Batay ti Machann nan lari yo kont zago loray, eskamotè ak vòlè ki nan tèt Meri yo

Se Batay tout mas Pèp la!

0
113
Kèk malere ak malerèz k ap chache lavi nan lari Pòtoprens

Yon pozisyonman politik sou represyon Majistra nan rejyon Potoprens yo ap fè sou ti machann nan lari yo. Kolektif Kanmarad Janil prezan!

Depi kèk tan, soti Kwadèboukè rive Kafou anpasan Taba, Delma, Petsyonvil ak Pòtoprens, nan jere komin yo se yon sèl politik k ap aplike. Sou baz pou fè lapwopte ak politik bèbèl, sèl rèv majistra nan zòn Potoprens lan se debarase vil yo – ak tout peyi a – ak ti machann k ap chache lavi nan lari. Aloske yo ta sipoze anprensip pi pre popilasyon yo, liy gouvènman lokal yo ap swiv se menm liy boutdi, antipopilè ak antimalere-malerèz Leta santral la. Yo tout gen yon sèl estrateji nan kesyon jere komin: kouri dèyè ti machann ki nan lari a, simen baton sou malerèz k ap bat dlo pou fè bè, ayisyen san dosye yo.

Malgre majistra sa yo soti nan « divès » pati politik (Inite, Palmis, Renmen Ayiti, Tèt Kale, Lide elt…) malgre gen nan pami yo ki revandike liy ‘‘sosyalis renovatè’’ oubyen prensip jesyonè modèn, modèl yo tout se yon sèl moun: Majistra makout, kolonèl tòsyonè Frank Women ki te jere Pòtoprens jouk rive 1988 epi ki te konn fè bat ti machann ak rigwaz. Okòmkwa Frank Women tòsyonè, kriminèl ak vòlè te pwòp ! Pou majistra yo, pi gwo pwoblèm vil yo se ti machann ki okipe lari a. Apre sa pa gen lòt ankò !

Tout lòt pwoblèm k ap brase bil tout moun tankou to chomaj la ki disèt wotè nan komin yo, moun ki pa gen kay pou yo rete k ap domi nan lari, pwoblèm pwomiskite moun ki rete nan move kondisyon ki fè y ap kouri gwo risk pou lavi yo ak lavi lòt moun, timoun ki pa kapab ale lekòl epi ki lage nan mandyanè, moun (fanm ak gason) ki pa gen travay epi ki bije pran twotwa al fè pwostitisyon, ti jèn yo ki lage nan tout kalite briganday, pwoblèm enplikasyon ak patisipasyon moun k ap viv nan komin nan lavi komin nan ak nan redistribisyon ekitab resous komin yo pou tout moun ; pou yo pwoblèm sa yo pa ekziste oswa pase dèyè.

Nou pa menm rantre nan pwoblèm absans – oswa mank – sèvis sosyaldebaz tankou jesyon dlo pwòp, dlo sal ; jesyon fatra ; mete sant sante ak lopital pou tout moun k ap viv ak frekante komin yo oswa pwoblèm enfrastrikti tankou antretyen wout kraze; rasyonalize ak planifye yon sistèm transpò pou anpeche blokis k ap fè tout moun pèdi yon pakèt tan pou granmesi ; jere sikilasyon moto ; pwoblèm kouran ak blakawout elt…

San ankenn respè pou Deklarasyon Inivèsèl Dwa moun ak dwa fondalnatal tout moun genyen pou chache lavi ki chita nan Konstitisyon 1987 la, douvan je tout moun majistra yo lage yon bann ekip bandi san fwa ni lwa, atoufè ak kouto, koko makak, katchapika elt… nan tout rejyon an pou matirize, kraze brize, bwote machandiz ak maspinen ti machann yo, yon dividal malerèz ki pa gen rele ki pa gen reponn. Nan komin tankou Petsyonvil, Delmas ak Kwadèboukè gen menm moun ki mouri anba bal nan kad represyon sa yo.

Sa k pi frape nan sitiyasyon sa a ni òganizasyon ki di y ap defann Dwa fanm ni sa ki di y ap defann dwa moun – RNDDH, POHDH, BODDH elt… – pa di anyen nan sa. Si se pou yo, malerèz yo mèt pase mati anba men otorite. Anreyalite, lè nou pran tan kapte tandans ki domine sosyete a globalman, anpil moun twouve pratik sa yo nòmal sou pretèks prezans ti machann yo bay pwoblèm nan lari a vre. Se konmsi pa gen mwayen chache lavi pou malere-malerèz papa yo te rete nan Lafrik sou bout tè Desalin nan.

Nan estrikti ak òganizasyon sosyal, anyen pa janm izole ni nonplis tou pa gen fenomèn grenn senk. Tout bagay lye youn ak lòt. E tout sa k rive gen lyezon ak yon bagay ki te la anvan. Jan Maks ak Engels, de (2) militan kominis jiskobou te di sa, ‘‘youn nan kapasite yon militan revolisyonè tout bon fèt pou devlope lakay li, se ladrès pou rive fè parèt aklè lyannaj ki genyen ant divès fenomèn sosyal ki ta sanble andezòd, ki ta parèt depaman youn ak lòt’’. San kapasite sa, tout aksyon militan yo vin tounen ajitasyon san finalite ni pèspektiv.

Alòs, si se vre yon moun pa bezwen fèt akwaf, ni gen twòp eksperyans lavi ni konn li nan ti lèt fen pou l konprann kote pwoblèm lan poze a se pa la li ye, nou ta gen dwa mande kouman pou yon moun konprann demach majistra yo? Eske maladi komin yo soufri an se li menm majistra yo di doktè a? Eske kouri dèyè ti machann yo jodi, kouri dèyè yo demen se sa ki vre solisyon pwoblèm komin yo? De tout fason, kòm vle pa vle se nan lari a pou malerèz yo vin chache kote lavi fè kwen, eske pa ta kapab genyen yon lòt jan pou apwoche kesyon sa yo? Tout moun konnen devan dwa pou viv… pa gen kamaradri. Se tout kesyonman sa yo ki mennen nou nan ti refleksyon sa nan nivo Kolektif la. Nou deside fè yon analiz politik batay ti machann yo apati yon pèspektiv revolisyonè pwoletaryen (kidonk liy de klas). N ap eseye gade kijan batay ti machann yo ap mennen jounen jodi a pou defann dwa yo genyen pou “siviv” nan diyite kapab ede ranfòse batay Mas pèp la anpatikilye batay travayè-travayèz yo ap mennen kont laboujwazi ak sektè reyaksyonè retwograd yo.

Nan kad yon analiz maksis klasik nou pa ta genyen pou n ta chita sou pwoblèm ti machann yo poutèt anreyalite yo pa jwe gwo wòl nan rapò pwodiksyon yo. Yo pa yon klas “à part entière” ni menm yon fraksyon klas. Ni nonplis tou yo pa jwe ankenn wòl nan mekanis dirèk pwodiksyon anndan sosyete a. Achte-vann-reyachte-revann pou fè ti benefis pou ale re-envesti se pa pwodiksyon, se espekilasyon. Ti machann oubyen machann anjeneral se yon eleman entèmedyè nan dispozitif òganizasyon sosyete kapitalis la pou sikilasyon ak difizyon pwodui oswa sèvis. Dispozitif sa a elimine rapò dirèk pwodiktè yo ta dwe genyen ant yomenm oswa ak lòt moun k ap itilize pwodui yo fè yo. Yo pa enplike nan chèn pwodiksyon an ni nan rapò eksplwatasyon dirèk kapitalis yo ap fè sou travayè-travayèz yo. Nan kad yon lòt òganizasyon sosyal, yo ta gen dwa pa menm ekziste menm !

Men, kòm n ap gen pou n wè sa apre, akòz fòmasyon sosyal ak istorik ayisyen an, akòz pozisyonman peyi a nan periferi sistèm kapitalis entènasyonal la apati divizyon entènasyonal travay la, ti machann yo – menm jan ak tout lòt ti aktivite debwouyadiz oswa mas chomè-chomèz yo – vin reprezante yon fòs sosyal enpòtan pou tout mouvman revolisyonè ki vle aji tout bon pou transfòme reyalite sosyal la nan enterè mas Pèp la.

Asuiv

Alaso, Vol 1 # 3

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY