ASSAB (Asosyasyon Zanmi Moun Bèlans) se yon òganizasyon ki angaje l nan devlopman kominotè nan Bèlans. Depi plizyè lane, li mete tèt ansanm ak popilasyon an pou ankouraje pwogrè komin nan atravè aksyon konkrè nan domèn rebwazman, edikasyon ak jaden potaje.
Òganizasyon an toujou ouvè pou kolabore ak nenpòt lòt enstitisyon oswa gwoup k ap entèvni nan komin nan, espesyalman nan sektè edikasyon, pwoteksyon anviwònman ak agrikilti. Travay ASSAB ap fèt sitou nan zòn Mapou, kote li ede pwoteje anviwònman an pandan li kontribye nan amelyorasyon kondisyon lavi moun yo.
Nan menm dinamik sa a, depi 10 avril, ASSAB lanse yon aktivite distribisyon plantil nan bouk Bèlans. Aktivite sa a ap kontinye avèk objektif pou ankouraje rebwazman epi ogmante pwodiksyon agrikòl nan komin nan. Gras ak inisyativ sa a, plizyè fanmi deja jwenn aksè ak diferan kalite plant pou plante, sa ki ede ranfòse devlopman dirab nan zòn nan.
Devlopman kominotè se lè nou mete ansanm tout resous nou genyen pou nou rezoud pwoblèm nou yo ansanm, nan lespri solidarite ak responsablite.
Jean Claude Cajou
Espesyalis nan devlopman kominotè









