Yon ti mizopwen pou Dahoud Andre ak kolabo l yo

0
737
Dahoud Andre

Atik sa a te parèt nan paj 6 jounal Ayiti Libète Vol. 2 # 46 nan dat mèkredi 3 jen 2009. Anpil konpatriyòt te mande  pou nou repibliye l pou moun ka konprann kiyès ki Dahoud Andre a, ki toujou ap fè atak sou Ayiti Libète, swadizan sou yon kesyon Babekyou. Se pa pou yon kesyon Jimmy Cherizier, dayè Dahoud pa menm konprann fenomèn Cherizier a, alevwa pou l ta ap pale sou li. Li sèlman ap sipote pozisyon ki ale nan enterè klas politik pouri a  ak klas dominan kowonpi a.

Maladi Dahoud soufri a, li ta bon si l ta kab rakonte l ak kominote a, pètèt yo ta ede l jwenn gerizon, pou l sispann vin pase ray li, defèt li sou Ayiti Libète.

Atik la long anpil, nou pa pibliye tout, sèlman nou mete pati ki pi enpòtan yo.


Te gen yon kouran politik swadizan pwogresis nan emigrasyon an, kouran sa a fè anpil dega nan kominote a. Travay yo te pifò anpil ladann, se destabilizasyon ak kreye konfizyon nan mitan sa nou kapab rele goch la. Gen kèk tan moun pa tande bri yo, men sa pa vle di yo pa la. Non yo toujou la anbachal, menmlè kèk ladan yo fèmen zèl yo. Genyen tou ladan yo ki te retounen Ayiti, al travay ak Marc Bazen nan Midh, ou te jwenn kèk nan OPL, san nou pa bliye sa ki t al pran djòb nan men René Preval.

Men kòm yo te gentan fè pepinyè, nouvo vizaj vin ap parèt pou reprann labanyè a. Youn nan reprezantan otantik kouran sa a, se yon animatè radyo, yon aktivis kominotè, yo rele Dahoud André.

Se pa nan pratik Ayiti Libète pou n antre nan polemik nemou-siko ak pyèsmoun. Bagay segondè sa yo, se detay laboratwa enperyalis la kreye menm pou devye moun k ap travay, simen pikankwenna sou wout yo pou anpeche lit mas pèp la vanse.

Noumenm nan Ayiti Libète, wòl pa nou se defann enterè klas domine, eksplwate yo kont klas dominan yo alye peyi enperyalis yo. Se sa k fè nou pap janm kite lènmi an mennen nou nan direksyon pa yo, sètadi pou n ta kite pwoblèm prensipal yo, pou n al pèdi tan lan bagay segondè, ki pap itil anyen nan lit la. Ayiti Libète pa la tou, pou l sèvi laboratwa fòs reyaksyonè yo, se poutètsa, nou toujou pran prekosyon pou n pa antre nan okenn konfyolo, ni ap pran lang ak okenn sektè ki pa twò katolik politikman.

Se de kan ki genyen sou teren politik la. Oubyen ou lan kan, ekip pèp la, oubyen ou lan kan lènmi pèp la. Fò n fè atansyon, se pa tout moun k ap mete inifòm ekip pèp la, ki lan kan pèp la. Se pa paske yon moun ap mete chapo pèp la, ki vle di, li lan kan pèp la. Pou rekonèt byen nan ki ekip yon endividi ye, se gade pou wè, nan ki kan l ap choute pou l fè gòl. Se nan ki kan l ap choute ki pral defini pou tout moun nan ki ekip li ye toutbonvre.

Se nan kontèks sa a pou n konprann, lè yon moun chwazi se sou Ayiti Libète, pou w ap eseye fè tipas kout ak alye w yo. Se sou jounal sa a, w ap fè konplo pou choute, w ap maniganse, fè manti, pou wè si ou ta bay pèp la yon gòl. Lè sa tout moun ap wè klè, pou ki ekip w ap jwe ! Sa vle di, se pozisyon deklas ou ki detèmine kimoun ou ye, nan ki kan ou ye, sou ki kan w ap choute, se pa diskou deklas (Bèl pawòl pou kreye amalgam konfizyon). Se poutètsa, noumenm nan Ayiti Libète n ap denonse w sandezanpare.

Gen plizyè atak endividi sa a fè sou jounal la Ayiti Libète, Nou pap kapab site tout, men n ap pran kèk « Ayiti Libète se yon jounal boujwa, li pa pwogresis paske majorite atik li yo anfranse ». Nou pat janm bay pawòl sa yon enpotans, paske nou te jije se yon iyoran ki pa konprann sa yon lang ye. Pou limenm depi ou pale kreyòl, ou se yon bon Ayisyen.

Pou noumenm, yon lang se yon zouti, yon enstriman, yon mwayen kominikasyon ki kapab sèvi koz tout klas, ni klas boujwa reyaksyonè yo, ni klas popilè, pwogresis revolisyonè yo tou. Pa gen yon lang prensipal pou moun itilize pou fè revolisyon.

Nan ka Ayiti, esklav nou yo, te kreye yon lang, pou yo te konbat kolonizasyon Lafrans lan. Yo rive fè revolisyon 1804, men sa pa vle di, se sèl lang pou moun pale, ekri, goumen pou fè revolisyon oubyen pou fè devlopman. Nou konprann sansibilize mas yo dwe fèt nan lang yo pi konnen an men revolisyon bolchevik la nan lane 1917, ak revolisyon kiben an nan lane 1959, pa gen anyen pou wè ak lang kreyòl, sa vle di se pa lang ki fè revolisyon, se itilizasyon lang osèvis mas yo ki enpòtan. Men jounenjodia nan ka Ayiti, kit se kreyòl, kit se franse, angle, espayòl, tout lang sa yo kapab sèvi koz la paske anpil ayisyen domine yo kòmsadwa.

Se nòmal lang majorite pèp la pale epi konprann pibyen se kreyòl. Se vre, se moun k al lekòl yo ki pale franse men sa pa anpeche yon jounal pou l ta pwogresis se an kreyòl sèlman pou l ye, sa a se radòt. Noumenm nan Ayiti Libète, nou tout soti nan zantray mas pèp la, nou te gen chans jwenn yon ti bout edikasyon, enben n ap sèvi ak ti konesans sa a pou n denonse  nan tout lang nou kapab tiboujwa reyaksyonè tètdi yo k ap vann peyi a, piye peyi a, lage pèp la ozabwa.

Tout bagay klè pou tout moun, batay ki kare la a, se batay ant fòs popilè yo ak fòs reyaksyonè yo.

Se konsa nan vandredi 15 ak dimanch 17 me 2009, Dahoud pran pretèks yon zafè foto pou l atake jounal la. Men se yon fason pou l te destabilize yon aktivite kiltirèk Ayiti Libète t ap fè nan Medgar Evers College nan kad fèt drapo Ayisyen an epi pou onore atis Martha Jean-Claude. Lènmi pèp la toujou ap chache sabote aktivite k ap fèt pou sansibilize mas yo. Nou pa t etone ak taktik pwovokasyon sa yo. Se menmjan pou Bisantnè Endepandans peyi a nan lane 2004, peyi enperyalis yo te itilize dwategòch yo, depanse anpil milyon pou fè pwopagann kont fèt desanzan endepandans lan.

Pretèks Dahoud te pran, se limenm ki te voye fotograf Ayiti Libète a, Jean Ristil Jean Baptiste, al kouvri lantèman jounalis radio Solèy Lyonel Legrand. Li tonbe plenyen, fè kòlè, jouk li mande : si se pa presyon Ayiti Libète fè sou Jean Ristil, kòman Ayiti Libète fè pibliye foto l ?Yon latriye pawòl san sans, ou ta di se yon moun fou, men menmsi li pa fou, se yon moun ki pèdi kèk fèy, anpil fèy menm. Li gen yon maladi kanmenm, pou l itilize yon kesyon foto pou l kapab vin sou aktivite a pou sabote l.

Yon kesyon mwen ta renmen poze Dahoud: eske li konn rapò nou ak Jean Ristil, pou se limenm k ap deside ki foto pou Jean voye pou nou? Anpasan Dahoud, m ap souliye pou ou, si w potko konnen sa, se pa regadan non, men kamera Jean Ristil ap fè foto yo, se kamera Ayiti Libète li ye. Si gen yon moun ki ta pou ap plenyen se noumenm. Men anfèt, se yon frekansite ki marye ak yon awogans enkontwolab, kòmkwa Jean Ristil se esklav ou. Non, mwen pa kwè sa, Jean se yon jounalis entènasyonal k ap travay pou diferan près tankou HaitiAction.net, Haïti Liberté ak plizyè lòt près.

Rezon ki fè nou antre lan tout detay sa yo, se pou n evite konfizyon, pou tout moun kapab konprann jwèt lènmi an klè, paske lè yon manti bay yon fwa, de fwa, twa fwa, gen moun ki kapab kòmanse pran l pou laverite, esitou, l ap fèt lan yon kontèks byen detèmine ki se pou destabilize jounal Ayiti Libète. Se pou sa nou deside fè ti mizopwen sa a.

N ap raple Dahoud tou, nou pa yon près k ap defann lajan, nou se yon près pwogresis, gen yon seri detay ki pa gen valè pou nou. Pou noumenm toutotan yon nouvèl, oubyen yon foto, kèlkeswa foto a sikile plis, pou fè plis moun konnen soufrans mas yo an Ayiti, se la kontantman nou ye. Tout sa ki pibliye nan Ayiti Libète, se gratis ti cheri, nou pa pibliye atik pou lajan, se pa lajan nou vin fè sou do mas pèp la k ap soufri, okontrè se lajan pa nou ak lòt kanmarad pwogresis lan kominote a k ap ede nou fè jounal la, ak kèk ti reklam nou pran na men kèk bizismann…

Men se pa premye fwa n ap viktim anba men Dahoud André, ki devlope yon antikominis primè, li gen pwoblèm ak tout òganizasyon gòch antienperyalis meriken. Nou kapab pran plizyè egzanp: Vandredi 13 me 2005, nan kad preparasyon pou yon manifestasyon kont Premye minis defakto Gérard Latortue devan « Puck Building » nan Manatann. Pou manif sa a, mwen te sijere pou nou envite pati pwogresis goch ameriken yo tankou “ANSWER” ak “International Action Center (IAC)”. Dahoud rele anmwe, li deklare kareman, li pa dakò pase moun sa yo pou li « se woulib y ap pran sou lit pèp Ayisyen an ». Lè sa mwen te di l « si w gen pwoblèm ak goch ameriken ou gen yon gwo pwoblèm pou w rezoud lakay ou ».

Yon lòt fwa ankò, se nan kad mobilizasyon ki t ap fèt nan kominote a pou envite popilasyon an patisipe nan premye sesyon Tibinal Entènasyonal ki t ap fèt Washington vandredi 23 septanm 2005 ak yon manifestasyon Kowalisyon ANSWER t ap fè kont lagè Irak la samdi 24 septanm 2005. Dahoud te kanpe ankwa pou l te destabilize tribinal la nan fè yon seri deklarasyon tètanba pou nonsèlman kreye konfizyon, men demobilize moun pou yo pat patisipe. Se konsa, nan yon fowòm li te fè sou Bwa Kayiman dimanch 21 out 2005, nan legliz Sen Fransis, li te pran plezi pou l pase tribinal ki pral fèt la anderizwa, kòmkwa se pa yon bagay enpòtan, “se yon bagay Ayiti-Pwogrè ap fè, se yon bagay Ben Dupuy ap fè, pou ki se pa TiBush y ap jije”. Pou Dahoud, denonse represyon Latortue ak MINUSTAH ap fè sou mas yo an Ayiti pa priyorite pa l. Erezman, mwen te lan reyinyon an, mwen te klarifye pou asistans lan enpòtans ak rezon Tribinal Entènasyonal la.

Destabilizasyon an te rive tèlman lwen Dahoud te menm pwomèt moun otobis pou ale Washington nan samdi maten 24 septanm, otobis Dahoud la te sipoze derape devan Radyo Solèy la, sou Nostrand la kòmkwa “li ta pral kale beton an Washington”. Tout sa se yon fason pou moun yo te kab pat patisipe nan tribinal la nan vandredi swa. Anpil konpatriyòt te pran nan pwopagann lan, yo rete pou pati samdi, sitou sa k pat vle pran konje jou vandredi a, okenn otobis pat janm parèt pou jouk jounen jodi a. Dahoud te bezwen bòykote ni Tribinal la, ni Manifestasyon an. Yon manif kote plis pase 300 mil moun te nan lari, men anpil konpatriyòt te degaje yo, jan yo konnen, jou maten an, jwenn yon venn, pou yo te desann kanmenm Washington. Ayibobo pou yo! Men oumenm, Dahoud, kote w te ye? Poukisa ou pa t Washington tou? Ou kapab byen te la men, patwon w yo pa t kite w pran lari…

Iwoni lakay Dahoud ki fè fasilman ou kapab wè twou nan manch li, li toujou gen yon ti souri ipokrit pou l ap bay. Men kouman ou fè kont goch ameriken an epi ou t ap mobilize moun pou patisipe nan manifestasyon y ap fè kont lagè an Irak. Tout moun ki genyen tèt yo sou 2 zepòl yo, te tou deja konprann se sou blòf ou te ye…

Monchè mwen konplimante w, objektivman Stanley Lucas ak ou sanble, menmman parèyman, n ap fè menm travay. Se menm travay sa tou, Radio ak TV Marti ap fè pou destabilize Kiba. Ki pwopagann yo sot lage kont Raul Castro, se yon prezidan sou papye kòmkwa se Fidel k ap dirije Kiba. Yo fè konnen tou, Raul ap revoke moun Fidel pou montre gen divizyon nan gouvènman revolisyonè a.

Se nan kontèks sa a tou n ap siyale apre lanmò Patrick Dorismond anba men lapolis Nouyòk. Diferan òganizasyon nan kominote a te monte yon kowalisyon ki te rele Komite Ayisyen pou Jistis (KAJ). Nan epòk sa a, Al Sharpton te mete anpil presyon sou Depatman Lapolis pou te fòse yo anplwaye moun ki sòti nan sektè sa yo rele minorite yo pa bò isit, tankou moun nwa, sitou karayibeyen yo, fanm, elatriye. Se konsa diferan medya Ayisyen nan dyaspora a te jwenn yon piblisite lan men Lapolis pou mande moun vin enskri nan kò polis la. Jounal Ayiti-Pwogrè te pibliye reklam lan, te genyen l tou sou Radyo Solèy ak sou Radyo Lakay kote Dahoud t ap fè emisyon alepòk.

Dahoud pa t gen pwoblèm ak okenn lòt medya yo, men sèlman, sa li t ap chache anlè a, li te jwenn li atè, mwayen pou l te destabilize Ayiti Pwogrè. Se konsa Dahoud te tanmen yon kanpay sou pwogram pa l la, li te pase l tou nan Lè Ayisyèn ak nan Sanmba kote l t ap klewonnen: « Ayiti Pwogrè se yon jounal bouzen, li pa fè pati kowalisyon kont britalite lapolis la ankò; Ayiti Pwogrè mete yon reklam lapolis sou jounal la. » Enben, noumenm nou pa chanje, soti nan Ayiti Pwogrè rive nan Ayiti Libète, ideyoloji pa nou, nou pa janm kont Lapolis men nou toujou rete tennfas kont britalite lapolis sou tout fòm li.

Men se demagoji Dahoud t ap fè, li pa janm kont lapolis vre. Mwen pral dekouvri sa a nan kad yon manifestasyon nou te gen pou n òganizae sou “Eastern Parkway” a soti “Utica Avenue” pou rive “Grand Army Plaza”, se Dahoud, Atanaze Chavannes, Minouche Lambert ak mwenmenm ki t al nan pòs polis la sou “Utica” pou pran pèmi an. Mezanmi, nou pa mande m koze men fò n ta wè bèl blag, bèl griyen dan Dahoud ak polisye yo, si w konn Gwomoso nan pyès Moris Siksto. Lè sa m ale pou m mande l “Ou pa kont lapolis ankò?”

Men youn nan obsesyon Dahoud genyen tou, se prezans Kim Ives nan sektè pwogresis la. M pa kwè se yon pwoblèm pèsonèl, kòm anpil moun fè konnen. Se ta yon pwoblèm fanm, komkwa Kim ta pran fanm li. Si se ta sa, li ta rezoud pwoblèm li ak Kim pèsonèlman, men lè l pran Ayiti Libète pou chwal batay li, lè sa a li foure men l lan nich gèp. Sa vle di, li gen gwo pwoblèm ak tout kanmarad k ap fè sakrifis pou kanpe jounal la.

Etranje pa mele, si Fidel Castro lè l te rankontre ak Ernesto « Che » Guevara, nan peyi Meksik, si l te di tankou yon latriye makout Divalyeris jounenjodia, fiyètlalo tankou Ezili etranje pa mele. Kiba t ap pèdi sipò kokenn revolisyonè ajanten sa a. Erezman moun k ap fè revolisyon tankou Desalin konnen, yon revolisyonè pa gen nasyonalite, wòl li se goumen toupatou sou latè kont esplwatasyon klas travayè yo.

Nan ka sa a tou, m ap siyale pou Dahoud yon verite, mwen ta swete li pase mesaj sa a bay tout akolit li yo, tankou Daniel Simidor, Carole Charles, elatriye. Ayiti Libète pa jounal Kim Ives, Kim Ives se yon jounalis, yon pwogresis k ap goumen pou chanjman. Li gen plas li toupatou kote lit liberasyon ap fèt. Wi, Kim Ives ap travay pou Ayiti Libète, pa gen manti lan sa. Men, gade yon sitwayen k ap rele tèt li pwogresis epi ki pa menm dakò nan kad entènasyonalis pou gen lòt moun ki pa Ayisyen pou potekole nan lit pèp Ayisyen an. Ou pa bezwen di m jan medsen Kiben yo, ki an Ayiti  k ap ede malere malerez yo rezoud pwoblèm lasante yo toumante lespri w!

Noumenm, nou pa lan politik papadòk, etranje pa mele ak pyès-moun. Menm nan batay pou lendepandans lan, Dessalines te gentan aprann nou sa. Aprann sa oumenm tou: se pa tout Blan ki te kolon epi make sa nan lespri w pou ou sispann repete salopri: te gen Nèg nwè, Nèg koulè w ki te kolon, ki te gen esklav ap travay pou yo tou, sa k pi rèd genyen ki te menm goumen kòtakòt ak Leklè pou te vin retabli lesklavaj nan koloni an.

Noumenm, nan Ayiti Libète, nou pa poze pwoblèm sosyete a sou baz lakoulè, se enterè klas yon moun ki fondamantal pou nou. Gen moun ki rete ak yon lespri kolonize depi yo wè yon milat oubyen yon blan yo gen tan kalifye l boujwa epoutan se yon rezònman ki pa kòrèk. Depi byen lontan Akawo te fè n konnen « nèg rich se milat, milat pòv se yon nèg. »

Dahoud li ta bon, pou rakonte ki maladi w ap soufri, konsa kominote a te kab ede w rezoud li, san ou pa bezwen itilize teren politik la pou kache sa kab fè w mal la.

Li ta bon tou, pou di pou kiyès w ap travay ? Yo pa janm wè w devan jounal dwat yo ap manifeste, okontrè w ap kolabore ak yo.

Si w pa anmisyon, kòm ajan enperyalis la pou konbat lit goch la, ki sa ou ye ? Tanpri bay kominote a yon ti esplikasyon.

Sonje sa w fè kanmarad Lovinsky Pierre-Antoine, ou avili l, lonje dwèt madichon w sou li, sasinen l ak bouch ou. Ou te menm joure l vòlè pou yon sèvis li t ap rann ou, pote yon lajan antèman Ayiti pou yon fanmi ki te gen pitit mouri. Kisa ki pase Lovinsky, Dahoud, depi lè sa a ? Li disparèt pou jouk jounenjodi.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here