Woukou Madan Nemou ak Etzè Chal

0
222
Marie Félicité Celima Olivier, madan Nemou Janbatis

Jou devenn makònen ak malè pandye, lèt kaye kase tèt ou.

Pwovèb Ayisyen

Mezanmi o, depi kèk jou jal lanmò pa janm sispann plede frape pòt anpil frè n ak sè ni isit tankou lòtbò dlo. Lè se pa kowona, se lòt kalte maladi tankou kansè ki kwape souf yo. Lè se pa kansè w tande se vyeyès oubyen krim kote atoufè sèvi ak zam vyolans pou koupe souf kretyen vivan. Se konsa nan senmenn sa a gen plizyè nouvèl gou doulè ki tonbe nan twou zòrèy nou. Lè se pa yon atis ki konn fè penti se madanm yon mizisyen ki te konn fè anpil Ayisyen ak moun nan lòt peyi danse sou de pye chèlbè yo. 

Lè se pa kalib moun sa a yo, ou tande se prezantatris radyo w tande ki fè vwèl pou peyi san chapo ak yon grenn bal nan mitan fontenn tèt yo. Men tou fò n di se sila a yo ki fè bri. Siman sa k pa fè bri yo piplis. Granm maten jodi a se nouvèl lanmò Madan Nemou Janbatis ki vin jwenn nou bridsoukou san pèsonn pat atann a yon koze move lòdè konsa.   

Madan Nemou Manman Konpa

Madan Nemou (Marie Félicité Celima Olivier) se te Manman Konpa a. Si tout latè rekonèt sandipètèt Nemou Janbatis kòm papa Konpa a, enben nou tout ka dakò tou Madanm li ki te gen ti non jwèt ki rele ti Mama kòm Manman Konpa. E pa fouti gen okenn dout nan sa si n wè ti Mama viv tout tan sa a siman li pat soufri maladi kè sote ki rele jalouzi a. Manman konpa te rann dènye souf li lakay li nan yon kote yo rele Tanpa, nan eta Florid, nan peyi Etazini jou ki te 18 fevriye pase a. 

Marly Edouard

Se yon moun ki pa konn pale koze kredi ki te bay nouvèl la an 1ye dapre sa Ayiti 24 te ekri. Manman Konpa a ki kite nou pou l travèse nan peyi Alada  te marye ak Nemou pandan 40 lane men longè. E, manzè ki te vin fè matyè sale kite nou apre 98 lane. Pou di n verite Manman Konpa pat janm fè je retyen lè w tande se pou l kore Konpa a lè se pou fè moun danse tout lannwit san gade dèyè depi dik dantan pou jis jounen jodi a.

Mayestwo Nemou ki te travèse depi 18 me 1985 lan, te kite bay pèp Ayisyen an yon dikdal mizik dous kou siwo ti moulen. Anplis mizik dous sa a yo Mayestwo a te kite bay Manman Konpa a 2 bout pitit byen djanm, yon fanm ki se Ivwoz ak yon gason ki se Iv. Kòm pwovèb la di l pa janm twò ta pou w byen fè, n pwofite okazyon sa a pou n swete Manman Konpa a  bon travèse. Al jwenn Papa Konpa a pou n kontinye danse Konpa san rete.

Etzè Chal travèse ak tout penso l

Jou ki te 5 fevriye pase a se te Frank Lwisen yon nonm ki konn jwe jon ak penso l sou figi nenpòt twal menm jan ak Nemou te maton nan soufle van saksofòn li. Enben sa depan de ki gwosè miray li pral pentire se konsa Franki te bijo mande konkou yon matchòpwèl li ki rele Etzè Chal ki pap manke l ak kout penso. Lè w tande atis la chita devan twal la san l pa konn ki sa l pral mete sou li. Li bay tèt li misyon pou l envante inivè pa l san li pa janm wè l li menm. Lè konsa li pentire rèv li tout koulà lakansyèl li penn anvi l, li konn pentire sa k pe pase anndan l..  

Se nan vil Jakomèl manman Etzè te mete ba yon jou ki te 25 jen 1945. Atis penti sa a te koumanse al lekòl nan vil la apre kèk lane pou l te vin kontinye nan lise Petyon. Lè l fin pran dilpòm li nan Syans Ekonomik nan Fakilte Dwa nan Pòtoprens, Etzè koumanse mete penti sou twal nan lane 1962 kote l koumanse penpennen pou kont li. An 1975, li met vwèl pou peyi Lafrans pou l te rapouswiv etid nan Syanss Politik nan inivèsite nan vil Pari. Detan sa a li pe travay kòm diplomat toujou an Frans. Li ekspoze bèl tablo l fè. Etzè Chal patisipe nan mete kanpe an 1986 nan Pòtoprens Asosiyasyon Nasyonal Atis Plastisyen Ayisyen epi se li ki te prezidan l. 

San l pat janm koupe fache ak atachman l genyen ak estil reyalis tout zèv li yo toujou gen yon koulè sireyalis. Penti l yo vin pran yon bann fòm si w konn menm kalib katchouboumbe ki gen nan tout sosyete a. Tout sa k pe pase a se kòm si peinti l yo refè yon tyaka, tyaka sa a se fotokopi lavi, detan l pa neglije fè kòmkwa li akouche tout sa k pe pase tout sa l panse tout sa l santi elatriye !

Mali Edwa mouri sasinen

Nan maten dimanch 21 fevriye ki sot pase a gen yon ti manzè ki rele Mali Edwa ki mouri ploplop san l pa menm gen tan pou l bat. Se yon vwazen l ki al pantan sou kadav li ak yon bali nan tèt li. E se nan vil Laval nan peyi Kanada tèt chaje sa a sa a te rive. Men ti manzè a te moun Pòtoprens, e malè sa a rive l 2 jou apre l fin pote plent pou ansyen ti zanmi yon ti fanm ki se zanmi kabann li. Mali, anplis li te yon avoka li te animatèz nan plizyè radyo. Epi l te manadyèz, plizyè atis tankou Baki, Wenndi ak Sigey.

 

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY