Apèl pou rasanbleman tout fòs revolisyonè yo pou yon inite nan kan mouvman popilè a

0
231

Kanmarad yo, salitasyon se lizay,

Pati, Òganizasyon politik mouvman popilè a, lanbi a kònen pou tout fòs revolisyonè yo mete tet yo ansanm pou yo pran direksyon lit la. Pandan tout peryòd gè jeneralize klas kapitalis sinik la tabli nan peyi a, pou fè dappiyanp sou richès mas popilè yo, nou ka konstate gwo volonte enperyalis meriken ak alye li yo, klas kapitalis la, manifeste pou kraze konplètman tout batay ki vle kase ren sistèm peze souse a. Pandanstan, y ap jwe sou dezòganizasyon nou menm pati ak òganizasyon politik yo, pou mas ekplwate a pa poze okenn aksyon revolisyonè plen tankou ze nan kalte kriz yo twouve yo la.

Nou konprann. Vye van sistèm kapitalis yo, makonnen ak leta reyaksyonè, politisyen rat do kale nan peyi a, pè gwo monte reyèl mouvman radikal yo, ki ka debouche sou yon revolisyon k ap pote solisyon ak danje enperyalis meriken pote la, pou touye tout aksyon mas yo, nan chache pwopoze yo vye alyans tèt chat ant leta kapitalis la nan inyon anba drapo tout ipokrit boujwa. Se sa ki fè tout aksyon fòse pati ak òganizasyon sosyal-trèt, ti boujwa reyaksyonè ak gwoup paramilitè ki sou kontwol enperyalis meriken yo poze, pou ini ak ede boujwazi a jwenn yon nouvèl tranzisyon nan sa ki gen la, se pou trayi klas ouvriye a, travayè a, ti machann yo, madan sara yo, peyizan san tè yo, ak moun yo mete kanpe lwen sou tout fòm tankou sosyal, politik, ak ekonomik nan peyi a. Sikonstans n ap fè fas jounen jodia, blije tout oganizasyon ak pati politik revolisyonè yo chita ansanm  pou mete lòd nan diskisyon konjonkti politik pèmanan sa.

Tout pwopozisyon pou akouche yon tranzisyon anba dominasyon enperyalis meriken se siyen kontra lanmò mas yo.

Tout pwopozisyon pou akouche yon tranzisyon anba dominasyon enperyalis meriken se siyen kontra lanmò mas yo. Tout pati ak òganizasyon politik pwogresis-revolisyonè ki pote boure nan sa enperyalis meriken, CORE GROUP, OEA, konsèy sekirite Nasyonzini, sou direksyon administrasyon Biden lan la tou deklare tèt yo ennmi klas eksplwate nan peyi a. Kidonk, tout pati, tout alyans ki pa alyans nan mitan pèp la, nan mas yo ansanm ak mas yo, se alyans ki pwal bay jarèt ak politik neyoliberal la, pou kontinye simen dèy nan  kan mas popilè a,  menm jan sa ap fèt la nan moman an. Konplo an monte, li pral fini nan wout eleksyon pou yo mete satelit yo sou pouvwa anba demokrasi pèpè a. Se sa ki fè, tout pati ak òganizasyon politik pwogresis-revolisyonè ki konsyan moman sa pa pou alyans ant enperyalis, sosyal-opòtinis, boujwazi reyaksyonè se pou yo detache sou tout fòm ak tout pwojè Akò lanmò k ap livre peyizan san  tè yo, ouvriye ak travayè yo, an gwo moun yo deja fe pi mal yo.

Fondalnatal nesesite pou tout fòs revolisyonè peyi a mete yo ansanm ak mas popilè a :

  • Fas ak dekadans sistèm kapitalis la, boujwazi reyaksyonè a, dekonpozisyon yo nan tout peyi a, espesifikman nan basyon depatman lwès la parèt klè kou dlo kòk pou tout mas popilè a an patikilye ak rès mond lan.
  • Fas ak jan gwo pwisans enperyalis yo, klas kapitalis restavèk leta peyi a kontinye ap bare tout wout devlopman ekonomik entègral ayisyen an nan kraze tout fòs pwodiksyon li yo nan sousi pou pwojè kontamisyon pwodui OGM kontinye fè chimen yo anndan peyi a. Parapò ak pwojè neyoliberal la, y ap kontinye poze pyon pou ekstèmine mas yo.
  • Fas ak gravite kriz tout kalte peyi a ap konnen jounen jodia nou rive konprann klè kou dlo kòk sa se aboutisman tout yon pwojè sosyete k ap jwi tout privilèj koudeta ki fèt sou revolisyon popilè 1791 lan. Nan sans sa a gen nesesite pou pati ak oganizasyon pwogresis-revolisyonè yo pou yo rejwenn nan sousi pou yo kontinye òganize kòlè yo  jiskaske yo reprann kontwol pouvwa politik la.
  • Fas ak jan pwisans enperyalis yo òganize yo pou febli mas popilè yo, se rive tabli yon fòs represyon sinik anndan kou deyò tout apareyay leta a pou bay garanti ak boujwazi reyaksyonè a epi diminye tout sa ouvriye ak travayè yo ta kapab antre nan men yo pou yo siviv. Salè pwatrinen sa ki rann ouvriye ak ouvriyez yo vin pi vilnerab chak jou pi plis.
  • Pati ak oganizasyon politik revolisyonè yo nan makonnay ak mas popilè a dwe degaje tout enèji pou yon veritab dekonpozisyon ak efondreman tout sistèm kapitalis la.
  • Fas ak jan gwo peyi enperyalis yo òganize yo entènasyonalman pou tabli sistèm peze souse a, jodia se yon enperatif kategorik pou pati ak Òganizasyon politik revolisyonè ayisyen yo rekonekte ak rès mond lan nan kad entènasyonalizasyon pwogresis pou liberasyon mas eksplwate yo.

Boutofen, pati ak oganizasyon politik anndan mouvman sosyal popilè a ki santi se plis pase yon nesesite pou yo pran angajman tout bon vre an nou rasanble fòs nou nan inite popilè a.

Siyatè:

David Oxygène, Sekretè jeneral MOLEGHAF
Domini Resain, responsab mobilizasyon
Jelin Esaü Jules, responsab kominikasyon

Pòtoprens, Ayti, 10 mas 2024

 

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here