Plizyè santèn elèv lekòl segondè nan Lise Salnav Zamò ak Lekòl Nasyonal Tousen Louvèti te pran lari jounen lendi 13 avril 2026 la, pou pwoteste kont absans pwolonje pwofesè yo, yon sitiyasyon ki paralize klas yo depi nan mwa novanm 2025.
Elèv yo ak tout inifòm lekòl yo sou yo te manifeste komsadwa. Se yon latriye jèn manifestan k ap lanse modòd bay otorite yo pou yo kite lekòl yo fonksyone. Elèv yo te eksprime fristrasyon yo pou yo denonse neglijans dirijan Edikasyon nasyonal yo. « Nou bouke » se yon seri eslogan konsa yo te lanse toupatou nan lari a pou fè moun tande vwa yo.
Yo te mache nan plizyè kwen vil la anvan yo te pran direksyon kèk lekòl, sa ki te deranje operasyon sa yo.
Youn nan rezon ki motive elèv yo, n ap apwoche fen ane a, pral genyen egzamen pou yo pran epitou yo pa kab jwenn pwofesè. Se nan kontèks sa a, yo mande zotobre yo, potanta nan gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a, atravè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, pou reponn a demand pwofesè yo epi fasilite retou yo nan salklas yo.









