Home Kwonik Kreyòl Bonbadman 4 vil Ayiti ak debakman kamoken nan Lagon Dèzuit!

Bonbadman 4 vil Ayiti ak debakman kamoken nan Lagon Dèzuit!

0
92
De viktim diktati divalyeris la, Marcel Numa ak Louis Droin, de konbatan sa yo te fè pati gwoup « Jeune Haiti » yo ki te debake Grandans nan mwa out 1964 pou te ranvèse Papadòk.

Nan move sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal Ayiti ye jodi a, se nòmal tout ayisyen ki genyen yon konsyans dwe santi li konsène. Poukisa peyi a rive la ? Kisa Ayiti fè l ap peye ? « Tout erè yon moun fè nan lavi, ou gen pou peye l. Gen kèk erè ki abouti ak lanmò menm. » Youn nan rezon ki fè nou rive la, se yon seri erè gouvènman ayisyen yo fè depi nan sasinay Anpèrè Jean Jacques Dessalines le Grand, pou rive joukjounen jodi a. Repetisyon erè sa yo, bay menm rezilta a. Se nan kontèks sa a, syantifik Albert Eistein di : « Ou pakab kontinye ap fè menm bagay yo, pou panse jwenn yon lòt rezilta. »

Gouvènman ayisyen konnen byen anpil mal yo fè peyi a, men sa pèmèt yo fè anpil lajan. Se konsa pou yo kontinye fè anpil lanjan fòk yo toujou gen pouvwa epi kontinye fè pèp la mal. Se defen Hugo H. Paul, yon entelektyèl ayisyen ki te souliye yon aspè enpòtan : « Byen Leta di l fè yo, li fè yo mal, men mal sa a, fè leta a byen anpil » Sa ta vle di : moun ki nan leta a ap pwofite fè lajan. Leta nasyon an pa ekziste. Se Leta ki nasyon an.

Depi toutan, pou ti nèg te pran pouvwa, yo te blije touye moun, bonbade ak kannon pwòp peyi yo. Genyen 3 prezidan Ayiti ki te bonbade 4 vil an Ayiti : Se te Fabre Nicolas Geffrard ki te bonbade vil Okap-ayisyen ; Prezidan Antoine Simon, vil Wanament ; Prezidan François Denis Légitime, vil Saltrou ak vil Gran Gozye.

Men anvan anpil detay sou bonbadman vil Saltrou ak Gran Gozye an, li ta bon pou nou ta esplike non Saltrou a. Poukisa yo rele yon vil ayisyen Saltrou ? Non tout vil yo, seksyon riral ayisyen yo se te kolon franse yo ki te bay yo. Gen non tou, se kèk prezidan ayisyen ki te bay yo. Kolon yo te konn bay non yo sou abitasyon yo tap viv la : egzanp abitasyon Leclerc, abitasyon Lafortune nan Tyòt, abitasyon Borde, elatriye. Non Saltrou an, yon non ki sonnen mal, men ki moun ki te bay li ? Se te yon kolon franse. Genyen de vèsyon ki bay sou non sa a.

Premye a, se boukanye ak flibistye franse yo ki te bay non an. Nan epòk sa te genyen anpil lagon kote dlo lanmè a te rantre nan lagon sa yo. Dlo lanmè a te rantre trou lagon, epi li te evapore, li te kaye apre kèk tan, li te tounen sèl. Boukanye yo te ale chèche sèl nan lagon pou yo asezone vyann yo ak seche yo. Nan lane 1700-1780 yo, kolon fransè yo te konn fè sèl nan lagon yo. Yo te ekri « Le Trou de Sel » ou Saultrou. Ki vin tounen Saltrou. Jouk jounen jodi a genyen yon zòn nan vil Bèlans lan, yo rele Lagon. Dezyèm definisyon non Saltrou an sòti nan yon konba achane ant kolon fransè nan rejyon an ak nèg mawon yo. Batay la te tèlman entans kolon franse yo rele fò : « Quel sale trou » se konsa mo Saltrou a vin rete nan vokabilè popilè ayisyen an.

Dezyèm Prezidan ki te bonbade de vil ayisyen anba kout kannon se te François Denis Légitime. Non vil sa yo rele Saltrou ak Gran Gozye nan dat 14 jiyè 1889. Nan fouye zo nan kalalou ak nan fèy papye jòn listwa, genyen de gwo moman ki te make ak anpil vyolans nan Saltrou (Bèlans) ak Gran Gozye. Doulè ak malè moun Saltrou ak moun Gran Gosye te kòmanse ak revòlt de frè jeneral Rabel yo : Numa ak Dumouriez ki te pran pozisyon ouvè pou jeneral Florvil Hypolite ki te chèf revòlt kont gouvènman Prezidan François Denis Légitime lan. Frè Rabel yo te jeneral nan rejyon Saltrou an,  pou yo te kapab konbat rebelyon nan zòn Saltrou an, Prezidan Légitime te nonmen jeneral Dardignac delege gouvènman nan Arondisman Jakmèl ak nan zòn Saltrou, Gran Gozye pou konbat rebelyon nan de zòn sa yo. Konsa, pou Dardignac te kapab ale konbat rebelyon an, li te pran de bato lagè ak anpil sòlda ladan yo. Bato sa yo te pote non : Toussaint Louverture ak Mansèl. Lè de bato sa yo rive anfas rivaj Saltrou, yo te bonbade vil Saltrou ak kanno epi apre yo te ale bonbade Gran Gozye tou. Dardignac te redui de vil sa yo an sann. Jeneral Dardignac apre bonbadman an te retounen nan kòmandman li nan vil Jakmèl kote lame Prezidan Légitime te okipe vil Jakmèl lan.

Li te ekri Prezidan François Denis Légitime yon lèt, kote li te di l : rebelyon Saltrou ak Gran Gozye a fini. Li te panse jeneral Numa Rabel ak frè li Dumouriez Rabel te mouri. Dardignac te fè yon kokenn erè estratejik sou plan militè. Li te dwe konsolide rejyon Saltrou ak Gran Gozye a. Li pat dwe kwè revòlt la te fini. Malgre Légitime te bay Dardignac lòd pou li konsolide Saltrou ak Gran Gozye men li te iyore lòd la. Espas vid sa a, li te lese a, te pèmèt Numa reyòganize lame li an. Li te rekrite anpil sòlda ki te sòti nan zòn fwontyè ayisyano-dominiken.

Numa Rabèl te regwoupe epi reyòganize twoup li an. Li te mache sou Jakmèl kote li pousuiv lame jeneral Dardignac lan. Se sou bitasyon Kafou Kapwouj, yon kafou ant avyasyon Jakmèl la ak wout pou ale nan seksyon kominal Kapwouj lan, lame Numa a te kwaze babpoubab ak lame Dardignac la. Se sèl wout atè ki genyen lò yon moun sòti Saltrou pou rantre Jakmèl. Sanble Dardignac limenm t ap tann nenpòt lè lame revolisyonè Saltrou oubyen nenpòt lòt mouvman rebelyon ki ta rantre nan kafou Kapwouj pou li koresponn ak li. Kafou Kapwouj se te yon pozisyon estratejik pou defann nenpòt antre nan vil Jakmèl la. Se konsa, yon batay te tanmen nan Kafou a. Premye atak ki te fèt la, se lame revolisyonè Saltrou an ki te tire Dardignac ak yon bal nan tèt. Misye te mouri lapoula, li te vè 1nè nan apremidi nan dat 3 out 1889 sa a.

Kòmandan Fred Baptiste ak youn nan alye li yo

Nou ka konprann pou rive tire Jeneral Dardignac nan tèt genyen de aksyon ki te fèt. Premye a, tire Dardignac nan tèt, fòk ou te byen konnen l. Dezyèm lan, fòk se yon fran tirè ki fè aksyon kou mòtèl sa a. Lè Dardignac tonbe, solda li yo te leve l, kouri ak li, mete l nan bato «La Défense». Se doktè François Bonaventure ki te medsen lame nan bato sa a, li te fè optosi kò jeneral Dardignac. Apre yo te antere kadav la menm jou a. Lanmò jeneral Dardignac te presipite tou chit Prezidan François Denis Légitime. Lame revolisyonè Nò a jenral Florvil Hyppolite t ap kòmande te rantre nan Pòtoprens, Prezidan François D. Légitime, nan dat 22 out 1899 te anbake nan yon bato degè fransè « Kergvelen » li ale Jamayik an egzil. Nan lapremidi menm jou an, jeneral Numa Rabel te fè yon rantre triyonfal nan vil Jakmèl kote popilasyon Jakmèl la te resevwa l ak bra ouvè. Se premye jeneral nèg Saltrou ki te kòmande lame Ayiti nan Jakmèl.

Dezèm epòk lanfè zago loray, popilasyon awondisman Belans lan te viv avèk anpil soufrans ak doulè se te nan dat 28 jen 1964. Debakman kamoken nan Lagon Dèzuit, yon ti lokalite nan zòn Prechè ki ak 4 kilomèt vil Bèlans. Se te yon awondisman kite byen anpè. Men yon maten byen bonè, yon gwo bri t ap kouri nan bouk Bèlans lan, yo wè yon gwo bato nwa nan zòn Lagon Dèzuit. Lè popilasyon an ale nan pò nan Pikèt, yo wè bato a byen lwen. Kèk tan apre moun Prechè te desann nan bouk la, yo te fè konnen genyen gwoup moun ki debake ak zam nan men yo nan Lagon Dèzuit. Yo di tou te genyen kèk pechè nan zòn ki te ale ede moun ame sa yo. Moun Prechè pat konnen si moun ki t ap debake nan bato a se te kamoken yo ye.

Se konsa, Lagon Dèzuit antre nan listwa politik ayisyen an tou. Yon istwa ki te fè anpil dlo kouri nan zye anpil fanmi paske twòp san te koule nan tout awondisman Bèlans lan. Twòp dèy te simen nan fanmi yo. Se te yon veritab masak. Yo pale anpil sou masak Jeremi, men yo pa di twòp sou masak Bèlans lan. Se rezon sa a, ki fè li nesesè pou ekri sou tranch listwa debakman kamoken nan Lagon Dèzyuit. Kamoken sa yo te touye kèk milisyen ak militè, men veritab masak la se lame ayisyen an ki te fè l nan rejyon Bèlans lan sou lòd Prezidan François Duvalier.

Tou de atak ak zam ki te fèt nan awondisman an, sete de estrateji entèvansyon ki te diferan anpil. Paske premye istwa Saltrou te fèt ak jeneral Dardignac pou mate rebelyon kont Prezidan Légitime. Alòske debakman rebèl yo ki te fèt nan Lagon Dèzuit te genyen pou objektif : ranvèse gouvènman François Duvalier a nan yon batay geriya ame. Sa ki te denominatè komen nan de atak sa yo, se te bato yo te itilize pou te fè de operasyon militè yo. Chèf bonbadman vil Saltrou a te rele Jeneral Dardignac. Chèf lame rebèl ki te debake Lagon Dèzuit la te sou kòmandman Fred Baptiste, ki se moun Jakmèl.

Nan dat 28 jen1964 la, yon gwoup kamoken debake byenbonè nan Lagon Dèzuit. Se Fred Baptiste ki te nan òganizasyon  « Force Armée Révolutionnaire Haitienne (FARH) », ki te baze Sendomeng ki te kòmandan l. Nan menm ane 1964 la, presizeman 6 out 1964, yon lòt gwoup konbatan ame, ki te rele « Jeune Haiti », se te 13 jèn ayisyen, yo te debake nan DamMari, lokalite Ti Rivyè nan Grandans. Se te de gwoup ame ki te genyen menm objektif : ranvèse rejim Duvalier a. Youn te sòti Sendomeng, lòt la te sòti Ozetazini.

Kèk kesyon moun ki enterese sou zafè istwa politik Ayiti toujou ap poze, sou peryòd kamoken yo te anvayi kèk zòn nan peyi a. Poukisa rebèl sa yo te panse yo te kab ranvèse gouvènman Papadòk Duvalier an ? Ki moun rebèl sa yo te ye ? Ki modèl egzanp yo te genyen ki fè yo te kwè, yo te kab kraze rejim lan ?  Poukisa menm yo te rele yo kamoken?

Li nesesè pou w esplike orijin mo kamoken an. Nan sans pwòp li, se non yon medikaman, yon grenn ki anmè anpil, yo te konn bay moun ki genyen maladi malarya. Doktè Rony Gilot ki moun Gran Gozye, ki te depite zòn nan tou te define orijin mo kamoken an, nan liv « Au gré de la mémoire. » Li te fè konnen : « Un nom de médicament à effet secondaire très nuisible que distribuait le Service Nationale de l’Eradication de la malaria ou (SNEM) » Nan ka sa, mo kamoken an dwe itilize tankou yon metafò ki vle di, yon  bagay ki move anpil, anmè tankou fyèl. Men nan sans politik, kamoken yo se te tout moun ki te kont rejim Divalyeris la, menm si yo pat fè pati rebèl yo. Sou rejim Duvalier a, yon kamoken te genyen de sò : oubyen yo fizye yo, oubyen yo voye w nan prizon Fò dimanch. Jounen jodi a, yon kamoken se yon bon bagay paske rejim Duvalier yo pa opouvwa ankò. Jodi a, anpil ayisyen menm fyè, pou yo di, yo te kamoken sou Duvalier. Yo prèske pa itilize mo kamoken an ankò, ki te vle di nan epòk sa a: yon rebèl, yon opozan ame!

Anpil kamoken yo se te moun ki te kont rejim Duvalier a. Lavi yo te andanje an Ayiti. Yo te ale kache menm nan peyi Dominikani. Gen lòt gwoup kamoken, se moun ki te konn al travay nan zafra, moun yo anboche pou al koupe kann nan peyi panyòl. Yo te rekrite yo, antrene yo pou al batay kont rejim Duvalier a. Se konsa kamoken yo te genyen diferan kategori sosyal nan mitan yo.

Genyen nan kamoken yo tankou Fred Baptiste ak ti frè li Renel Baptiste, yo tou de se pitit natif natal Jakmèl. Fred Baptiste te rive nan klas retorik nan lise Pinchinat Jakmèl. Apre li te ale anseye nan lekòl endistriyèl Jakmèl la. Renel Baptiste pat kapab aprann byen lekòl, li te plis fè lapèch. Yo tou de te sòti nan yon fanmi ki nan klas ki pi ba nan vil Jakmèl. Yo te kòmanse milite kont Duvalier depi nan vil Jakmèl. Yo te menm eseye pran daso kazèn aviyasyon Jakmèl la. Men lame Ayiti te repouse yo. Men fanmi yo te patizan kandida agwonòm Louis Déjoie, prensipal advèsè François Duvalier nan eleksyon 1957 yo. Dayè Madan Louis Dejoie se te moun Jakmèl, li te rele Suzanne Boucard. Se sa k fè, majorite moun Jakmèl yo te patizan Senatè Dejoie nan eleksyon 57 yo. Nan epòk sa a, yon moun te kab konte soudwèt li, konbyen divalyris ki te genyen nan Jakmèl.

Lapolis politik Duvalier a te dèyè pou arete Fred Baptiste. Se poutètsa, Fred ak Renel te pase sou frontyè Dajabon lan pou yo te ale an Dominikani. Se la Fred Baptiste rankontre ak pè Jean Baptiste Georges, ansyen minis edikasyon nasyonal nan gouvènman François Duvalier ki te pran legzil an Dominikani, Paul Arcelin ak Gérard Lafontant te pami yo. Yo te fòme yon gwoup ame yo te rele Force Armée Revolutionnaire Haïtienne (FARH) ; yo te rekrite prèske 36 manm, yo te antrene yo nan kapital Sendomeng. Yo te jwenn lajan nan men pè Jean Baptiste Georges, ak egzile ki t ap viv nan peyi meriken. Fred Baptiste te kòmandan an chèf lame FARH la.

Gwoup FARH la te pran kèk desizyon pou avanse debakman kamoken yo an Ayiti. Gérard Lafontant, manm direksyon FARH te ale Miyami, pase Baamas, rive nan Jamayik, lwe yon bato, pou voye Sendomeng pou transpòte kamoken yo an Ayiti. Se konsa, etamajò FARH la te voye kèk moun an Ayiti espesyalman nan Lagon Dèzuit ak Ladyomoun pou wè ki kote debakman an kapab fèt. Etamajò FARH te deside pou yo debake Lagon Dèzuit. Apre sa, pou yo ale sou mòn Lasèl. Se te pè Jean Baptiste Georges, Paul Arcelin, Fred Baptiste ak Gérard Lafontan ki t ap mennen operasyon an. Bato ki te sòti Sendomeng pou transpòte kamoken yo Lagon Dèzuit te rele « Jonny Express. »

Kèk lòt rebèl fanm ak gason nan gwoup kamoken Fred Baptiste t ap dirije a

Lavèy debakman  nan Lagon Dèzuit nan lannuit 27 jen 1964, yon kamyon te transpòte kamoken yo pou yo ale pran bato pou ale Lagon Dèzuit. Youn nan kamoken yo, presizeman Renel Baptiste te pote gita l nan bato a, kote li te chante kèk mizik ayisyen. Lè li te fè 1nè nan maten, Gérard Lafontant mande Renel l pou l sispann jwe gita a. Konsa, yo kapab repoze yo, mete yo fre pou debakman an. Lè bato a te rive devan Lagon Dèzuit, lanmè a te ajite anpil, move anpil. Debakman an pat fasil pou yo, se konsa de ladan yo : Chyen Mechan ak Luchesi te pral mouri nan lanmè a. Anpil noun fè konnen yo te 28 antou, ki te vin redui ak 26.  Yo te pèdi zam ak minisyon nan lanmè a. Kèk pechè nan Prechè te vin ede yo nan debakman an, paske yo pat konnen ki moun yo ye.

Kamoken yo te pran chemen pou yo ale mòn Lasèl. Yo te pran wout 6 zyèm seksyon kominal Pichon. Se nan yon zòn yo rele Makalbas, yo pral fè premye aksyon yo. Nan yon ti ranp sou tèt mòn kay depite Hugo H. Paul kote li te bati yon kay bò larivyè a, li te rele “Bon Repo.” Se sou tèt mòn makalbas la, Kòmandan sou distri militè Bèlans lan Emile Celestin ak kòmandan milis la Pluviose Mayard te pran nan yon anbiskad. Fòk nou di tou, yo te an sivil, men yo te gen kèk militè ak milisyen an sivil tou ak yo. Lè lyetnan Celestin eseye rale revòlvè l, kamoken touye l ak Pluviose Mayard. Paul Arcelin nan « Cercueil sous le bras » ekri nan paj 185 la : kapitèn Pluviose te kantonnen nan distri militè Bèlans, sepasa ditou, paske Pluviose pat militè lè yo te touye l la. Li te sèlman kòmandan milis sivil Bèlans yo. Li te dezyèm sekretè prefekti Bèlans tou. Tou de kòmandan yo te nan patwouy rekonesans, lè kamoken yo te touye yo.

Kamoken yo kontinye pran direksyon Mapou, se la yo pral kòmanse kòmèt anpil aksyon regretab sou popilasyon an. Yo ale kay Rodchide Jean Baptiste, yon kòmèsan anpil moun te rele: Madan Bernadotte. Kamoken yo arete l, jije l. Yo fè peyizan yo piye boutik li. Apresa, yo fè l pote minisyon sou tèt li, se lè l te rive nan zòn Sitadèl la, sela kamoken yo te sasinen l, sou akizasyon li te yon makout, li te konn fè peyizan yo anpil abi. Sa a, se yon fo akizasyon yon te pòte kont li, paske li pat janm konn fè pèsonn abi nan Mapou. Se yon pretèks yo te pran pou yo te ka touye l. Paske, nan epòk sa, pa te genyen okenn fanm milisyen nan komin Bèlans lan.

Verite istorik la, se nan mitan kamoken yo, ki te genyen yon nèg Bodari, yo rele Adrien Fandal. Li te konn vin Mapou chak jedi nan yon gran mache piblik pou achte kafe ilegal san patant. Adrien Fandal te toujou al monte balans li, nan mitan gran chimen, sou wout kay Machas la anvan kay madan Bernadotte la. Adrien Fandal te bay pibon pri, pase madan Bernadotte, pou achte kafe nan men peyizan yo. Anpil ladan yo te prefere ale vann kafe kote Adrien Fandal te ye nan lari a. Rezon ki Adrien te bay pi bon pri, se paske li pat konn peye patant, ki te kapab ogmante pri kafe a. Nan sans sa a, madan Bernadotte vin pa jwenn kafe di tou pou li achte.Yon jou li deside pote plent bay kontwolè danre a kont Adrien Fandal. Yo bay Adrien Fandal yon kontravansyon. Depi dat la, Adrien genyen yon rankin, yon dan kont Madan Bernadotte. Li di  l kareman, ou gen pou peye m sa. E se sa, ki pral lakòz lanmò madanm lan.  Paul Arcelin, manm etamajò FARH nan liv li a sou sasinay sa a, li  te souliye ak endiyasyon : « Juste ciel ! Fusiller une femme fut la première erreur des FARH. C’était méconnaître la mentalité paysanne. Le fait de l’avoir jugée était déjà assez extraordinaire. »

Madan Benadotte te toujou okipe nan zafè kòmès li ak travay latè. Nan bouk Bèlans pa genyen yon moun ki kapab di nan èpòk kamoken nan lane 1964, yo te konn wè Madan Bernadotte nan milis sivil. Se sou kokenn manti kriminèl sa a a, sou yon fo akizasyon, swadizan kamoken Fandal te fè yo sasinen Madan Bernadotte mal. Zak malonèt sa a pwouve nan mitan kamoken yo, te gen anpil bandi kriminèl, se zafè pèsonèl yo, yo t ap regle.

Apre dezòd sa a, militè sitou inite taktik Kazèn Desalin vin debake nan bouk Bèlans nan yon bato gadkòt yo te rele « G-8 ». Fòs lame sa a te sou kòmandman kapitèn Jose Borgne ak lyetnan Eliote Roy. Prezidan Duvalier te ba yo lòd pou fizye tout peyizan ki te patisipe nan piye kay Madan Bernadotte la. Yo te arete anpil moun, se nan lakou kay Madan Bernadotte la ; se la, militè yo te fizye tout peyizan ki te nan piyay kay sa a. Militè yo te fouye yon gwo twou, kote yo antere peyizan yo, dèyè kay Madan Rochide Bernadotte Jean Baptiste la.

Se yon tranch listwa ki boulvèsan anpil ! Mesye kamoken yo te kontinye pran chimen pou ale mòn Lasèl.Yo di yo ta prale nan direksyon yon zòn yo rele Pik Lèbou, yo ta pral tann ranfò lòt kamoken ki te genyen pou sòti nan peyi Sendomeng, men yo pat janm rive vre. Yo te kanpe Savann Zonbi, yon lokalite toupre Forèdèpen, se la yo te touye kòmandan milis sivil lan Jean Joachin ak 4 lòt milisyen ki te nan yon kamyon. Pandan yo te nan Forèdèpen an, yo te tire tou sou yon konvwa militè ki te gen ladann jeneral Constant ki t ap sòti Bèlans pou l tounen Pòtoprens.

Brooklyn, 18 dawout 2026

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here