Nouyòk: Yon polisye souladò kraze yon Ayisyèn

0
3614
Dimanch 27 septanm 2009, Vionique Valnord, 33, te mouri frèt apre yon machin ki te gen ladan l 4 pasaje pase sou fyèl li.

Dimanch 27 septanm 2009, yon jennfi ayisyen ki te rele Vionique Valnord, te mouri frèt apre yon machin ki te gen ladan l 4 pasaje pase sou fyèl li. Vionique Valnord, ki te gen sèlman 33 zan, t ap kite yon resepsyon maryaj nan Floyd Bennett American Legion Post ki nan Aveni N ak 56zyèm ri nan Bouklin. Vè 12:45 nan maten konsa, padan li t ap travèse Avni N pou l al rele yon taksi pou l al lakay li, yon Jeep Cherokee ki t ap vini ak tout boulin, pat menm manke ralanti e pat bay Vionique Valnord tan pou gen tan travèse lari a lè li te frape jennfi a, voye l anlè otè syèl la e pase sou li. Jeep la te gen 3 pasaje ladan l, enkli 2 ofisye polis; e chofè a se yon polisye tou ki pat desèvis ki rele Andrew Kelly e se limenm tou ki mèt Jeep la. Lè chofè a te rive kanpe, viktim lan te twouve l plati anba machin lan. Konsa, tout pasaje yo ki te nan machin nan, enkli ofisye Michael Downs, te pete kouri e te chape poul yo. Alòske ofisye Michael Downs te prete sèman pou sèvi (?) Ala chèf lach papa! Philoisa Valnord, manman viktim nan di l pi byen: “Yo kite la konmsi l (Vio- nique Valnord) te fatra. Mesye sa yo te sipoze ede men yo kouri tankou on bann lach.”Antouka, dapre lalwa nan peyi Monnonk, sa se yon gwo krim. Kanta ofisye Kelly limenm, lè l te desann machin nan, dapre plizyè temwen ki te tou pre l ak viktim nan, yo di ofisye a te sou kon pipirit: je l te wouj kon lougawou e li pat ka pale byen ditou. Se yon asistan medikal ayisyen ki rele Emmanuel Cénord ki te rale viktim nan anba machin nan e t ap eseye resisite l annatandan yo te transpòte l nan Kings County Hospital nan Bouklin kote li te rive tou mouri.

Fineray Vionique Valnord te chante samdi 3 oktòb nan « Église de Dieu » ki nan Rogers Ave nan Bouklin lan. Se papa viktim nan Varius Valnord k ap dirije legliz sa a. Annatandan, kominote ayisyen nan ki nan Bouklin dwe rete veyatif sou sitirasyon sa a paske magouy ka fèt pou blanchi ofi sye souladò Andrew Kelly yo deja akize pou omisid envolontè e kondui sou enfliyans akòl. Nou konnen se pwòp depatman polis nan Nouyòk. Dayè, malgre pasaje ki te nan machin nan fè konnen ofisye Kelly te pase nan yon ba li koule règ bweson, apresa, li te pase kay zanmi l li desann règ byè, setèdtan apre yo te fòse l fè tès nan Lopital Kings County pou detekte kantite alkòl li te gen nan san l lè aksidan an, tès la swadizan negatif. Alòske lè lapolis te rive kote aksidan an te fèt la, Kelly te refi ze fè alkoutès (tès alkòl nan souf). E li te menm rive di ofisye ki t ap fòse l fè tès la: “M pap kite sa fèt. Se mare pou nou mare m pou fè tès la.” E dapre plizyè ofisye ki pa nan fling-flang ak Kelly e krim nan revòlte, Kelly te jwenn yon lawon parèy li ki se yon ofisye anti krim – yo pa vle site non l – ki te gen tan ba l bwè 2 boutèy dlo ak plizyè tchouwing gòm menm kote li fin kraze Vionique Valnord a. Biwo Afè Entèn lapolis gen tan sispann ofisye konplis sa a.

ofisye-andrew-kelly
Yon polisye Andrew Kelly te mèt Jeep la ki pase sou Vionique.

Dino Lombardi, yon ansyen pwokirè deklare: “Gen lè anpil tèt ap pèdi djòb yo nan koutkat la. Yo kite twòp tan pase pou fè tès akòl la.” Biwo Afè Entèn lapolis te rele biwo reprezantan ministè piblik Bwouklin nan a 1:55 dimaten – plis pase 1nèd tan apre aksidan an. Men te tèlman gen rale mennen vini ak magouy ki t ap fèt nan Komisarya 68 kote Kelly asiyen an, se jous vè 8:05 dimaten yo te rive fè Kelly fè tès la. “Menmsi yo ta dwe gen yon manda, dòdinè li pa pran tout tan sa a”, di Julia Kuan, yon avoka ki abitye reprezante soladò dèyè volan. Ofisye Kelly lage sou kosyon apre l te fin peye 200.000 dola pandan envestigasyon ap kontinye pou detèminen ki magouy ki marinen ki fè tès alkòl la negatif. Pandansetan, paran fanmi, zanmi Vionique Valnord kontinye ap soufri pou yon manm yo yo pèdi nan kondisyon trajik, manm yo pap janm wè ankò. Manman Vionique Valnord reklame jistis pou pitit fi l: “M vle pou Andrew al nan prizon pou tout rès vi l. San pitit mwen nan men Andrew e li dwe pare pou Jou Jijman an.” Li te kontinye pou di: “Mwen pèdi l. M pap janm wè l ankò…Pititfi m te si tèlman janti. Li te renmen tout moun.” E li te ajoute ankò: “Polisye yo te sou e kounye a y ap chache fè magouy pou kouvri krim li (ofisye Kelly) komèt sou pititfi m nan.” Wi, fòk kominote ayisyen nan Nouyòk la leve kanpe pou reklame jistis pou Vionique ak tout fanmi l.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here