Tout moun sonje ansyen patizan lavalas sa yo, Biwon Odije ak Timote Roni. Yo te vin militan tou Fopak bòkote ansyen depite Arnel Belizaire. Yon lè, nou te menm resevwa yo nan lokal Ayiti Libète a, paske nou te panse yo te vrè militan politik.
Lè yo arete yo mete yo nan prizon Akayè, jounal la denonse lapolis ak gouvènman Michel Martelly a pou represyon, arestasyon ilegal. Men depi Timote Rony te deklare nan Ayiti Libète : Machin li genyen an, se mèt Henri Céant ki ba li l, mwen te sispèk, nou annafè ak atoufè.
Nou pral dekouvri de kavalye polka sa yo ankò nan Sektè Demokratik Popilè (SDP), kote y ap kolabore ak Andre Michel, Youri Latortue, Nènèl Cassy elatriye. Pou listwa sonje se Timote Roni kondisip Jimmy Cherizier nan lekol Smith Duplessis ki te vin di l lakay li : si l rejwenn SDP y ap wete non l nan masak Lasalin lan. Se menm jou sa a, li te di polisye Jimmy Cherizier, Pierre Esperance ap bezwen l pou l fè yon djòb pou li, pou sasinen Marie Yolène Gilles. Se youn nan bagay ki mete Jimmy Cherizier nan touman li ye epoutan vrè asasen yo ap fonksyone libelibè.
Jounen jodia men yo reparèt tou swe tou bouke, yo vin pran pozisyon pou defann Premye minis Alix-Didier Fils-Aimé.
Rony Timote ak Biwon Odije se de abolotcho pi rèd pase Ti Youri ak Pa Anmegdem. Se de sitwayen ki swadizan monte yon pati yo rele Viv Ayiti pou yo fè yon koutye politik. Wòl yo nan sosyete a : se avoka movekòz, se mache bay konferans pou laprès pou defann oubyen denonse moun pou lajan oubyen pou yon job nan Leta a. Youn nan moun yo pa t janm denonse se ansyen Premye minis Aryèl Anri paske li te met zèb lan bouch yo nan Primati a.
Jounen jodia men yo reparèt tou swe tou bouke, yo vin pran pozisyon pou defann Premye minis Alix-Didier Fils-Aimé. Se nan kontèks sa a, avoka movekòz sa yo tanmen kritike CPT a komkwa se jounen jodia yo resi dekouvri moun sa yo nan tèt Leta a. Sanble CPT a limenm pa delivre anyen pou abolotcho yo. An n tann toujou, nou poko konnen sa Tiyouri ak Pa Anmegdem ap vin di, ki kan ki peye yo, pou vin defann yo. Eske se kan Primati a oubyen kan Viladakèy la.
Men majigridi politik sa yo, pa gen anyen pou wè ak defann se tou senpleman se lajan manje yo y ap fè. Se konsa nan yon konferans pou laprès lendi 26 janvye 2026 la, Viv Ayiti pran denonse Koripsyon ak Abi nan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la. Yo fè konnen : Minis Ekonomi ak Finans lan, Alfred Métellus, ki presanti pou vin Premye minis nan plas Alix Didier, ta bay senk konseye prezidansyèl ki siyen revokasyon Fils-Aime a lajan, 25 milya dola meriken. Daprè Viv Ayiti, lajan sa yo te swadizan itilize pou rekonpanse yon vòt politik ki te mennen nan revokasyon ansyen Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé.
Òganizasyon politik Viv Ayiti a lanse yon kokenn akizasyon kont Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT), li akize yo komkwa yo devye misyon inisyal yo. Pou Viv Ayiti, CPT a kounye a reprezante egzakteman opoze prensip ki te jistifye etablisman li. Yo dekri operasyon sa a kòm yon “tranzaksyon politik degize,” li wè li kòm yon ilistrasyon yon modèl gouvènans ki baze sou negosyasyon politik olye pou defans enterè piblik la.
Pandan l ap rekonèt pa gen okenn prèv ofisyèl ki pibliye ankò, Viv Ayiti kwè gravite swadizan reyalite yo mande eksplikasyon imedya ak ouvèti ankèt endepandan. Pati a diskite, mank repons otorite yo sèlman alimante sispèk epi ranfòse pèsepsyon yon sistèm bloke nan pi wo nivo gouvènman an.
Biron Odigé ak Rony Timothe denonse tou, lavi egzajere nan liks manm CPT yo. Yo deklare ke chak konseye prezidansyèl gen de machin blende, youn ladan yo asiyen ak madanm yo.
Viv Ayiti te eksprime tou enkyetid sou sa li dekri kòm tantativ repete pa sèten konseye prezidansyèl pou revoke ofisyèl sekirite yo, menm lè Lapolis Nasyonal Ayisyen an (PNH) ap mennen operasyon kont gang ame yo. Dapre Rony Timothé, aksyon sa yo reflete yon dezi pou kontwòl politik sou aparèy sekirite a, sa ki ta ka mete andanje ti pwogrè ki fèt sou teren an.

Viv Ayiti ap mande yon kraze imedya ak pratik aktyèl yo, responsablite, ak transparans total nan jesyon resous piblik yo. Nan konferans sa a, yo te gen David Cossy, reprezantan UNIFOSH tou kote yo tout t ap mande depa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) a, nan dat 7 fevriye 2026. Yo jije l enkapab pou adrese defi peyi a ap fè fas kounye a. Nan yon konferans pou laprès ki te fèt lendi 26 janvye 2026, aktivis politik yo te fè lwanj pou efò Polis Nasyonal Ayisyen an (PNH), ki angaje nan operasyon ki vize reprann kontwòl plizyè zòn gang ame yo te domine depi lontan.
Dapre yo, tranzisyon sa a pa t rive satisfè atant popilasyon an, sitou anrapò ak sekirite, gouvènans ak dyalòg nasyonal. Yo kwè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) pa rive etabli yon klima konfyans oswa ofri yon vizyon klè pou retire peyi a nan kriz miltidimansyonèl k ap toufe l la. Dapre yo, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pèdi tout lejitimite politik ak moral pou l kontinye gouvène peyi a. “Pèp Ayisyen an ap viv nan yon soufrans chak jou, san okenn pèspektiv klè. Tranzisyon aktyèl la pa pwodui okenn rezilta konkrè.
Rony Timothe lonje dwèt dirèkteman sou Minis Ekonomi ak Finans lan, li akize l kòm youn nan prensipal koupab dèyè enstabilite aktyèl la. Dapre li, chwa ekonomik gouvènman an agrave ensekirite sosyal la epi ranfòse santiman abandone yon gwo pòsyon nan popilasyon an santi. Pou moun pa dekouvri yo nèt, yon fè yon ti kritik sou kominote entènasyonal la. Pandan y ap rekonèt entèferans yo ap antrave pwosesis politik la.
Viv Ayiti, òganizasyon abolitcho sa a se Premye minis Alix-Didier Fils-Aimé yo vin defann anfas Konsèy prezidansyèl la . Anfèt se moun ki delivre pou yo, se pou yo, yo chanje chemiz yo.









