Yon sèl solisyon : Revolisyon !

0
128

N ap goumen pou sa n kwè, konstwi yon lot sosyete pou tout moun !   

« La révolution n’est pas un dîner de gala ; elle ne se fait pas comme une œuvre littéraire, un dessin ou une broderie ; elle ne peut s’accomplir avec autant d’élégance, de tranquillité et de délicatesse, ou avec autant de douceur, d’amabilité, de courtoisie, de retenue et de générosité d’âme. La révolution, c’est un soulèvement, un acte de violence par lequel une classe en renverse une autre. » Mao Tsé-Toung

Dènye tan sa yo, anpil moun kapab konstaste pawòl revolisyon tounen alamòd an Ayiti, sitou apre gwo leve kanpe 6-8 jiyè 2018 yo kote Pèp ayisyen nan divès rakwen nan peyi a – sitou nan zòn Pòtoprens yo – te kanpe doubout anfas desizyon rejim Tèt kale-boujwa yo pou antere pifò moun anba lavichè, lamizè, povrete, ensekirite ak malsite. Pandan twa jou sa yo, nan divès katye, anpil moun fanm kou gason te kanpe dèyè barikad pou di non yo pa dakò pou gouvènman opòtinis, souflantyou enperyalis ak tchoul boujwa kontinye fè yo monte syèl pa do. Anreyalite si pawòl revolisyon tounen ap pale nan konjonkti sa, se paske anpil moun koumanse wè kèlkanswa jan bagay yo vire, ti mari pap monte ti mari pap desann pou malere ak malerèz k ap bat dlo pou fè bè. Chodyè a fenk tanmen bouyi yon sèl bò pou aloufa boujwa ti lolit ak ajan trip paswa san fwa ni lwa vin bafre. Gen anpil moun, kit se nan radyo, nan kamyonèt oswa nan lari k ap klewonnen yon sèl modòd : se sèl yon revolisyon k ap sove Ayiti, menm jan gen lòt tou k ap klewonnen se lè jezi vini…

Si pawòl jezi vini a pa vle di anyen pou nou, pawòl revolisyon an li menm sonnen byen nan zorèy paske jisteman nan Alaso, Kolektif Kanmarad Janil Prezan ak Groupe Rhizomes se jisteman pou sa n ap batay. N ap goumen pou n fè yon revolisyon kominis an Ayiti ak nan Lemonn. Yon revolisyon k ap pèmèt tabli yon lòt sosyete ki chita sou lòt rapò pwodiksyon. Kidonk nou se militan kominis revolisyonè. Gen militan refòmis menm jan tou gen militan revolisyonè. Militan refòmis yo panse nan pran ti grapday, pran ti grapday petèt yon bon jou si Bondye vle… chanjman va fèt.

Yon revolisyon se yon chanjman pwofon, yon chanjman enpòtan ak toudenkou ki fèt avèk anpil fòs nan lavi yon nasyon. Revolisyon an kapab fèt nan yon domèn espesifik tankou domèn sosyal, politik, ekonomik, kiltirèl, moral elt… men li kapab fèt tou anjeneral. Nan ka sa, ki vle di lè li jeneral, li kapab touche yon pwen santral ki gen enpak sou tout lòt yo. Tout revolisyonè pa menm men pwojè tout revolisyonè se batay pou fè la revolisyon eklate. Nan sa ki konsène nou menm nan Alaso, nou se patizan libète, egalite ak byennèt pou tout moun. N ap batay pou n tabli yon sosyete san fòs kote ki mete enterè majorite popilasyon an kòm priyorite. Se pou sa n ap batay !

Moso pawòl dirijan kominis revolisyonè chinwa Mao Zedong (1893-1976) ki louvri ti refleksyon sa pote yon ti presizyon sou kisa revolisyon an pa ye, konsa li pèmèt nou wè tou kisa revolisyon an ye. Nan lane 1949, lè kominis chinwa yo ak lidèchip Mao te vin pran pouvwa nan peyi a, apre « la GrandeMarche » (yon mobilizasyon mache vwayaje anndan peyi an pandan plis pase yon lane, kote mas peyizan Chinwa yo, lame wouj revolisyonè ak Pati Kominis Chinwa a t ap twoke kòn ak lame regilyè tchoul enperyalis yo), Lachin sete yon peyi lajman riral ak pòv. Sitiyasyon povrete sa te jwenn orijin li nan anpil faktè men anpatikilye kolonizasyon Loksidan enperyalis te fè sou Lachin. Peyi a te soti nan yon peryòd lagè sivil ki te make ak envazyon Japonè yo (Lagè Sino-Japonè: 1937-1945) epitou vin gen batay kont ―nasyonalis‖ Kuomintang yo (Chiang Kai-chek) pandan lagè sivil Chinwa (1946-1949).

Malgre tout gwo pwoblèm sa yo, granmesi revolisyon kiltirèl Mao te dirije a apre Pati Kominis Chinwa fin triyonfe, nouvo sistèm kominis la pral jeneralize aksè nan swen sante, edikasyon, kay ak chache modènize agrikilti ak endistri nan peyi a, espesyalman ak politik ekonomik “Grand Bon en avant”. Natirèlman, toujou gen anpil bagay ki ta pou di sou sistèm nan paske pwogrè yo pa janm fin sifizan nèt, toujou gen moun ki grangou, sa ki pa t dwe ekziste toujou sou planèt la menm alòske nou konnen Limanite pwodui manje pou nouri 12 milya moun, de (2) fwa popilasyon k ap viv sou Latè. Se dayè sa k fè Trotsky, youn nan dirijan revolisyon kominis bòlchevik yo nan peyi Larisi, pale pou revolisyon an pèmanan. Tout revolisyonè tout bon konnen fòk gen revolisyon ki ap fèt anndan revolisyon an pou anpeche revolisyon an pa tounen aktivite biwokrat k ap vin jere epi pwofite pouvwa sou non mas Pèp.

Si n pran ti tan pale sou sitasyon Mao ak ekzanp Lachin ki jounen jodi a se yon peyi pisan, rich ak inovatè se pa pou literati men paske, malgre diferans gwo peyi sa ak Ayiti, gen kèk eleman ki sanble tankou de gout dlo. Anvan Lachin te desann nan lanfè li te tonbe pandan premye mwatye 20èm syèk la, li sete yon gwo peyi. Gen menm ekonomis ki konsidere Lachin te pandan lontan pi gwo pouvwa ekonomik sou planèt la poutèt li te reprezante pandan diznevyèm syèk la, yon tyè (1/3) nan richès mond nan. Apre lagè Opyòm (1839-1860), lokipasyon etranje (Ewopeyen, Ameriken ak Japonè) epi admirasyon san limit dirijan peyi sa te vin devlope pou modèl Loksidan yo, nan mitan ventyèm syèk la, Lachin vin reprezante sèlman 1% richès nan Monn lan. Ala en ! Gen moun ki kapab mande kouman yon peyi kapab soti nan wotè sa pou l tonbe nan yon nivo ba konsa. Pou yo konprann sa k rive a, li jis sifi pou yo gade ekzanp Ayiti jounen jodi a. Se konsa, jiskaske revolisyon kominis la fèt nan lane 1949, Lachin te vin tounen yon peyi payaya, kote valpa, souflantyou ak abolotcho tout plim tout plimay ap paweze pandan Pep la li menm nan malsite. Gen de (2) prensip enpòtan anpil ki estriktire peryòd Mao a epi ki pral pèmèt bonjan chanjman fèt anndan sosyete chinwa a nan enterè Mas Pèp la se : « kontwòl Leta Pèp la sou ekonomi an » epi « konte sou pwòp fòs mas Pèp la pou devlope peyi a ».

 

Kisa sitiyasyon an ye an Ayiti jounen jodi a? 

Jodi a, Ayiti se yon peyi vanpi vle fin souse tout san l, yon kote ki menase ak dezètifikasyon akselere,  ki devaste afòs divès dezas natirèl, k ap viv prèske anba bòt lòt peyi epitou k ap monte yon move devlopman

– akòz politik ekonomik kapitalis neyoliberal mete aplike nan peyi – ki fè li enkapab pwodwi manje pou popilasyon li poutèt move planifikasyon. Sa vin fè regilyèman, nan tout klasman, se nan ranje anba nèt peyi a ye. Tout endikatè ekonomik, sosyal ak politik yo ap drive plat atè. Edikasyon, lasante ak sekirite nan zafè manje ki se twa (3) poto mitan pou lavni nenpòt ki peyi – paske yo afekte dirèkteman moun k ap viv nan peyi sa a – kwochi nèt nèt. Pifò moun ap fin depafini. Men anmenmtan tou, nou konnen gen 3% fanmi boujwa nan peyi a – pami yo Apaid, Boulos, Baker, Bigio, Abdallah, Acra, Brandt, Madsen, Coles elt… – ki kenbe plis pase 80 % richès peyi a nan men yo. Sa vle di klèman, rès 97%  popilasyon ki rete a dwe pataje rès 20% richès ki rete a. Yon misyon enposib !

Se vre soti 1970 pou rive 2011, ekonomi ayisyen an sibi anpil chanjman estriktirèl anpwofondè. Sektè ekspòtasyon tradisyonèl yo, espesyalman agrikilti ak fabrikasyon vin bese anpil anpil, pandan sektè yo rele sèvis yo ap deplòtonnen malman. Se sa yo rele nan langaj ekonomis liberal yo « tertiarisation de l’économie ». Nan kalkil PIB a, pousantaj sektè pwodiksyon yo ap diminye pandan sektè sèvis la ap monte. Gen plizyè kesyon pou n ta poze tankou pa egzanp ki sèvis? Epi sèvis pou kilès? Pou ki klas? Pou ki kategori moun? Epitou – sitou – ekonomis sa yo, pa janm poze kesyon kisa ki alabaz chanjman anpwofondè sa nan ekonomi an. Eske se yon mouvman ki soti deyò oswa ki fèt apati dinamik devlopman entèn ekonomi an? Se sa k pwoblèm tout entèlektyèl jako repèt yo. Yo pa janm mete devan lojik mond lan ak divizyon entènasyonal travay ki fèt ant peyi yo kote se pwisans kapitalis yo k ap fikse règ pou tout peyi a paske yo konsidere se yo menm ki mèt oswa jandam Lemonn. Soti 1970 pou rive  2011, agrikilti ayisyen pa janm sispann desann anplòtonnen. Li soti  49.2% nan lane 1970 pou l rive 23.9% nan lane 2011. Anmenmtan, sektè yo rele sektè sèvis la piti piti ap ogmante. Li soti nan 33.8% nan 1970 pou l rive 51.1%.

Kisa chif sa yo vle di menm? Se bonjan analiz politik sou chwa dirijan yo fè pandan peryòd sa k ap pèmèt nou konprann kisa pousantaj sa yo vle di. Anatandan nou byen konprann, sa nou kapab konstate apati sa je nou ak lespri nou ban nou, seke lavi malere ak malerèz pa sispann depafini nan peyi a. Nan yon fason jeneral, peyi Desalin nan, peyi ki te devan nan batay pou libète ak byennèt pou tout moun nan kòmansman 19è syèk la, Ayiti, nan ke kamyonèt la. Kisa ki lakòz? Se katastwòf sou katastwòf. Anpil moun sitou pami neyoliberal yo ap kouri di youn nan koz prensipal, sa yo konsidere ki alabaz, se enstabilite politik la nan peyi a, patikilyèman soti 1986 rive 2001, lè anmwayèn, yon prezidan te pase apenn 15 mwa sou pouvwa a. Se mòd apwòch sou pwèl sa yo k ap bay eslogan machòkèt tankou « kite peyi m mache » oswa « Ayiti pa m nan diferan » elt… menm yon eslogan tou tankou « Ayiti nou vle a ». Pwoblèm apwòch sou pwèl sa yo, seke yo alèz pou toujou rete ap bwè labouyi a sou kote. Yo pa janm fè jefò rantre nan nannan koze a pou yo chache kisa ki lakòz enstabilite a, nou ta gen dwa di kisa ki koz kòz la?

Jan nou te di sa piwo, sa pou tout moun konprann seke pandan peyi a ap depafini jan nou kapab konstate sa, pandan pifò moun k ap viv nan peyi a pa menm gen mwayen pou yo manje, malgre enstabilite a yo ap pale a, ti minorite (3%) moun ki pi rich nan peyi a kontinye ap vin pi rich toujou. Dapre Leslie Pean, yon ekonomis ki t ap travay nan Bank Mondyal, « soti 1929 pou rive 1948, revni ti minorite 5% moun ki pi rich nan peyi a te pataje te ekivalan 1/5èm revni nasyonal peyi a.» Pou rive 1948, se diminye li te diminye paske nan lane 1929, nan peryòd menm sa yo rele gwo depresyon ekonomi kapitalis la, revni 5% moun ki pi rich yo te reprezante 1/3 revni nasyonal. Tandans lan te vin ranvèse. Apati komanse lane 1980 yo, privilèj 5% moun ki pi rich yo te pèdi pandan ane anvan yo akoz ranfòsman enfliyans sendika yo pral retounen nan yon pwen kote, nan lane 1989, yo te resevwa 54.4% revni nasyonal la, epi, nan ane 2000, endikatè sa a te rive 57.7%. Envestisè ak lidè biznis yo pran “pi gwo moso” nan benefis ekonomik la epi kite anplwaye yo ak pòsyon ki pi piti a epitou ki kontinye ap redwi chak lane ki pase. Menm Leslie Pean ap fè nou sonje « An Ayiti, distribisyon revni yo te rive nan yon nivo inegalite tèlman grav kote menm Bank Mondyal te souliye opòtinite pou kwasans ekonomik ta kontribye pou rediksyon povrete nan peyi a nòmalman nil.»

Men kisa pawòl sa vle di konkrètman? Ki konklizyon nou kapab tire? Sa vle di pwoblèm nan se pa nan pwodiksyon richès li ye men se nan jan distribisyon richès la fèt nan sosyete a, prensip ki alabaz la. Ou ta gen dwa gen dis fwa plis richès pase sa, toutotan pwoblèm kijan l distribye a pa poze, n ap toujou gen gwo disparite ak inegalite. Kidonk fòk pwoblèm nan byen poze pou n kapab jwenn solisyon l. Alòs, byen poze pwoblèm nan se konprann gen yon ti minorite moun ki vle jwenn tout pou yo, ki vle manje jouk yo gonfle pandan pifò moun ap tounen zo ak po. Se paske gen moun k ap defann yon lojik eksplwatasyon, dominasyon, « apartheid » ak esklizyon. Sa vle di tout pwogram redwi povrete ki pa atake manman koze a, ki pa atake sous koze a se lave men siye atè.

Si n ap pran yon ekzanp konkrè  ki ap fè aktyalite nan moman an, kesyon petwokaribe a – n ap pran ekzanp sa malgre gen anpil madigra melanje ak bon mas nan kesyon sa. Repiblik Bolivaryèn Venezwela, yon peyi k ap goumen nan di pou l fè yon eksperyans sosyalis depi nan lane 2001, mobilize prensipal resous peyi a – petwòl – pou sèvi moun k ap viv nan peyi a, yon fason pou pèmèt malere, malerèz viv byen menm jan ak nan peyi Kiba, Bolivi elt… Pandan enperyalis meriken ap boykote eksperyans altènativ sa, Prezidan Hugo Chavez deside, nan lane 2006, fè solidarite ak Ayiti pou ede l gade kijan nou ta kapab jwenn yon chimen kolaborasyon k ap pèmèt kèk pwoblèm rezoud. Yo bay 3.8 milya dola. Kisa lajan sa tounen? Ki kote l pase? Eske li kontribye nan ede jwenn yon estrateji devlopman altènatif pou korije inegalite yo? Non ! Okontrè menm moun ki kontwole resous materyèl, politik ak senbolik nan peyi a se  yo menm ankò ki òganize pou te kontwole kòb petwokaribe a tou epi fè dappiyanp sou li. Jounen jodi a, sa pa dwe etone pesòn si 20% moun ki pi rich nan peyi a fè dappiyanp sou 68% nan total revni nasyonal la. Yo mete grap yo depi anlè sou tout lajan ki rantre pandan yo ap kochon 20 % moun ki pi pòv yo ki yo menm resevwa sèlman 1.5% nan revni sa a. Se sa k fè li enpòtan pou yo kontwole tout koulwa pouvwa anndan sosyete a, politik, ekonomik, sosyal ak senbolik, yon fason pou yo sètifye biznis yo ap kontinye mache, eksplwatasyon an ap kontinye pandan moun ki nan peyi a ap fin delala.    Poukisa n ap goumen?

Levanjil enstitisyon entènasyonal ak òganizasyon mondyal yo konsidere depi lontan twòp Leta se yon fren pou devlopman ekonomi, li touye kwasans. Sa se vèsè kapitalis neyoliberal la. Swadizan sipò Leta pou moun ki pi pòv yo favorize konpòtman parazit, oswa menm pratik kliyantelis ak ogmantasyon koripsyon. Kidonk, sèl pèspektiv sistèm kapitalis la ofri Lemonn anjeneral ak Ayiti anpatikilye, jan nou deja wè sa, se yon avni ensèten ak kaotik. Se viv nan yon mond san pitye, yon ekonomi depatchwa kote pwomès k ap fèt pa janm kapab respekte. Lavni an toujou ap deperi paske kondisyon demen parèt pi mal pase yè pou pifò moun. Gen yon seri de mo ki egziste senpman pou yon kategori moun !

Nan tout sans, ensekirite se mòd egzistans nan sistèm kapitalis la. Kapitalis yo toujou ap viv ak lakrentif pou pa gen kriz, gwo glisman, pou l pa fe fay nan sa l te prevwa reyalize, yon fason pou pwofi ak benefis li pa diminiye. Travayè a li menm ap viv avèk lakrentif pou kontra li pa kraze, pou l pa tonbe nan chomaj e pou sa pa rive, pafwa li konn aksepte kondisyon salè ki pa two lwen esklavaj. Nepe malè pandye sa ki sispann sou tèt moun k ap viv nan sosyete kapitalis yo fè yo tout vin devlope tanperaman agresif. Batay nou se pou fini ak sistèm kapitalis la.

Sistèm Kapitalis la transfòme lavi tankou yon chan batay kote nou chak se sòlda nan yon lagè pèmanan. An Ayiti, menm jan ak anpil lòt kote sou planèt la, batay sa genyen de (2) kan. Li enpòtan pou chak moun konnen nan ki kan li ye. Eske li nan kan moun ki vle bloke lavi, moun ki pa vle lavi jèmen, moun ki pa vle lavi blayi pou tout moun – èske nou se sòlda endividyèl nan lame kapitalis yo – oswa nou nan kan moun k ap batay pou libète ak byennèt pou tout moun?  Eske n ap ranmase pwojè libète ak byennèt ansyen jaden an te ye pou zansèt nou yo oswa n ap kite sistèm kapitalis la fè nou tounen solda pou lagè pèmanan k ap detwi tout relasyon moun ak moun.

Nan kad yon batay konsa, egzòd jèn moun k ap pati kite peyi a se yon gwo malè pandy e pou lavni  tout moun nan peyi a. Gen plizyè moun – sitou jako repèt nan medya kolabo yo – ki byen kontan jèn yo ap pati kite peyi a paske yo pè eksplozyon sosyal epitou paske yo espere ap gen ti grapday k ap tonbe kòm transfè vin jwenn fanmiy yo men se byen konte mal kalkile. Sa pou moun sa yo konprann seke malgre politik diskriminasyon ak eksklizyon sa yo, eksplozyon sosyal la ap rive kanmenm. Li pral rive pi bonè pase sa yo te kwè. Eksperyans ki sot pase 6, 7 ak 8 jiyè 2018 la montre nou sa klè. Pèp la toujou pare ! Menm jan ak nan peryòd soulèvman jeneral, menm jan ak peryòd lagè pou Lendepandans. Paske n ap viv nan yon peyi kote pifò moun yo pa gen anyen pou yo pèdi, lavi nou pifò bloke ant yon lavni yo fin ipoteke ak yon prezan ki ensipòtab pou tout moun. Ki altènativ nan kout kat sa? Se avangad revolisyonè yo ki dwe prepare l pou l reponn prezan. Fò n denonse manfouben, abolotcho, opòtinis ak ireskonsab.

Nou menm nan Alaso se pa ekonomi n ap fè. Nou pa pwofesè ekonomi ni nonplis tou nou pa ekonomis. Nou se militan revolisyonè k ap batay pou fè yon revolisyon total kapital nan peyi a ak nan tout Lemonn. Se nan pwojè sa n ap envite tout moun, tout jèn fanm ak jèn gason, tout travayè-travayèz, peyizan, ti machann, chomè ak chomèz. Moman an rive pou n pran desten nou ak detèminasyon pou n konstwi yon sosyete k ap defann enterè nou menm Mas Pèp la. Se pa yon batay ki fasil paske fòsfènwa yo ap mare tout konplo pou anyen pa janm chanje. Men nou pi plis, nou pi fò epi anreyalite nou pa gen anyen pou n pèdi !

 

 Kolektif Kanmarad Janil Prezan 

Out-Sektanm 2018 

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY