Dada, Sègo, ak Filip : Bon travèse

0
3341
Dada Djakamann

Detan 2022 a pral lage rara a pou l kite plas la lib pou 2023 vin yaya kò l, li tou pwofite pase men pran plizyè nan atis nou yo. Pami yo nou jwenn  Dada Djakamann ki te manadjè Chle-chle youn nan premye gwoup mizik konpa yo rele minidyaz yo. Dada te pral rann dènye souf li jou ki te vandredi 23 desanm nan. Apre sa, lanmò pase l kole grif li nan pat kasav Sègo Jannwèl kèk jou apre Dada. 15 jou apre Dada jeneral lanmò twouve sa tèlman bon si w konn se piyay 13 jen, l pati ak bòt li. Pi devan li pwofite voye sòlda l yo vin fouke Filip Lavlanèt ki te direktè Antiy Mizik.

Dada Djakamann

Vrè non Dada se Hugues Jackaman. Dada se te mèt, fondatè ak manadyè Chle-chle youn nan premye mini dyaz nan lane 1960 yo. Li te yon moun ki te bay tan li ak kòb li pou mouvman “Mini Dyaz” la te ka pran pye an Ayiti. Mizisyen li yo te renmen li anpil epi anpil lòt atis te konn swete pou yo te genyen yon manadyè tankou Dada ki pou ta ede yo avanse nan karyè yo tou paske li te gen vizyon epi li te dwat nan regleman ak atis li yo.

Gen foto Dada sou albòm Chlechle epi yo site non Dada nan kèk mizik tou. Nan ane 1960 ak 1970 yo, non Dada Djakaman te popilè menm jan ak non anpil atis. Se tankou jodi a gen non manadyè anpil moun konnen tankou Jesi Alkal, Wodne Nwèl, Frits Yasent (Fito Farinen) Patrik Fab ak Iben Richa. Apre premye ekip mizisyen li yo Ans Cheriben (Gwo Bebe)

Janklod Pyèchal (Pedi) Esmit Janbaptis ak Toni Moyiz te kite Ayiti pou yo tal refè dyaz la nan Nouyòk, Dada pat dekouraje li te al chèche lòt mizisyen epi li envesti nan talan yo. Se konsa nou pral konnen yon dezyèm Chlechle ki pral ban nou lòt gwo atis tankou Janwobè Eli Tèlfò (Koubano) Janmichèl Senviktò (Zouzoul) Loubè Chansi, Maryo Mayala, Djonni Frants Tousen (Ti Frè), Iv Asèn Apolon ak lòt gwo atis ankò.

Apre dezyèm Chle-chle sa a ale Nouyòk tou, li vin tounen Eskacha, Dada pran lòt atis ankò pou li te kreye yon twazyèm epi menm yon katriyèm Chle-chle kote nou jwenn atis tankou Jera Danyèl, Grasya Jan Filip (Tikit) Jozèf Dirandis (Djo Gong) ak anpil lòt ankò. Pou anpil mizisyen Ayisyen k ap fè istwa Konpa, Dada ap rete youn nan pi gwo manadyè dyaz nan istwa Konpa Dirèk la. Bon Travèse Dada.

Dada te fèt jou ki te 21 me 1940 pa twò lwen bèl lanmè Senmak. Anpil temwayaj moun ki te konn fonksyone ak Dada pale de jan misye te bon gason. Wi l se wi non l se non. Ta sanble detan desanm nan tapral chavire l tou pwofite pase men pran Sègo Janwèl ki te fè pati anpil nan gwoup sa a yo nou pral rele  jenerasyon tou nèf yo ( Nouvèl Jenerasyon).

Sègo Jannwèl

Sègo Jannwèl

Nou pap ka bliye prezans li nan Koral Kalfou, sou direksyon Deni Emil, a kote Manno, Mako, Chiko, Janmari ak kèk lòt zanmi. Bèl prestasyon nan Chow Pouri Richa Brison, answit eksperyans PIKORANAYA, gwoup ki te eksplore plizyè rit Ayisyen yo. Apre anpil manm nan gwoup la kite peyi a l te fè yon bèl pasaj nan Gwoup Ça. Mwen sonje lè nou deplase ansanm, ou ta pral nan konkou pou rekritman pou antre nan koral Sent Trinite. Imedyatman yo te mete w kòm solis. Sa montre ou te pran yon bonjan fòmasyon kay Deni Emil. Mwen panse pasaj ou nan  Frè Dejan te montre posibilte pou konpa pran yon lòt oryantasyon, san pwoblèm ou te rantre nan eksperyans gwoup nouvèl jenerasyon yo » Se konsa patizan, zanmi ak mizisyen matchòpwèl Sègo yo te pale sou li.

Yo te tou pwofite pou swete l tout kòd fanmi l Senpati ak anpil kouray pou tout lapenn lanmò sa a fè yo nmi w, tout mizisyen kite konn kolabore ak ou.

« Haaaa anpil mizisyen  dwe gen sa nan achiv yo epi se la mwen koumanse relasyon mizikal ak frè Sègo  mwen swete fanmi li ak tout bon zanmi li kapab kenbe kouraj pou zetwal sa nou pèdi nan nati a. Se mwen atò a Kebyesyou Danle, Ti Do, Aboudja, Jan Wobè, Sègo, Chiko, gran gwo souvni 1982. Mwen pa janm bliye espektak yo te bay nan Enstiti Fransè nan Pòtoprens. Mwen pa sonje ane a. Sègo ou devan Sanmba ou travèse nou pap janm bliye w respè pou tout sa w fè wa salwe Alann Baptis pou mwen.

Filip Lavlanèt

Filip Lavlanèt

Pa pi lontan pase vandredi 6 janvye a se Filip Lavlanèt ki viktim anba grif lanmò. Fwenn lanmò pwenn fè pa te koupe fil lavi Filip Lavlanèt de bout brid sou kou. Filip li menm ki te gen tan pral wè 63 rèkòt kafe nan denmen ki t ap gen pou l 7 janvye a. Filip te konn pwodui albòm pou dyaz ki te konn jwe bon konpa a yo. Filip te direktè konpayi pwodiksyon ki te rele Antiy Mizik. Nan bèl katalòg gwo pwodiktè sa a kite pou Ayiti,  w ap jwenn anpil mizik bon kalite ak bon son.

Ayiti Libète swete yo tout Bon Travèse.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here