Konferans pou laprès Fowòm Demokratik Popilè (FODEP)

0
79
Kèk manm Fodep nan konferans pou laprès la

Yon lòt fwa ankò FODEP salye manm laprès yo. Pou rezon sa yo, n ap  denonse bidyè 2017-2018 la ki kont entèrè mas pèp la:

1- Dapre atik 4 bidyè 2017-2018 la: Pri paspò pou timoun se 2500 goud. Pri paspò pou  grandèt se 6 mil goud plis yon enpo fòfetè 10 mil goud ki fèt san okenn kalkil.

2- Dapre atik 5 bidyè kriminèl la, matrikil fiskal antrepriz ak òganizasyon sosyal yo se 2 mil 500. Pou moun ki ap travay yo, matrikil fiskal la se 1000 goud.

3- Dapre atik 7 bidyè kriminèl la, pèmi pou kondui: tip A, tip E, tip B ap koute 2 mil 500 goud plis 10 mil goud enpo fofetè a.

4- Dapre atik 8 bidyè kriminèl la, kontravansyon pou yon veyikil san viyèt, yon chofè ki fè yon erè nan lari a, se 2 mil goud. Yon chofè ki ta sikile san plak ap peye yon kontravansyon 12 mil goud.

5- Atik 9 bidyè kriminèl la, bay pwovizyon legal pou dechèpiye pwopriyetè kay yo.

6- Dapre atik 13 bidyè kriminèl sa a, enpo sou revni an, se 10 mil goud pou pi piti..

7- Dapre atik 17 la nan bidyè kriminèl  la, pou yon sitwayen jwenn sèvis sa yo nan men leta a, fòk li prezante yon sètifika definif enpo sou revni li, kote li peye 10 mil goud pou piti. Men sèvis yo: Tenb ak livrezon paspò, plak machin, pèmi sejou, anrejistreman tit pwopriyete plis asirans byen, asirans veyikil, legalizasyon pyès tankou sètifika bakaloreya, papye diplòm, patant, enpo lokatif, elatriye. Pou menm sèvis sa yo, moun ki ap viv nan peyi etranje yo dwe prezante  prèv yo peye taks nan peyi kote yo ap viv la, plis yon enpo 10 mil goud pou piti y ap peye nan DGI.

Nan yon montan  total 144 milya 200 milyon goud bidyè 2017-2018 la, Pouvwa egzekitif la genyen 132 milya 89 milyon 840 mil 964 goud kote kantite lajan pou fonksyónnman gwo babin yo pi fò pase kantite lajan ki nan envestisman an. Pouvwa lejislatif la (chanm depite ak Sena a) genyen 7 milya 198 milyon 967 mil 642 goud. Alòske, lajis ki dwe leve tèt nasyon an, genyen yon (1) milya 122 milyon 542 mil 591 goud. Nap siyale, prezidans repiblik la genyen 1 milya 613 milyon 170 mil 854 goud pou banbile. Primati a menm genyen 2 milya 3 milyon 94 mil 853 goud pou pyafe sou do pèp la. Lòt sektè tankou inivèsite, sante, edikasyon genyen yon pise krab nan bidyè sa a.

Sa ki pi grav la, kolektivite teritoryal la, genyen zewo goud nan bidyè nasyonal la. Sa vle di, dapre pouvwa po bannann nan ak evade fiskal la, ASEC yo, KASEC ak Meri yo pa merite anyen nan bidyè repiblik Pòtoprens la, tandiske li se yon bidyè nasyonal, epi se sou do mas pèp la bidyè a chita. Nan sans sa a, FODEP mande pou federasyon meri yo, Federasyon KASEK yo, manm ASEK ak Delege vil yo leve kanpe nan tout peyi an kont bidyè kriminèl sa.

Anplis, ribrik ki rele lòt entèvansyon piblik yo gen 26 milya 719 milyon 121 mil 224 goud. Ribrik lòt entèvansyon piblik nan bidyè 2017-2018 la pa gen okenn definisyon. Sa vle di se yon lajan ki nan ministè yo ak laprezidans  kote gwo chèf pral depanse san kontwòl. Bidyè kriminèl sa louvri chimen kòripsyon an byen laj pou gran manjè nan pouvwa tèt kale dezyèm vèsyon an layite kò yo sou san pèp la. FODEP sèmante 7 fwa 77 fwa kou sa pap pase, se pou tèt sa, FODEP mande mobilizasyon jeneral kont pouvwa kale tèt Moise-Lafontant an san rete.

FODEP denonse tantativ asasina ki fèt sou Moyiz Jean Charles jou mèkredi 13 septanm 2017 nan Dèlma 75. Moun ki planifye zak sa a, pa lòt ke Prezidan po bannann lan, Jovenel Moise enkilpe a ak evade fiskal la, Mouche Guy Lafontant. Tantativ sa a montre nou a klè, pouvwa po bannann evade fiskal la ap chache mete babougèt nan bouch pèp la. Fè entimidasyon sou moun kap defann enterè mas yo.

Prezidan po bannann nan politize polis nasyonal la ki poutan se yon enstitisyon repibliken. FODEP mande Michel Ange Gédéon bay esplikasyon sou atak neg ak zam ki fèt sou senate Moise Jean Charles. FODEP di pou polisye yo respekte dwa pèp la genyen pou manifeste jan manman lwa peyi garanti sa. Pou lapolis sispann fè vyolans sou pèp la paske nou gen menm revandikasyon ak yo.

Lè nou konsidere, bidyè kriminèl sa, se plan sektè prive a, laprezidans, palman ki deside fè yon jenosid ekonomik sou rès popilasyon an ki refize al Chili-Brezil yo. Bidjè sa a retire 50 lane sou lavi jenn fann ak jenn gason nan peyi a. FODEP idantifye vrè ennmi pèp la ki se : sektè prive a tankou mèt faktori yo, laprezidans ak palman kòronpi a.

Nou menm manm FODEP nou te kanpe pandan plizyè jou devan palman an pou denonse bidjè kriminèl la pandan senatè yo tap fè vot mafya, chanpwèl la. Nou batize mouvman lari a: ouragan popilè. Ouragan popilè a ap pase pran ni prezidan, ni senatè, ni depite ak tout lot kalte moun ki kont enterè mas yo.

FODEP voye yon mesaj klè bay laprezidans ak sektè prive a :

1- Rantre bidyè kriminel 2017-2018 la.

2- Desann pri gaz la

3- Fikse pri manje nan peyi a.

4- Pran pozizyon klè pou sviktim kolera yo jwen jistis.

5- Kanpe sou zafè KEP pèmanan an. Prezidan po bannan lan pa gen lejitimite pou sa. Ni palmantè konteste yo.

6- Kanpe karavan pomnad atravè tout peyi a.

 

Me Lucien GYMPS, Av.

Pòt Pawòl FODEP

14 septanm 2017

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY