Jounen Dwa Fanm : Dwa Machann Chabon

0
109
Yon machann chabon ki se yon fanm tankou tout fanm

Machann chabon pa niche dwèt

Pwovèb Kreyòl

 

Yo toujou di 8 mas se Jounen Entènasyonal Dwa Fanm. Gen kèk moun menm ki konprann jou sa se fèt Fanm. Ki sa jounen sa a senbolize ojis pou chak kategori fanm sa a yo ki gen nan sosyete a ? Ki sa lit sa a vle di pou nou kòm moun tout bon ? Konbyen kategori fanm ki gen nan sosyete nou an ? Èske tout fanm gen menm dwa ? Fanm direktèz lekòl ki voye ti fi retounen pou kòb lekòl yo. Èske nou gen yon ti zing zantray ?

Istorik jounen sa a

Jan anpil moun konprann li, 8 mas se pa jounen fèt Fanm. Se pito jounen pou tout fanm reyini pou yo defini plan batay pou yo defann dwa yo. Se yon jounen kote fanm yo ka demele yo reflechi sou ki fason pou yo fè pou yo defann dwa yo. Paske zagoloray pwofesyonèl yo toujou pare pou fè kadejak sou dwa fanm yo. Jounen 8 mas la se lokazyon pou tout Fanm yo reflechi sou estrateji batay pou fè zagoloray ni nan Leta ni nan sektè prive respekte dwa yo.

Pou byen di n vre, pèsonn pa konn ki dat ojis batay sa a te koumanse. Gen mou ki di se depi nan lane 1909. Sa ve ki vle di pa gen yon dat fiks vre pou sa. Gen anpil moun ki dakò se nan lane 1917 yon bann fanm gran chire nan peyi Larisi te deside fè grèv detan te gen gwo lagè. Pil fanm sa a yo te tanmen yon mouvman yo te batize Pen ak Lapè. Men pi devan, se Nasyon Zini ki te resi rekonèt li enpòtan pou l kore jounen batay Fanm yo pou fè respekte dwa yo nan lane 1977.

Kategori Fanm

Fòk nou pa bay tèt nou manti pou anyen. Nan sosyete n nan ki chaje ak konplèks ak prejije, ak diskriminasyon sa a chak kategori fanm gen kategori dwa pa yo. Pami kategori fanm yo nou jwenn gen fanm gwozouzoun ki nan ekip pezesouse ki pran fanm nan mas popilè yo pou fatra. Gen fanm pòv, gen fanm malerèz, fanm ti machann, fanm madansara, fanm ouvriyèz nan faktori. Gen fanm andeyò, fanm nan katye pòv yo elatriye.

Pi devan w jwenn fanm pwofesè, fanm kiltivatèz, fanm sekretèz k ap travay nan biwo, fanm bouzen k pe vann kò yo nan lari ou nan lòtèl, fanm k ap travay kay madanm yo rele bòn yo. Jounen di a nou pral pale de fanm machann, men pa nenpòt ki fanm. Se fanm machann chabon. Konbyen nan kategori fanm sa n pe pale la a yo fanm zizi ki pretann yo pe defann dwa fanm yo konn resi wè non yo nan gwo liv dwa fanm nan ?

Se vre estatistik yo dakò fanm yo piplis nan tout sosyete yo. Fanm nan faktori, nan mache, kòm pwofesè lekòl, kòm madan sara. Anplis w jwenn piplis fanm ki rete nan kay pe fè levasyon ti moun. Fanm ki al kouche sou sak nan legliz ak nan jèn pou pase jounen pe lapriyè. Gad pil fanm ki pe pase mizè. Mizè ak kalamite fanm nan mas popilè yo fè bonè fanm gwozouzoun yo. Men sa k pi enteresan an se lè fanm anlè yo pran plezi peze fanm anba a yo. Epi yo fè 2 grenn je yo byen sèch kole yon gwo pankat feminis nan po do yo.

Kèk lòt machann an Ayiti

Fanm machann chabon

Sò Mari se yon machann chabon. L rakonte nou se aktivite sa a l fè depi lontan pou l okipe 3 pitit mari l te mouri kite ba l okipe. L pa gen rele l pa gen reponn. Se ak chabon an sèlman li leve 3 pitit san papa l yo. L esplike n chabon se yon pwodui ki fèt ak pye bwa ou byen ak branch bwa a. Lè w fin koupe yo bout bout w anpile yo, mete fèy ak tè pou anpeche yo boule twò vit epi apre w met dife ladan yo. Lafimen k soti lè yo pe fè chabon an konn santi bon tou.

Konsa apre kèk tan bwa a, tè a ak fèy yo ap boule li rive yon kote li vin fè sa k rele chabon an. Apre bòs chabon an sanble tout bout chabon yo mete yo nan sak tout lajè tout gwosè pou vann bay machann ki yo menm pral revann yo an gwo ou an detay. An detay yo ka mete yo nan mamit ki konn koute jiska 200 pyas. Sò Mari esplike n lè l gen anpil kòb li konn voye achte menm 20, 30 ou 40 sak chabon Jeremi ou Lagonav. Fè chabon se yon aktivite abitan an yo fè tout kote nèt nan peyi a.

Lòt itilite chabon

Dapre sa Sò Mari aprann nou, chabon pa fèt pou met nan recho, limen l pou kwit manje sèlman. Gen yon pakèt lòt itilite chabon genyen. Men 13 lòt bon bagay chabon ka fè. Ekzanp si soulye w ta santi mayas soti pou mete tout moun nèt deyò nan kay le. Nèk mete chabon anndan l epi lapè. Gen yon move lòdè dezagreyab nan chanm nan w ka nèk mete kèk bout chanbon kote lòdè a fè baz yo a epi lòdè a sipoze vole gagè trapde.

Si frijidè w ou byen frizè w la gen yon move sant k ap soti ladan l nèk lage kèk bout chabon ladan l epi menm kote a tout move lòdè lage pye yo. Move lòdè w fè tout moun ba w kanpe lwen epi plede kouri pou w, pran yon bout chabon pile l byen fen mete sou w ou byen anba bra w. Sa w tande a w gen lapè ak lòdè bouk sa a k te fè tout moun ba w twa pa distans lan. W gen yon latrin ki soti pou fè tout moun anvi kite katye a ba w nèk lage sann chabon an ladan l.

Move lòdè a tou chache yon kote l al kache. Nou konprann se pou granmesi ni grann ni manman n toujou vide sann nan twou latrin nan. Si n bezwen figi legim yo toujou fre nèk mete chabon nan yon bokit dlo epi mete yo tranpe ladan l pandan yon lannwit sèlman. Anplis dlo chabon an fè leglim yo fre, l gen posibilite pou l kwape tout toksin ak lòt kalte mikòb ki te ka bay maladi pon gongon tankou kansè ak lòt maladi malfèktè.

Nou gen pye legim, pye tomat, pey berejèn cheni bandi ap plede pèsekite l. Nèk mete barikad pou yo ak sann dive ou byen poud chamon an. Depi w sispèk yon manje ta gen twòp pwodui chimik tankou diri ki soti kay Bwadenn yo ki ka benyen w ak pwoblèm ki ka pèsekite sante w, nèk kite l fè tranpèt yon bon ti moman nan dlo chabon. Remèd natirèl sa a m pral di n la a se grann mwen k te aprann mwen l depi lè m te ti katkat

W ta bezwen chak grenn dan w ta blan tankou lanèj enben depi w gen chabon w mèt poze. Pa okipe machann mikwòb ki soti pou fè n konprann n bijo mete pil pwodui chimik nan bouch nou plizyè fwa chak jou yo. Tout se foulay, nèk pile yon moso chabon byen fen epi w ka sèvi swa ak yon moso twal, swa ak yon bwòsdan, bwose dan w pandan yon senmenn. Tout dan w pral retounen blan e pwòp ankò jan l te ye a.

W fè yon soup epi lòdè a soti pou fè w pa fouti pwoche l bò bouch w malgre tout sa w te met ladan l,k enben nèk mete yon moso chabon ladan l. Moso chabon an ap fè soup w a jwenn jistis li ak move lòdè k te soti pou pèsekite l la. Nan aswè w fin desann yon valè alkòl ki fè w leve an mal makak, w santi w faya. W pa bezwen touye tèt w pou sa. Nèk pran yo moso chabon manje l ou byen mete l tranpe nan dlo apre yon moman bwè l. Sa w tande a w pap pran lontan pou w gaya.

Fanm viktim kadejak

Nan kategori fanm ak ti fi k viktim zak kadejak nou ta renmen pale de ti Estèfani Janpyè ak Betsayida Pyè. Nan lane 2014 ti Estefani te gen 15 lane lè l te koumanse viktim zak kadejak pandan 3 lane a file anba pastè Amèl Laflè ak Dyak Lisen. Nan non Zezi, 2 gwo kadejakè sa a yo te fè krèy pou yo te dechalbore ti inosan an. Pou jis jounen jodi dosye a nan Pakè Pòtoprens. Men kòm jistis la seti  poul ki mare nan pye tab legliz viktim nan pa ko jan ka jwenn jistis.

Sa k pi grav la okenn òganizasyon ki di y ap defann dwa fanm ak dwa ti fi  pa ko janm panse a ba yo bourad. Pou ka ti Betsayida li menm se ak kè sere ak dlo nan de grenn je. Se nan mwa janvye a ti manzè te viktim zak maspinay anba zago yon pè kadejakè yo bay pou Awòl Franswa alyas Awòl Fannfwa. Sa pat pase lontan depi pè kadejakè a te maspinen ti manzè ak kout pye, kout pwen, kout kalòt marasa, kout baton fè kout pòt presbitè.

Zak sa a te pase nan plen lannwit nan presbitè legliz Sent Lisi nan zòn ti Plamis sou zile Lagonav. Batay pete si w konn se 2 kòk gagè fal yo fin plen ak grenn mayi poutèt ti manzè a pa dakò ou  bay pè Awòl Franswa ba l poul boure jou swa sa a. Men se sitou pou l ka pini pè ti klolout la poutèt li derefize bay kòb pou okipe pitit li gen ak ti manzè lè l te fin gwòs pou li. Se sa k fè l te deside ba l anbago bòbòt.

Men tou pè Awòl Fannfwa fè rès ti manzè ak kout bòt. Sa pa sipoze fè pesonn sezi lè n konsidere 89% pè yo se papa chacha. Men pi gwo pwoblèm nan se lefèt yo derefize okipe pitit yo lè yo fin bay ti malerèz yo gwòs. E batay pou ti fanm ki viktim zak kadejak anba pè ak pastè ta resi jwenn yon ti kal jisits ap difisil anpil. Paske pou janm wè kak`on jenou òganizasyon fanm gwo zouzoun sa yo, youn pap janm denonse kadejakè san zantray an soutàn ak bib yo. Paske se nan non Zezi yo fè l !

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here