Deklarasyon Konbit Ayisyen pou Lojman Altènatif (KAYLA)

0
766

Deklarasyon Konbit Ayisyen pou Lojman Altènatif (KAYLA) lanse yon apèl nasyonal pou yon dezobeyisans sivil ak yon rebelyon kont diktati fachis ansyen prezidan Jovnèl Moyiz ak PHTK vle table nan peyi a.

 

KAYLA pran nòt, depi samdi 6 fevriye 2021 an, a minui, manda konstitisyonèl prezidan Jovèl Moyiz fini, daprè atik 134-2 konstitisyon 29 mas 1987 amande a ak atik 239 dekrè lwa elektoral 2015 lan. Nan sans sa a, KAYLA  lanse yon apèl nasyonal bay tout popilasyon an, pou fè yon dezobeyisans sivil.  Sa vle di, depi 8 fevriye nou dwe mennen yon operasyon fèmen pòt tout biwo Leta. Okenn moun nan administrasyon piblik la pa dwe egzekite lòd Jovnèl Moyiz, Jozèf Jout ak okenn lòt moun defakto ki nan tèt ministè yo. KAYLA kwè, Kou Siperyè dè Kont ak Kontansye Administratif la, (CSCCA) ap pran nòt, pou okenn depans gouvènman defakto Jovnèl Moyiz ak Jozèf Jout la, pa angaje Leta. Epi pou moun ki fè depans sa yo, vin rann kont devan lajistis, lè peyi a retounen nan wout lalwa.  Paske, depi dimanch 7 fevriye a minui yon minit, Jovnèl Moyiz se yon ansyen prezidan. Jovnèl Moyiz, dominant yo, direksyon polis nasyonal la ak konplisite kò gwoup la, fè yon koudeta pou l kenbe pouvwa a, pou retounen ak rejim diktati retwograd ak fewòs makout yo, ki te pase 29 lane ap bwè san nan pèp Ayisyen.

N ap raple, 7 fevriye 1986, pèp Ayisyen te dechouke diktati makout Divalye yo. Se domaj, 7 fevriye 2021, 35 lane aprè, Jovnèl Moyiz anvi tabli yon lòt rejim diktati. Nou konstate, depi menm jou koudeta 7 fevriye 2021 an, rejim PHTK a arete yon ventèn moun ak menm vye metòd monte dosye pou chache akizasyon mete sou do viktim yo.  KAYLA denonse kalite tretman ki pa fèt pou moun, polisye DCPJ yo bay viktim yo, lè lapolis mete yo kouche atè sou vant yo.  Zak sa a, se yon gwo vyolasyon dwa moun. KAYLA denonse zak represyon ak ansasinay direktè lapolis la, Leyon Chal ap fè kont popilasyon an. Malerezman, nou wè lapolis la tounen yon kò tonton makout ki mare sosis li ak gang G9 la, pou ansasinen tout moun k ap batay pou chanje peyi a. Yon lòt fwa ankò, KAYLA mande polisye ki onèt, ki pa kriminèl, idantifye tout polisye kriminèl yo, polisye manm gang yo, ki anndan lapolis la, pou fè non yo rive nan òganizasyon dwa moun yo. Yon fason pou yo jije epi jwenn sanksyon pou krim yo fè. Pou Leyon chal, sa deja klè, li pral jije pou krim kont limanite, menm ak patwon l, Jovnèl Moyiz.

Tankou n ap di sa nan KAYLA depi anviwon 5 lane, rejim bandi legal PHTK a, fè Leta tounen yon gwo òganizasyon kriminèl. Jounen jodi a, tout moun wè aklè, rejim diktati fachis la byen tabli kò l nan peyi a. Sèl chwa nou genyen, se kontinye mobilize nan 10 depatman peyi a, pou n dechouke pouvwa sanginè ak kowonpi sa a.

  Lè nou nan yon Leta ki pa chita anba lalwa, dezobeyisans sivil, se yon devwa sitwayen ak sitwayèn.

 

Reyneld SANON, Sekretè Egzekitif

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here