Chapo ba pou André Fritz Dossous « Papadòs »

0
385
André Fritz Dossous

Gran dramatij, teyatman, powèt, komedyen e edikatè Fritz Dossous, alyas « Papadòs », mouri jou 31 janvye 2022 lakay li, nan Randolph, Massachusetts. Pandan plizyè dekad li ret yon prezans teyatral e komedik kontinyèl nan zòn Boston an e nan Dyaspora ayisyen an an jeneral atravè twoup teyat popilè li a, Teyat Lakay, li fonde nan Boston an 1979.

Sito m ateri nan zòn Cambridge-Boston alepòk la, zanmi m Yvon Lamour te pale m sou Papadòs. Li di m misye te pwofesè Fizik li nan Lise Jean-Jacques Dessalines nan Pòtoprens. Yvon te apresye lefètke Papadòs te alafwa yon powèt e komedyen anplis edikatè. Se konsa, yon jou Yvon, zanmi nou Jean-Robert Boisrond e mwen menm, nou kanale al wè misye lakay li nan Mattapan, yon katye nan Boston. Li te trè jenere ak tan li, li resevwa nou a bra louvri, bay nou blag, pale nou sou lavi l ann Ayiti, e sou sa l te panse sou rejim Jean-Claude Duvalier a ke l te deteste e kont ki li te konsakre travay li. Li kite yon enpresyon fò sou mwen depi jou sa a.

Nan yon entèvyou Papadòs ban mwen an 1985 pou yon revi politiko-literè mwen te edite ki te rele Nouvelle Stratégie nou te soti nan Boston, apre m mande l pou l esplike l sou « rapò resipwosite » Jean-Paul Sartre di yon ekriven oswa atis dwe soutni avèk piblik li a, paske yo pa tonbe sot nan syèl eke yo dwe eksprime reyalite sosyal ki antoure yo a, Papadòs reponn mwen : « Wi, Sartre montre ke tout fòm atizay ak literati toujou angaje menm sila yo ki pretann lekontrè. » Mwen reponn li : « Absoliman, yo angaje nan lòt kan an. »

Epi mwen pale l de yon « ofansiv sibtil » anpil ekriven nan Dyaspora ak an Ayiti t ap mennen alepòk la kont rejim divalyeris la, e m site pèlmèl pami yo :  Manno Charlemagne, Farah Juste, Moumousse, Anaïka, Idi Jawarakim, gwoup mizikal Zèklè a, Teyat Lakay, Koralen, Frankétienne, Konpè Plim, Sito Cavé, Paul Laraque, Frantz Minuty, Michel Soucard, Cauvin Paul, elatriye. Papadòs reponn mwen : « Wòl yon atis pa dwe anyen mwens ke yon antrepriz de devwalman, de demaskasyon madigra yo… Ofansiv w ap pale a pozitif, an n swete sèlman li kontinye nan yon sans mwen endividyalize, pi òganize, paske aso final kont divalyerism lan dwe yon aso kolektif ki regwoupe tout fòs k ap lite pou chanjman yo. Ki wòl yon atis apre priz pouvwa a ? Mwen wè l, omwen pou sa k konsène teyat, kou yon pwolonjman ki otreman enpòtan ke travay ki te fèt anvan an. Apre Revolisyon an, sètadi apre yon chanjman reyèl e total nan estrikti koripsyon ak eksplwatasyon yo, teyat ap gade ankò tout enpòtans li, paske, pa bliye, ansyen pwofitè ansyen sistèm opresyon an p ap manke chache reyenpoze l ankò, lè sa a teyat ap vin yon teyat vijilans ak reedikasyon kontinyèl pou ede konsolide gen Revolisyon an. (1)»`

Kouwè anpil nan nou nan kominote pwogresis ayisyen an nan Dyaspora a, Papadòs te pwòch ak toulè de frè Laraque yo, Paul e Franck.  An 1989, nan kad prezantasyon pyèsteyat li a  Adjipopo, li envite Paul Laraque vin nan Boston. Se konsa, Paul ak madanm li, Marcelle, fè yon rive nan zòn lan. Se te dezyèm fwa Paul te vin nan Boston. Misye fè yon entwodiksyon-ekspozisyon pou pèfòmans Adjipopo a li titre : « Rôle du théâtre dans la vie d’un peuple. » Apa prezantasyon nan pèfòmans pyèsteyat la, mwen sonje de rankont an patikilye koup Laraque yo te fè nan zòn lan : youn se te avèk kèk kanmarad nan mouvman opozisyon pwogresis la nan Boston lakay koup Jean-Robert ak Yolande Boisrond yo. An n remake prezans pèsonalite sa yo nan reyinyon sa a : Frantz Minuty, Carline Désiré, Lesly René, Idi Jawarakim, Yvon Lamour, Paul Farmer, Nirvah Lambert, Serge Valmé etc.  (bi reyinyon sa a te osijè konstwiksyon yon lekòl popilè nan Kafou, ki pa janm reyisi rive). Lòt rankont lan te pi prive, se te yon dine lakay fanmi Dossous yo kote koup Laraque yo te prezan avèk Papadòs ak konpay li Françoise Coriolan (Jean-François), ansanm ak de pitit fi l yo, Suzanne e Sylviose.  Nou pase yon tan mayifik ansanm. Lanmò Paul Laraque an 2007 te frape nou anpil nou menm yo zanmi li nan Boston. Mwen menm, Papadòs ak Pierrot Alphonse, yon aktè nan Teyat Lakay, te ale ansanm nan antèman Paul Laraque ki te chante nan palwa finèb Yannantuono-Sharpe, nan Mount Vernon, Nouyòk, jou 15 mas 2007. Papadòs li yon powèm ki te frape asistans lan.

Teyat Lakay. Yon Reveyon Pou Tonton Nwèl December 1989

Papadòs te gen yon relasyon espesyal tou avèk Franck Laraque. Yo retwouve youn ak lòt nan antèman Paul Laraque la, kote Franck te apresye ti mo l te di nan seremoni an. Kontak sa a abouti ak Franck ki antreprann pou l ekri e pibliye, an me 2010, yon pwofil espesyal sou Papadòs, kote li touche nan plizyè aspè nan zèv teyatral li : reyalite istorik lan, atizay dramatij lan, antitèz, konparezon ak metafò. Yon kokennchenn travay ki plase zèv Papadòs lan nan kontèks istorik lit pèp ayisyen an. Men sa Franck Laraque di an pati nan pwofil la : « André Fritz Dossous (Papadòs) fè pati nouvèl jenerasyon Languichatte, Frankétienne, Denizé Lauture, ak lòt michan ekriven òganik kilti popilè kreyolofòn ayisyen an ki soufri nan chè yo opresyon klas dirijan yo. Papadòs ofri, an plis, patikilarite ekri inikman an kreyòl (eksepte pou kèk ekri ra). Sa ka esplike poukisa dramatij jenyal e aktè eksepsyonèl sila a, ki koni nan piblik popilè a, ap viv nan Boston nan demi obskirite literè.  Teyat Lakay ap jwe jou 30 me 2010 nan Strand Theatre (nan Boston), dènye pyès Papadòs la, Bònatoufè, alokazyon fèt dè mè ayisyèn yo. Nou glorifye tèt nou pou n ofri, nan sikonstans lan, yon pwofil zanmi nou Papadòs ke nou ekri trè vit, an de pati : yon notis biyografik ak yon notis literè konsakre sou teyat dramatij sila a ki se alafwa fondatè e dyektè Teyat Lakay, dekoratè, aktè depi trant an [an 2010]. Ojis, se yon fenomèn literè ra ak pi grann kalite. »

Franck Laraque kontinye pou l di Papadòs « pa  bliye moun ki te konsyamman oswa enkonsyamman ankouraje l nan chwa teyat kou vokasyon l. [Pami yo] Alphonse Loiseau ki te mennen l ak twoup li a al nan Théâtre de Verdure, nan Pòtoprens, ki te an penpan alepòk la. Félix Morisseau-Leroy avèk Teyat Petyonvil li a e Dyakout. Pita nan Miyami, Morisseau te chita nan premye ranje prezantasyon pyèsteyat Papadòs yo nan vil sa a. “Moriso te toujou sonje-m. Li pat janm bliye-m.” Men sa l ekri sou enfliyans Frankétienne : “Nan Lise Petyonvil mwen te gen lejann jeni Franck Étienne pou pwofesè Syans Sosyal mwen. Mwen te vle soti tankou-l. Se te wòl modèl mwen. Lè m’ap etidye m te konn chare-l. Franck te konn envite-m nan lekòl li prèske chak desanm pou-m bay elèv li yo blag mwen ekri ak pwezi kreyòl mwen. Mwen te toujou reponn prezan… Fritz Petit, matematisyen e fanatik teyat ki te jwe ak siksè pyès Shakespeare la, Roméo et Juliette, te mete l an kontak ak Théodore Beaubrun (Languichatte). Depi lè sa a li vin yon familye twoup misye a, ki mennen l an toune nan vil pwovens e pou premye fwa nan Boston nan reprezantasyon pyès Qui a tué Bacavil ? lan», misye di.

Apre sa, Franck Laraque kòmante : « Nou panse teyal Papadòs la reflekte mèveyans imajinè Frankétienne, dansite reyèl Morisseau a ak oralite eklatan Beaubrun an [Languichatte]  » (2), li ekri.

                                                                ***

Esè-pwofil sila a se sètennman yon elòj konplimantasyon pou sòm total egzistans yon michan konpatriyòt ak ki konvèjans avanti lavi nou te fè n eksperyanse ansanm anpil moman zanmitay ak transandans. Pandan plis ke karant an mwen konnen li, nou toujou kenbe kontak, menm si nou pa t wè souvan. Etandone èt imen pa ni inidimansyonèl, ni pafè, genyen tou yon moman nou te gen dezakò sou yon pwojè liv li nou t ap edite ansanm ; men pwiske nou toulè de pa moun ki kenbe rankin, pwochen fwa nou vin wè nan yon okazyon piblik, nou mache youn al jwenn lòt e kontinye yon konvèsasyon kòmsi deryennetè. Mwen toujou kenbe lamitye m pou li ansanm ak respè m pou travay li. Lanmò Papadòs frape m tou paske li se youn nan moun nan linivè afektif mwen ki kontinye ale, depi plizyè lane, nan yon sòt trajedi seryèl ki vin akselere avèk pandemi Kovid-19 lan.

Papadòs konnen mwen renmen sans imè dangriyen l yo, konsa, pou yon bon ti tan, li konn rele m nan telefòn lè l ap finalize e repete yon nouvo pyèsteyat pou pèfòmans (reprezantasyon). Kouwè Franck Laraque remake, tout non Papadòs bay pèsonaj teyat li yo gen siyifikasyon espesyal ki souvan endike nan non an (Palmeyis Zafèpabon, Libètiyis, Biennere, Mistè Wachinton, Depite Pyènanre, nan Ròchnansolèy) ; Bouldozè Konbèlann Blofeyis e Jojo Pilon (Nan Soulye Washington) ; Piyadò, Bouldozè, Jeneral Zonmbo, elatriye. Non pèsonaj yo souvan reflekte wòl yo jwe nan pyès la.

André Fritz Dossous « Papadòs

Nan yon prezantasyon Teyat Lakay fè nan lise Randolph High School an 2013, Papadòs mansyone sou sèn lan yon antoloji memwa Franck Laraque te soti kay edisyon Trilingual Press ki titre L’instrumentalisation de la pensée révolutionnaire, ki te soti an 2011. Nan mitan pèfòmans pyès la,  ki rele Manman pa konn sevre timoun, Papadòs rann yon omaj espesyal ak Franck Laraque, e ak mwen menm ki te nan asistans lan. Kou mwen souvan fè lè m gen chans al asiste ak yon pyès li, apre l fini m al wè ak li dèyè rido, konplimante l e ede l met ekipman l yo nan machin li. Gen lè li mande m, « Kouman w wè pèsonaj la », ann alizyon ak pèsonaj li te pale m de li nan telefòn lan. M toujou reyasire l li fè yon bon travay paske piblik la pa t gen vant pou l ri.

Dènye fwa mwen wè Papadòs se nan lokal Forever Young lan nan Hyde Park alokazyon lansman nouvo liv Pierre Michel Chéry ak Remon Jisten Chiktay Literè te òganize an oktòb 2019. Lè m remake l nan piblik lan, m apwoche l e chita bò kote l pou yon ti tan, e nou echanje kèk plezantri. Kèk tan apre, lè m aprann li te malad e rele l lakay li pou w wè kouman l ye, li pa t ka tande sa m ap di. Se donk avèk gran plezi lè m tande kèk tan apre vwa li ki rele m pou l konn kouman m ye. Nou pale yon ti tan. Li di m li toujou ap travay sou konsepsyon yon nouvo pyèsteyat m pa sonje twòp sou li. Men m te kontan tande li. Se te dènye fwa nou pale.

Pwezi Papadòs

Antan ke powèt angaje, ki kwè radikalman nan egzòtasyon Sartre lanse an favè yon literati ak teyat ki  « an sitiyason » e politize, anpil nan powèm Papadòs yo se denonsyasyon malsite, tire-pwen kont klas dirijan yo, men tou selebrasyon lavi, vivans lespwa. Si teyat li se mizansèn imaj ak reprezantasyon kalamite peyi d Ayiti ap pase yo, pwezi li se plis « zam pou konba » kouwè Paul Laraque mande. Nan yon liv kolektif Franck Laraque edite an 2009 pou l rann omaj a frè li Paul, Papadòs kontribye yon powèm ki rele « Plent Ròchnansolèy ». Li di li ekri l an 1991, men l pibliye premye fwa an 1994, li ajoute : « Mwen te dedye èv la bay gran powèt revolisyonè Pòl Larak, yon gwo powèt ki toujou enspire pou klere e lave je pipiti. »

Men kèk liy powèm lan :

Nou pase anpil move nwit

Je nou wouj

Loray, tanpèt

Anpeche nou dòmi.

Lougawou banbile nèt alkole

Yo bat zèl

Pyafe sou do kay nou.

Anpil farinay lapli tonbe !

Mayi nou pwofite

Pouse flèch moute.

 

Anpil sezon sechès kanpe ankwa

Pou anpeche mayi nou pouse zepi.

Lajounen nan fè kous ak lannwit

Fè mont lavi kouri pi vit

Tinèg fi n blaze, pachiman

Lavyeyès akapare nanm nou

Fini tout vagabonday.

….

Yo vin privatize tout bagay

Yo rive privatize menm non moun.

Manman m te rele m Alsiyis

Yomenm yo rele m Ròchnansolèy

Depi jou sa a,

M ap dòmi ta, leve bonè.

Yo detere kòdlonbrit mwen

Avèk awogans yo deklare :

Moso tè sa a se frenk pou yo

Yo vini plante Legliz yo, Otèl yo, Baz yo,

Palè yo, Lekòl yo, mizè nou

Epi yo deside :

Yo se Wa Yo se Pap Yo se Leta.

….

Si m ap chante vwa m anwe

Se misye kape trangle m

Si m ap chante ak dlo nan je

Se yo ki foure twa dwèt lan je m

Si ou wè m kilbite, tonbe sou bouch

Se yo ki pouse m pa do

Si ou wè m ap kalonnen wòch

Se dèyè m mechanste yo.

 

Ooo nou p ap antre

Priye nan legliz yo ankò !

Yo pote yon bann ti bondye

Ki pa pale lang nou !

Lè nou di priye pou nou

Yo konprann se piye nou !

 

….

Lè nou di benise nou

Yo konprann betize nou.

Ayibobo (3)!

 

Nou konprann poukisa piblik la te adore nèg temerè sila a…

Apre tranblemanntè 12 janvye 2010 lan, Papadòs pibliye sou revi Tanbou yon powèm li titre «  Pa Kriye Nègès ! »

Premye kouplè a di :

Pa kriye, pa kriye Nègès
lanati frape ou atè
pitit ou bite, kilbite
tonbe kou mango vèt
van siklòn fòse tonbe.
Pa kriye, pa kriye Nègès !

Nan twazyèm kouplè, li tabli pretèks, jistifikasyon ak souzantandi jewopolitik yo ki kontribye nan malè Ayiti :

…..

Istoryen bay nan tan lontan
ou te bèl, kokèt, joli, anfòm
ti non jwèt ou te Ispayola
ou te tètkoupe ak Lespay
Lafrans, Lespay, Langletè
te konn fè lesefrape pou ou
yo te rele-w « Perle des Antilles »
pou gwo randman ou te konn bay.
Pa kriye, pa kriye Nègès

….

Lanati fache, frape ou fò
anpil pitit ou ap dòmi ka Grann Brijit
Bawon Samdi bat bravo
galata li plen jibye
rivyè dlo sal desann nan je ou
tristès, chagren neye kè ou !
Pa kriye, pa kriye Nègès !

Men lè w konnen panchan misye pou l toujou wè bon kote tout kalamite, li te wè menm nan tranblemanntè a yon lyè limyè :

….

Ooo pa kriye, pa kriye Nègès
pitit ou ak vwazen bay lanmen
lemonn antye kole zepòl
pou fòse Lavi reboujonnen
redonnen nan ke wòb ou
pou tout pitit ou viv byen !
Souri, souri, souri.
Fè yon ti souri Nègès (
4)!

Malerezman souri a pa t ka kontinye, solidarite entènasyonal la pa t dire lontan e tout lajan ki te rive debouse ale tou dwat nan pòch ranmasè ki konekte ak rejim neo-divalyeris Martelly a.

Doulè tout yon kominote

Lanmò Papadòs frape anpil manm kominote zòn Boston ak Randolph yo, ki te baz li. Charlot Lucien, kowòdonatè Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts, ki gen long ane travay ak li, di : « Mèsi pou amelyorasyon ou pote bay kilti nou nan domèn teyat, edikasyon, ak lang kreyòl. E mèsi o non tout manman ou pote plezi ba yo pandan plis pase 42 lane, depi 1978 nan Massachusetts…  » Epi Charlot Lucien site Lyonel Desmarattes li di k di : « Mwen te entèvyouve li plizyè fwa sou Lavwadlamerik. Mwen gen kèk nan pyès teyat li yo avèk pwòp dedikas li. Mwen te fè deplasman Washington-Boston yon fwa pou t al asiste yon espektak li kote anpil konpatriyòt te reponn prezan pou ankouraje, pou onore li. Fritz Dossous, alyas Papa Dòs, fè anpil pou l pèmèt kominote ayisyèn nan Massachusetts rete konekte ak kilti li. Pèsonn p ap ka konble vid li kite pami sanba k ap travay pou volorizasyon ak enstrimantalizasyon kilti popilè ayisyen an. Yon nouvo pyès teyat chak ane pandan si lontan, kote l prezante divès tablo lavi ayisyen yo nan dyaspora a ak nan peyi lakay : moun ki ka leve defi sa a poko fèt. Se pou nanm li repoze an pè ! »

Nan youn nan foto nou pibliye ak omaj sa a, nou ka wè Papadòs avèk Charlot Lucien sou plato emisyon televizyon Tele Kreyòl. Men sa Lucien di de foto a : « Foto sa a senbolik : nan yon entèvyou li t ap ban mwen nan Tele Kreyòl, li kòmanse ap rann manman li omaj epi gwo emosyon (kriye) pran misye pandan nou an dirèk.  Sa te make mwen paske se premye fwa sa te rive nan yon pwogram e ou santi pwofondè emosyon misye. Anfèt nan entèvyou a li rakonte vi li, ak enfliyans Morisseau,  Languichatte ak Frankétienne genyen sou li.  »

Powèt e pastè Ewald Delva, alyas Konpè Zòf, ki te aktè nan Teyat Lakay, e ki te pwòch ak li, ekri kou omaj yon bèl powèm an lonè l li rele « Potorik gason Papadòs pa ka mouri ». An n site kèk pasaj powèm sa a :

….

Depi l sou sèn l ap fè moun ri

Men fon pawòl yo fè w panse

Tribilasyon k sou Ayiti

Kolon pa fin peze souse.

Li dramatij, epi l aktè

Li ekriven epi l powèt

E nan travay kominotè

Li ranmase bon kou mazèt

Pou li aprann yo fè teyat

….

Depi l sou sèn, li pa nan jwèt

Pou chak rega l, se yon kout fwèt

Paske l pa vle majigridi

Anpil moun di li gen mani

….

Kòm ou kouche nan yon sèkèy

Dòmi pral pran w p ap retounen

Anvan m kite w repran somèy

Noutout vin la pou ba w lanmen (5)

….

Papadòs te trè fyè de de pitit fil yo, Suzanne ak Sylviose Dossous. Nou ka konprann doulè fanmi an. An n site yon bèl ti mo Suzanne ekri pou l anonse lanmò papa l : «  Papa m te tout bagay pou nou, pou zanmi, e espesyalman pou kominote ayisyen an. Li te viv yon bon vi e li te sèvi aspirasyon lavi l trè byen. Yon otè dramatij, yon powèt, yon matematisyen ak plis ankò. Byen repoze, papa. »

     Se pa fanmi ak zanmi michan gason sa a ki pèdi, se tout Ayisyen toupatou, se sitou literati ak teyat kreyolofòn ayisyen ki pèdi yon chanpyon l.

Antèman Papadòs

Antèman Papadòs te chante samdi 12 fevriye nan legliz Sainte Bernadette nan Randolph, Massachusetts. Apa manm fanmi l yo — pami yo Suzanne, Sylviose ak manman yo Françoise —, yon bon kantite manm kominote ayisyen an nan Randolph ak nan tout zòn Boston e Dyaspora a te vini pou salye memwa gran patriyòt sa a.

André Fritz Dossous « Papadòs »

Pami yo te gen kolèg li nan Teyat Lakay, kouwè visprezidant lan Eliane Garber, ak lòt manm kou Sheilla Buon-Joseph, ansyen kanmarad e bra dwat li, Pierrot Alphonse e powèt Ewald Delva, alyas Konpè Zòf. Saint Martin, yon manm Teyat Lakay, fè pou asistans lan yon temwayaj pasyonan sou kontribisyon Papadòs nan levasyon kiltirèl kominote ayisyen an nan Dyaspora kou ann Ayiti.

Powèt, mizisyen e edikatè Frantz Minuty, ansyen konfrè Papadòs nan lit opozisyon an kont rejim janklodis la, te la tou, akonpaye ak madanm li Olivia Sicard-Minuty, yon edikatris. Nan entèvyou avèk Charlot Lucien nan emisyon Tele Kreyòl nou mansyone pi wo a, Papadòs site non Frantz Minuty (apa Alphonse Loiseau, Félix Morisseau-Leroy, Frankétienne ak Théodore Beaubrun Languichatte) kou moun ki te ede devlopman ak pwomosyon teyat li, patikilyèman nan Boston. Wilner Auguste ak Charlot Lucien te fè ak de prezans tou pou pote respè yo.

Apre seremoni entèman an nan Blue Hill Cemetery nan Braintree, fanmi ak zanmi Papadòs al jwenn ansanm nan otèl Lombardo nan Randolph kote yo selebre lavi l ak kontribisyon l. Pami moun ki pran lapawòl yo te gen Yvon Lamour, edikatè e aktivis kiltirèl, ki pataje kèk souvnans sou Papadòs kou yon pwofesè devwe ki te konn fè pakou a soti de Petyonvil pou vin anseye jenès la nan Potòprens. Jean-Robert Boisrond, yon aktivis kominotè, pale de souvnans lè l te fèk rankontre Papadòs nan yon boutik nan Mattapan kote yo te al achte jounal Haïti Observateur, yon aktivite alepòk la, li raple nou, ki te ka fè rejim ann Ayiti a kalifye yo de « kamoken », yon etikèt ki te ka koute w ak fanmi w anpil traka, si se pa lavi w.

Nou pibliye separeman tèks Frantz Minuty te li kèk pati nan resepsyon an. Minuty salye ansyen kanmarad li avèk yon chagren pwofon, men l koube chapo l ba devan rekonesans grandèt li.  An n site kèk chaplè ki kouwone esans sa Papadòs te reprezante pou li.:

Youn kokennchenn Pye Mapou ki finalman tonbe

Yon potorik gason ki pat pè lonje dwèt-karabin li

Sou kanson-fè tout plim, tout plimay

K ap fè lavi mounn monte syèl la devan-dèyè

On majisyen-lapawòl san tokay

Ki te gen don fè mannèv ak mo, ak fraz

Pou twoke kòn ak tout kalte mank egalite :

Mank egalite ant fanm ak gason

Mank egalite ant mounn analfabèt ak mounn save

Mank egalite ant rich ak pòv, elatriye.

Chapo ba, pou ou, frè m !!!

Mwen swete, ak tout kè m

Ou rive nan destinasyon ou

San ankenn pichon pa tonbe sou kadav ou

San ankenn malentespri pa detounen w sou chimen ou.

Men mwen konnen ou se nèg ki malen.

Kidonk, mwen pa pè pou ou.

Ou se on nonm ki toujou damou anpil pou syans.

Mwen sispèk ou dwe kouche la a ap kalkile

Ki fòmil matematik, ki konpa, ki GPS

Ou ka itilize pou ateri nan destinasyon final ou (6).

Edikatris e aktivis kiltirèl Lunine Pierre-Jerôme te nan antèman an tou ; li pa t pale nan resepsyon an, men l itilize okazyon an pou l « rekrite » kèk patisipan nan yon memoryal Chiktay Literè, Fowòm Karayib, Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts ak revi Tanbou ap planifye pou rann omaj ak Papadòs.

***

Lavi Papadòs se blayisman ak aktyalizasyon, nan nivo yon vivan, nan yon endividi reyèl, priz konsyans ki mennen nan praksis anpirik pou chanje lavi. Chanje kondisyon eksplwatasyon ak abizay èt imen yo ; chanje estrikti malouk yo ki rann posib malvi egzistansyèl malere ak malerèz ayisyen yo ap andire. Pyèsteyat Papadòs yo se siyalizasyon posiblite pou chanje bagay ki pa bon yo ; anpil ladan yo — ansanm ak powèm li yo tou — se endikasyon yon entansyon revolisyonè. Nan soulye Washington (1995) ekspoze magouy politisyen yo ak enperyalis e tyoul enperyalis yo k ap manipile bagay yo ann Ayiti. Yon malèt kado pou Ayiti (1984) montre mwayen pou omwen kwape malfektè divalyeris yo e tabli yon nouvo pwosesis pou akonplisman mèveyans. Lavi ak zèv Papadòs se yon chimennman egzanplè pou tout Ti-Manyèl ak Ti-Sentaniz k ap chache konprann angrenay sosyopolitik yo k ap toupizi lavi yo.

Se avèk anpil plezi mwen menm pèsonèlman m ap ekri omaj sa a pou Papadòs. M sonje lè l te fin li yon elòj mwen te ekri an lonè Paul Laraque apre lanmò l an 2007, Papadòs te di m : « M espere wa ekri yon omaj konsa pou mwen lè m ale. » Mwen te souri, paske mwen pa t vle alimante lide yon jou l ap kite nou. Papadòs merite souvnans espesyal nou kenbe nan kè n pou li yo akoz tout bèl liminasyon li pote bay kilti popilè ayisyen ; li te bay tèt li yon obligasyon espesyal pou l komemore chak lane sakrifis ak devouman manman ayisyèn avèk yon nouvo pyèsteyat.

Pou nou menm yo ki te nan anteman Papadòs la  — kit an prezans kit pa vwa Zoom  —, se te yon jounen penib e dezolab. Evidamman, nou te pran tou plezi pou vin salye memwa l e rann temwayaj pou jenerasyon k ap vini yo sou michan kontribisyon potorik gason Papadòs nan alafwa dezonbifikasyon, konsyantizasyon ak levasyon kiltirèl kominote ayisyen yo. Kouwè yo di ann espayòl bò isit la, Gason Papadòs, Prezante ! Savalouwe !

Nòt

  1. Sitasyon sa a soti nan yon entèvyou Papadòs te bay revi Nouvelle Stratégie an 1985. Pawòl yo te echanje ak Tontongi. Nou repwodui entèvyou sa a (ki an franse) nan edisyon Tanbou kounye a (ivè 2022).
  2. Sitasyon sa a soti nan « Profil de Papadòs : Paladin de la culture populaire créolophone », yon pwofil de Papadòs ekri pa Franck Laraque nan revi Tanbou, an me 2010 : http://www.tanbou.com/2010/summer/FranckLaraqueSurPapados.htm
  3. Vèsyon konplè powèm sa a, « Plent Ròchnansolèy », soti nan liv kolektif Éclaireur de l’aube nouvelle, sou direksyon Franck Laraque, Edisyon Trilingual Press, Boston, 2009. Nou ka li l tou nan sou revi Tanbou, edisyon prentan 2007:http://www.tanbou.com/2007/Spring/Plent1Rochnansoley.htm
  4. Vèsyon konplè powèm Papadòs lan, « Pa kriye Nègès ! », te pibliye nan revi Tanbou, edisyon ete 2010 : http://www.tanbou.com/2010/summer/pwezi.htm
  5. Vèsyon konplè powèm Ewald Delva a, « Potorik gason Papadòs pa ka mouri », pibliye nan revi Tanbou, edisyon espesyal ivè 2022:http://tanbou.com/
  6. Vèsyon konplè powèm Minuty a, « Omaj pou Papadòs », pibliye nan revi Tanbou, edisyon espesyal ivè 2022: http://tanbou.com/

Tontongi, Boston 17 fevriye 2022

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here