EVAV: Atelye inisyasyon nan penti

1
215
Yon timoun k ap penn yon pòtre

Pran 25 pou rive 30 desanm 2023 EVAV ki se « Eveil des Ames Vives » te òganize yon atelye nan lide pou fè inisyasyon nan penti pou timoun. Se nan lekòl batis Fò Jak la ki chita kò l nan limewo 25 nan Fò Jak, EVAV te akeyi 100 timoun, tifi kou tigason. Se konsa apre 5 jou ap aprann tout teknik pou fè yo jenn atis gen ladrès kouman pou yo kab fè tablo, yo te kase randevou pou 31 desanm.

Jou l te dimanch 31 desanm nan menm depi dezè boul EVAV te òganize yon bèl jounen pòt tou louvri. Se te nan lide pou tout piblik la, ka vin wè ki kalte travay òganizasyon an t ap fè depi lè l te fonde. Apre yo te fin monte drapo responsab yo te fè prezantasyon pou montre tout moun otorite nan zòn nan ki te kore lide pou te fè Atelye a pou Inisye timoun nan penti.

Nan lokazyon sa a, Madam Yolann Makey ki se direktris lekòl Evè Grin Mountenn, Mesye Fritsnèl Pòl, Mesye Wobennsonn Dewozye Djimi Pòl ak kèk manm BESAP ak nanpil lòt notab nan zòn nan. « Nou te kontan anpil pou n te patisipe ansanm ak tout lòt timoun yo pou n te patisipe nan bèl atelye sa a. Nou te kontan pou sa k te fèt lan ni paran yo te kontan anpil tou ». Se konsa youn nan loreya a yo te pale.

Nou te tande diskou plizyè otorite tankou madan Makey ki se notè a epi apre chèf brigad la. Prezidan EVAV la Mak Eli Fleriza te remet prezidant epi responsabe brigad la yon plak donè. Apre sa EVAV te prezante ti moun ki te pifòman ki te reyalize yon pòtre ansyen prezidzidan Jovnèl. Yo te remèt twa prim bay twa ti moun ki te patisipe nan bèl atelye sa a.  Tout 100 patisipan an yo te resevwa yon sètifika. Yon atis te patisipe pou te fè anpil bèl cho pandan tout aktivite a. Anviwon 350 granmoun kou timoun te resevwa yon plat manje tou cho.

Anvan sa 3 loreya yo te resevwa pri yo : Premye a se Lenski Vili ki gen 14 lane, dezyèm nan se Dyena Pyè ki gen 16 lane ak twazyèm lan Jemsli Jan ki gen 15 lane.

Prezidan Frit Orisme, pi gwo otorite nan òganizasyon MADBM ki se Mouvman Agrikòl Bèlvi la Montay pat kache kontantman l pou l salye EVAV pou bèl aktivite sar a. L te kontinye pou l te mande paran yo kontinye kore EVAV pou l ka kontinye kore ti moun yo pou talan atistik sa yo gen nan san yo a pa mouri lakay ti jeni sa yo. Atis Boul Gogo te mete anpil animasyon nan jan pa l detan didye t ap simaye bon son mizik.

1 COMMENT

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here