Paul Laraque lumineux au firmament de notre mémoire collective Abobo pou potomitan Pòl! 21 sektanm 1920 – 8 mas 2007

0
3350
Paul Laraque: Poète révolutionnaire alliant la beauté et la magie de l’écriture à un message de combat pour «changer la vie», associant le contenu de classe à la beauté de la forme. Le poète n’a jamais démérité de l’homme, modèle de rectitude, d’honnêteté et de bel humanisme.

Paul Laraque, frè m, se nan lang nasyon an, lang pèp ayisyen an ak nan non pèp ayisyen an, nan non entelektyèl ayisyen konsekan yo m vin salye w jounen jodi a. Samdi 8 mas sa a fè deja onz lane depi w al kite nou, onz lane depi ou kite nou nan tribilasyon. Nou toujou anba baton okipasyon an. Mizè a vin pi mal, grangou a vin pi mal. Ou kab pa konnen, men fò m voye di w, Pòl, se la vache enragée pèp la ap manje tèlman sa grav e solanèl. Men sa pa anpeche ti pèp la chèche lavi, chèche konpran, konprann ak konviksyon, konprann avèk espwa, paske ak fistibal li nan men l jodi a, demen ak fizi l an bandoulyè, li konnen:

 yon bon jou m a kanpe

 m a di non

 ma kanpe lavil

 m a kanpe lan bouk

 m a kanpe laplenn

 m a kanpe lanmòn

 jou sa a n a konprann g on tan k fini

 e g on lòt tan ki kòmanse

            Bon, Pòl, an nou kite kantik pran priyè. Kouman sa ye anwo a, oubyen lòtbò a, paske ojis m pa fin konnen kote ou ye. Men si se anwo a ou ye, di m, Pòl, eske ou janm bare ak Pè Letènèl. Grann mwen mouri, papa m mouri, frè m François mouri. Pa youn pa janm vin di m si yo janm kontre ak Lapèsòn. Ou menm ki te nan menm konba avè m, ou menm ki te gen menm rèv liberasyon Ayiti avè m, nou toude ki te makònnen anba drapo sosyalis la, manyè vin ban m oun ti losyè. Eske ou janm bare avè l ? M te toujou tande: «à la mort, le corps de l’homme retourne en terre et son âme paraît devant l’Eternel pour être jugée ». Ki jijman ki genyen pou ou la a?

Pou mezi pale ou pale pou sa k oprime yo, pou mezi bèl pwezi ou ekri pou selebre libète, diyite pèp, souverènte peyi, doulè legzil, fòs lanmou, maji lanmou, le merveilleux féminin, ou deja konnen fòk ou ta à la droite du Père. Men Lepè limenm, fòk nou ta ka jije l tou, pase l devan tribinal laverite, paske dat krim, mechanste, maspinay, kraze zo, esplwatasyon ap fèt sou latè, dat gwo ap pezesouse piti, dat gwo reken etwale a ap eseye manje ti sadin nan lanmè rezistans Kiba a, nou pa janm tande Pè Letènèl di oun bisnaw, pa yon ti mo. Eske se lèd nou lèd konsa ? Eske nou pa moun?

Miray Jeriko yo gen lè pa ka tonbe ankò? Kantite Danyèl ki nan lafòs olyon sistèm kapitalis la, mirak pa kab fèt pou yo? Pen ak pwason pa ka militipliye ankò? Se pito pwazon mondyalizasyon ak privatizasyon k ap miltipliye pou kenbe malere nan lamizè, ak nan grangou. Pòl, frè m, kouman sa ye anwo a? Zanj yo pa kab toutan ap chante glwa Lapèsòn. Yo pa kab toutan nan youn lajwa gloria in excelcis. Yo deja nan excelcis la, fòk yo ta vin fè yon ti desann in terris, non pa kòm touris men kòm jounalis pou vin wè sa k ap pase nan rigòl labou Site Solèy yo, nan pakèt lamizè ki monte wotè katedral la (avan l te kraze a), nan pakèt kidnapin k ap fèt menm sou ti mounn inosan.

Nan peregrinasyon w anwo a, Pòl, pouki ou pa chèche kontre ak Kaonabo, ak Analawona, ak Desalin, ak Akao, ak Chalmay Peralt, ak Jak Roumen, ak Jak Estefèn Aleksi, ak JanJak Desalin Anbwaz, ak Mari Chovèt, ak Jeral Brison, ak parenn mwen Moriso Lewa, ak Adriyen Sansarik, ak Antwàn Izmeri, ak Kal Levèk, ak tout lòt yo, tout anonim yo, yo tout ki te goumen, kanpe, batay, pale, brase, ekri pou kòz libète, kòz diyite lòm e lafam? Pouki nou pa fòme yon gwo kounbit fratènite, kòmanse rele anmwe, soufle lanbi, wonfle vaksin, bat tanbou libète pèp yo, mande Lapèsòn pou fè yon chita avè n, mande l dekiprevyen l.

Men, Pòl, nou menm isiba, nou pap rete gade sou Lapèsòn, paske li te mèt nan yon trilyon lane ak syèk, se pral toujoujou lèzanj e lèsen k ap chante Hosanna in excelcis pou Li. Pòl, nou menm sou latè a, kòm ou konnen l tou, se fòs kouray gason ak fanm tankou Chalmay Peralt, tankou Che, tankou Celia Sánchez, tankou pè Camilo Torres, tankou Yanik Rigo ki pou retire nou nan malsite ak lawont. Les armes quotidiennes sa a ou kite pou nou an, se Poésie quotidienne nou, se pen kotidyen nou, se brevyè nou, se fontèn kote chak jou nou bwè enpe dlo lespwa, enpe dlo fre kouraj, se yon eritaj sakre ki genyen resèt kouraj nou bezwen pou nou kontinye lite ak diyite,

Fistibal sa a ou lage nan men nou an, n ap konn sa pou n fè avè l. Ak fistibal ou tire zwazo mechan nan je, ou pete je kayiman, ou dechalbore anba vant malfini. Lòfinsa, afè Bwapen an, depi Desalin nou konn sa:

 tout moun konnen

 sa yo fè ak bwapen

 lò ou nan fè nwa

 ou limen l pou wè

 bwapen se limyè

 bwapen se dife

tout mounn konnen

sa yo fè ak dife

 

Poèt Pòl pa di pase sa, men nou konnen se dife ou mete nan dèyè tòti pou l sòti nan karapas li. N ap mete dife dans le bonda du caïman paske nou konnen:

 

 le caïman étoilé mange nos enfants il mange

tous les enfants du monde

tous les peuples du monde donnons la chasse

au caïman

 

Alors, oui, Paul, nous avons déjà commencé à donner la chasse au caïman. Au Vietnam, ils l’ont poursuivi affolé, mis en fuite, jusque sur les escaliers et tourelles de son ambassade. Dans tout Cuba, à Baie des Cochons, Fidel, Che et les valeureux guérilleros ont traqué le féroce animal. Au Venezuela, la Révolution bolivarienne commencée avec Hugo Chávez et poursuivie par Nicolás Maduro fait face à la bête immonde. En Bolivie le peuple qui a porté Morales au pouvoir monte la garde. Ailleurs, les peuples résistent aux assauts du serpent de Washington, cette hydre de Lerne des temps modernes.

Tous les soldats- marrons du pays, ceux de l’exil aussi se mettent debout pour te saluer, frère de tous les combats contre toutes les tyrannies. Car, Ce qui demeure, c’est la force de marée  de ta poésie qui nous inspire chaque jour et qui lie amour et liberté, rêve et révolution, passion volcanique du désir et combat pour la liberté, tam-tam incendiaire et poème pour la paix, tragédie du présent et lendemains d’espoirs, la voix de Lorca et la tendresse d’une femme accroupie près du feu/la pipe à la bouche.

Ta Poésie quotidienne devenue notre poésie quotidienne éclaire nos sentiers de malheurs, renouvelle la source de nos énergies, invite à explorer de nouvelles formes de lutte, allume d’autres feux de résistance, rappelle que l’avenir est à gagner par de durs combats et des sacrifices qui n’excluent pas celui de la vie, fortifie notre conviction qu’il ne faut pas avoir peur de l’impérialisme, cette odieuse barbarie des temps modernes,  que l’amour est plus fort que la mort et qu’il faut continuer à se battre pour la grande cause de justice, de liberté, d’égalité et de dignité humaine.

Jamais, Paul, la mort n’a été d’une telle connivence avec la vie, car elle t’a enlevé le souffle ce 8 mars de célébration du merveilleux féminin. Toi qui as célébré la femme, toi qui as célébré Marcelle, toi qui as chanté l’amour sous toutes ses formes: l’amour-tendresse, l’amour-force d’aimer dans nos luttes communes, l’amour-sève de nos idées, l’amour-ivresse, l’amour frisson, l’amour-possession charnelle, flamme, douleur et douceur, l’amour-loa d’amour, grand-messe de tous les vertiges, ainsi qu’en témoigne ce poème:

 sous la tonnelle de la peur

 sur les épines du désir

 dans l’herbe touffue de la douceur

 je t’ai montée comme un loa

 je t’ai clouée à l’arbre de douleur

 j’ai hanté ta chair de ma joie

 Erzulie maîtresse Erzulie ayez pitié de moi

 le vertige du coït te soulève comme une flamme

Papa je te demande pardon

 tes yeux chavirent dans l’au-delà

 je recueille ta dépouille dans mes bras

 

            Poète révolutionnaire alliant la beauté et la magie de l’écriture à un message de combat pour «changer la vie», le contenu de classe à la beauté de la forme, Paul Laraque a milité jusqu’à son dernier souffle, à l’âge de 86 ans, contre l’occupation, le colonialisme, le néo-colonialisme, l’impérialisme, l’exploitation d’une classe par une autre. Le poète n’a jamais démérité de l’homme, modèle de rectitude, d’honnêteté et de bel humanisme. Fidèle aux principes, fidèle à l’amour, fidèle à son engagement aux côtés des masses haïtiennes, fidèle à sa vision socialiste du monde et de l’avenir du monde, il prend désormais place aux côtés de Jacques Roumain, Jacques Stéphen Alexis, Anthony Lespes au panthéon de nos grandes figures littéraires nationales dont l’attachement au socialisme reste la clé d’interprétation de leurs œuvres.

Avec justesse et pertinence, Maximilien Laroche a décrit Paul comme un «homme d’une conviction, d’un amour, d’une espérance […] d’un combat : celui d’une collectivité, Haïti, qui est au cœur de ses sentiments les plus personnels. L’engagement dans le combat contre les mots et la lutte contre une histoire révoltante ne sont pas dissociables dans la poésie de ce soldat-marron.»

Nous garderons vivant le souvenir de Paul, qui dans ses Armes quotidiennes plaidaient

            pour

            une avant-garde révolutionnaire capable de forger

avec les masses paysannes et ouvrières

            la nouvelle indépendance d’Haïti

sous la double bannière de Charlemagne Péralte

            et de Jacques Roumain

            car

                        le règne de l’homme blanc a pris fin sur la terre

                        et commence le règne de l’homme sur l’univers.

 

                                                                        6 mars 2018

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here