Nòt nan okazyon 211 lane sasinay oligachi kolonyal la sou Anperè Jan Jak Desalin!

0
2236
Jan Jak Desalin

« Se pou tout diktatè k ap bwè sa inosan peri,
se pou tout klas moun k ap kraze moun pa gen lavi »
Jan Jak Desalin

 « Jeneral Desalin ranvèse dwa lavi ak lanmò mèt bitasyon yo te genyen sou travayè esklav yo. Li fè libète tounen lavi pou tout moun, epi lanmò vin egal siy diyite pou tout moun ki vle viv lib. Se batay kif è maraday ant lavi ak lanmò pou libète. »
Janil Lwijis

Depi nan tan lakoloni, gen 2 gwo pwojè sosyete k ap toke kòn yo. Youn se pwojè kolonyal esklavajis la, ki tabli yon sosyete kote yon ti ponyen ap jwi epi anrichi tèt li apati fòs travay yon pakèt lòt moun, yo te fè tounen esklav. Lòt la se pwojè kaptif yo pou kreye yon lòt modèl sosyete kote tout moun se moun, kote bourik sispann travay pou chwal galonnen. Nan gwo lagè kont modèl sosyete kolonyal la, kaptif yo rive chavire sosyete kolonyal la. LIBÈTE OSNON LANMÒ AK KOUPE TÈT BOULE KAY se 2 moso lapawòl ki te tradui nivo radikalite ak volonte klas ki t ap sibi eksplwatasyon/dominasyon/diskriminasyon kolonyal esklavajis la pou yo te kraze sistèm sa a. Se te plizyè lane lagè ki te vin bay yon revolisyon antikolonyal, anti-esklavajis ak antirasis kote 1803 nou vin gen yon AYITI ENDEPANDAN.

Jan Jak Desalin, premye chèf Leta Ayiti, se lidè ki te reprezante ideyal revolisyon sa a ki chita sou filozofi libète byennèt la : PA GEN LIBÈTE SAN BYENNÈT. Kidonk, li te gen responsablite tradui tout valè ak revandikasyon revolisyon sa a te charye anndan « Leta ». Men, tout moun pa t dakò ak pwojè sosyete sa a. Oligachi a ki te sèl valè kolonyal esklavajis kòm referans pa t janm dakò pou ansyen kaptif te viv libète yo san limit ak tout byennèt materyèl sa ezgije.

Oligachi kolonyal sa a, te gen pwojè pou koupe fache ak metwopòl epi pou ansyen kaptif kontinye travay tankou esklav pou yo menm y ap byen jwi richès moun sa yo pwodui. Sa ki vle di oligachi sa a te toujou swete tabli yon sosyete ki kalke sou ansyen modèl la. Se sa ki esplike moun nan oligachi sa a ki te gen kòm majòjon Alexandre Petion ta pral konplote kont anperè Jan Jak Desalin. Paske yo te koumanse wè anperè vle ateri pwojè revolisyon an. Lè Desalin deklare verifikasyon tit pwopyete akòz oligachi a t ap fè dap piyanp sou tè yo, ki te prensipal mwayen pwodiksyon nan moman an, oligachi a estime mezi ak aksyon anperè a ap pran yo pa nan enterè yo. Se sa ki fè yo fè konplo yo asasinen anperè Jan Jak Desalin 17 oktòb 1806.

Dat 17 oktòb 1806 la make yon doub asasina nan listwa Ayiti. Yon bò, fòs kolonyal esklavajis yo fè asasina fizik sou anperè Jan Jak Desalin, ki se youn nan mapou revolisyon Ayisyèn nan. Yon lòt bò, se asasina yon pwojè sosyete. Depi 17 oktòb 1806, se modèl sosyete oligachi kolonyal la k ap taye banda nan sosyete a. Soti sou rejim Petyon-Bwaye pase pran rejim diktatè sanginè divalyeris la pou rive sou rejim pouvwa kale tèt yo, se fòm yo ki chanje men nannan modèl sosyete miwo miba a rete tennfas.

Modèl sosyete sa a gen kòm makfabrik: depandans ekonomik ak politik, dominasyon politik, eksplwatasyon ekonomik ak diskriminasyon kiltitèl. Mwens pase 10% popilasyon an fè dap piyanp sou 80% richès peyi a pandan pèp la ap viv nan mizè ak malsite.  Se egzakteman kont modèl sa a mawon yo te batay. Malerezman, depi 1806 jiska jodi a se modèl kolonyal ki pran fòm diferan nan yon seri moman k ap taye banda nan peyi Ayiti. Tankou, depi anviwon 10 lane nou gen bòt sòlda kolon yo sou tèritwa pap Desalin nan.

Oligachi a touye anperè Jan Jak Desalin men pwojè sosyete kote libètebyennèt la tounen reyalite a rete byen vivan menm jan anperè rete byen vivan nan lespri ak nan zak tout militan ak òganizasyon revolisyonè ki kwè nan ideyal libètebyennèt la. 17 oktòb 2017 menm pwojè kolonyal la toujou ap aplike. Se sa ki esplike modèl bidjè kriminèl pouvwa kale tèt la ak tout palman kwoupyon an enpoze pèp la. Menm pwojè kolonyal antipèp la k ap vanse. Men batay pou nan lojik mawon yo, kraze modèl sosyete antimoun sa a pa dwe kanpe.

Nan Sèk Gramsci, nou kwè youn nan fason pou bay gwo mapou sa a yon gwo ochan, se batay pou filozofi libètebyennèt la tounen yon reyalite. Nan sans sa a, nou kwè gen nesesite ak ijans pou òganize batay pou chavire modèl sosyete sa a pou tabli yon sosyete kote tout moun se moun, kote bourik sispann travay pou chwal galonnen. N ap lanse yon apèl bay tout militan ak òganizasyon pwogresis ak revolisyonè konsekan nan peyi a pou fè gwo jefò pou konstwi  INITE POPILÈ epi rasanble fòs pou kraze sosyete miwo miba sa a.

N ap fini pou n di batay kont bidjè kriminèl la, kont lavichè a, lamizè ak malsite a, kont okipasyon peyi a dwe enskri l nan lojik batay pou kraze modèl sosyete enjis ak vyolan sa a. N ap mande tout manm, zanmi ak senpatizan òganizasyon an pou pote kole nan tout batay pou kapote sosyete kriminèl sa a. Pou sa, nan mobilizasyon k ap fèt nan jounen madi 17 oktòb la, nou swete tout militan ak òganizasyon konsekan pote kole pou kontinye operasyon chire bidjè kriminèl la jiskaske pèp la rive jwenn laviktwa. Boutofen, nou p ap bliye ni sispann denonse okipasyon peyi a sou kèlkilanswa fòm nan, MINISTA KOLERA-KADEJAKÈ-VÒLÈ KABRIT OUBYEN MINIJIP.

OCHAN POU OU PAPA DESALIN ! KAMARAD JANIL TOUJOU PREZAN !
VIV BATAY KLAS POPILÈ YO ! VIKTWA A SE POU PÈP K AP BATAY!
MOUN K AP BATAY PA MOURI !

Jean Wesner Noel
Abydarlyne Jouth

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here