Deklarasyon kèk Òganizasyon feminis yo sou atak pouvwa a

0
1048

Nan lannuit 6 pou rive 7 fevriye 2021, pouvwa a bay lòd pou dappiyanp 18 pèsonalite. Sèten ladan yo soti nan enstitisyon kle, tankou majistrati ak polis nasyonal. Yo arete yo, malmennen yo epi mete yo nan detansyon. Pami moun yo arete yo, genyen : Madan Marie Louise Gauthier, ki se Enspektris jeneral lapolis, yon moun ki angaje pou gen plis fanm nan lapolis la epi pou fè respekte dwa prizonyèz yo; Mèt Yvikel Dabresil, ki jij nan Kou Kasasyon an, ki se pi gwo entans nan lajistis peyi a; epi Misye Louis Buteau, yon agwonòm ki byen koni nan milye a.

Dapre Konstitisyon 1987 ki amande a, manda Misye Jovenel Moïse lan bout 7 fevriye sa a. Poutan, se latriye arestasyon k ap fèt sou pretèks te gen tantativ « Koudeta ak ansasinay ». Sa a, se atak pou fè entimidasyon ak represyon. Se ajisman yon Ekzekitif, ki derefize admèt manda li fini epi k ap chache tout jan pou li rete sou pouvwa a. Pou fè sa, li sèvi ak dekrè kriminèl sou koze sekirite ak ransèyman, li te adopte nan mwa novanm 2020 an. Dekrè sila yo ap chache kraze gany demokratik yo.

Òganizasyon ak pèsonalite feminis, ki siyen nòt sa a, pa manke endiye fas ak arestasyon politik sa yo. Sa fè sonje abi, ki te konn fèt sou rejim Duvalier yo ak sou gouvènman militè ki te vinn annapre yo. Feminis yo denonse fason ilegal yo arete sitwayèn ak sitwayen yo. Yo ekzije pou dwa yo respekte, epi pou gen bon jan transparans sou kondisyon arestasyon ak detansyon yo.

Non ak diktati ! Wi pou rèv demokrasi pèp ayisyen an !

 

Pòtoprens, 8 fevriye 2021.

Siyatè yo :

  1. Kay Fanm
  2. Solidarite fanm ayisyèn (Sofa)
  3. Nègès Mawon
  4. Fanm Deside
  5. Rezo fanm nan radyo kominotè ayisyen (Refraka)
  6. Fanm Yo La
  7. Gwoup api pou devlopman Sid (Gades)
  8. Asosyasyon Fanm Solèy d Ayiti (Afasda)
  9. Fondasyon Toya
  10. Marijàn
  11. Dantò
  12. Sabine Manigat, feminis endepandant
  13. Antoinette Duclair, feminis endepandant

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here