Pwostitisyon an Ayiti: yon mwayen anpil jèn fanm blije itilize pou konbat lamizè!

0
145
N ap viv nan yon sosyete an Ayiti, kote tout kondisyon reyini pou anpil jèn fi, jèn fanm ak jèn gason lage nan mòd pratik vann kò yo pou yo kapab viv.

Depi kèk tan nou konstate menm jan ak anpil lòt moun nan plizyè kwen nan zòn kouwè Dèlma, Petyonvil, Kafou, Pòtoprens ak Taba gen anpil jèn fanm ki rantre nan lavi jenès (pwostitisyon). Lavi sa a se yon fòm echanj ekonomik ak seksyèl kote jèn fanm nan oblije sèvi ak kò l pou l fè lajan pou l viv. Anjeneral yo fè sa lannwit, yon kote ki òganize pou sa oswa depan kliyan an.

Fòk nou di fenomèn sa pa nouvo ni an Ayiti ni nan Lemonn, men dènye tan sa yo li devlope plis epi li pi anraje nan peyi a. Sitou avèk ranfòsman sistèm kapitalis sovaj la ki ogmante plis mizè kote se yon ti minorite moun ki kenbe tout richès Lemonn nan men yo epi majorite moun yo nan mizè malouk. Sa fè nou vin jwenn plis jèn fanm lage nan vi jenès. An Ayiti, fenomèn sa pa sispann ogmante sitou nan katye popilè yo kote nou jwenn se chomaj ak grangou k ap taye banda yo toupatou nan mitan tout fanmi yo. Si n ta fè yon eksperyans pase nan ri Kapwa toupre Palè Nasyonal vè 7-8tè nan aswè, sou Channmas, Delmas oswa nan lari Petyonvil elt… n ap sezi wè ti jèn fi e pafwa menm ti adolesan ki gaye sou twotwa pou tcheke moun sitou gason pou fonksyone pou lajan. Lari nan zòn sa yo tounen mache kote moun ap vann epi achte sèks. Gen moun ki pa imajine sa sa vle di kòm dram pèsonèl, mizè, imilyasyon ak bliye tèt li pou yon jèn fanm oswa yon jèn gason lage kò l nan aktivite jenès. Gen moun ki panse se yon lavi jwisans. Nan sans sa, n ap prezante istwa lavi twa (3) medam ki nan aktivite sila nou te rankontre pou ti atik s aa. Epi yon ti refleksyon Alaso-jèn sou kondisyon ki mete anpil fanm nan lavi jenès ak kijan pou nou fè pou yo kapab soti nan fòm eksplwatasyon sa a.

 

Istwa lavi twa (3) jèn fi ki nan lavi jenès

Jan nou te anonse sa nan plan an, se twa (3) medam ki gen 29, 22 ak 19 lane respektivman. Nou pap di non yo paske yo te mande nou pa fè sa. Sa k gen 29 lane a fèt Maryani, li leve ak manman l, papa l epi sè l. li rive lekòl nan klas segonn, se lè sa tou li ale abite ak yon tonton l nan komin Taba. Tout rèv li se te etidye dwa, malerezman rèv sa t a pral brize paske li te vin ansent, li te tou kite lekòl pou l al travay nan yon ba/restoran. Aprè kèk tan li vin kite travay sa pou l ale travay nan yon dray. Pitit li an se ak yon sè l li leve, kounya li gen 8 lane. E, se sè a li konnen kòm manman l. Sitiyasyon ak difikilte ekonomik pral lage manmzèl nan lavi jenès paske se sèl mwayen li te jwenn apre li te fin pèdi tout travay li te pase yo. Se ak kòb sa pou l bay pitit li a manje, epi ede sè l la ki pap travay ki pran responsablite pou leve pitit li an. Chak swa li abiye yon fason pou evite moun sou katye l rete a sispèk ki mòd aktivite l ap fè. Men, aprè senk (5) lane nan lavi jenès manmzèl pa ka menm peye yon pyès kay pou l abite tèlman se nan yon kondisyon souvivans l ap viv.

Se vre li nan lavi jenès, sa pa anpeche l kontinye reve yon lòt vi miyò. Tankou lide achte yon frizè, kreye yon espas pou fè yon ti biznis. Paske nan lari a yo viktim tout fòm vyolans anba Lameri, Lapolis ak kliyan vakabon mechan ki vin fonksyone (non yo bay lè yon nèg vin tcheke yo pou aktivite seksyèl) epi ki pa deside peye yo. Sou  sa, li te eksplike de (2) istwa vyolan epi trajik ki te rive yo plizyè : yon kliyan ki te vin fonksyone epi ki te deplase avè l ale nan yon lòt espas, lè li rive kote a misye te vle pou l kouche avè l san kapòt. Manmzèl pa t dakò, misye mande l pou l fè felasyon (ankreyòl se ti bèf) pou li.  Lè li pral ejakile li rale zam mete nan tèt manmzèl paske l pa t vle pou l ejakile nan bouch li, pou l sove lavi l li te oblije aksepte. Lè l fini li bay manmzèl kout zam nan tèt li epi menase pou l tire l paske misye deside pou l pa peye (nòmalman yo fonksyone pou piti 175 a 200 goud). Yon lòt lè te gen yon lòt istwa trajik ki te rive yo twa (3), pandan twa (3) nèg vin tcheke yo pou pase yon nwit avèk yo. Yo twa ale, le yo nèg yo kenbe yo epi mare pandan 3 jou. Chak jou bay yo manje epi fè bagay avèk yo, sou twazyèm jou an yo bat yo epi lage yo nan yon raje. Eske li nòmal nan yon sosyete pou moun – fanm anpatikilye – oblije vann kò yo pou fe de (2) gouden? Eske li nòmal pou se yo menm ki pi vilnerab epitou ki pi ekspoze ?

Lòt de (2) medam yo, ni sak gen 19 ak 22 lane a, se zanmi sa k gen 29 lane a. Yo menm yo pa gen pitit, men yo nan lavi jenès paske sitiyasyon ekonomik fanmi yo fè yo oblije lage ladan l pou yo goumen ak lavi yo. Dram nan fanmi yo, enkapasite pou reponn ak bezwen de baz yo. Sa ki gen 19 lane rive nan reto, li oblije al nan lavi jenès apre manman l vin tonbe malad gravman grav, yo pa gen rele yo pa gen reponn, lè ekip Alaso jen nan te rankontre ak li li te gen 2 semèn depi l te rantre nan aktivite sa. Se te manman an ki te tout lavi l, li vin nan lari a se pou l ka ede manman l ak maladi a epi kontinye peye lekòl li paske ane a li deside kontinye. Li menm li se timoun Akayè. Sa ki gen 22 lane a fèt Okap, li rive nan sizyèm segondè, li gen yon lane depi l nan lavi jenès. Se sa ki ede l peye yon ti kounouk pou l pare solèy, lannwit li pa janm domi paske se lè pou al degaje l pou jwenn yon degouden pou demen maten. Li pa gen okenn fanmi Pòtoprens, sèlman yon tonton l men yo pa abite menm kote. Pèson pa konnen si se sa l ap fè pou l goumen ak lamizè.

Malgre yo òganize yon jan pou yo pa viktim, tankou nan peye moun pou bay yo sekirite nan lari a. Men, moun yo pran kòb la san yo pa sekirize yo. Globalman se lavi 3 jèn fanm kite gen rèv pou demen, men lavi jenès manje tout potansyèl talan sa yo paske sosyete òganize nan enterè yon ti gwoup parazit.

 

Ki sa k koz anpil jèn fi oblije lage nan lavi jenès ?

An Ayiti, tout kondisyon reyini pou anpil jèn fi lage nan mòd pratik sa yo. An n reflechi ! nan twa ka nou sot gade la yo, kisa ki mennen medam yo nan mòd lavi sa? Se bezwen yo genyen, bezwen debaz yo ki pa janm rive satisfè. Bezwen manje, kay, lekòl, sante elt… Bezwen pou tèt yo ak fanmi yo. 57% moun k ap viv nan peyi a se jèn ki gen mwens pase 35 lane. Tout moun konnen ledikasyon, lasante ak lamanjay se twa (3) poto nan lavni nenpòt ki peyi paske yo dirèkteman afekte moun k ap viv nan peyi sa a. Malerezman 82 % lekòl nan peyi a se lekòl prive, mezi lajan ou mezi ledikasyon ou. Chak lane gen anviwon 100 000 jèn ki soti nan Bakaloreya men sèl Inivèsite Leta a se apèn si l kapab 1500 moun depi lane 1990 yo kapasite l pa janm ogmante okontrè gen fakilte tankou Etnoloji k ap fèt pase yon lane fèmen. Sa pemet nou rive kapte tou nivo ipokrizi ki genyen nan sosyete n ap viv la kote se pratik sosyal yo ak jan sosyete a oganize ki pouse anpil jèn fanm tonbe nan lavi jenès.

Jan nou te di sa nan kòmansman atik la, nou konnen n ap viv nan yon sosyete kapitalis sovaj  – chen manje chen – kote gen yon ti minorite moun kenbe tout richès sosyete a (yo rele klas moun rich). Epi Leta a ki se mwayen ti gwoup rich parazit yo itilize pou pwoteje enterè yo, pa bay jèn yo regle anyen pou li. Sitou jèn fi yo, anpil nan yo pa ale lekol, pa gen travay pou yo epi anpil nan yo ap fè pitit nan kondisyon ki pa fasil sa ki fè mizè vin ogmante piplis pou yo. Sitiyasyon sa fè anpil nan yo oblije ale nan lavi jenès pou yo eseye batay ak lamizè chak jou y ap konnen.

Anjeneral yo gen pitit ak tifrè epi tisè sou kont yo, sa vle di se pa jwe yo vin jwe nan lari a. Se sa de (2) medam nou te rankontre ki te refize chita pale ak nou te di nou. Si yo nan lari a se pou regle zafè lekòl pitit yo. Yo gen tout yon fanmi ki repoze sou do yo. Yo pa ta vle tisè yo oblije fè menm jan ak yo. Malgre anpil nan yo avan yo rantre nan pratik sa, te chache lòt mwayen men sa pa mache pou yo paske sosyete a òganize menm nan nivo travay yo kote jèn fi oblije kouche ak patwon an pou l jwenn yon ti travay. Sa montre aklè n ap viv nan yon sosyete kote yon minorite moun oblije anpil jèn fanm vann kò yo pou yo viv.

 

Yon ti konklizyon 

Anpil moun ki pran tan pou gade devlopman fenomèn sa, pa janm pouse rezonman yo byen lwen pou eseye konprann kisa ki lakoz. Yo pito ap eseye kondane oswa kriminalize jèn fanm yo komkidire se ta fot menm yo menm ki viktim la anko. Anreyalite, sitiyasyon sa pa p sispann ogmante paske se yon ti gwoup moun ki gen tout mwayen  pwodiksyon anndan sosyete a, epi majorite a k ap pwodwi richès yo pa menm gen yon ti dlo pou yo bat bè alevwa yo ta gen mwayen pou yo konsome richès y ap pwodwi a. Klas moun ki nan tèt peyi a, pa gen pwoblèm pou tout moun lage nan lavi jenès. Menm jan yo pa gen pwoblèm pou timoun pa kapab ale lekòl, pou timoun lage nan lari a ap siye machin, pou moun pa gen kay pou yo rete oswa pou timamit diri tounen pwodui ―luxe‖.

Nan atik sa nou sitou pale sou jèn fanm k ap fè twotwa nan lari, men jan yon atik ki te soti nan mwa janvye 2017 te pale sou sa, jounenjodi a nan peyi a pwostitisyon an modènize. Sou tout rezo sosyal yo, gen jèn fi k ap chache gason pou fè aktivite sèks pou lajan. Tout moun sa yo ap chache lavi nan yon sosyete kote lavi di pou malere ak malerèz. Pou nou menm, pa gen wout pa bwa, sèl solisyon an se detwi sistèm kapitalis la ki gen pwostitisyon kòm youn nan mak fabrik yo. Kote anpil fanm nan anpil peyi oblije vann kò yo pou yo goumen ak lamizè sistèm nan kontinye ap ogmante toupatou. Li se yon nesesite pou nou kwape vyolans sa, se pa kritike pou n kritike fanm ki nan lavi jenès paske yon pwostitye se yon moun.

 

Yon kontribisyon ekip ribrik Alaso

 Jèn Depatman Lwès !

Sektanm 2018 

 

 

 

 

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY