GNB/Kolektif NON : Pèlen tèt pou Ayiti

0
1362
Franketyèn

Atis ak Zentelèktyèl Kolektif NON yo
Krache sou Bisantnè Lendepandans Ayiti
Pou fè blan kolon esklavajis yo plezi
Plòt krache a retonbe sou pwent nen yo
Yo pase lang yo, yo niche l vale l glòt

Restitisyon Reparasyon

Apre Titid te fin mande pou peyi Lafrans pou l renmèt Ayiti pil milyon l te dechèpiye kòm gwo pinisyon apre zansèt nou yo te fin rache lendepandans yo anba pat grif kolonn kolon kretyen èsklavajis yo, yo te estime ki se yon gwo derespektan mele ak tout yon grenn pèmèt. Lafrans, san pèdi tan te fè krèy ak Etazini ak Kanada peyi ki te pi rayi Ayiti yo, pou yo te fè Titid peye radiyès sa a byen chè. Se nan konsa restan kolon èsklavajis yo te jwenn konkou yon Kolektif Konze ak reyaksyonè soudevlope ki rele Kolektif NON.

Kolektif NON sa a nou tande a se yon kowalisyon bouyon mimi kote w jwenn zentèlèktyèl komokyèl ak atis patatis tout kalib. Se youn yo bay pou ti Magali ki te pòt labanyè devan Kolektif NON sa a w tande. Se te branch zentèlektyèl yon mouvman mafya Siryen, Jwif ak lòt kalib bandi nan oligachi dlo pote vini yo ki yomenm se tyoul lareyaksyon entènasyonal yo te mete sou pye pou fini ak Ayiti. Yo te rele yo GNB ki vle di Gran Nèg se Bèt.

GNB a te gen Konvèjans Kplim nan ki te branch politik li. Li te gen branch ame l la Gi Filip t ap dirije. Li te gen krèm mafya nan oligachi dlo pote vini yo ki te rele Gwoup 184. Gang kontrebandye dilè mafya tout kalib sa a yo se Apèd, Bekè ak Antoni Babye ki t ap dirije l. Sa k enpòtan pou n sonje GNB a se yon gang zagoloray gwo gwo mafya nan entènasyonal la sèvi pou mete katchouboumbe nan peyi a jan nou wè l ye jounen jodi a.

Èske n sonje 8 dawout 1912 mafya Siryen yo te sote palè a ak tout prezidan Lekont ak 300 sòlda ladan l poutèt li te di yo l pral fè yo rache manyòk yo bay peyi a blanch ? Enben sa ban nou yon lide, kiyès yo rele kalib mafya arab ki se nannan GNB ki se youn nan pi gwo malè ki te ka pase sou Ayiti sa fè plis pase 20 lane. 20 lane apre malè pandye lamizè vin pandye sou tèt anpil nan atis ak zentèlektyèl Kolektif NON yo. 20 lane apre gen anpil nan Konze Pwofesyonèl sa a yo ki travèse tou.

Franketyèn nan gwo malè

Jou fèy la tonbe nan dlo a, se pa menm jou a l pouri. Enben, se menm jan grann mwen konn di lavi a se menm jan ak grenn chen. Se pa dèyè l gade. Ou pa janm konn ki lè l pral lage w nan menm katchouboumbe kote n wè tout flonn zagoloray GNB ak Kolektif NON yo lage Ayiti jounen jodi a. Tout pil ekzanp vire tounen sa a yo se pou m ka pale sou Franketyèn detan tout moun rekonèt valè tout travay li fè yo. Men malerezman malè pandye pande tankou pèlen tèt sou tèt Frank.

7 ak 8 jen k pral vin la a nou pral kore Frank se vre. Men tou se va pi bèl lokazyon pou n al chita nan mitan papòt kay li a ak lis Konze 2004 yo byen rèd nan men nou.

Si n sonje yon atik Franswa Latou te ekri sa fè plis pase prèske 40 lane pou l te prezante Frank kòm yon elye gòch men ki pi maton nan fè debòdman adwat pou l te al fè gwo gòl nan sitiyasyon kafouyay. 20 lane aprè m pa janm konprann kouman Frank fè bay Franswa Latou rezon fasil konsa. 20 lane apre n pa janm konprann kouman Frank fè kite ti Magali jwe nan tèt li jis li fè l fè Dezafi ak dezawa san l pa konnen. Se nan konsa ti Magali Komo fè anbasadè Lafrans nan epòk sa a ekri yon nòt kote yo mete tout bave rayisman ak rasis restan kolon yo ladan l. Pou byen di n kantite bave sa a yo te ka plen tout estad la debòde rive jis Matisan..

Epi yo reyini tout atis ak zentèlèktyèl Konze yo, mete yon dwoum krache plen bouch yo, tankou bèl gòje kleren voye l sou Bisantnè Lendepandans lan pou fè patwon yo plezi. Men malerezman Frank te youn nan krachadò pwofesyonèl yo ki te nan mete bave blan nan bouch li ak tout madanm li pou yo te krache Touf Touf Touf nan figi pwòp peyi yo pou fè mouche blan kretyen kolon esklavajis yo plezi 10/10. Kòm nou sot di la. Lavi a se grenn chen l ye. Se pa dèyè l gade. Li pa janm ka wè falèz ki pandye devan l yo. 20 lane apre Frank resi rann li kont ti Magali te fè l foure tèt li nan pwòp pèlen tèt li te tann pou tout peyi a.

Malerezman 20 lane apre gwo desafi kote Frank te kite ti Magali fè l krache sou Bisantnè lendepandans peyi l zafè l vin pa bon menm. 20 lane apre zafè Frank fin granmoun nèt se vre, men l 20 lane avan l pat aji an granmoun menm. 20 lane apre zafè Frank vin tèlman pa bon, l bijo tounen ti moun piti bebe lala rechinya. Li pa ka sere koze a ankò san l pa krache l. Li bijo pran baton pèleren l pou l mache plenyen nan tout radyo, tout televizyon, sou tout plas piblik, nan chak kafou rele anmwe pote l sekou pou move lavi ka sispann ba l Bwa Kale ak kèk palavire.

Al achte pou ride Frank

Nou pap pale twòp sou Frank menm si n rete kwè pou kalib zentèlektyèl ak atis li ye a, l pat do kite ti Magali mennen l nan krèy kote krachadò pwofesyonèl te pran plezi nan krache sou Selebrasyon Bisantnè Lendepandans peyi l an 2004. Men n ankouraje tout moun al achte pou Frank ka jwenn mwayen lajan pou l ka viv ak kòd fanmi l paske lafanmi se lavi. Epi n pa ta renmen pou n pèdi Frank fasil konsa menm jan n pèdi anpil lòt atis. Menm si yo pat nan kalib li.

7 ak 8 jen k pral vin la a nou pral kore Frank se vre. Men tou se va pi bèl lokazyon pou n al chita nan mitan papòt kay li a ak lis Konze 2004 yo byen rèd nan men nou. Nou pral gade si tout krachadò pwofesyonèl sa a yo ki pat menm jennen pou yo te kite blan kolon fòse yo voye plòt krache santi di nan boul figi pwòp manman yo ki se Ayiti, si yo pap vin wetire Frank nan malè l ye la a. Nou pral founi 2 grenn je n gade pou n ka wè konbyen nan tout krachadò pwofesyonèl yo k ap vin kore Frank pou lamizè pa kontinye krache sou li, epi apre lage l atè plat 20 lane apre l fin kite ti Magali fòse l fè dezafi.

Lis Krachadò Pwofesyonèl yo

Pou laverite ak pou listwa, men lis Krachadò pwofesyonèl yo san manke youn. Founi de grenn je n gade yo. Gade yo byen, batwèl machwè yo etidye yo pa kè pou lè n wè yo nan lari pou n pa neglije gade yo nan de grenn je chèch yo a. Epi tou listwa va konnen yo chak se yon kokenn pèlen tèt pou Ayiti.

Anthony Barbier, Jessy Ewald Benoit, Pierre Buteau, Jean Casimir, Georges Castra, Suzy Castor, Syto Cavé, Amos Coulanges, Jean Coulanges, Magalie Comeau Denis, Patrice-Michel Derenoncourt, Max Dominique, Franck Etienne, Marie-André Etienne, Jude Charles Faustin, Jean-Claude Fignolé, Reynold Guerrier, Michel Hector, Reynold Henry, Laënnec Hurbon, André Lafontant Joseph, Frandley Denis Julien.

Dany Laferière, Yves Lafortune, Yanick Lahens, Ricardo Lefèvre, Danièle Magloire, Jessy Manigat-Chancy, Daniel Marcelin, Gérard Mathieu Junior, Miriam Merlet, Jean Métélus, Marc-Ferl Morquette, Jean Michel, James Noel, Raoul Peck, Claude Pierre, Michèle Pierre-
Louis, Vogly Pongnon, Emelie Prophète, Guy Régis Junior, Jacques Roche, Wooly
Saint-Louis, Paul Saint-Preux.

Amilcar Similien (Simil), Michel Soukar, Evelyne Trouillot, Michel Rolph Trouillot, Lionel Trouillot, Gary Victor, Alphonse Henri, Alphonse Mahé, Amazan Félix C. Antoine Arthus,Weln-Webert, Auguste Lody, Azor Jean Gérald, Baron Paul, Bloncourt Géraki Bolivar Faubert Bonicet Arthur Jovial, Bob Bovano Brax Jean Pierre. Bruns Hans Christophe, Byron John Picard, Cassis Gérald Junior Chéry Pierre Michel. Dalembert L. Philippe, Démord Marc, Danis Jean Craft Day Tom M. Dennis Jules, Descollines Abel, Désir Géralda, Docteur Carltz,
Dominique Estive, Esper Genneviève, Estinvil Molière, Etienne F. Natacha,
Etienne Gérard Eustigène Eugène, Exile Philippe, Galegory Pierre, Jacob Frantz,
Jacques Moise, Jean-Poix Hérold.

Joseph Frantz, Pierre Joseph, Jean Junior,Joseph Yvener Foshter, Killick Ray, Lafeur Lourdes, Laplanche Sheilla, Loiseau Gérald, Louis Marc Antoine, Louis Martinel, Lowentha IraLudet-Paul Karolyn, Maritou Dupoux, Marcova Irina, Mengual Yolette, Méristil Jean Fritz Merlet Noel Anaise, Métellus Magny, Mondé Frantz Robert, Monestime Carmelau, Numas Patrick, Olivier D. Opont Pierre-Louis, Ouret Benoit, Paul Firmin H., Péan Jean Marie.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here