Ase: Ase ipokrizi ase…!!!

0
964
Nou mande ki lòt konplo k ap fèt kont pèp Ayisyen an la a » ? Se menm konplo 2004 la k ap kontinye. Bann sèpan nan sen.

Ipokrit yo se bèt yo ki pi mechan
Yo tèlman pran pòz yo bon moun
Pesonn pa t ap janm ka sispèk yo
Men se kan w pran w resi konnen
J. Fatal Pya

 

Ipokrizi pi mal pase kansè sida, kolera, kowona ebola ak lòt maladi pwenn fè pa a yo, paske pa gen ni vaksen ni antiretwoviwo pou kwape l. E, malerezman ipokrizi se sèl grenn kalite pi fò elit yo genyen. Si Ayiti cheri nou an nan eta sa a jounen jodi a, se rezilta Ipokrizi. Mezanmi, grann bò manman n te renmen di sa chak jou. Pesonn pa konn ki lè w pe pran nan mera san w pa atann. Enben, yè lajounen, long kou yon ke pis nou manke pran nan mera si n te konnen toujou an reta.

Brid sou kou n resevwa yon mesaj sou watsap, yon bon kanmarad nou fè anpil konfyans voye ban nou. Men sa petisyon an di : Demele n kou mèt Janjak pou n jwenn 174 siyati anvan jounen an rive nan bout li. Long kou yon ke pis n siyen l. Men gen yon lide ki di n fè yon ti tann toujou pou n ka gen plis enfòmasyon sou kiyès ki manman l ak papa l. Manman n te toujou di n youn nan pi gwo kalite pou yon moun genyen se lè w gen nen fen.

Kote Kolektif Non/GNB a te ye, lè Asayan pouvwa t ap simaye grenn bal zamfannfwa pou pete tèt militan nan manifestasyon ?

Nen fen sa a w tande a se yon bon rada ki konn souvan anpeche w pran nan malè pandye si m te konnen ki pandye tout kote. Nou fin ale pou n siyen nèt men yon dènye mouch avè ki pike n. Lide n di n hmmmm, fè yon ti tann toujou, twò prese pa janm fè jou louvri vre. Efektivan n al fouye zo bèf foudan nan kalalou gonbo tou cho k fèk sot nan fon chodyè aliminyòm pou n ka konprann pi byen. Lè n repase paj memwa n, n sonje n te wè yon pòs konsa deja nan lavèy. Depi sou non an nou te pentad pentad.

3 nan 4 batwèl machwè darati kòn siye ayida doup pendouk awousa san fwa ni lwa reyaksyonè soudevlope n te wè yo gen ladan yo se manm aktif Kolektif Non pongongon. Se lè sa a n sonje manman n te toujou di mouch avè pa janm pote bon nouvèl. Efektivman 90% nan malfèktè ki siyen petisyon an se menm mouchavè ki te mare konplo anbachal ak gang mafya 184/GNB yo pou yo te gate bouyon selebrasyon Bisantnè lendepandans la an 2004. Mouchavè toujou pote nouvèl malè.

Anvi manje vyann pap fè n manje mouchavè

2002-2022, sa fè 20 lane depi mas pòv yo twouve yo nan gwo batay anfas yon krèy asosiyasyon malpouwont. Pami yo, gen sa a yo Manno Chalmay te konn rele yo krèy zentèlektyèl san ren san fyèl. Zentèlektyèl komokyèl sa a yo tout te majon nan ekzèsis move lawon pou bòykote bisantnè a an 2004. O o, 20 lane apre, se menm krèy zentèlektyèl makrèl yo bay pou Kolektif Non/GNB yo gen je chèch ak odas pote labanyè kòm defansè menm Pèp Souvren sa a yo te konnpran gwo plezi krache sou li a.

Ipokrit sèpan nan sen ak pwazon rat se menm bagay. Yo pa janm janm ekspire. Lè w se pwazon ou pwazon avi. Lè w se ipokrit ou ipokrit avi tou. Ipokrizi pa gen remèd. Pou sa k pat konnen, krèy Kolektif Non sa a w tande a se yon asosiyasyon zentèlektyèl pongongon ak atis azipopo. Sendika salopri malonnèt san konsyans sa a yo se te restavèk 184/GNB Andre Apèd, Anri Bekè ak yon krèy oligachi malfèktè. Pou n ka konprann pi byen GNB a se papa tout òganizasyon bandi oligachi konsil onorè dilè ak kontrebandye lavichè yo.

Malentespri sa a yo menm se tyoul entènasyonal ki gen kòm patwon sendika anbasadè reyaksyonè ak rasis panzouyis peyi kolon ak okipan yo. Depi lè yo te mare konplo sasinen Papa Desalin, sèl grenn misyon yo se te depafini ak Ayiti lage l atè plat. Si Ayiti kanpe toujou se gras ak kapasite Mas Popilè yo pou yo reziste malgre tout tray ak kalamite yo fè l pase. Men tou, se pa konsa konsa si n wè pye bwa vyolans, ensekirite, kidnapin, mizè, soufrans, krim tout kalte fleri konsa jounen jodi a. Kolektif Non/GNB  se youn nan asosiyasyon malfèktè a plim ki te plante grenn yo depi 20 lane.

Kolekif Non/GNB an se asosiyasyon gwo salopri, bandi a plim yo ak bandi ak mikwo ak penso yo rele atis azipopo yo. Kòtakòt ak Kolektif Non an ou te jwenn asayan Gi Filip yo ki se branch ame GNB/IRI/184 te bay gwo mago ak zam pou yo te antrene nan peyi Panyòl. Wòl Gi Filip ak asayan dan kayiman l yo se te mache pike dife nan komisarya, sasinen jenn polisye n yo, sasinen militan mouvman popilè yo epi lage latwoublay nan peyi a. Se sitiyasyon katchoumboumbe sa a malveyan je vèt nan entènasyonal yo te bezwen kòm pretèks pou Minista te ka vin krache sou souverènte Ayiti l te ka tonbe nan eta l ye a.

Mak fabrik GNB a ?

Jan n wè Ayiti ye jounen jodi a, se rezilta aplikasyon plan Apèd yo rele Nouvo Kontra Sosyal 184/GNB a. Anplis branch zentèlektyèl, branch ame, branch laprès ki se ANMH, branch kontrebandye ki se 184, GNB te gen branch politik yo ki se Konvèjans Demagojik chèf boukman Kplim. De moun konprann koze pa dire, nou pa bezwen bay piplis esplikasyon pou n konprann GNB a se yon krèy fatra gate, trèt ak ipokrit azèl, kaka tout bèt kontrebandye, tout kalib move dilè, asosiyasyon malpalan a mikwo lang pwazon ki rele ANMH.

Kolektif Non, Asayan Gi Filip yo, Konvèjans Demagojik Kplim, ANMH, Kontrebandye 184 yo, Asosiyasyon Etidyan Inyoran, tout se pwason kraze nan yon bouyon mimi yo rele GNB a. Yo tout fè youn. Menm pwazon yo. Menm tenyen yo. Menm tenten yo. Menm krèy yo, menm lòbèy yo. Menm pouriti yo. Menm salopri yo, Sa vle di yo se menm bouk kabrit Tomazo yo. Kanmarad Wilèm Kadè ta di w yo se kòn ak zago. Menm mwèl trip yo. Menm plòt salami yo. Menm kaka bèf yo. Anwo yo sèche anba yo mouye.

Petisyon an

Efektivman nan demele nou fouye zo nan kalalou, nou rive jwenn petisyon an pou n te ka wè kiyès ki siyen l epi i sa yo mande ladan l. Depi sou 1ye non yo lòdè ipokrizi a manke dekonpoze n. Yon ti kal ankò n trepase. Nou kouri fè wouch. Si w konn lè w dekouvri yon bouch latrin anbwa apre lapli nonvanm fin fè 7 jou ape tonbe san rete. Menm krèy trèt yo, menm sendika apatrid yo, menm asosiyasyon sankoutya a yo ki te krache de gwo plòt krache santi di sou selebrasyon Bisantnè lendepandans lan : touf touf touf. Se menm yo menm nan ki resi pran lòdè menm java a lè l fin tounen kansè.

Pigan n sezi non !

Pa pèdi tan n pou n sezi. Se menm yomenm nan ki te rele anmwe pou yon ti grenn bouton ant 2002 ak 2004. Jounen jodi a menm ti bouton an tounen java jis li travèse nan kansè yo pat ko janm pran lòdè l. Jis 20 lane apre kou yon papa toudenkou Krèy Kolektif Non/GNB vin tèlman renmen mas popilè yo te gen tan pran pitye pou yo. Tout sa se pou n di n aklè vakabon abiye sa a yo ak militan konsekan ki kwè nan kore batay mas yo se lèt bèf ak sitwon jòn.

Wi epi mil (1000) fwa wi ! Si mas popilè yo nan sitiyasyon malouk sa a yo jounen jodi a se rezilta ipokrizi ak mechanste menm san zantray sa a yo ki lakòz. Ipokrit ak kaka bèf se marasa. Anwo yo sèch kou ke pen kay boulanje. Men anba yo mouye kou ranyon ti moun dòmi lè yo pipi epi solèy pa leve pou pase sou yo. Se sa k fè n kouri pote ti presizyon sa a yo pou Pèp Souvren an pa fè gwo èrè pran Nanna pou Sizàn. An n antann nou. Kiyès moun tèt dwat ki pral pran sendika ipokrit ki chaje ak prejije sa a yo oserye ?

Ki sa Kolektif Non restan GNB  gen pou l wè nan batay Pèp pou l ka viv nan diyite ? Pran depi 2002 pou rive jounen jodi a sa fè 20 lane depi se menm yo menm nan ki t ap krache sou batay Pèp la men ki pa janm pete nan konton ba l santi devan mizè l soufrans li ak lavichè. Epi jounen jodi a se menm yo menm nan ki te gen tan pi gwo avoka batay pèp la 20 lane apre. Kiyès ki ka di n kiyès ki bay Kolektif Non sa a manda pou l defann menm Pèp sa a.

Se menm Pèp sa a yo te pran plezi bay pote diplòm chimè, bandi, gwo zòtèy, santi fò, santi bouk elatriye pou yo te ka fè patwon yo plezi. Pran 2002 pou rive jis jounen jodi a krèy entèlektyèl Kolektif Non/GNB yo se te youn nan pi gwo pwazon pou batay Mas Popilè yo. Poutan, 20 lane apre ta sanble van an vire. Se vre ! vèkèlè ?

Vyolans 2004 ak lòt masak

Kolektif Non/GNB pat janm di anyen lè kontenjan militè akimafè Irigweyen te pase 3 mwa pe pyafe nan dèyè Djonni Jan nan Pòsali. Kote Kolektif Non/GNB te ye lè Leyon Chal sou lòd Gwo Jera te fè masak Pòs Machan an 2004. Kolektif Non/GNB pat ko fèt, lè masak Senjan Bosko, Lasalin, Bèlè, Tokyo, Kafou Fèy, Kriswa, Delma 2, Delma 32. Kote Kolektif Non/GNB yo te ye lè yo te disparèt Vladimi Leganyè, sasinen Wospid Petyon, Neyemi Jòzèf.

Kote Kolektif Non/GNB a te ye, lè Asayan pouvwa t ap simaye grenn bal zamfannfwa pou pete tèt militan nan manifestasyon ? Ki sa k esplike se jis jounen jodi a tout zantray yo resi fin dechire miyèt moso ? Pòdyab mizè Pèp la resi fè ti kè yo senyen ! Sa k ta di sa ? Ayiti gen pou l chanje vre yon jou. «Nou menm ekriven ak atis ayisyen, nou mande yo melanje vwa yo ak vwa nou pou nou di, Ase grangou, ase san, ase lanmò, ase kadejak, ase kidnapin, ase dlo nan je, ase fè nwa pou pitit tè a »! Sèl sa maton nan ipokrit ASE sa a yo yo bliye di Ase Ipokrizi !

Chimen Ipokrizi pap janm mennen Batay Mas Popilè yo okenn kote.

« Move politik ak move gouvènans soti depi diktati Divalye an, rive jounen jodi a, vyole espwa nou, dechire rèv pèp la miyèt moso. Koripsyon se sèl kòk ki chante nan baskou dirijan ki mennen nou jounen jodi a nan bouch twou a ». N wè istwa san memwa a yo. Pran 1957 pou rive 2022, sa fè 65 lane. Gad jis ki lè Ipokrit Ase yo sonje te gen movèz gouvènans ak diktati bout di ? « Li klè pou tout moun relasyon Ayiti ak swadizan zanmi l yo deteryore depi kèk lane. Nou mande ki lòt konplo k ap fèt kont pèp Ayisyen an la a » ? Se menm konplo 2004 la k ap kontinye. Bann sèpan nan sen.

Krèy ransè ak ipokrit pwofesyonèl Kolektif Non/GNB yo siman te sou, lè yo akouche ti mèch fatra sa a. Paske se yon gwo mirak yo resi pran lòdè move zè ekspè OEA, ONI, Inyon Ewopeyèn ak Etazini yo. Ta sanble se sèl ASE ki pa konnen Inite ak Tèt Kale ant 2008 ak 2014 gòldafre 4.2 milya Petwo a. Paske n wè yo pa di anyen sou sa. Antouka, toutotan ipokrit ASE yo pa ko ka dechouke Kansè Ipokrizi nan venn yo… pap ka gen okenn chanjman. Ipokrizi se pi move pwazon pou devlopman.

Chimen Ipokrizi pap janm mennen Batay Mas Popilè yo okenn kote. Fouchèt ipokrizi pa fouti bwè soup tèt ansanm pou revolisyon an fèt toutbonvre. Lènmi batay la yo tout la. Tout lènmi mas Pòv yo nou konnen yo. Pa kite okenn aganman mete kostim ipokrizi l sou li pou l vin fware motè batay la. Fwa sa a kou a pap pase menm jan an. Sa k te pase nan vèy la pap pase nan lantèman an. Makòn ipokrit degize sa a yo se pi gwo lènmi batay la. Mouvman Tèt Ansanm se pi gwo remèd pou kwape kansè ipokrizi.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here