1918-2023: Nemou Janbatis,105 lane

0
1971
Nemou Janbatis
Depi konpa a frape
Tout moun leve danse
Nemou ap fè solo
Moun tonbe kou mango
Pawòl chante Nemou
 

Si kòd lanmò pat gen tan pase nan kou Nemou trennen l mennen ale, jou k te 2 fevriye k sot pase a t ap fè li 105 lane sou bout tè sa a. Paske se te yon 2 fevriye nan lane 1918 manman Nemou, ki te rele Lisyèn Labisyè yon koutiryè te pouse l anvan l te fè nyèèè nyèèè nyèèè. Si manman nonm sa a ki pral vin yon kokennchenn mizisyen an te yo koutiryè, Papa Nemou limenm te konn fè soulye.

Men malerezman se detan Nemou te ti katkat manman l ak papa l ki te rele bòs Kleman Janbatis te kraze yon kite sa. Yo te vire do yo kite 3 pitit . Yo te travèse detan lèt pat ko menm sot nan nen ti bonnonm nan. Se sa k te fè tou frè misye yo a André, Monfò, Altagras ak Nemou te bijo al viv lakay matant ak tonton yo.  Ou pa janm konnen malè pa mal jan pwovèb la di l la.

Tout sa k wè k fèt si se pa pou mal se pou byen. E, byen pou byen ou te gen dwa wè se te pou pi gwo byen Nemou lè l t al viv lakay fanmi manman l ak papa l. Mesyedam lasosyete, nou pa mande m koze. Men, sa pa anpeche m di se pitit gason sa a Lisyèn Labisyè ta pral akouche l nan mitan kè Pòtoprens 9 mwa apre l te fin gwòs pou bòs kòdonye ki rele Kleman Janbatis la ki ta pral akouche rit mizik sa a ki rele Konpa Dirèk la.

Se nan lane 1955 Nemou kite maton anpil nan pouse bonjan van nan saksofòn pou fè fanatik li yo danse pral kreye rit sa a ki se pral yon varyasyon yon lòt rit ki se merenge. Mesye sa a ki rele Nemou an, anplis pouse bonjan van nan saksofòn, li te konn chaytouyèt kòd kita tou ak kòd bandyo pou l fè yo bay bon son ki dous anpil nan 2 twou zòrèy.

Nemou te mete kanpe yon gwoup pou jwe mizik ki te rele Konnjunto. Se apre sa li vin kreye yon dezyèm gwoup ki te rele Ansanm Okalbas. Tande byen sa m pral di n nan. Mizik konpa a se pitit Merennge ki se yon rit ayisyen. Merenge a li menm tèt koupe ak yon lòt rit ki rele Kadriy. Kadriy la li menm menm soti nan zantray yon mizik peyi Lafrans tankou Kontredans. Malgre sa se ant 1970 ak 1980 Mizik Konpa sa a pral mache fè moun danse anpil kote sou latè sitou nan anpil peyi nan Karayib yo.

Divòs ant Nemou ak Siko

Nemou ak Siko se te de bon kavalye pòlka ki te konn ap jwe mizik konpa ansanm detan jenn gason kou granmoun ape make pa sou yon rit de tan 1, 2, 1, 2 detan y ap balanse ren yo. Oo, pa gen anpil moun ki konn ki grenn pwav divizyon ki pral kraze nan mitan dyaz Okalbas la, men Webè Siko pral kase asosiyasyon an sèk kou ke pen.

Kòm Webè te maton anpil tou nan pouse son nan bèk saksofòn, tout swit apre l fin mache rara a l pral mete sou pye gwoup mizik pa l nan finisman lane 1961. Kadans Ranpa, se non sa a Webè pral bay ekip mizisyen pa l yo pote. Ke l te rele Konpa Dirèk, ke l te rele Kadans Ranpa tout se ak bon jan Kadans yo fè Ayisyen kou etranje danse opa ak bon jan Konpa ki gen gou lakay. De kokenn mizisyen sa a yo se youn ki papa Konpa lòt la se bòpè Konpa. Webè ak Nemou pat èlmi pou sa. Se konsa youn batize pitit lòt. Sa vle di yo se bon mon konpè menn si gen kèk kote yo pa antann yo.

Pitit Nemou yo

Nemou te marye jou ki te 28 septanm 1946 ak yon manzè yo te rele Mari Felisite Olivye. Ak madanm sa a Nemou te gen 3 pitit. Premye a se Mari Deniz, men ti manzè te viv 2 lane sèlman anvan l te lage cha a. Apre sa yo te gen Ivwoz ak Iv Nemou Jinyò. Nemou Janbatis li menm pral kraze yon kite sa jou ki te 18 me 1985. Si Nemou travèse apre 67 rèkòt kafe, Madanm marye l pral viv 35 lane aprel. Lè souf Madan Nemoua resi tenyen  an manzè te gen 98 rèkòt kafe byen konte byen kalkile.

Kisa pou n sonje sou Nemou

Tout Ayisyen natif natal lakay dwe sonje sa pou jis yo rive desann anba tè Nemoun Janbatis te papa Konpa a ki se mizik lakay pou fanm ak gason leve danse. Nonm Nemou sa a pat yon moun konsa konsa. Li te konn chante, jwe gita ak bandyo, epi soufle van nan saksofòn. Konpa a se youn nan pi gwo patrimwàn ki fè pati kilti Ayiti pesonn pa fouti di yo pa janm tande l.

Lè manman ak papa Nemou kraze yon kite sa misye te bijo pa ka kontinye al lekòl ankò paske pè jan Mari Giyou ak frè Senlwi Gozag se te pwennfèpa. Depi w pa kale yo lajan yo 40 kòn gen tan pouse nan fwon yo. Sa w tande a se ak de bèl majè kout pye nan bouda w pè ak frè fransè sa a yo te konn pran Nemou ki pat gen ni manman ni papa. Se konsa misye te lage kò l nan fè cheve pou ti monnen epis.

Apre sa Nemou pral aprann jwe bandjo pou kont li. Lè l wè l pa ka kontinye viv san mizik, li te al etidye l nan lekòl Mizik kay Webè Siko. Se sa k pral esplike de mesye sa a yo pral vin bonbon matchòpwèl apre sa yo vin met ansanm pou yo kreye konpa a. Nan epòk kanaval Webè Siko te konn mennen plizyè a zewo sou Nemou. Se sa k pral esplike pral gen anpil polemik ant de monkonpè yo.

Men kèk mizisyen te koumanse ak Nemou na koze Konpa Dirèk la nan òkès Ansanm Okalbas la. Jilyen Pòl, Anilis Kadè, Monfò Janbatis, ki te frè l,  Mezanmi koze yo anpil men pa gen anpil bouch ki pou pale yo. Se vre nou pat mande m pawòl, men tou m gen tan di nou anpil tou sou Nemou. Yon jou kou jodi a, m pwomèt nou pou m retounen vin pale n sou Nemou Janbatis ak matchòpwèl li Webè Siko papa ak bòpè Konpa a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here