Ogisten Senklou ak Pwospè Lwidò : 2 Ati pou Ayiti

0
1326
Pwospè Lwidò ak Ogisten Senklou

Konfederasyon Nasyonal Vodou Ayisyen ki gen ti non jwèt li KNVA fèk mete yon nòt tèt chaje deyò nan dat ki te premye jen an. Nouvèl sipriz li te bay la fè konnen yo fèk bay Ati Nasyonal Kalanri Dèmòn yon bèl panzou toudenkou. E si Ati a sou men l, l ap konprann se nan yon kou pa konprann li pran. Wi nou ka di yon panzou pa konprann paske pòs Ati Nasyonal la te gen yon manda ki ba l pouvwa pou l pase 7 lane byen plen ap galope jan l pi pito nan Lakou Voudou a ak brid li lage sou kou l.

E, se nan mwa dawout 2019 Ati Kalanri te resevwa Osman an nan Mize Kann nan Taba. Yon manda 7 lane ki koumanse nan mwa dawout 2019, sa ta vle di anyen pa ta sipoze fè l rive nan bout li anvan mwa dawout 2027. Oo, devan pa pòt tounen dèyè kay pay ala kanpay!!! Enben nouvèl toudenkou sa a ta fè konnen se Wa Vodou an, Ougan Ogisten Senklou yon branch nan Mapou KNVA fèk deside lonmen kòm Ati Nasyonal tou nèf.

Vodou a se sa sèlman blan kretyen loksidan rasis pako fin pran nan men nou.

Desizyon tou nèf sa a ta pran apre Konsèy Gwètò 2 te fin reyini nan Lakaye jou ki te 21 me an kote yo te deside rale de pye Ati Kalanri Dèmòn vide l atè kote ren l manke kase sèk. Lè nou sonje zo granmoun pa pran, nou wè ki Ati revoke a t ap pran ! Tout sa k pa bon pou Ati Kalanri bon pou Wa Vodou an ki limenm te gen tan abitye mayimoulen kò l sou dodin nan kòm Ati pwovizwa Ati Bovwa te travèse an septanm 2015. Men pou wounou wounou m te tande ta sanble se pa tout sektè nan Vodou a ki te rekonèt Wayòm Wa Senklou an.

Lè w resi goute dodin Ati a sanble ou pa mande rete. Se nan konsa nan plede pase paj nan bouji toulimen se non ak tout pòtre Wa Senklou ki parèt pou ranplase Ati Nasyonal Kalanri Dèmòn nan Asiyati a. Grad sa a Wa a fèk (re) pran mete l ankò kòm sèl pi gwo chèf k ap dirije Vodou a an mèteseyè kòm sèl kòk chante nan lakou a, sèl grenn towo gwonde nan savann nan. Malgre tout sa m sot di n yo, pa konprann zen an ko fini pou sa. Zen pirèd ! Zen sou zen. Zen an pi pwès toujou.  Nou bezwen zen. Enben men zen !

Zizanni pi rèd

Gen yon pwovèb ki di rad sal nan ma labou zizanni se ant kòd fanmi sa lave anvan l ta pran wout pouriti. Men lè n kite rad la sal twòp lòdè pouriti a pran lari pou li. Nan sitiyasyon sa a, menm pi gwo lènmi ka bijo vin ride w kwape move lòdè a paske l deranje 2 twou nen l tou. Lè sa a, ou pap menm gen posibilite pou w derefize. Move lòdè zizanni ki deklare ant Ati Demòn ak Konsèy Gwètò 2 pat ko menm vin kaselezo.

Epi yon branch nan Mapou KNVA a konprann yo ka tou pwofite pou yo pran woulib pou mete grad sou pouvwa Wa pou mete l Ati Nasyonal. Se piyay 13 jen. Fò n sonje yon lòt branch nan pye mapou KNVA a ki se Konsèy Gwètò 2 ki te pran desizyon met ansanm pou rale pye Ati Kalanri Dèmòn lage l atè sou chwal Asiyati a. Men yo te gen Ati pa yo anba pat yo. E se pat Wa a l te ye. Se te pito yon lòt Gwètò 2 ki se bon jan matchòpwèl yo.

Wa Senklou pa ko m monte Chwal la kòm Ati nan tèt Vodou a e 1 gen tan konteste. Anvan bajou kase kòd pou kòmè pipirit koule kafe ti moulen nan grèg de gouden, gen yon lòt branch ki tonbe voye pye. Sa w tande a, gen yon lòt son Ason ki koumanse voye move son depaman anba menm peristil KNVA a. Zen pi rèd !!! Zen sou zen ! Men sa lòt son Ason sa a ki kònen an di.

Pwospè Lwidò Ati Nasyonal

Pou lòt branch KNVA a ki rele Gwètò 2 a se Pwospè Lwidò ki Ati pa yo pou yon ti bout tan. Ati tou nèf sa a se yon Gwètò 2 l ye tou. E, se yon ekip lòt sèvitè nan Gran Sèvitorya a ki kanpe dèyè l an Channgo wololoy mete sou chwal Ati a. Sèl diferans, yo mete Lwidò kòm Ati Nasyonal pou yon ti bout tan. Sa ta vle di li poze potaryè l sou chèz Ati a pe ret tann annatandan yo òganize yon gwo konkou gagè zeleksyon pou yo ka chwazi yon Ati Nasyonal pou 7 lane a.

Detan sa a menm okenn nan makòn Gwètò 2 yo pa ko janm bay esplikasyon sou ki teknik ak ladrès KNVA itilize pou l bay Ati Kalnri Dèmòn panzou san zatann sa a. Yo di dèyè mòn toujou gen piplis mòn. Ta sanble se pa tout tan se ta vre. Panzou sa a montre aklè dèyè mòn Kalanri pat gen anyen serye pase sa. Selon manman lwa ki ekri nan fontenn batistè KNVA a manda Ati Kalanri Dèmòn ta dwe bout apre 7 lane pe koumande brid chwal Vodou a.

Anntandan, kat pelouz mwen byen rèd. M gen tan enstale sou ti chèz ba m, krich te vèvenn mwen atè denam nan. M pe tann kiyès ki pral pran premye pataswèl la. Men m enstale m an gran jan depi jou m tande KNVA louvri chanpyona Asiyati a pou chwazi Ati a. M gen ta chita si ti chèz ba m pou m asiste kiyès nan 3 towo gwonde ant Ati Kalanri Dèmòn ki pa ko ka dijere panzou sa a, Wa Ogisten Senklou yon branch chwazi kòm « Ati Nasyonal» ak Pwospè Lwidò Gwètò 2 ki vin monte sou Chwal Ati a tou.

Chirepit nan KNVA

Ati Nasyonal pou yon ti bout tan an Konsèy Gwètò 2 yo vin mete a, mete piplis gazolin sou dife zizani an. Chirepit sa a ki resi pete nan mitan Konfederasyon National Vodouyizan Ayisyen an (KNVA), te la pou l pete depi lè Manbo Evoni Jòj Ogis pat ko menm konnen si l t ap travèse. Pou n pa di se mwen k te di. Men, Apre Manbo Evoni fin travèse bagay yo vin mangonmen kote pikan kwenna divizyon tranpe nan pikliz zizanni pike apse a tik. Epi enpe nan sa k te anndan l yo koumanse blayi vide kò yo atè plat.

Jounen jodi a èske tout kondisyon sa a yo respekte toutbonvre pou yon Ougan ou yon Manbo monte nan tèt Vodou a kòm Ati Nasyonal. Anplis se konsa yon Vodouyizan leve yon bon maten, epi ou tande entèl ati. Bagay sa a yo konn lage anpil zizani nan mitan Vodou a fòk ou ta di se pastè potestan rayisab ki simen pwav ak piman chen anba tout peristil yo. Gen yon lòt branch nan pye mapou KNVA a ki voye yon gwo kwi dlo sal sou kadav Manbo Evoni. E gen anpil lòt pitit Ginen ki panse se manke charite pou w lapide yon kadav kote zo l gen tan pa bon pou fè bouton. Chiya !

Kouman sa konn fèt

Pou yon Ougan oubyen yon Manbo monte pou vin pran grad Ati se nan eleksyon pou l ale apre l fin pran grad jis pou l rive nan Konsèy Gwètò 2. Sa ta vle di se eleksyon kote anpil towo gwonde fanm kou gason gen dwa al toke kòn yo pou soti ak lamayòl sa a ki rele Ati Nasyonal la. Ki di towo ki kapab toke kòn vle di tou, tout move kou posib. Se sa reglemen KNVA a yo di karebare. Anplis, fòk ou se yon Manbo ou byen yon Ougan (Asongwe si w nan Lwès la ou Deka si w nan Latibonit).

Fòk ou gen pou pi piti 50 lane byen plen sou zo bwa tèt ou. Epi fòk ou se pa yon kout zèklè ki ta kale w. Sa vle di, ou dwe chaje ak eksperyans nan Vodou a.  Anplis koze Ati Nasyonal sa a se pa yon jwèt timoun nonplis. Fòk ou byen blende pou w rive nan grad sila a. Antouka Vodou a se sa sèlman blan kretyen loksidan rasis pako fin pran nan men nou. Si nou kite zizanni ak kouto divizyon fin depatcha l krèy pastè k ap goumen sou laplas piblik pou fanm nan Òlanndo ap byen kontan.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here