Aryana, yon marabou tou nèf
Yon lòt marabou nèf sou nèf
Yon Marabou nèf nan konesans
Yon Marabou tou nèf ki fè sans
J. Fatal Piard
Wi wi, nouvèl tou nèf Aryana sa a se yon gwo nouvèl tou nèf pou Ayiti. Aryana Milagwo Lafon se yon gwo gwo kreyatè kontni. Manzè se yon Ayisyèn natif natal ki fè anpil bri sou sèn entènasyonal la. Men sa ki pi enpòtan pou n rive konprann sou siksè manzè Aryana a. Tou dabò viktwa ki fè l pote lamayòl kote li genyen 8yèm edisyon konkou Awous òf Tchalenj. Final la te fèt nan Lome ki se kapital peyi Togo. Se te nan dat 11 avril 2026 gwo evelman sa a te fèt.
Pouki sa enpòtan anpil
Aryana te bat plizyè lòt kandida entènasyonal, ki vle di se tout le monn nèt li lapide ak zam lakonesans li. Li remete Ayiti sou kat la nan yon konpetisyon mondyal. Li tounen yon modèl pou jèn ayisyen yo. Enfliyans Aryana li. Plis pase 15 milyon moun sa ta vle di 30 milyon grenn je byen kale t ap swiv li sou rezo sosyal tankou Tiktòk, Enstagram. Aryana sèvi ak platfòm li pou enspire, edike, epi pale sou pwoblèm sosyal yo.
Ki moun Aryana ye ?
Li soti nan Pòtoprens ki se kapital Ayiti. L ap etidye diplomasi ak relasyon entènasyonal. Sa montre li pa sèlman enfliyansèz, men li gen vizyon pou lavni l ak pou lavni tout jèn parèy li nan peyi l tou. Pou n pi kout, Aryana Lafon se yon bèl egzanp aklè, jèn Ayisyen ka briye nenpòt kote sou tout latè.









