Monntana sou Boudon an nan komin Petyonvil, Fondasyon Pè ak Pwogrè (FONPEP) te envite tout moun nan gwo seremoni sa a pou bay ochan pou Kaptenn Metewo. Pou byen di n se depi 9 fevriye pou aktivite Jounen Kaptenn Metewo sa a te fèt.

Men, pesonn, menm Antwàn nan plenn Gonmye nan Grandans pat ka fouti konnen aklè kou dlo kokoye bò lanmè zanglè kouman jou 9 gevriye sa a t ap pase. Metewo politik la te sispèk li te posib pou 7 fevriye debake ak van ak lapli eskonbrit ki ka charye dèyè l gwo siklòn katchouboumbe. Se poutèt sa majò jon nan FONPEP yo ki t ap òganize Jounen Renan Janlwi yo te bijo pran anpil prekosyon pou yo pa di si yo te konnen sizoka ta gen kouri.

9 fevriye jounen Renan Janlwi Dayiti

Se jounen 9 fevriye a FONPEP konsakre pou kònen lanbi lakontanman pou selebre lavi Kaptenn Renan Janlwi Dayiti, menm si se jis 23 fevriye a l te fèt tout bon vre. Apre tout moun te fin kanpe pou yo chante Ochan pou Papa Desalin, Metchina Sabi ki te akonpaye ak Bèna Senfò, te chante l. Alo Kaptenn, se ansyen depite Baradè ak Gran Boukan an, Patrik Nòzeyis ki konpoze l.

Nan pawòl yo l mande Kaptenn nan lonje lamnmen ban n pou n pa neye paske bato peyi n antrave detan l nan fon lanmè malè pandye. Konferans deba sou de tèm ki gen pou wè ak koze Metwoloji, Klimatoloji, Jewoloji Aplike nan lide Devlopman Dirab an Ayiti elatriye. Se Wilnè Polidò ki se Enjenyè Jewològ epi Metewolojis ak Mesye Michèl Senbètil ki se Jewològ, Mèt nan Jewosyans, anplis e sa l se Direktè Lekòl Nasyonal Jewoloji Aplike (ENJA).

Se te moman tou pou de mesye sa a yo ki maton nan domèn Jewoloji e ki konn sa y ope pale a byen esplike moun ki te la a yo yon bann koze. Nan tout sa yo t ap di yo se sitou ki jan latè gen dwa deside pete lòbèy ak eskonbrit nenpòt lè l pi pito nenpòt kote l pi pito, jan l pi pito, jan lide l di l. Nan ka sa a yo jan Enjenyè Klòd Prepti, ki te la tou, renmen di l la se pare pou n toujou pare paske se pa lè dòmi fin pran pou n al nan kouri ranje kabann.

« Pesonn pa fouti anpeche kalib malè pandye sa a yo debake sou nou nenpòt kote n ye. Sa w tande a lòbèy pete. Anpil moun nan gwo kouri. E, sitou Ayiti twouve l nan pozisyon pou zougoudou pase wè l san l pa anonse nenpòt ki lè lide l di l. Nan konsa, pou n pa di si n te konnen menm jan ak 12 janvye 2010 ak l4 dawout 2014 li enpòtan anpil pou n aprann bati kay ak anpil prekosyon. Epi sitou n dwe konn mak fabrik tè n pe bati kay la. Se lè sa a n ap montre n se gran moun ». Se sa Wilnè Polidò ak Mikayèl Senbètil te pote pou moun yo.

Temwayay sou lavi Kaptenn Metewo

Apre yon ti poze tou piti, Metchnida ak Bennsaks te chante Ayiti Cheri anvan yo te retounen ak chante Alo Kaptenn nan. Menm kote a anpil moun ki te konn fè fas kare ak Kaptenn nan te koumanse defile pou yo pale de ki kalib gason misye te ye. Ansye Depite Taba a nan 50 tyèm lejistali a Kalèb Deramo te pale n de lè l te konn travay nan Tele Nasyonal ak Kaptenn nan.

Madan Krisnèt Senjòj li menm se Psikològ, Edikatris, Jounalis ak Prezantatris Metewo te la tou poul pale de bann bèl eksperyans li ak kaptenn nan. Youn nan pi bèl moman nan jounen Kaptenn Metewo a se lè ansyen Depite Patrik Nòzeyis kòm pi gwo majò jon nan FONEP  t ap remèt plak Lonè ak Merit bay yon bann pèsonalite ak enstitisyon pou gwo travay yo te fè nan domèn nan. Enjenyè Klòd Prepti ki se Jewològ epi Direktè Biwo Min ak Enèji.

Pwofesè Enga, Madan Krisnèt Senjòj, ENjenyè Talo Bètran, Elyòt Amilka ak Idèlgonn S. Amilka, Dominik Bwason, Emanyèl Molyè, Jizèl A. Pye, Simòn Demeza, Paskal Degwòt, Lekòl Nasyonal Jewoloji Aplike, Asosiyasyon Nasyonal Jewològ Ayisyen, Inite Idwo Mewolojik (IIM), Obsèvatwa Nasyonal pou Kalite Anviwonman ak Vilnerabilite (ONAKAV), Aksyon pou Klima Anviwonman ak Devlopman Dirab (AKADD).

Pou mete yon bout nan Jounen Ochan pou Kaptenn Metewo a prezantatè a Kalo Senwòm te tou pwofite anonse lansman Maraton pou Lavi ki rele Enga pa Engra. L te anonse tou ofisyèlman pwojè Obsèvatwa Renan Janlwi Dayiti. Epi  ansyen Depite Patrik Nòzeyis te di tout moun mèsi poutèt yo te la. Se ak mo sa a yo l te tou mete yon bout nan Jounen Ochan pou Kaptenn Metewo a.

FONEP : Ki sa l ye ?

Fondasyon Pè ak Pwogrè ki gen ti non jwèt li FONEP se yon òganizasyon sosyete sivil ayisyen an ki gen pou misyon delvope yon bann pwogram ak pwojè pou ride sila a yo ki nan pa bon pou yo jwenn yon lavimiyò. Li bay kout men nan anpil domèn tankou lapè ak non vyolans, Bat bouch ant komoAat Men nan. Teknik ak ladrès nan bat bouch pou rezoud san dlo nan je tout zizanni ak mezantant ki gen nan yon kominote.

Jistis, Kole zèpòl, Solidarite ant frè ak sè, Dwa pou fanm ak gason egal ego san fòs kote, pote kole tout sitwayen ak sitwayèn nan bati demokrasi a, batay pou fè respekte, pou defann ak pou sove dwa sitwyen yo, Voye monte dwa moun ak libète, ankadre popilasyon an nan tout nivo epi kore moun, gwoup moun ak asosiyasyon ak kominote yonan tout sa ki gen pou wè ak devlopman ek pwogrè. Demele l kou mèt Janjak pou fè tounen reyalite tout aksyon, reyalizasyon tout pwojè tout inisyativ ou aktivite ki gen pou wè ak kout men pou sa k nan malè yo jwenn yon lavi miyò.

Nan finisman jounen an anpil moun ki te itil Ayiti nan domèn metewoloji te soti ak yon plakdonè ak merit FONEP te ba yo devan 2 grenn je tout moun ki te la ak tout jounalis ki te la a yo. Pami yo jwenn Enjenyè Klod Prepti ki se enjenyè jewològ, Direktè Biwo Min ak Enèji, pwofesè nan ENGA, Madan Krisnèt Senjòj ki se Metewològ, Mesye Talo Bètran ki se enjenyè Agwonòm, espesyalis nan Anviwonnman.

Elyòt Amilka ak Idèlgonn S. Amilka, espesyalis nan Edikasyon sou koze Anviwonnman, Dominik Bwason, Dòktè nan Jewoloji, ansyen pwofesè ak ansyen direktè ENGA, Emanyèl Molyè, enjenyè, ansyen pwofesè ak ansyen Direktè ENGA, Jiz A. Pyè, Doktè nan Jewolojiansyen pwofesè ENGA, Simòn Demeza, Petwograf, Pwofesè Chimi ak Jewoloji nan ENGA. Tout te jwenn sètifika lonè ak merit nan lokazyon jounen Renan Janlwi a.

Yon ti mo sou Kaptenn

Renan Janlwi Dayiti tout moun te vin rele Kaptenn Metewo ki se non vanyan l te fèt nan komin Tirivyè nan depatman Nip jou ki te 9 fevriye 1936. Misye se te pi gwo metewolojis Ayiti te genyen pou jis jounen jodi a. Pou anpil moun ki te konn fonksyone ak li misye te yon moun ki gen pawòl. Sa vle di Wi li se pat Uit. Se sa k esplike tou anpil moun pat pè pale byen sou li. Se jou ki te 4 janvye 2005 la Kaptenn nan te travèse ale kite n detan l te malad nan yon lopital Òlanndo Ozetazini.

Men nouvèl lanmò l te gen tan kouri depi nan fen desanm 2004 tankou flonn pousyè k sot jis nan dezè Saara. Se maladi yo bay pou ensifizans renal la ki t ap panike l depi lontan jis li pati ak bòt li. Pandan plis pase 20 lane pa gen yon jou k pase san Ayisyen pa tande vwa Kaptenn nan radyo oubyen wè l nan televizyon ap bay nouvèl sou ki koulè figi tan an pra l ye. Li pa twò ta pou n swete Kaptenn nan Bon Travèse !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here