Petisyon Atis ak Ekriven kont jal Avril

0
1210
Jal Prospè Avril

Zam nou nan men nou
Demele n chache lavi n
Pa vin plenyen razè ban m.

Pawòl selèb jal Avril


Mesyedam lektèz ak lektè yo tande ak wè se de bagay diferan paske yo pa menm ditou. Pawòl selèb sa a jal Avril prezidan panzouyis te pwononse yo devan krèy jandam li yo an 1989 lè l t ap inogire rèy zenglendo a zèpòlèt. Lè jandam li yo te bezwen lajan pou yo al banboche jal la te di yo si yo pa demele yo kou mèt Janjak pou yo chache lavi ak zam ki nan menm yo a se yo k pa wè l. Ak pawòl selèb sa a, jal la te ankouraje jandam li yo rantre kay moun nan plen lannwit, touye, fè kadejak, dechèpiye tout sa yo jwenn.

Jou ale jou vini, se konsa jal la te enstale fenomèn zenglendo sou do mas popilè yo 24sou24. 35 lane apre, se menm fenomèn makyavèl sa a ki pral tèlman pran jarèt ki pral ban nou pepinyè bandi ak kidnapè ki fin depafini ak peyi a. Fenomèn sa ki fè Ayiti tounen lanfè jounen jodi a se jal Avril prezidan panzouyis la ki te plante pepinyè zenglendo tout kote k gen jandam depi 1989. Anplisdesa, militè makout la te bay jandam atoufè l yo baryè lib pou yo sasinen militan ki kwè nan batay pou chanjman.

35 lane pase, jal makout prezidan panzouyis la bliye si bout kreyon popilasyon an pa gen gòm. E l pap janm bliye nonm Avril sa a se youn nan pi bon elèv Divalye diktatè sanginè. Blan meriken te pwograme tyoul an zèpòlèt li sa a pou l voye makout jewouj li yo pou yo mache sasinen kominis ak kamoken jan yo pi pito. Nonm Avril la, limenm te jwenn otorizasyon menm peyi patwon Divalye yo ki te ba l kat blanch pou pase jandam li yo lòd pou yo arete sasinen militan epi arete, maspinen pil opozan politik.

Jal Prospè Avril

Nan pil ak pakèt viktim diktatè militè sa a, nou blije site non Ogis Mèzye, Bocha ak Kplim. Kòm twou manti pa janm fon vre, reyalite kèk lane apre pral montre tout prizonye latousen yo sitou Kplim se te gwo raketè politik. Kalib malveyan lalozè sa a, se yo sosyete a rele Abolotcho. Sa fè anpil moun ki ape obsève mande tèt yo èske teyat prizonye Latousen yo se pat konfyolo Avril ak swadizan viktim yon pou yo te arete epi sasinen kèk lòt Opozan ak atis tankou Manno Chalmay.

Menm kabrit Tomazo yo

Nan chache fouye zo nan kalalou rezo sosyal yo se konsa n al pantan sou yon dosye k enteresan anpil. Se Rezo Nòdwès nan dat ki te 14 avril ki anonse yon krèy atis ak ekriven ki resi deside denonse jal Avril kòm diktatè sanginè kriminèl sanfwanilwa kòm tout lòt jandam makout parèy li. Nòt istorik sa a ki soti nan jou ki te mèkredi 12 Avril 2023 a fè n sonje yon fim Anòl Antonen te rele « Èske yon makout ka powèt »

Men kouman nòt denonsyasyon sa a koumanse : Non non mil fwa non, Pwospè Avril pa moun se diktatè sanginè l ye. Se konsa petisyon sa a anpil atis, ekriven, pwofesè Inivèsite, ekri pou rele chalbari nan dengonn nonm Avril sa a ki gen san anpil viktim nan tout pat men l. Fòk nou pa bliye di popilasyon an : anpil nan ipokrit ki siyen petisyon sa a se menm kabrit Tomazo ak nonm Avril la. Nou vle di menm tenyen yo, menm tenten yo, menm salopri yo, menm lòbèy yo pou n pa di pimal menm. Sa k pi bèl la yo konnen nou konnen yo tou.

Abolotcho sa a Frank Etienne t al pran lang ak Michel Martelly nan Palè Nasyonal

Pi fò nan Abolotcho a zèl sa a yo te fè krèy ak menm Avril makout san zantray parèy li yo pou yo te krache sou Bisantnè Lendepandans lan sa fè 20 lane. Menm zentèlektyèl san memwa sa a yo te fè krèy ak lentènasyonal la ak oligachi mafya siwolibanè yo pou yo fè Ayiti tounen lanfè jounenjodi a. Men, fòk yo pa panse Mas Popilè yo bliye yo. Depi w te fè san yo koule yo pap jam bliye w.

Anpil nan lòbèy ki siyen petisyon sa a yo se manm aktif Asosiyasyon Zentelèktyèl ak Atis Abolotcho (AZAA) ki gen ti non jwèt li Kolektif NON. Kolektif abolotcho sa a yo te nan gwo konfyolo ak sendika malfini entènasyonal la ki jounenjodi a rebatize Kògwoup ki te jete lasibab atè ba yo pou yo te ka krache sou selebrasyon Bisantnè Lendepandans lan. Kolektif NON sa a se te branch zentelèktyèl ak atis yon gwo òganizasyon mafya Arab, ak Jwif ki fòme klas elit tilolit la. Kolektif NON sa a ak asayan Gi Filip yo gen menm patwon.

Men sa petisyon an di

Nou menm, ekriven, atis, chèchè, moun ki nan koze lakilti, lektè, lektris tout kalte,  nou pran desizyon fèm pou nou pa patisipe, nan okenn fòm, ni kòm achtè ni kòm pwodiktè, nan okenn aktivite ki konsène evènman « Liv an foli », ane sa a. Nou pran desizyon sa a, ansanm, yon mannyè pou nou di devan tout moun : NOU PA DAKÒ AK KOZE POU ANSYEN JAL PROSPER AVRIL JWENN TRIBIN POU Y AP ONORE L.

Abolotcho sa a Magali Comeau Deni se manm dirèksyon Akò Montana a

Pou nou menm :  Pratik politik ansyen Jal Prezidan panzouyis la pa siye ak sa ki fè lonè Pèp Ayisyen an, nonplis yo pa t reponn ak okenn respè rèv pou demokrasi Pèp Ayisyen ap  chèche a. Okontrè pil zak briganday ansyen jal prezidan sa a, an plizyè fwa, revele yo tankou yon fren, yon gwo dig devan batay peyi a ap mennen pou demokrasi tabli. E san nou pa ta vle pote okenn prejije sou valè ekriti Jal Prezidan panzouiyis la,  nou pa wè anyen nan sa mesye a ekri a ki ta jistifye pou yo ta envite l kòm ekriven ki merite lonè ak respè moun ki gen lontan k ap goumen pou respè diyite ak dwa moun. Adyewi dan !

Konsa, n ap mande kisa moun ki fè radiyès pèmèt pou chwazi onore yon nonm ki pase tout vi l pe fè kadejak sou dwa moun? « Liv an Foli » jouk jodi a, rete youn nan pi gwo evènman, pou n pa di pi gwo a, nan sa ki konsène aktivite Li ak Ekri nan peyi nou an. E noumenm kreyatè, konsomatè liv, nou konseye òganizatè gwo aktivite sa a pou yo pa kite foli kore diktatè monte yo pou yo al bay ochan pou diktatè ki enplike jouk nan zo nan koze fè kadejak sou dwa moun.

Pwofesè Camille Charlmers se youn nan abolotcho yo

Nou menm Ekriven ak Atis nou jwe yon gwo wòl nan pèmèt evènman sa a reyalize e enpoze l. Se domaj, pou jodi a, an 2023, responsab yo pran responsabilie ak desizyon pou yo fè inisyativ sa a pèdi nan itilite l ak nan valè l. E poutèt evènman an enpòtan menm : pou Ayiti, pou jenès la, an patiklye, nou panse se nou tout ki gen reskonsabilite   pou fè pwomosyon valè ki chita sou Jistis ak Etik. Se tou aksepte tout voum se do  ki lakòz jounen jodi a,  peyi a pèdi nanm, moun pa gen okenn gouvènay. Pa gen Peyi san yon sèten ETIK. ( Kòm si jandam janm konn gen etik )

N ap redi l  ankò : Nou menm ki nan koze pwodiksyon bèlte, sans ak rèv pou lavi, nou p ap patisipe nan okenn aktivite an rapò ak Liv an Foli ane sa a, ni kòm achtè ni kòm pwodiktè. E nou mande editè, medya, respekte volonte sila a. Nan tan sa a, kote sèten moun ta vle fè kwè tout bagay nòmal, menm vyolasyon kriminèl prensip demokrasi ak jistis, nou kwè li enpòtan pou moun ki enplike nan domèn kilti, liv, aktivite atistik, pa bliye krim ki gen plas yo nan listwa, e se devwa yo pou yo bay egzanp  diyite.

Gen yon krèy atis, ekriven chèchè, animatè kiltirèl, pwofesè Inivèsite ak anpil lòt kalib sitwayen ki siyen nòt sa a pou bat chalbari dèyè militè makout sa a yo bay pou Avril la. Men, pa respè pou gwo Jounal sa a ak pou tout lòt konpatriyòt ki te viktim ni diktati Divalye yo, ni diktati militè makout yo ni diktati GNB yo an 2004, n sèmante n pap met non youn nan lòbèy sa a yo. N pap mete non youn menm paske n pa gen dwa sal jounal la ak non sal sa a yo ki se tokay ak labou santi.

Men, sa pou pèp la konnen ki enpòtan anpil. Depi w wè abolotcho koumanse denonse abolotcho parèy yo. Depi w tande zagoloray koumanse koupe fache ak zagoloray parèy yo. Sa vle di se yon bon siy. Men si n te ka simen pwav jiwòf mele ak bonkou piman chen nan dengonn yo pou fè youn koumanse sasinen lòt, lè yo tout fin kadav san rete yo grenn, Pèp la t ap resi rale yon souf.

Lionel Trouillot se youn nan kokenn abolotcho yo

Antouka, nou ankouraje abolotcho sa a yo pete koken ak abolotcho parèy yo. Sa vle di ta gen lespwa pou jou ta jou yon jou. Nan koze abolotcho ak abolotcho, Zagoloray ak zagoloray Mas Popilè yo pa mele. Fòk nou fè tout moun sonje Chen ki konn manje ze, se ze l ap toujou manje. Menmsi yo ta pran pòz repanti depi yo wè po ze a l ap toujou al pran sant li. Tout sa se pou di n makout, abolotcho, zagoloray, zenglendo, GNB, Kolektif NON, 184 pa gen zantray. E youn nan pwazon vyolan sa a yo pa janm gen zantray.

Men kèk nan moun ki siyen yo, anpil ladan yo se abolotcho Kolektif Non yo ki te sabote Komemorasyon Bisantnè Endepandans lan nan lane 2004 pou te fè Lafrans plezi. Se menm kabrit Tomazo yo ak Prospè Avril.

Legs Edition

Freda Edisyon

Atelier Jeudi Soir

Editions Goutte-Lettres

Collectif des auteurs.es dramatiques

CRICASTRO HAITI

FrankÉtienne, écrivain

Syto Cavé, écrivain

Neptune Prince, professeur à l’université

Lyonel Trouillot, écrivain, animateur culturel

Guy Régis, écrivain, animateur culturel

Arnold Antonin, cinéaste

Jean Casimir, sociologue, chercheur, professeur à l’Université

Evelyne Trouillot, écrivaine

Evens Waiche, écrivain

Nadève Ménard, Professeure à l’UEH

Makenzy Orcel, écrivain

Pierre Buteau, historien, professeur à l’UEH

Luis Bernard Henry, écrivain

Jean-Gardy Clervil (Rebèl Pakamô), rappeur

Wooly Saint-Louis Jean, auteur- compositeur-interprète

Jocelyne Trouillot, écrivaine

Jacques Adler Jean-Pierre, poète, animateur culturel

Rodolphe (Sonson) Mathurin, écrivain, enseignant, animateur culturel

Fabrice Torchon, écrivain

Georges Eddy Lucien, chercheur, professeur à l’Université

Magali Comeau Denis, comédienne

Qualito Estimé, poète, professeur à l’ENS

Rolando Etienne, comédien, metteur en scène

Don Pedro Theoney, écrivain

Georgia Nicolas, responsable d’édition

Hilaire Ansky, poète

Ag Gens Jean-Marie, poète

Sadrac Pierre, directeur du festival Haïti Monde

Billy Doré, poète

Godson Antoine, plasticien

Nadève Ménard, professeure à l’Université

Litainé Laguerre, poète.

Yves Marie Gustave, performeur

Coutechève Lavoie Aupont, poète

Djevens Franssaint, dramaturge

Kav Alye Pierre, poète, performeur

Georgy Lundi, poète

Adelson Elias, poète

Adelyne Bonhomme, poète

Mélissa Béralus, écrivaine

Ricardo Boucher, poète, animateur culturel

Wolf Junior Jean, comédien

Phanuella Lyncifort Tommy, dramaturge

Nitza Cavalier, dramaturge

Février Gertrude-Hugh, poète, performeur

Mehdi Chalmers, poète

Josué Mérilien, enseignant, syndicaliste

Michel Acacia, sociologue, professeur à l’Université

Chardlyne Pierre, poète

Négresse Colas, poète

Patrick Erwin Michel, poète

Stéphana Dorval, poétesse

Vanessa Jeudi, chanteuse

Jean Cajou, comédien

Andrise Pierre, dramaturge.

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here