Home Kwonik Kreyòl Analiz Bwa kale sou Sitadèl Wa Anri Kristòf : Yon èskonbrit planifye

Bwa kale sou Sitadèl Wa Anri Kristòf : Yon èskonbrit planifye

0
5242
Sitadèl Laferyè

Bay kou bliye
Pote mak sonje
Pwovèb Ayisyen

Pou anpil nayif, sèvèl poul, operasyon bwa kale san parèy blan krechyen voye ti tyoul li yo li rele sitwayen selès al bay Sitadèl la samdi 11 avril pase a se ye yon bagay konsa. Non Non Non, pa al kwè se yon bagay konsa. Non non non se yon operasyon bwa kale blan krechyen loksidan rayisab planifye depi dikdantan. Operasyon bwa sou Sitadèl la rive tèlman fasil, ou pa bezwen gen doktora nan sosyoloji pou w ka gen tan wè se swit yon plan makyavèl ki soti nan sèvo blan kolon malveyan pwofesyonèl a bib.

 Paske Ayiti se sèl grenn peyi kote Leta  manfouben an bay pè kakadejakè ak pastè bayakou pwofwsyonèl a bib baryè lib pou yo deside pitit zatray tè yo se sitwayen selès. Sa w tande a sitwayen selès sa a yo deside bay tèt yo dwa fè sa yo pi pito tankou krache sou tout patrimwàn nou yo. Pou listwa fòk nou fè sonje pran depi 1941 prezidan Eli Lesko ki te yon krechyen advantis te fè operasyon Bwa Kale pou sasinen tout vodouvi, pike dife nan peristil yo pou fè yon sèten pè Fwasè plez

Tout sa se pou fè n sonje operasyon Bwa Kale k pase  jounen samdi 11 avril ki sot pase a se swivi pwojè blan krechyen loksidan jenosidè pou yo chache disparèt tout eleman enpòtan nan kilti n ki se mak fabrik fyète n ak diyite n. Nan fen me 2024 te gen 2 kannon ki te rive disparèt kou lafimen nan pip nan Sitadèl la. Se vre l ap difisil pou w rive fè yon krechyen sèvo fatra konnen Sitadèl la se yon patrimwàn bati ki se referans fyète n. Lajistis te fouke kèk konplis men se te bouda Nini. Menm lajistis sa a lage yo san okenn esplikasyon.

Kouman ou pral fè pou w èsplike yon pastè oubyen yon pè ou yon krechyen sèvo fatra Sitadèl la se pi gwo senbòl volonte Pèp Ayisyen an pou l defann lendepandans li [pou rive jis nan bout. Lendepandans Ayiti n nan toujou rete yon plòt krache byen santi di nan boul figi blan krechuen jenosidè kriminèl nan chak gout san l. Pran 1492 pou rive jis jounen jodi blan krechyen pa janm kache volonte l pou l disparèt zile a nan non Zezi Kwis. Operasyon Bwa Kale sa a sou fò Inosan nan Machan Desalin montre aklè si n konprann legliz ap jwe si n kontinye betize l ap fin kraze peyi a nèt ban n.

Lekòl katolik ak potestan estrikti alyenasyon

Fòk nou pa konprann se yon bagay konsa si Leta manfouben an lage sèvo pitit nou yo nan men etranje pèvèti nan livre lekòl nan men pè, frè me kakatolib ak pastè potestan ekspè nan ekzèsis bayakou a bib. Lekòl kakatolib ap potestan misyon yo se fè tout pitit tè a rayi tèt yo. Nan demach alyenasyon ak andoktrinman, misyon pou yo se rive fè tout ti moun yo rayi peyi yo, rayi zansèt yo, rayi pwòp frè yo.

Operasyon Bwa Kale sou Sitadèl la samdi 11 aavril rive montre objektif lekòl sa a yo se fware sèvo pitit nou yo depi yo tou piti. Se sa k fè se sitou jèn gason ak jèn fi nan lekòl sa a yo ki se aktè prensipal nan Operasyon Bwa Kale sou Sitadèl la. Anplis de sa an n nèk pran ka dechèpiyè 4.2 milya Petwo Karibe yo, tout 42 dechèpiyè yo se legilz ki pwograme yo an vòlòl pwofesyonèl. Men se konkòda 1860 depi sou prezidan Fab Jefra ki bay legliz kakatolib barye lib pou pè mè ak frè fware sèvo lajenès.

Pastè ak pè inyoran : Malè pandye

Operasyon bwa kale sou Sitadèl la se pa ni yè ni jounen jodi pwojè sa a la.  An 1979 blan an te voye yon sèten pastè Jowèl Jèn al voye asid pou detwi tout pye bwa sou sit Bwa Kayiman nan mòn wouj. Lane pase nan dat 1ye avril te gen yon pastè Lwijan Boje yo bay pou pastè Bètoni Antwàn blan an te voye al bay Fò Inosan nan Machan Desalin bwa kale. « Espas sa a nou pran l pou fè legliz pou adore Zezi Kwis ». Se sa ti bayakou pwofesyonèl a bib la te deklare. Kite lekòl nan grif pastè ak pè bayakou pwofesyoèl Ayiti pe toujou nan salami. Menm fòk nou rekonèt tou wet lekòl nan grif bayakou sa a yo fòk se yon Leta k gen grenn pase melon.

Pastè, pè ak moun fou pa janm pran konsèy, paske kwè se yo sèl ki konn tout bagay nèt. Pastè ak pè tèlman konn tout bagay yo pase tout vi yo pe bay dat Zezi Kwis pe vini chak demen. Se tris anpil anpil sak rive samdi 11 avril la kote Leta manfouben sa a kwaze de bra l ret pe gade pastè bayakou rayisab pran plezi kite blan krechyen voye tèt salami bay Sitadèl la bwa kale san gade dèyè. Men fòk nou klè sou sa se pa ditou ditou yon aza ni yon kou siprann. N pa dwe ret pe plenyen pou sa k rive a. Ototite lajistis yo dwe pran responsabilite yo trase yon ekzanp pou legliz sispann voye ti jèn tèt kaka kalbas yo al fè operasyon bwa kale konsa ankò sou pwatrimwàn nou yo ankò.

Istwa Sitadèl la

E, kèlkeswa sa w ta tande di yon pastè  pwofesyonèl a bib san konsyans, w ap difisil pou w fè l rive konprann Sitadèl la se yon batiman istorik. Kèlkeswa sa w ta di l pou fè l konprann Sitadèl la se yon patrimwàn istorik l app ase nan zòrèy dwat sòti nan twou zòrèy gòch. Anplis li se yon sit touristik ki la pou atire anpil touris kote anpil lòt moun ka vin aprann yon gwo tranch nan listwa n. Anplis aspè istori, touristik, se yon espas ki gen dimansyon mistik anpil anpil tou.

Lè w al la, lè rive anndan l toujou pi bon pou w fè yon gid esplike w istwa espas la. Gid la ap esplike w jan sa te konn ye epi w se moun ki renmen syans sosyal sa vin pèmèt w fè w santi w ap reviv moman an istorik yo kòm si w te la tou. Si w jwenn yon bon gid ki ka rive èsplikew tout pati ki gwn nan Sitadèl la byen w ap kontan anpil. Pa ekzanp kote yo te konn mete prizonye ou byen moun ki fè dezòd. Ebyen se yon twou, yon ti twou, lè w rive nan chanm nan okenn moun pa ka kanpe dwat. Se tou koupi pou w rete prèske epi andan tèlman fè nwa menm flach manke pwisan pou klere l. Anplis gen yon ti kote tou piti pou w sòti tèt ou pou w ka sòti nan lòt pwent deyò.

Se lè w fin sòti nan twou a, w ap reflechi e tout kalite bagay ap pase nan tèt ou. Nèk imajine si w te rete andan an, si pa malè l ta kraze avè w, si w te kwaze kèk vye bèt. Dapre sa gid la di gen kote nan Sitadèl la ki pa janm louvri, e, gen lòt kote andan an se pa nenpòt moun ki ka ale avè w nan yo. Pou anpil moun gen tinèl anwo a ki konekte palè Sansousi ak Sitadèl la. E, konsa tou yo fè konnen gen tinèl ki relye Sitadèl la ak FÒ Fò Snmichèl nan vil Okap. Chak ti detay andan Sitadèl la vle di yon bann bagay. E, gen yon bann rezon pou sa.

Pèsonn pa konnen si tout moun ki ale nan Sitadèl la konn fè remak sa, chak ou ale ladann ou wè yon lòt bagay tou nèf. Se vre Sitadèl la pa ka nenpòt jan. Se yon kote moun la ale poun aprann, obsève, reflechi, medite. E sitou fòk nou di tou pou tout Ayisyen pitit zantras, se yon sit ki sakre. Se la potorik gason sa a yo Wa Batisè ap repoze kadav kò l. menm si se nan tristès ak kè kase pou jan l wè zòt fè Peyi l la tounen.  Pesonn pa dwe janm bliye Wa Anri Kristòf se te yon nèg ki te gen anpil disiplin e li te kwè tou nan ledikasyon ak devlopman.

Se vre otorite Lajistis yo fouke 7 nan konplis yo ki planifye ou ki bay baryè lib pouy Operasyon Bwa Kale so Sitadèl la te fèt. Se vre gen 7 jou depi DCPJ fouke Vudla Sukhumbuzo, yon Zimbabweyen ki se demachè ki gen misyon pou achte zam pou legliz Episkopwèl. Lè w konsidere menm Leta Tèt Kale sa a te bay Legliz Episkopwèl baryè lib pou l rantre zam fann fwa pou l vann bay bandi san fwa ni lwa, ki sa n pa espere wè ankò ? Lè n konsidere DCPJ fouke pastè Remi Lanmò ak pastè Dyene Dèy kòm gwo trafikan zam, manm Bandi Bib Ansanm. Alòs si n pa kale je n legliz katolib ak potestan pa lwen fin pete 2 grenn je n.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here