Papa Desalin, konplo a fenk kòmanse tanmen

0
1348
Desalin: papa libète, papa nasyon an, viktim yon konplo politiko-entelektyèl tribòbabò.

« Sou chak 5 000 entelektyèl
4 900 nan komokyèl oun bann tyoul ki san ren k san fyèl »
Manno Charlemagne

Listwa fè n konnen gen yon konplo ki te fèt pou touye Desalin. Yon konplo ki te prepare tèl jan tèl mannyè. Gen detay konplo a ki pale, genyen tou ki pa pale, paske ennmi de klas la li kenbe yon dal sekrè pou li. Se lontan apre, nan mache chèche, nan mache fouye, nan fouyapòt li, ti nèg entelijan vin dekouvri yon dal ti sekrè sa yo. Tankoutou, yo vle fè n konprann, depi 17 oktòb malediksyon an tout konplo fini, f-i fi, n-i ni, fini, pa gen nesesite pou tounen sou li. Men sa je m ban mwen, sa konsyans mwen ban mwen, sa konsyans deklas mwen ban mwen, se pa li zòt ap pale a, se pa li zòt ta vle ban m kenbe, ta vle ban n kenbe.

De quoi s’agit-il? Dekèl manigans? Zòt vle fè nou kwè krim 17 oktòb la li pase deja, li klase. Se te yon incident de parcours. Se te yon konfli  politik konsakonsa, pa t gen pase sa. Te gen nèg san cho, ki te pyafe fasil. Nan kokolo tèt pa yo, Desalin te kòm fè twòp, kòmkwa li pa t dwe chèche rekipere tè yo pretann papa yo osnon granpapa yo ki te vole gagè, ki te kite peyi a apre lendepandans, te kite pou yo. Zòt pa t wont pote fo papye pou reklame “dwa “ li. Dekilakyèl dwa? Dekèl manigans? E ki sa papa yo ann  Afrik, ki goumen, ki bay san yo pou Vertières te tounen yon reyalite, ki sa yo t a pral jwenn?

Michaëlle Jean: yon fanm de valeur ki pap janm pale pou Desalin. Li twò fon nan frankofoni a ki gen dimansyon politik pa l.

Jisteman, se la konplo a mare. Konplo a mare nan tèt militè, nan tèt gran nèg biwo Leta yo, grannèg  ki te pati nan peyi Lafrans pou al aprann pale bèl franse, ki konprann yo te gen plis dwa pase ansyen esklav yo. Kidonk, nan kòmansman li, konplo a se te yon konplo nan tèt zòt, nan sèvo zòt, kòmkwadire ou ta rele l yon konplo nan yon nivo entelektyèl. Apre sa, konplo a vin pase nan yon lòt nivo lò li pral manifeste l nan zak zòt pra l poze. Se nan Pont-Rouge lide konplo a pral materyalize kote zòt pral touye lanperè, touye bon lide lanperè te genyen, touye vizyon lanperè.

Men konplo a pa fini la, li pa rete la. Okontrè, konplo a fenk kòmanse tanmen. Pou ki sa? Paske zòt ki pa sòt, zòt ki pase lekòl nan peyi Lafrans konnen byen les idées pa mouri fasil. Bon lide, bèl lide pa lafimen, yo pa evapore. Zòt konnen les idées ki t ap mache ak mouche 1789, yo sòti lòt bò dlo vin fè yon chitatande ak manzè 1791 nan lakou Bois Caïman. Zòt te tèlman konnen bon jan lide lanperè te genyen yo pa t ap sèvi enterè de klas pa li, ki sa l fè? Li deklare pawòl “sa papa yo ann Afrik la”, pawòl jistis papa Desalin nan, prezans memwa lanperè nan mitan mas yo, se bliye sa. E se konsa konplo a vin ap kontinye. Depi Pétion rive nan prezidan Guerrier, nèg bliye lanmò Desalin, kouman sa te pase, pou ki sa bagay yo te pase kon sa?

Philippe Niang nan yon fim sou Toussaint Louverture

Se prezidan Pierrot ki pral remete lanperè alapaj, à l’honneur. Malgre sa, zòt toujou ap viv nan yon lakrentif, nan lapèrèz sa yo rele les idées a. Nèg pè kou sourit. Kòm gen ladan yo ki konn ekri liv, ki ekri nan jounal, yo pran larelèv konplo a. Youn pa pale ak lòt, non, men, solidarite de klas fè youn konprann lòt: se pou silans fèt sou towo gason an, sou les idées lanperè. Nou pa p ekri anyen sou lanperè. N ap kenbe l sous le boisseau.

Prezidan ale, prezidan vini, prezidan tonbe, prezidan monte, yo sote Leconte nan palè a, pèp rale Vilbruin Guillaume nan legasyon peyi Lafrans, “malgré tumulte et bruits de guerre”, ti Mari p ap monte, ti Mari pa p desann, pèsonn pa p pale de lanperè. Lanperè mouri, fòk lide l yo antere atoujamè. An n kontinye regle zafè pa nou, an n kontinye pran tè peyizan yo, an n voye pitit pa nou yo al etidye nan peyi Lafrans pou yo ka kontinye menm politik la, politik pa pale de Desalin nan, kontinye konplo a.

An n pale de Toussaint, an n fè powèm sou Toussaint: dans un sombre cachot au Fort de Joux en France languissait un vieux noir qu’admirait l’univers. Men malgre l’univers te admire l, sa pat anpeche Bonaparte te voye pran l nan pèlen. Yo janm fè powèm pou Desalin? Sa k ta kite sa pou li? Tan ale, tan vini, zòt kenbe non Desalin nan fèmen nan yon kòfrefò silans. Kako fè chwerav nan zòn Nò peyi a, grandon leve lame kako pou al pran pouvwa Pòtoprens, kat prezidan pase nan palè a floupfloup, blan meriken debake, li touye Charlemagne Péralte, “revolisyon “ 46 sekwe Pòtoprens tankou fèy bwa, Divalye  papa ak pitit matirize peyi a pandan 29 lane, 7 fevriye 86 tankou yon lakansyèl vin bay espwa, 16 desanm 90 te sanble vin bay plis espwa, evenman sou evenman, men pèsonn poko janm bay Desalin laglwa li merite. Se pa anyen, non, se konplo a k ap layite kò l toujou.

Sineyas nijeryen Jeta Amata ansanm ak Martelly. Mata de bonne foi. Men, lafwa Martelly se nan lajan sèlman.

Nèg ti zòrèy, milat tèt siwo ak blan vòlè tè kenbe konplo a rèdchèch. Yo mennen yon politik silans sou Desalin, sou eksplwa Desalin, sou vizyon Desalin. Yo pito bat bravo lakontantman pou tout jeneral, tout nèg politik ki te bay peyi Amerik latin yo endepandans. Men, ou pa janm tande yo site non Desalin kòm Papa libète pou tout moun, tout ras moun, tout klas moun, tout koulè moun. Miray silans entelektyèl, silans politik  ki vin antoure Desalin nan tèlman wo, tèlman solid, vin fè yon dal pwogresis ak revolisyonè pa janm rive pèse miray sa a pou yo ta konnen dèyè l gen yon kokennchenn mapou libète  ki pa dèyè l e ki rele Jean-Jacques Dessalines.

Kit se Loumumba, kit se Sankara, kit se Samora Machel, kit se Aghostino Neto, kit se sou-kòmandan Marcos, kit se Che, kit se Fidel, kit se Raúl, kit se Chávez, kit se Evo Morales, kit se Rafael Correa, kit se konbatan FARC yo, ou pa tande okenn nan yo site non Desalin ki poutan ta dwe yon modèl radikal, yon référence obligée kòm yon kokennchenn revolisyonè, yon kokennchenn liberatè, yon kokennchenn homme d’action ki reyalize premye ak sèl revolisyon antiesklavajis ki reyisi, yon kokennchenn estratèj ki fè peyi Lafrans tranble, ki fè peyi Lafrans fè bèkatè, trennen ajenou pou l mande padon.

Revolisyonè sa yo, se pa espre yo fè, non. Se konnen yo pa konnen, paske nan kantite gwo liv ki pase anba men yo, nan kantite tèz ki ekri sou “endependans” peyi ki te kolonize yo, nan liv Fanon ekri, nan liv Galeano ekri, ekseteraera, yo pa janm jwenn yon liv ki konsakre a vi towo Desalin. Pou ki sa? Paske gen yon konplo zòt ap kenbe kin pou les idées Desalin yo, reyalizasyon libète inivèsèl sa a pa swente, pa pale, pa klere tankou solèy nan fènwa opresyon ak eksplwatasyon k ap toutouy malere sou latè. E plis tan pase, plis konplo a fenk kòmanse tanmen.

Lò w al gade sa ki di pou bisantnè Endepandans Ayiti a ki se marasa Revolisyon antiesklavajis ayisyen an, se ak loup pou gade avan w jwenn yon atik ki ta vle gen pwa. Ou chèche, ou chèche, ou gade, ou klike sou Entènèt la jouk dwèt ou fè w mal.

M ap gade pou santyèm anivèsè revolisyon oktòb 1917 la, depi se jounal ki genyen nan loksidan, tout gwo tit yo se sou Lenin ak revolisyon an. Kit yo pale l anbyen pou près degòch la, kit yo pale l anmal pou près dedwat reaksyonè a, men yo raple tout moun kouman revolisyon oktòb la boulvèse echikye politik lemonn nan. Ata La Croix, yon jounal katolik antikominis pale de revolisyon oktòb la.

Men, lò w al gade sa ki di pou bisantnè Endepandans Ayiti a ki se marasa Revolisyon antiesklavajis ayisyen an, se ak loup pou gade avan w jwenn yon atik ki ta vle gen pwa. Ou chèche, ou chèche, ou gade, ou klike sou Entènèt la jouk dwèt ou fè w mal. Lò w bouke klike, ou pare pou lage sa, epi se kon sa ou wè yon tit ki monte: Toussaint-Louverture et l’indépendance d’Haïti. An prensip ou pa kont sa, non. Men se non Desalin nan ou pa janm ka jwenn ki asosye ak revolisyon 1804 la, ak Endepandans la, e se sa ki fè w mal. Rezon an senp: kit se ti zòrèy osnon tèt siwo lakay, kit se je vèt lòtbò dlo, yo youn pa vle pale de Desalin, paske konplo a fenk kòmanse tanmen.

Menm lò ekriven an se yon “pwogresis”, twaka pami yo pran nan gonm konplo a san yo pa menm rann yo kont. Di m, apa Berthony Dupont direktè jounal la ki ekri yon tonton liv ki dekòtike Desalin lanvèlandwat, nan règ dekòtike, yon liv ki rele Jean-Jacques Dessalines. Itinéraire d’un révolutionnaire (L’Harmattan, 2006), yon liv ki kanpe fondatè peyi a sou yon pyedestal verite ak reyalite, ki lòt entelektyèl ki fè yon travay kolosal konsa nan 50 lane, menm 100 lane ki sot pase yo? Apa Moriso Lewa parenn mwen, kilès powèt ki kite pou laposterite, pou fyète Ayisyen, pou listwa, pou memwa kolektif nou, yon majistral powèm larekonesans ki rele Mèsi Desalin? Sa pa fèt paske konplo a fenk kòmanse tanmen.

Kouman pou t a wè yon Dany Laferrière, jodi a ki se yon “immortel”  pami blan franse, ki chita nan tetelang politiko-entelektyèl ak François Hollande, ansyen prezidan peyi Lafrans lan, te ka al ekri liv sou Desalin? Ou pa bezwen istoryen pou sa. Ou se yon ayisyen ki soti nan mitan pèp la, ou konn ekri, ou se yon save, sa k pou ta anpeche w ekri yon woman ak revolisyon ayisyen 1803 a kòm toile de fond? Li pito ekri Comment faire l’amour avec un nègre sans se fatiguer? Menm lè a tou, tout Canada pote l anlè. Medam yo (gason yotou) kouri achte liv la pou konnen kote sekrè a ye: frap sou frap san yo pa janm bouke.

Kouman pou ta wè Sekretè jeneral Òganizasyon entènasyonal Frankofoni a, yon ayisyèn natifnatal, kidonk Michaël Jean – menm si n konnen li se yon fanm de valeur – ta vin nonmen non Desalin nan l’Hexagone nan, alevwa pou l ta pale pou defann li? Jamè. Nan mwa oktòb 2014 la, li te de pasaj nan vil Paris; li envite laprès – afriken sitou – nan anbasad Ayiti a. Tout te reyini ki devan yon ti estati Toussaint Louverture. Se sèten Michaëlle Jean te kapab pouryen nan sa, men rankont ak laprès la, yon près etranje, nan bab Tousaint, li siyifikatif, li senbolik, li nan liy pèspektiv konplo a ki fenk kòmanse tanmen.

Gade you entelektyèl gwo kalib ki ekri bèl liv ak bèl powèm dekwa pou koule yon batiman, li janm konsakre anyen a Desalin? Lò li te yon jèn revolisyonè, yon révolté, lò l t ap ekri Étincelles, Gerbe de sang, li pa t ekri anyen sou Desalin revolisyonè, se pa lò l li trayi Fidel ak tout revolisyon kibèn nan li t a paral fè l. Lespri nèg lan yon sèl kote: nan “femme-jardin”,  Hadriana dans tous mes rêves,  Éros dans un train chinois,  avèk yon  afè de «érotisme solaire» pou maske obsesyon an.  Si m manti, gade yon antretyen li bay kouzen l Etzer Depestre en mars 1989, Depestre te gen 63 zan :

            Etzer. Vous ne draguez plus?

            Depestre. […] je drague de moins en moins. Je ne suis pas loin du moment où je cesserai de draguer . ( Entretiens avec René Depestre, p. 21).

Kot plas pou Desalin nan sèvo Depestre ? Te m ban nou toujou. An 2012 gen yon fim 180 minit ki soti an Frans. Se yon “miniseri” pou televizyon nan peyi Lafrans. Aktè prensipal la rele Philippe Niang. Ki tit film nan ? “Toussaint Louverture”.  Yon fanm matinikèz, ki rele Euzahn Palcy, yon gwo reyalizatè sinema t ap travay sou yon  “Toussaint Louverture” pa l. Dapresa nou konnen, film nan pa t ankò sòti an jiyè 2015.

Nou pa p bliye tou gen Danny Glover ki te vle fè yon fim sou “Tousaint L’Ouverture”. An 2006, defen prezidan Chávez te fè l jwenn $18 milyon dola ameriken. Sanble, jouk jounen jodi a, fim nan poko ka sòti. (Tambay A. Obenson. Danny Glover’s Toussaint L’Ouverture Film That Never Was, But Could Still Be. IndieWire, 31 juillet 2015).  Konpatriyòt nou Raoul Peck deja fè 2 fim sou Lumumba, youn sou Karl Marks. Nou bat bravo pou sa. Men kote Desalin nan tout bèl omaj inivèsèl sa yo?

Nan mwa dawout ki sot pase a, n aprann yo inogire yon ti estati Toussaint Louverture kominote ayisyèn nan fè vil la kado pou 375 lane fèt Toussaint. Anba l yo ekri:« Héros de la lutte pour l’abolition de l’esclavage et précurseur de l’indépendance d’Haïti». Pa gen manti nan sa, pa kapab gen okenn diskisyon sou sa. Tout Ayisyen fyè de sa. Men, là où le bât blesse, kote sa fè w mal, se paske se Desalin menm ki vremanvre aboli esklavaj la, e se limenmmenm ki bay Ayisyen endepandans yo. Nan pwen manti nan sa tou. Kominote ayisyèn nan li de bonne foi, men voilà, li pran nan gonm konplo a san l pa menm konnen. Se dilere sa. Toupatou se konplo a ki fenk kòmanse tanmen.

Yon direktè sinema nijeryen ki rele Jeta Amata te ann Ayiti nan lane 2013 la pou l te fè yon fim sou Toussaint ki rele Emperor: The Story of Toussaint l’Ouverture. Bidjè film nan te 15 milyon dola ameriken. Daprè sa n konnen, poutèt inisyativ Amata a, Martelly te nonmen l “ Ambassadeur de bonne volonté” pou Ayiti. (Tambay A. Obenson. Nigerian Director Jeta Amata Currently Shooting $15 million Toussaint l’Ouverture Film In Haiti. IndieWire, 5 févriye 2013). Sèl bagay, ou pa p janm konnen konben milyon Martelly te jwenn nan 15 milyon an.

Kanadyen-ayisyen, Kanadyèn-ayisyèn, Franse metwopòl, Franse Matinik, Venezyelyen, Ameriken, Nijeryen, Ayisyen, se vre, yotout se bon moun.  Men loksidan brase bil yo pandan syèk. Li ba yo kenbe yon longvi ak yon sèl twou je pou yo gade listwa Dayiti ladan l. Men kòm longvi a pwograme pou yon sèl je sèlman, se toujou Toussaint yo wè nan grenn je a, yo pa janm ka wè Desalin. Se pa anyen, non: se konplo a ki toujou ap deplòtonnen. Avèk de grenn je ou pa janm ka wè des idées, alewè ak yon sèl grenn je.

Konplo a fenk kòmanse tanmen. Pòv papa Desalin!

15 oktòb 2017

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY