EVAV: Plakdonè pou Wa Vodou a, Augustin St Clou

0
1831

Jou ki te vandredi 6 janvye a bò 2 zè nan apremidi konsa, nan lokazyon fèt Lèwa, Éveil des Àmes Vives (EVAV) onore Wa Vodou an Ayiti a, Ougan Augustin St Clou. Se nan Wayòm li nan Akachon 32 nan komin Kafou gwo seremoni sa a te dewoule kote EVAV te kontan remèt Wa Saint-Clou yon bèl plak nan men pwòp. Te gen anpil pitit fèy ak sèvitè nan Wayòm nan ak yon gwo delegasyon fanm ak gason timoun ki te soti Jakmèl kite debake pou kore gwo evennman sa a.

Apre Wa a fin rantre enstale sou fotèy li, bèl prensès manbo Mari Frans te fin swete tout pitit fèy yo byen vini nan Wayòm nan, Manbo Klèmansya te voye chante Voudou, detan li t ap jete dlo pou Ginen yo. Apre sa se Jean Robert Ligodon te pran kòn nan pou l te pale sou bèl travay Evav ap fè pou l kore Kilti a ki se sèl grenn byen ki rete n pou nou mennen konba rezistans lan. Pi devan Prezidan EVAV la, Marc Elie Fleurizard fè konnen yo pran inisyativ sa a yon fason pou l kore Kilti Ayisyen an ak Pwodiksyon Nasyonal la.

Prezidan Fleurizard di l konstate Wa Vodou a Augustin Saint-Clou ap fè gwo travay nan Vodou a pou pèmèt li  ale pi lwen pou byennèt sosyete a. Nan sans sa a EVAV ap genyen pou kontinye onore lòt pèsonalite k ap fè bon travay anndan Vodou a. Se nan kontèks sa Evav te deside bay tout moun ki gen valè, valè yo merite tou.

Wa Saint-Clou k ap resevwa yon plakdonè nan men prezidan Evav la, Marc Elie Fleurizard

Diskou Prezidan EVAV la

Majeste Wa Vodou an Ayiti a Ougan Augustin Saint-Clou, tout Sèvitè nan Wayòm na, Jounalis ki la avèk nou EVAV ki se Eveil des Ames Vives di n Ago, Agosi, Agola detan n ap wete chapo n, koube n byen ba pou n salye Majeste a Wa Vodou an Ayiti, Gran Sèvitè Augustin Saint-Clou. EVAV ap fè n sonje Majeste a Wa Vodou an Ayiti Gran Sèvitè Augustin Saint-Clou konnen ki jan l kontan pou l remèt w nan men pwòp jounen 6 janvye 2023 sa a Plak sa a pou l onore w kòm Wa Vodou an Ayiti.

Majeste Wa Saint-Clou, anplis de sa tout moun alawonnbadè konnen Ayiti se tè Vodou. E, se pa yon aza si n chwazi fè seremoni sa a jounen jodi 6 janvye a paske se jou nou menm nan Vodou a nou fete Lèwa. Majeste Wa Vodou an Ayiti, Plak sa a EVAV pote ba W pou Onore W la, se pa ditou yon kado li fè W kado. Se pito pi  bèl fason pou EVAV nan non tout Sèvitè Vodou ak tout Atis di W Majeste Wa Vodou an Ayiti yon gwo gwo gwo chay Ayibobo Remèsiman.

Majeste Wa Vodou an Ayiti a, Plak Donè sa a se yon gwo Ayibobo Remèsiman pou tout bon travay W fè deja e W ap kontinye fè pou w kenbe flanbo Vodou a pou l ka toujou rete byen Limen. Se menm limyè sa a ki klere nan tout lakou Ayiti Cheri nou an pou tout tan nèt pou jis li mennen nan kalfou Libète ki te trase depi seremoni Bwa Kayiman an. Majeste Wa Vodou an Ayiti pou EVAV se yon gwo Chay Lonè ak tout yon Makòn Respè lefèt w aksepte resevwa Plak sa a ki Onore w jounen jodi a.

Majeste Wa Vodou an Ayiti EVAV konnen w soti lwen ak Vodou a ki se pi gwo Patrimwàn Ayiti genyen pou w pote l sou do w mennen jis la a. Majeste Wa Vodou an Ayiti Gran Sèvitè Augustin Saint-Clou EVAV remèt w Plak sa a nan de pla men w jounen jodi a paske l konnen w ap toujou sèvi ak Zouti Rezistans ak Konviksyon w pou W kontinye pote VOUDOU a pou w mennen l byen lwen. Evav konnen w ap kontinye mennen Vodou a pi lwen pase nan Ginen pou w al lage l nan 2 pla men tout Ginen yo. Majeste Wa Vodou an Ayiti, EVAV konnen Ginen yo ap toujou ba W fòs ak kouray pou w toujou kontinye mennen gwo Batay Rezistans la pou w rive byen lwen ak VODOU a toutotan gen lavi sou Zile a, nan Lakou nou yo, nan Oufò n yo, nan Peristil nan Badji yo.

Ayibobo pou Vodou a
Ayibobo pou Wa Vodou a
Ayibobo pou tout Ginen yo
Ayibobo pou Majeste Augustin SAINT-CLOU

Diskou Wa Saint-Clou

Sou bò pa l Wa Vodou a, Augustin Saint-Clou pat manke felisite manm EVAV yo pou gwo jès sa a alòske yo deside onore li, anmèmtan remèt li yon plak donè. #1 Vodou a an AYiTi, Augustin St Clou pwofite okazyon sa pou lanse yon apèl bay tout antite nan Vodou a pou yo met tèt ansanm pou yo debloke peyi nou an.  Pou fini nèt Boul Gogo ki se manm EVAV te bay yon bèl cho ak flanm dife byem cho ak ekilib ak plizyè lòt ekzibisyon ki te Wa Saint-Clou anpil anpil plezi.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here